Tag: Sali Piblik
-

San zansèt nou yo ki te koule
Konpatriyòt, onè! Jodi a, Dimanch 30 Jiyè 2023, mwen voye salitasyon espesyal pou Kaptenn Nérilia Mondésir ak tout ekip Grenadye pa pè chay nou yo k ap woule boul Koupdimond, jouk lòt bò latè, nan peyi Ostrali. Respè pou nou medam! Sonje se pa daso nou te pran pou nou te rive kote nou ye…
-

Pou Ayiti chanpyon, sispann jwe ak bagay serye, arete epi pini malfèktè tout koulè!
Jodi a, Dimanch 18 Desanm 2022, pandan tout je brake sou final Koupdimond Foutbòl nan peyi Kata, mwen genyen yon panse espesyal pou atlèt Ayisyen, Grenadye ak Grenadyè nou yo, ki kontinye ap fè mèvèy onivo pèfòmans pwofesyonèl yo. Nou di ochan espesyalman pou Nérilia Mondésir ki fenk jwe 100tyèm match li nan premye divizyon…
-

Dechoukay pa fèt vaykevay alevwa revolisyon
« Annou suiv bon ekzanp zansèt nou yo ki te marye entèlijans ak kouray pou fè yon bon operasyon koupe tèt boule kay ki reyisi kwape lesklavay » Konpatriyòt onè! Jodi a, Dimanch 28 Out 2022, nou rasanble ankò pou nou ede batay Pèp Ayisyen an kontinye pran fòs sou chimen Sali Piblik la. Se…
-

Kouraj ak sajès Pèp Ayisyen an pi fò pase ni konplo ni wanga
Konpatriyot, onè! Kèk semèn pase, nou te di : Koze a po ko fini. Blan Kidnapè 2004 yo fenk kòmanse konfese! Vwalatilpa, se tout bon vre, jodi a, nou rive nan kafou Sali Piblik la. Wi konpatriyòt! Jou delivrans n ap bouske depi dikdantan an, n ap wè li kanmenm! E, nou sou bon chimen pou nou rive,…