Tag: mèsenè
-

Eksperyans Ayiti ak mèsenè etranje
Pandan Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire retounen soti Kolonbi kote li te rankontre plizyè chèfdeta, nouvèl tonbe kòmkwa sòlda k ap soti nan peyi Salvador ap prepare pou yo vini Ayiti. Vwalatilpa, nou fenk aprann yon ventèn militè FAd’H kite peyi a Dimanch 3 Novanm 2024, an direksyon Matinik, yon zile Karayib…
-

Depi nan Ginen…
Daprè sa mwen tande, anpil mesaj rasis ap sikile sou rezo entènèt Ayisyen yo kote y ap mande fanm peyi a pou yo refize relasyon seksyèl ak mèsenè Afriken yo sou baz pitit yo riske “lèd”. Natirèlman, se ak tristès melanje ak kòlè mwen aprann sa. Men, alaverite, mwen pa sezi. Puiske, depi plizyè jenerasyon…
-

San zansèt nou yo ki te koule
Konpatriyòt, onè! Jodi a, Dimanch 30 Jiyè 2023, mwen voye salitasyon espesyal pou Kaptenn Nérilia Mondésir ak tout ekip Grenadye pa pè chay nou yo k ap woule boul Koupdimond, jouk lòt bò latè, nan peyi Ostrali. Respè pou nou medam! Sonje se pa daso nou te pran pou nou te rive kote nou ye…