San zansèt nou yo ki te koule

Who supports foreign invasion of Haiti, why?
July 13, 2023
Reflections of a Retired Canadian Public Servant
August 30, 2023

Konpatriyòt, onè! 

Jodi a, Dimanch 30 Jiyè 2023, mwen voye salitasyon espesyal pou Kaptenn Nérilia Mondésir ak tout ekip Grenadye pa pè chay nou yo k ap woule boul Koupdimond, jouk lòt bò latè, nan peyi Ostrali. Respè pou nou medam! Sonje se pa daso nou te pran pou nou te rive kote nou ye a, kidonk alaso pi rèd, devan Dànmak! Mwen wete chapo pou salye chak pitit Ayiti k ap bouske bon lavi, menm jan ak Grenadye nou yo, chak jou ki jou, san pran souf, sou zile Ayiti tankou aletranje. 

Kòmalòdinè, anvan nou founi je gade aktyalite semèn sa a, mwen pral rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, nèg ak nègès Ayisyen abitye goumen ak anpil entèlijans, kouraj epi pèsistans epi pote viktwa kont zansèt bandi Kò Gwoup yo, yon makòn malveyan ki te toujou kanpe an mòd gang «Fanmi e alye Ajimal».

Jodi a, m ap kanpe ti bourik listwa nou nan premye estasyon 1793.

Depi Kalfou 1791 zile a te cho ak mouvman revolisyon. Dife Bwa Kayiman limen nan deng kolon esklavajis. Blan Franse te ajinse, y ap fè may pou retabli fòs yo sou tout koloni an. Dezyèm Komisyon Sivil debake sou lobidyans yon blan ki rele Sonthonax ak 6 mil sòlda ame jouk nan dan. 

Léger-Félicité Sonthonax

Ayayay, nan mitan ane 1793, lame Sonthonax lan te kòmanse pran baf seryezman. Sou sis mil (6000) sòlda Franse ki te debake ak li, se twa mil senk san (3500) sèlman ki rete. Si se pa t granmesi “milat” trèt li te rale ak siwomyèl promosyon toudenkou nan “La légion de l’Égalité” depi lò li te fenk debake a; gade non, blan malveyan an t ap nan wòl li nèt, daprèzavwa, nan moman an, Lespay te nan chirepit ak Lafrans epi Ofisye Afriken (Jean-François Papillon ak Georges Biassou) t ap feraye nan lame Panyòl.

Nan mwa Me 1793, Lafrans voye yon Gouvènè tou nèf ki rele Jeneral Galbaud. Vwalatilpa, Galbaud rive tou cho tou bouke, li tonbe nan chirepit ak Sonthonax osijè bann “milat” misye te foure nan lame a. Sonthonax etank gwo mètdam, avoka ki profesyon l, de tan twa mouvman, li pati tripotay sou Galbaud kòmkwa misye trayi Repiblik Lafrans. Sa ou tande a, kòm Galbaud refize degèpi, lagè pete sou zile a. Patizan Galbaud ak patizan Sonthonax ap kwaze fè.

Lè Sonthonax gade byen, li wè majorite blan Okap kanpe ak Galbaud epi tout alantou vil la gen Afriken nèg Mawon nan mòn yo, misye voye pawòl  siwomyèl pou 2 gran chèf yo, Pierrot ak Makaya; Li di: “Mwen sèmante volonte Repiblik Fransèz lan, se pou li bay libète jeneral pou tout Afriken nèg vanyan ki ede Komisyon Sivil lan goumen epi mete lòd nan dezòd“. Fo paplis! Anvan Sonthonax te fèmen bouch li, plizyè milye nèg Afriken kannale desann sou vil Okap. Se sa yo bliye yo pa fè kolon blan patizan Galbaud yo pase. Nan fen mwa Jen 1793, Galbaud mete van nan vwèl li ak plizyè patizan, y al pran souf nan vil Baltimore, Ozetazini.

Avan nou retounen nan kalfou 1793 ak ti bourik listwa nou, se ak anpil kòlè, lapenn epi lawont nou oblije rele “toufè, madichon!” dèyè Polisye kò CIMO ki maspinen plizyè dizèn konpatriyòt 25 Jiyè 2023 ki sot pase a, pami yo : fanm ak tilezanj ki te kouri al bouske refij devan Anbasad Etazini paske gang Kraze Baryè ki opere sou lobidyans bandi Vitelòm te anvayi kay yo. Lemond antye wè videyo Polisye Ayisyen malveyan k ap tire gaz lakrimojèn ak bal reyèl pandan y ap kouri dèyè plizyè dizèn fanmi ki te plante pikèt yo devan Anbasad blan yo. Viktim sa yo ki te soti nan katye Twitye, Dimòne, komin Taba te oblije kouri kite kay yo ak pitit yo sou bra yo pou sove lavi yo depi Dimanch 23 Jiyè 2023.

Nan repòtaj li fè sou kokennchenn krim trayizon nasyonal sa a, Radyo Rezistans raple: “depi 29 Jen 2023 Anbasad Etazini anonse gang Vitelòm lan pral rekòmanse atake popilasyon an nan mitan mwa Jiyè a“. Jounalis yo ajoute: “Se tankou moun Anbasad (Etazini) se pòt pawòl gang lan. Anpil obsèvatè kwè manèt k ap kontwole gang lan se nan men Anbasad Etazini li ye, lè yo konsidere gang sa ap teworize popilasyon an tou pre Anbasad Ameriken an“. Konklizyon 100% lojik!

Nan pwòp peyi yo, Ayisyen oblije bouske refij devan Anbasad bandi Blan Malveyan yo!

Konpatriyòt, an verite, se pa jodi a blan malveyan yo ap distribye zam fann fwa sou zile Ayiti pou ankouraje nèg ak nègès goumen youn kont lòt pandan, an reyalite, se enterè blan malveyan lokal ak entènasyonal yo y ap defann. Zam Sonthonax ak Galbaud yo te soti nan peyi Lafrans. Zam bandi Bigio, Apaid, Babekyou, 400 Mawozo, Kraze Baryè ak Core Group yo soti drèt dirèk kay Biden.

Annou retounen ak ti bourik listwa nou nan ane 1793…

Apre makòn Nèg Mawon Pierrot ak Makaya yo te fi n sapata vil Okap byen sapata, yo ranmase tout zam yo te jwenn epi yo retounen nan mòn yo.  Sonthonax li menm, al eseye rantre nan vil Okap. Men, lame blan Panyòl te gentan nan jiwon an tou. Sa k pi rèd, gen bri k ap kouri blan Angle san lè debake sou yo. Sonthonax wè bagay la myèl, li sipliye Jeneral nèg Afriken ki te nan lame blan Panyòl yo pou yo mare fache ak Lespay epi vi n jwenn li pito. Sonthonax deklare puiske, alèkile, se li menm ki te sèl kòk chante sou bò Lafrans lan, li bay bon jan garanti, sa li di nan non Lafrans, se sa k ap akonpli.      

29 Out 1793 Sonthonax pibliye yon dekrè kote li deklare (nan lang Kreyòl silvouplè!) “Toute nègues & milates qui zesclaves encore, nou déclaré io toute libe. Io gagné même droit que toute les autres citoyens Français; mais, io va suivre zordonnance que nous va fait.” Atik 2!

Nan menm dokiman sa a, Sonthonax pwofite voye kèk kout zepon pou asire Miki l; li ekri: 

gny a point raison encore pour nègres fait la guerre contre blancs & contre milates; io doit donc rentrer chacun la case à io pour fait travail à io, parce que gny a point liberté sans travail… toutes mauvais blancs parti avec Galbaud; io doit songer aussi que c’est Milates ave Nègres libes, qui metté zarmes dans main à io, pour défendre ça io hélé droit de l’homme, que Galbaud qui té vini pour roi, té vlé empêché io gagné; io doit songer encore que Pagnole, qui zamis à roi avec toute blanc qui dans pagnole, après trompé Jean-François & Biassou avec toute nègues qui avec io…

Kidonk, depi 1793 blan malveyan te abitye vire lang li, mamote mo Kreyòl, jan li konnen, jan li kapab, jouk li lolo nèg ak nègès nayif ki konfonn kaka poul ak jòn ze.

An tou dokiman Sonthonax la gen 23 atik. Men, apa dezyèm lan ki deklare “tout moun lib“, nou jwenn lòt tankou atik 9 ki di: “Toute nègues qui rété dans bitasyon, io va continué rété là, & io va travail dans place.“, atik 11 ki di: “Toute nègres qui zesclaves & qui travaille sus bitasyon, io va engagé pour ion an; pendant toute l’année là io va pas lé capable changé bitation sans io prend permission dans main à juge de paix…“, Atik 12: “Revenue à chaque bitation va partagé en trois parts, quand toute droit va payé à la République. Premier part li va pour maite bitation. La dexième part pour acheté bèfe, miléte, cabrouete, & tout ça qui faut pour travail. Troisième part, c’est pour séparer entre toute monde qui travaille dans bitation là“. An verite, se pa defen Apredye ki envante fòmil “ti rès” se pou pèp la!

Atik 23: “Quand io va séparé revenu, maite bitation là va baye part à cultivateurs en denrées, si li vlé; ou bin en argent si li vlé en payant même prix que io vende denrées tout par tout…

Ou kwè se koze papa lè se blan k ap charite nèg moso libète Sentaniz!

Kidonk, depi epòk koloni esklavajis lan, chak fwa enterè blan malveyan yo menase, yo fè pwomès libète ak dantèl pou tout ti chèf souflantchou ki kolabore ak yo. Pandan w ap suiv editoryal sa a, blan malveyan yo ap alimante gwo tansyon nan peyi nou. Anbasad Etazini ap voye mesaj san pran souf pou sitwayen Ameriken kite peyi a prese prese. Nan menm moman an, negosiyasyon ap fèt ak kolabo Ayisyen, Jamayiken, Bahameyen, Kenyen, Senegalè, Rwandè… pou fòs militè nèg trèt debake Ayiti, swadizan pou retabli lapè. Wi! Blan malveyan yo kontinye mobilize mèsenè tout koulè pou masakre nèg ak nègès an Ayiti. Ekzakteman 230 ane pase, yon blan malveyan ki te rele SONTHONAX te itilize menm strateji Biden, Macron ak Trudeau ap aplike kont Ayiti nan moman an. Mezanmi! Èske menm kriminèl ki mete dife a kapab transfòme an ponpye?

Militan konsekan nan vil Ottawa te prevwa epi denonse kout ponya nan do blan ak nèg malveyan pare pou bay Ayiti a, depi mwa Oktòb 2022. Prèv: ale wè lèt tou dekachte Jafrikayiti te voye bay Prezidan Rwanda, Paul Kagame 17 Oktòb 2022.

Nou tout wè ki jan bouwo PNH yo maspinen nèg ak nègès ki t ap bouske refij devan Anbasad Etazini yo! Men, èske ou sonje fraz sa a: “bòs nou pra l rele bòs ou!” ? – Wi! se ak bout fraz sa a 9 mèsenè Meriken ame ak gwo zam fann fwa ilegal te pase floup nan Ayewopò Pòtoprens yon jou 20 Fevriye 2019 (gade videyo yo ankò!). Mèsenè blan malveyan “une balle à la tête” yo te kouvri byen kouvri anba dra Anbasad Meriken, sous zam yo, sous krim yo, sous masak yo. Kidonk, nan peyi sa a, lè ou pa siyen Khawly osnon Bigio…pa gen PNH ki la pou pwoteje & sèvi ou…anyen lòt apa koko makak, gaz lakrimojèn, bal nan lestomak osnon nan tèt. Si ou se Mèsenè blan ki debake ak gwo zam fann fwa ilegal sou zile a, menmsi ou ta tande bri kouri yo “arete” w, jis reponn “bòs mwen pral rele bòs ou” epi Anbasad la ap vin eskòte ou ayewopò pou ou sove kite peyi a kè pòpòz. Se konsa yon teritwa okipe fonksyone!

Konpatriyòt, nou menm ki ta renmen gen yon vrè peyi kote se jistis ak verite ki pote viktwa sou enjistis ak manti…solisyon an senp: se dechouke pou nou dechouke rejim trèt tyoul blan malveyan PHTK, jideyo-siwo-libanè kidnapè sa a ki fè kadejak sou peyi nou an. E, pou nou pa lave men siye atè, fòk dechoukay la pase pran papa tout bandi yo ki gen baz li Wachintonndisi. Si zansèt nou yo te aksepte libète Ti Sentaniz Sonthonax te ofri a, lesklavaj ta ka pa janm kaba sou zile nou an. Pou lizay, sonje se menm jou 29 Out 1793 Sonthonax pibliye dekrè Libète Sentaniz li an, Toussaint Louverture fè deklarasyon sila a:

Frè mwen yo, zanmi mwen yo.  Se mwen menm Toussaint Louverture. Siman, non mwen pa enkoni pou nou paske mwen deja nan batay pou vanje nou.  Mwen vle pou libète ak egalite tanmen nan Saint-Domingue. Se pou sa m ap travay.  Mete tèt nou ansanm frè m yo epi ede nou goumen pou menm kòz sa a….“.

Nèg ak nègès souf kout, ki espantan lè yo wè blan, te fè Sonthonax plis konfyans pase Toussaint Louverture. Menm jan, alèkile, genyen konpatriyòt ki pito vire do bay Gouvènman Sali Piblik Fanmi Lavalas pwopoze ak tout plan, depi ane 2018 lan…se solisyon blan malveyan Kò Gwoup ki anvayi lòlòj yo. Kidonk, nou kontinye ap gaspiye tan, resous ak enèji nasyon an, ak bandi Ariel Henry ki anbreye Ayiti sou bak, nan kalfou tenten.

Nan aktyalite 16 Jiyè 2023 ki sot pase a nou tande, granmesi demach yon pè blan Legliz Katolik ki rele Tom Hagan, plizyè gang kriminèl anndan G-PEP ak G9 deside fè “lapè” nan komin site solèy. Nou wè foto yon dokiman ki ekri an kreyòl ak an anglè ap sikile sou rezo entènèt kote, bandi ki siyen l yo pwomèt devan bondye “yo pap batay antre yo ankò”.  Se Gabriel ak Matthias ki siyen pou G-PEP, epi Babekyou siyen pou G9. Sitwayen ki pa p dòmi, ni ki pa delala anba tafya, remake rapidvit ki jan ranstay “lapè pèpè” sa a ap pale tandiske tout zam fann fwa bandi PHTK-CIA an fanmi e alye yo rete byen di anndan baz yo. Epi tou, moun ki pa etoudi, k ap suiv aktyalite peyi a depi plizyè deseni sonje ki jan Laboratwa CIA te mobilize fo “misyonè” blan Meriken James White Glenn, nan kad preparasyon koudeta 29 Fevriye 2004 la. Alepòk, se malfèktè degize an pastè ki te simaye plizyè kagezon zàm nan vil Gonayiv, pou alimante zizani ant nèg ak nègès, vwazen ak vwazin. Apre koudeta fin fèt, Pastè blan Meriken te fonn tankou bè! Kidonk, alèkile, blan malveyan yo mobilize Ougan, Manbo, Pastè Pwotestan, Pè Episkopal, Pè Katolik…. yo mobilize malfèktè tout koulè! Èske n sonje jan yo te mobilize “Relijyon pou Lapè” (pour la paye) nan magouy kamouflay doub nasyonalite Petwovòlò ekstraòdinè Michel Martelly? Èske nou sonje ki jan bandi ak bib anba zèsèl te pran pòz rantre Vilajdedye pou zèv evanjelizasyon. Poutan, se kagezon zam yo te pote nan Vilaj la?

DEPI KI LÈ JEZI TE NAN KIDNAPIN? Se kesyon sa a kèk konpatriyòt te poze sou rezo Facebook Mèkredi 26 Jiyè ki sot pase a, lè yo remake foto yon blan zòt abitye fè pase pou imaj Jezikris sou mayo yon gwo manm gang Ti Bwa. Bandi Mackenley Innocent ta antòtye nan kòd lapolis pandan li te ayewopò sou “chimen Biden”. Vwalatilpa, an plis foto sa a ki sou mayo bandi kidnapè atoufè a, li ekri: “ak Jésus n ap mache!“. Kidonk, konpatriyòt yo mande: “Depi ki lè Jezi te nan kidnapin?

Ojis, osi dwòl sa ka parèt, se yon kesyon valab ki gen yon repons klè onivo istorik! Wi! Jezi nan kidnapin depi ane 1563! Natirèlman, se pa osijè Jezi Kretyen yo adore a n ap pale. Men, gen yon aspè istorik nan kesyon an ki enpòtan, sitou nan kontèks kriz grav peyi nou an ap viv jounen jodi a.

Kontrèman ak Jezi yo prezante nan bib la, gen yon lòt Jezi zansèt Afriken nou yo te rankontre tout bon vre sou chimen yo. “Le Jésus de Lubeck” se te non yon bato negriye, kinan Rèn Angletè Elizabeth I ak patnè li, chèf kidnapè John Hawkins. Pou kantite richès li te pèmèt 2 kriminèl sa yo akimile sou san epi swè nèg ak nègès yo te kidnape, depòte, mete nan chenn epi vann, se sèten non “Jezi” te dous nan zòrèy Elizabeth I, John Hawkins ak tout konplis kidnapè parèy yo. Men, èske non “Jezi” te dous nan zòrèy nèg ak nègès ki te mare nan chenn bato negriye “Jesus of Lubeck” sa a?

Kidonk, osi etonan sa ka parèt, se pa nan epòk pa nou an sèlman, pè, pastè, bòkò, mason lòj… vin enplike nan zak kriminèl ak kò bandi ame ki fè dappiyanp sou timoun, granmoun, fanm kou gason. Legliz Episkopal Ayiti pa envante anyen. Se depi dikdantan, kidnapè ap monte desann ak bib anba zèsèl yo. Se pa yon aza si zam fann fwa k ap touye nèg ak nègès Ayisyen anba rejim PHTK-CIA a se nan peyi “in God we trust” la yo soti. Se pa aza si baz Gang 400 Mawozo geri bosko li anfas Anbasad Blan Malveyan Meriken. Se pa aza si Babekyou entouchab anba drapo blan Meriken ki parenn li. Bigio, Izo, Babekyou tout se kinan menm laboratwa sanginè a.

Si lè pou yo libere anba mati lesklavaj zansèt Afriken nou yo te blije fè kontra ak Satan, sa ta vle di dye blan malveyan yo se yon michan esklavajis menm jan ak yo! Kidonk, se Satan ki ta patizan libète?

Konpatriyòt, an verite, laboratwa blan malveyan yo dezespere! Li anvi wè Ayisyen ap rachonnen youn lòt. Li monte gang, li ba yo zam, li fè ti dife vole ant Ayisyen sou baz politik ak relijyon. Lajan sal ap lave nan Ofrann Salomon. Pastè ki mare nan pye tab Washington ap derespekte zansèt nou yo, monte vye manti rasis sou do yo – madichonnen yo dèske yo te goumen epi libere nèg ak nègès anba grif blan malveyan. Pa pran nan pwovokasyon! Se tèt frèt, bradsi bradsou, pou nou kontinye vanse sou chimen dezyèm liberasyon Ayiti.

Ojis, pou nou fèmen refleksyon jodi a, ak lisidite epi entèlijans bondye ki bon tout bon an bannou, mwen envite nou gade ansanm ki prensip klè Majeste Jean-Jacques Dessalines, Papa Nasyon an, te bannou osijè koze relijyon.

Lalwa pa bay okenn relijyon pye sou okenn lòt“, Atik 50, Konstitisyon Ayiti, 20 Me 1805

Tout moun gen dwa pratike relijyon yo pito“, Atik 51.

Leta pa p pran responsabilite okenn relijyon oswa okenn responsab yon relijyon“, Atik 52.

An verite, nan lagè endepandans Ayiti se nèg ak nègès VIVAN ki te batay ak kouraj, disiplin, entèlijans, pèseverans jouk yo te fòse kolon esklavajis yo degèpi kite zile a bay moundebyen respire. Sa ki lakòz revolisyon an reyisi Ayiti tandiske lòt revòlt esklav yo te fè bèk atè nan peyi Brezil, Etazini ak lòt kote – se diferans nan pwopòsyon blan/nèg sou teritwa sa yo. Se sèl Ayiti ou te genyen kat san senkant mil (450 000) Afriken epi sèlman apeprè trant mil (30 000) kolon blan ak trant mil (30 000) Afranchi. Epi, anpil fwa nou bliye, 1 Janvye 1804 se 3 sou chak 5 gason ki te blayi atè, yo te mouri nan yon lagè sanginè. Kidonk, nou dwe onore sakrifis tout ewo nou yo; ni sila yo ki te fè Vètyè nan ane 1803 yo; ni sila yo ki te kanpe vètikal ak Charlemagne Péralte, Benoit Battravile, Pierre Sully… kont kolon Yanki piyajè, vòlò tè, ki te anvayi n 28 Jiyè 1915 yo; ni sila yo, tankou vanyan Antoine Izméry, Pè Ti Jean Pierre-Louis, Guy Malary, Jean Dominique, Lovinsky Pierre-Antoine… ki tonbe anba grif kriminèl CIA pandan y ap defann dwa grandèt Pèp Ayisyen an sou zile Ayiti.

Ak lizay, Im Nasyonal nou an deklare: “Se pa kado blan te fè nou, se san zansèt nou yo ki te koule!”. Kidonk, li pa jis, li pa lojik pou nou ta kite zòt jwe nan lòlòj nou epi lonji bay lòt fòs (kit vizib kit envizib) rekonesans sèl zansèt vanyan nou yo merite, tout bon vre.

Se pa kado blan te fè nou, se san zansèt nou yo ki te koule!”.

Comments are closed.