La Dessalinienne & “la Marguerite”

Nèg ak Nègès Vanyan Ayiti Abitye Kwape Blan Malveyan : Ekzanp 1802 ak 2022
September 26, 2022
A list of 14 supposed criminal families, a president assassinated, kidnappings engulf Haiti
October 4, 2022

Madi 27 Septanm 2022, pèfòmans Ansyen Senatè Moïse Jean-Charles k ap chante Im Nasyonal la nan yon emisyon Radyo Karayib te lakòz anpil wounouwounou sou entènèt la. Nan atik sa a, mwen pa pral analize pèfòmans politisyen an osnon reyaksyon ki te anvayi entènèt la. Mwen chwazi, pito, pwofite okazyon an pou mwen brake pwojektè sou yon valè edikatif sitiyasyon sa a kapab kreye pou nou tout Ayisyen alawonnbadè.

Im Nasyonal chak peyi gen istwa li ki toujou makònen ak istwa peyi a. Sa gen kèk ane, Ozetazini, gwo chirepit te pete paske, nan mitan yon sezon pwotestasyon kont zak maspinay ak asasina polis ap fè sou yo, anpil pitit Lafrik Ginen te revòlte kont yon seri fraz rasis ki anndan Im Nasyonal peyi a, ki vin tonbe anba loup istoryen, medya ak popilasyon an, an jeneral. Jiskaprezan, atlèt jwèt Foutbòl Ameriken Colin Kaepernick ap sibi konsekans pozisyon brav li adopte pandan peryòd latwoublay sa a kote, depi ane 2016, li te tanmen yon mouvman refize kanpe pou chante Im Nasyonal peyi li, Etazini. Istwa kontwovès ki makònen ak istorik epi pèfòmans Im Nasyonal Etazini an raple nou jès senbolik, tradisyon, se koze frajil ki pa mal pou yo soulve emosyon nan yon sosyete.

Mèzalò, annou retounen pwojektè a sou relasyon ant nou menm Pèp Ayisyen epi Im Nasyonal nou an: “La Dessalinienne”.

Premyèman, annou tabli eleman istorik yo:

Vèsyon orijinal “La Dessalinienne” konpoze nan lang Franse anba plim avoka, jounalis ak gran lodyansè Justin Lhérisson (1873-1907). Mizik la se zèv Nicolas Fenelon Geffrard (1871–1930), neve ansyen Prezidan Fabre Nicolas Geffrard (1806-1878), kidonk pitit pitit Jeneral Lame Endijèn Nicolas Geffrard (1761-1806).

Se nan okazyon selebrasyon Santenè Endepandans Ayiti, nan ane 1904, nasyon an adopte La Dessalinienne ofisyèlman kòm Im Nasyonal li. Se atis Auguste de Pradines, alyas Kandyo, ki te bay premye pèfòmans piblik zèv sa a, nan kad yon espektak Association du Petit Théâtre te òganize nan mwa Oktòb 1903 pou selebre Lame Endijèn k ap rantre an gran jan nan vil Pòtoprens.

Avan adopsyon La Dessalinienne, se Quand nos Aïeux brisèrent leurs entraves ki te sèvi Im Nasyonal.

Daprè Haiti-Référence, nan ane 1980 istoryen Raymond. A. Moise, fè yon tradiksyon Kreyòl pou La Dessalinienne nan ki vin popilè rapid vit, apati yon entèpretasyon chantè Ansy Dérose ki te kòmanse jwe nan radyo peyi a. Mèzalò, daprè Haiti-Référence, malgre popilarite vèsyon Kreyòl Im Nasyonal la nou abitye tande/chante nan divès evènman piblik ofisyèl, pa gen demach legal ki fèt, jiskaprezan, pou adopte vèsyon Kreyòl Im Nasyonal la. Poutan, nan kad fouye zo nan kalalou mwen fè pou ekri atik sa a, mwen jwenn kèk koze ki depaman ak sa Haiti-Référence di sou sijè a. Nan “L’Immortel Ansy Dérose” ki pibliye 16 Janvye 2006, nan jounal Le Nouvelliste, yo di: “Le 18 mai 1986, par décret du ministère de la Culture et de l’Information, la version créole de l’Hymne national, écrite et interprétée par Ansy Dérose en regard de la pensée de Raymond Moïse, a été consacrée et nationalisée”. 

Lè mwen konsilte achiv dekrè ak lwa Gouvènman Ayisyen an adopte pandan ane 1986, mwen jwenn lòt dekrè ki pwoklame chanjman koulè drapo nasyonal peyi a (tyeke foto ki anba atik sa a). Men, dekrè otè yo site nan atik le Nouvelliste lan pa t tonbe anba je m.

Se la m ap kanpe ti rale sa a sou aspè istorik Im Nasyonal Ayiti a. Tankou nou ka konstante sa, depi kèk ane, gen konpatriyòt ki poste sou Youtube plizyè vèsyon Im Nasyonal la (enstrimantal, chante) kote ou kapab li tèks orijinal la osnon tradiksyon Kreyòl e menm Angle.

Alèkile, annou rapousuiv ak yon ti refleksyon sou chètout nou genyen (oson pa genyen) pou vèsyon Franse ak vèsyon Kreyòl Im Nasyonal lan.

Anvan nou gade tèks lan, kite m di, san fè dyòlè, pou zòrèy pwofàn mwen, pami tout peyi, Ayiti genyen youn nan pi bèl Im Nasyonal ki ekziste sou latè. Gen yon kichòy espesyal nan senfoni an ak nan jan son tanbou ak batri yo reponn nan zantray ou.

Kounye a, annou gade pawòl yo.

I
Pour le Pays, pour les Ancêtres,
Marchons unis, marchons unis.
Dans nos rangs point de traîtres!
Du sol soyons seuls maîtres.
Marchons unis, marchons unis
Pour le Pays, pour les Ancêtres,
Marchons, marchons, marchons unis,
Pour le Pays, pour les Ancêtres

Kouplè sa a djanm e li onore zansèt ki bannou peyi a, tankou ou ka toujou atann sa alapapòt nan yon Im patriyotik.

II
Pour les Aïeux, pour la Patrie
Bêchons joyeux, bêchons joyeux
Quand le champ fructifie
L’âme se fortifie
Bêchons joyeux, bêchons joyeux
Pour les Aïeux, pour la Patrie
Bêchons, bêchons, bêchons joyeux
Pour les Aïeux, pour la Patrie.

Dezyèm kouplè a raple nou enpòtans travay. Men, se travay nan kè kontan. Presizyon sa a enpòtan pou yon pèp ki te blije pase plizyè syèk ap bourike pou byennèt kolon esklavajis, pandan li menm li t ap deperi anba flanm solèy zile Karayib la.

III
Pour le Pays et pour nos Pères
Formons des Fils, formons des Fils
Libres, forts et prospères
Toujours nous serons frères
Formons des Fils, formons des Fils
Pour le Pays et pour nos Pères
Formons, formons, formons des Fils
Pour le Pays et pour nos Pères.

Justin Lherisson (1873-1907)

Twazyèm kouplè a mennen nou nan yon ekzèsis pwojeksyon – kote nou fè vizyon yon lavni miyò pou jenerasyon k ap vini yo. Se yon lide ki nòb. Mèzalò, pouki se pitit gason sèlman nasyon an ap fòme? Nan ki vant pitit gason sa yo ap fòme, ojis? Imajine ou ki kote n ta ye, si depi adopsyon Im Nasyonal sa a nan ane 1904, se pitit gason sèlman ki t ap fèt an Ayiti! Annou kite sa la pou li pa fè zen twò bonè!

Men katriyèm kouplè a…

IV
Pour les Aïeux, pour la Patrie
O Dieu des Preux, O Dieu des Preux!
Sous ta garde infinie
Prends nos droits, notre vie
O Dieu des Preux, O Dieu des Preux!
Pour les Aïeux, pour la Patrie
O Dieu, O Dieu, O Dieu des Preux
Pour les Aïeux, pour la Patrie.

Mwen pa konnen si ou menm ou okouran sa “Dieu des Preux” a ye. Men, mwen menm, m pa konnen l. Poutan, otè yo deside kareman se pou nou ta lage tout dwa nou epi menm lavi nou nan men pèsonaj sa a. Antouka kouplè sa a pa enpresyone m ditou pyès. Annou janbe nan senkyèm epi dènye kouplè a, ki ansanm ak premye kouplè a, pi popilè nan memwa popilasyon ki pase sou ban lekòl yo, puiske se yo menm nou te abitye resite chak maten, lè drapo ap monte.

V
Pour le Drapeau, pour la Patrie
Mourir est beau, mourir est beau!
Notre passé nous crie:
Ayez l’âme aguerrie!
Mourir est beau, mourir est beau
Pour le Drapeau, pour la Patrie
Mourir, mourir, mourir est beau
Pour le Drapeau, pour la Patrie.

Kontrèman ak chètout mwen te devlope pou kouplè sa a, lè mwen te ti katkat k ap kouri ak bout pantalon sou lakou lekòl Frè Jean XXIII, sou Bisantnè, alèkile, mwen chaje ak toumant chak fwa mwen li osnon tande koze sa a: “mourir est beau“!? Ki sa sa vle di ojis?

Yon nasyon ki chape anba yon jenosid ki tanmen depi sou kontinan Lafrik nan ane 1454, lè premye blan malveyan esklavajis yo te atake kòt Lwès Lafrik, ak benediksyon Pap Zenglendo Nicolas V; yon nasyon kote 3 sou chak 5 pitit gason li, epi yon latriye pitit fi li, peri pandan Lagè Liberasyon ak Endepandans li; yon nasyon kote, jiskaprezan, se ti krik ti krak lavi grandèt k on tyovi menase akòz vilnerabilite ki makònen ak listwa nou epi anviwonman kote n ap viv la; yon nasyon ki toujou ap goumen pou li siviv pami anpil lènmi voras… Ki sa yon fraz tankou “mourir est beau” ap fè nan Im Nasyonal nou an?

Otè yo rapousuiv:

Notre passé nous crie:
Ayez l’âme aguerrie!

Nou menm, tout timoun lekòl, nou te konn di: nè fout kraze nou: “ayez la Margueri – te!

Si ou menm ou te abitye di: “ayez l’âme aguerrie“, mwen gen nouvèl pou ou. Se yon ti minorite zuit ou reprezante nan vrè Ayiti mwen te grandi ladan l lan e ki kontinye ekziste nan reyalite jodi a.

Fabre Nicolas Geffrard (1806-1878), Ansyen Prezidan Ayiti, pitit Jeneral Lame Endijèn nan, Tonton konpozitè Dessalinienne nan.

Bon, la a, m pa vin pou lapè ak pè pap. Zafè si l fè zen!

An verite fout, se yon gwo mechanste pou elit peyi a kite yon sitiyasyon konsa tabli nan mitan nou pandan tout ane sa yo. Natirèlman, la a, mwen pap kesyone bèlte pwezi ki nan tèks Dessalinienne nan. Ditou pa! Si fraz “ayez l’âme aguerrie” a pa te janm vibre nanm mwen se paske mwen pa te konprann sa li vle di. Fraz dwòl sa a souche nan yon lang etranje mwen vin rankontre pou premye fwa sou ban lekòl. Kidonk, tankou tout timoun ki te abitye tande gen moun yo rele “Marguerite”, alèzteman, nou te louvri gagann nou byen laj pou nou chante: “ayez la Margueri- te“! Epi, pou kloure sèkèy la byen kloure, se ak anpil fòs nou te konn peze sou dènye silab la.

Alèkile, annou voye yon koudèy sou tradiksyon Kreyòl la.

I
Pou Ayiti peyi Zansèt yo
Se pou n mache men nan lamen
Nan mitan n pa fèt pou gen trèt
Nou fèt pou n sèl mèt tèt nou.
Annou mache men nan lamen
Pou Ayiti ka vin pi bèl
Annou, annou, met tèt ansanm
Pou Ayiti onon tout Zansèt yo.

Kouplè sa a djanm, menm jan ak vèsyon orijinal la, nan lang Franse.

II
Pou Ayiti onon Zansèt yo
Se pou n sekle se pou n plante
Se nan tè tout fòs nou chita
Se li k ba nou manje
Ann bite tè, ann voye wou
Ak kè kontan, fòk tè a bay
Sekle, wouze, fanm tankou gason
Pou n  rive viv ak sèl fòs ponyèt nou.

Anpil konpliman pou istoryen Raymond. A. Moise ki chwazi mo ki fè nanm nou vibre nan paragraf sa a. Nou remake ki jan, ak anpil ladrès, otè a entwodui yon konsèp tou nèf nan avan dènye liy lan: “fanm tankou gason”. Se lizay!

Annou janbe nan twazyèm kouplè a…

III
Pou Ayiti ak pou Zansèt yo
Fò nou kapab vanyan gason
Moun pa fèt pou ret avèk moun
Se sa k fè tout Manman ak tout Papa
Dwe pou voye Timoun lekòl
Pou yo aprann, pou yo konnen
Sa Tousen, Desalin, Kristòf, Petyon
Te fè pou wet Ayisyen anba kòd (bòt) blan.

Bon! La a, mwen ka di se ak bèl bravo mwen akeyi premye pati kouplè sa a, kote otè a rapousuiv efò koreksyon fòs kote seksis ki kontamine zèv orijinal la. Wi, mwen kontan, lè mwen li: “Se sa k fè tout Manman ak tout Papa Dwe pou voye Timoun lekòl…”.

Mèzalò, fò ou ta di Raymond A Moise voye medanm yo anlè, epi li pa ranmase yo. Kouman sa “Pou yo aprann, pou yo konnen Sa Tousen, Desalin, Kristòf, Petyon Te fè pou wet Ayisyen anba kòd blan” an? E Marie-Jeanne Lamartinière, Marie Sainte Dédé Bazile, Lyetnan Sanite Bélair, Euphémie Daguihl, Marie-Claire Heureuse Felicité Bonheur-Dessalines, Suzanne Simone Baptiste-Louverture, Cécile Fatiman…? Èske yo pa te fè anyen valab pou wete nou anba grif kolon esklavajis yo? Antouka, nan lespri pa m, kontribisyon medam sa yo merite onore tou. E mwen ta pre pou m diskite ak bon jan referans istorik anfavè ranplase non Alexandre Sabès Pétion, asasen ki te touye Papa Nasyon an, ak non youn nan dividal fanm vanyan sa yo ki make listwa nou pozitivman.

Yon lòt aspè ki pa osi enpòtan, men ki merite souliyen tou, daprè mwen, se nesesite pou nou ekri non pèsonaj istorik yo selon òtograf yo te itilize nan vivan yo. Mwen pa okouran okenn konvansyon ki adopte nan domèn tradiksyon pou nou chanje non pwòp yo. Gen danje fè erè epi kreye konfizyon lè, kareman, nou deside tradui non moun yo. Nan absans yon règ gramatikal klè sou kesyon an, depi dikdantan, mwen adopte pratik ekri non moun yo, selon jan yo te konn parèt nan dokiman legal osnon piblik, nan vivan yo.

Annou gade katriyèm kouplè a…

IV
Pou Ayiti onon Zansèt yo
Ann leve tèt nou gad anlè
Pou tout moun mande Granmèt la
Pou l ba nou pwoteksyon
Pou move zanj pa detounen n
Pou n ka mache nan bon chimen
Pou libète ka libète
Fòk lajistis blayi sou peyi a!

Antouka, Granmèt la sonnen pi byen nan zòrèy mwen pase koze “Dieu des Preux” a. Alaverite, sa mwen pi apresye nan vèsyon Kreyòl la, pa gen koze lage vi nou nan men okenn ekstraterès osnon envizib. Pèsonaj sa yo ka toujou bay yon kout men, lè bwa a mare (malgre, mwen nèg, m pa fè zagribay sa yo konfyans pou anyen ditou – men sa se ti prejije pèsonèl mwen). Antouka, daprè otè a, se nou menm nèg ak nègès ki gen kontwòl leve pye n “pou nou mache nan bon chimen” an. Palemwadsa! Ayibobo!

Annou gade dènye kouplè a…

V
Nou gen drapo tankou tout pèp
Se pou n renmen l mouri pou li
Se pa kado blan te fè nou
Se san Zansèt nou yo ki te koule
Pou nou kenbe drapo nou wo
Se pou n travay met tèt ansanm.
Pou lòt peyi ka respekte l
Drapo sila a se nanm tout Ayisyen.

Woy! Zafè mouri sa a retounen ankò? Men, omwens, fwa a, otè yo pa fè piblisite gratis pou lanmò. Yo di se pou nou renmen drapo a jouk nou pare pou nou mouri pou li. Pèsonèlman, mwen ta pito se pou MOUN ki fòme nasyon an nou ta pare pou nou bay lavi nou. Yon drapo, an reyalite, se bout twal li ye, se yon senbòl. Antouka, mwen konprann epi apresye lide patriyotis ki makonnen ak kouplè a, sitou, rapèl istorik djanm ki makonnen ak 2 fraz sa yo: “se pa kado blan te fè nou, se zan zansèt nou yo ki te koule“.

Bon, kòm nou ka wè sa, mwen bat bravo lakontantman epi mwen gen kritik pou tou 2 vèsyon Im Nasyonal nou an. Mwen genyen paspouki natirèl pou vèsyon Kreyòl la. Mèzalò, boutanfen, se ak anpil rekonesans, mwen wete chapo devan otè tou 2 dokiman istorik sa yo ki reprezante kokennchenn zèv, bèl chelèn, nan literati peyi nou. Kanta pou konpozisyon mizikal Nicolas Geffrard la menm, se wololoy.

Ojis, kite priyè pran kantik…konbyen nan nou ki konnen La Dessalinienne pakè epi ki kapab chante li fasil fasil, devan mikwo ak kamera?

Fanmi m yo, alèkile, se tout bon vre, m ap sètoblije kite koze a la, pou l pa fè zen.

Sous: https://en.wikipedia.org/wiki/La_Dessalinienne

***

Comments are closed.