Dechoukay pa fèt vaykevay alevwa revolisyon

Roméo Dallaire: For the sake of Canadians, do right by Haiti 
August 22, 2022

« Annou suiv bon ekzanp zansèt nou yo ki te marye entèlijans ak kouray pou fè yon bon operasyon koupe tèt boule kay ki reyisi kwape lesklavay »

Konpatriyòt onè!

Jodi a, Dimanch 28 Out 2022, nou rasanble ankò pou nou ede batay Pèp Ayisyen an kontinye pran fòs sou chimen Sali Piblik la. Se yon lit san pran souf ki pral pote Jistis, Respè ak Reparasyon pou tout viktim, tout masak rejim kidnapè Kò Gwoup-PHTK a k ap peze kou nasyon nou an, depi plis pase 11 zan!

Menm jan ak bizawèl esklavajis pa yo, 200 zan pase, ki te fè kò yo anpeche kinan nou yo respire ni kay Manman Lafrik, ni sou zile Ayiti; Nan ane 2022, blan malveyan Kò Gwoup yo (Meriken, Kanadyen, Franse, Nasyonzini, OEA…) kontinye antann yo an mòd Kolon Amelyore, yo fè konplo ak Konzedijou pou anpeche pèp Ayisyen an viv, ni an Ayiti, ni kay vwazinay.

Kidonk, menm jan ak zansèt pa nou yo ki te marye entèlijans ak kouray pou fè yon bon operasyon koupe tèt boule kay ki reyisi kwape lesklavay; Jodi a, ak lizay, n ap re-marye entèlijans ak kouray nan yon operasyon dechoukay lejitim defans byen mezire ki va libere Ayiti Toma, tout bon vre, anba grif ni Konzedijou ni Kolon Amelyore.

Jodi a, nou gen yon panse espesyal pou tout fanmi viktim kidnapin, nan tout depatman peyi a, ki kontinye reziste kont pwogram jenosid ak derasinman malfèktè etranje ak lokal yo tanmen kont nasyon nou an.

Reziste sè mwen! Reziste frè mwen! Jou Sali Piblik lan pa lwen. Malveyan yo machande lanmò pou nou, nou menm nou chwazi lavi pou tèt nou!

Kòmalòdinè, anvan nou gade ki strateji ki pral ede nou kwape kidnapè 2022 yo epi libere Ayiti, granmesi mobilizasyon pouvwa Sali Piblik la, annou fè yon koudèy rapid nan retwovizè listwa. Jodi a, ti bourik listwa nou pral fè yon pemye kanpe nan kalfou ane 1802, kote Gouvènè Jeneral Toussaint Louverture fenk aprann nouvèl ekspedisyon Jeneral Leclerc ki vin retabli lesklavaj sou zile a anba lòd diktatè sanginè peyi Lafrans lan ki te rele Napoléon Bonaparte.

Gouvènè Jeneral Toussaint Louverture sou chwal li, nan pwent lès zile a, bò Samana, kote solèy leve a. Li voye je li sou lanmè a, li wè yon espektak ki bay kè plen: 60 bato degè ak meyè sòlda Ewopeyen ki gen sou latè nan moman an ap mache sou nou, sete 30 Janvye 1802.

8 Fevriye 1802 : Jeneral Toussaint Louverture ekri Jeneral Dessalines, li di :

«Pa gen anyen ki sanzespwa, sitwayen jeneral, si ou rive wete nan men twoup lame Franse k ap debake yo tout resous Port-Républicain an ta ka ofri yo (Port- Républicain se ansyen non vil Pòtoprens)

Eseye fè jan ou konnen, ak fòs ak entèlijans, pou ou boule patiray sa a; Dayè prèske tout vil la bati an bwa; ou sèlman bezwen kèk emisè fidèl. Pa di m ou pa ta ka jwenn moun ki ase devwe anba lòd ou pou rann ou sèvis sa a?

Adye! Jeneral pa m, se domaj te gen yon trèt nan vil sa a ki lakòz lòd ou yo ak pa m yo pa t egzekite!

Veye moman touskilfo, lè ganizon an pral febli akòz ekspedisyon k ap fèt nan plenn yo, pou ou bay yon kou siprann pa dèyè epi pran vil la.

Pa bliye, pandan n ap tann sezon lapli a ki sipoze ede n elimine lènmi nou yo, sèl resous nou se ratibwazay ak dife. Sonje : tè sa a, ki wouze ak dlo kò nou, pa dwe bay lènmi nou yo okenn lamanjay. Eksploze wout yo, jete kadav chwal yo nan tout sous dlo yo; ratibwaze, boule tout bagay nètalkole, pou sila ki vle remete n nan chenn lesklav yo ka toujou wè devan je yo imaj lanfè yo merite a.

Lizay pou ou zanmi m, TOUSSAINT LOUVERTURE».

Daprè istoryen Beaubrun Ardouin ki ekri «Etid sou istwa Ayiti, volim 5», blan franse yo ak Jeneral Boudet te reyisi poze lapat sou lèt sa a. Kidonk, sanbletil Dessalines pa ta janm resevwa li.

Mèzalò, anyen pa deranje, puiske osito Toussaint te retounen nan mòn yo, li pibliye yon pwoklamasyon kote li di: “Pitit mwen yo, Lafrans pa gen dwa vòlè libète nou. N ap fout boule vil yo, detui tout rekòlt, kraze depi se wout ki genyen ak kout boulèt kanno, pwazonnen sous dlo yo paske fòk li klè nan je blan malveyan sa yo, sa yo vin konkeri la a se lanfè menm li ye!”.

8 Fevriye 1802 : Jeneral Leclerc voye anonse Jeneral Henri Christophe li gen entansyon debake Okap. Christophe reponn Leclerc li di misye: “Se Toussaint ki Gouvènè zile a. Fòk mwen mande li otorizasyon anvan mwen kite ou debake. Si avan mwen jwenn otorizasyon sa a, yon sèl sòlda franse pèmèt li mete pye sou tè sa a, m ap boule vil Okap epi n ap goumen sou sann dife jouk sa kaba”.

Télémaque, Majistra vil Okap, vin sipliye Christophe pou li kite Leclerc debake. Christophe di pa gen sa pyès. «Pou dayè, li ajoute, mwen pa kwè Jeneral Leclerc sa a ki rive sou nou an, se Lafrans ki voye li vre; dotanplis, bato li yo gen tout kalite drapo etranje k ap flote sou yo; Si Gouvènman Lafrans ta voye yon ekspedisyon St-Domingue, fòk yo ta di nou sa alavans».

Bato etranje Christophe mansyone nan repons alevouzan li bay Télémaque lan, te pote drapo peyi Lespay ak Lawoland, ki te alye peyi Lafrans. Kidonk, depi 1802, blan malveyan yo te kanpe an Kò Gwoup pou yo vin masakre nèg ak nègès sou zile Ayiti.

Leclerc fè sa li debake, Jeneral Henri Christophe fè tout moun kite vil Okap monte nan mòn yo epi, an premye, li mete dife nan yon bèl palè yo te fenk fin bati pou li. Sa ou tande a, se lagè ki te deklannche pandan vil Okap t ap boule.

Nou tande ki jan sa te pase? Jeneral Henri Christophe pa t fè diskou demagojik, ni voye malere boule, kraze, ratibwaze, pandan ti afè pa l t ap regle, ni an gwo ponyèt, ni an kachèt.

Pi douvan nan menm peryòd lagè san pran souf sa a, 19 Avril 1802, Leclerc ekri Henri Christophe, li di l: “M ap kenbe tout pwomès yo te fè ou yo. Epi, si ou gen lentansyon soumèt ou devan Lafrans, pa bliye youn nan pi gran sèvis ou kapab rann nou, se pou ou ta ede nou poze lapat sou Jeneral Toussaint Louverture”

Koute kijan Henri Christophe, zansèt vanyan nou an, te reponn blan malveyan an:

“Sitwayen Jeneral, ou fè m pwopozisyon pou mwen ba ou mwayen pou ou poze lapat sou Jeneral Toussaint Louverture. Men, sa se ta yon pèvèsite, yon trayizon;

Epi tou, difèt menm ou fè m yon pwopozisyon dezonè konsa montre m ou kwè mwen se kèk malpwòp ki pa gen ankenn sans lonè osnon lizay.

Ou konnen trè byen se chèf mwen epi zanmi mwen Toussaint ye; Sitwayen Jeneral, èske ou panse yon lèdè tankou zak lachte sa ou pwopoze m la a ka mache kole ak santiman zanmitay?”

Leclerc ki se yon sanwont san limit ekri Christophe yon dezyèm fwa pou li flate l. Lèt sa a pote dat 24 avril 1802.

Wi! Ayiti pwodui nèg ak nègès vanyan ki soti toupatou : Nò, Sid, Lès tankou Lwès. Pa kite pèsonn vin andyoze nou ak vye pwopagann rejyonalis, swadizan patriyotik, ki soti drèt dirèk nan Laboratwa CIA ki abitye fente agòch pou li franchi adwat, depi dikdantan.

***

Madi 23 Out 2022 Bank Repiblik d Ayiti anonse li mete 8 milyon 500 mil dola sou mache chanj lan, nan lide pou estabilize goud la k ap plede pèdi valè devan dola a. BRH fè konnen: li fikse kondisyon pou lajan an distribye nan bank komèsyal yo. Daprè kominike BRH la, gen 6 milyon dola ki pou bank komèsyal yo epi rès 2 milyon 500 mil dola a pou lòt sektè aktivite yo tankou: sektè pwodui alimantè, Famasetik, ak materyo konstriksyon. Kominike a fè konnen : BRH fikse to chanj lan 112 goud pou yon dola, bank yo dwe vann dola 112 goud 25 (sous: Radyo Rezistans).

Demagoji sou demagoji! Malfèktè yo fente agòch pou yo franchi adwat.

Kidonk, yon bò dola desann, men pri pwodui premye nesesite enpòte yo rete menm wotè yo te ye lè dola a te pi wo a. An reyalite, se sektè mafya finansye ki byen chita a, k ap fè plis lajan pandan pwoblèm goud la k ap pèdi valè a rete tennfas. Desizyon sa a montre aklè, gouvènman PHTK #3 Jiskobou sa a vini pou li toufe popilasyon an nètalkole.

E Moïse Jean Charles atò ki pran mikwo nan fo manifestasyon divèsyon li te resevwa lòd ale fè Okap la ?

Tout moun ki gen je pou wè konstate, orezime, se ajannda sektè mafyozo li pran pòz l ap atake yo Moise Jean Charles ap bay jarèt. Magouyè yo antann yo an kachèt.

Annou klè, sèl ekonomi kote to chanj kòb lokal ka yoyo bridsoukou se yon ekonomi malatchong ki chita sou lajan dwòg, kidnapin, doktè an blòfoloji ki gen dwèt yo tranpe nan magouy politik ak ekonomik (delits d’initiés), tranzaksyon mafyozo Wachintonn ki mare sosis yo ak mafyozo Petyovil ki toujou sou kou.

Pa bliye, pandanstan, Ansyen Anbasadè Meriken an Ayiti, Manzè Pamela White ki te toujou ap pwomennen bradsi bradsou ak Michel Martelly epi Laurent Lamothe, epòk li te nan peyi a, fenk pibliye yon nòt nan medya Meriken kote li rekòmande sektè prive ki domine ak blan malveyan lokal yo, oligak pakapala yo, pou yo mete lajan deyò, finanse moun ak zàm, kit se polisye, militè, osnon mèsenè etranje pou yo vin ede yo…masakre “gang” nan katye popilè yo. Èske ou konprann senaryo sinik zòt ap monte la a?

Apre diskou demagojik Moise Jean-Charles lan, ki plim ki soti sou do mafya bankye yo? Anyen menm!

Kanpay elektoral, nan fo manifestasyon PPD

Okontrè, demagòg la fè bankye yo pase pou viktim. Pètèt, anvan lontan, nou pral tande MINUSTAH oblije retounen pou yo ka “pwoteje bank yo”? – Epi, pou rekonpanse kolabo ki te louvri Baryè Boutèy pou yo pase, blan malveyan MINUSTAH Kolera Amelyore ka tou òganize seleksyon PHTK #4, nan avantaj eritye defen fiyèl la?

Anverite malfèktè yo pran Ayiti pou ti jwèt yoyo, ti jwèt kouzen ak kouzin.

Strateji CIA pa janm chanje. Yo kontwole gouvènman popetwèl la, yo kreye FO OPOZAN pou netralize vrè fòs rezistans yo. Ayiti te toujou gen fo kominis, fo gochis ki se ajan laboratwa a. Ata Black Panthers, Nation of Islam ak Dr. King te pran menm kalte kou sa a.

Aba Abolotocho! Viv vrè revolisyon!

Youn nan pèsonalite ki frape fò sou rezo entènèt la, Teriel Thelus (Ti Koze ak TT), te gen repitasyon kòmkwa li senpatize ak Moïse Jean Charles epi Pati Pitit Dessalines (PPD). Se yon siy enkyetan pou politisyen an lè nou tande ki jan TT lage anpil verite dènyèman osijè Litz Quitel blan malveyan yo jouke kòm Minis Enteryè anndan rejim PHTK vèsyon nimewo 3 – k ap feraye an favè Pati Pitit Dessalines. San konte pwoteksyon dwòl PPD ap jwi depi lontan ak gang G9, eskandal chèk pou oganize fo manifestasyon-lansman kanpay elektoral sou stann, elatriye…

Antouka, TT sèmante chwa Minis Enteryè defakto Litz Quitel la se enfòmasyon li verifye nan biwo Ariel Henry.

Te gen yon tan, lènmi an te alimante fo lespwa ireyalis nan lespri anpil moun ak swadizan polisye revolisyonè Fantom 509. Apre sa, li itilize GNBis Andre Michel, koudetayis Youri Latortue, abolotcho Arnel Belizaire ki t ap travay pou swadizan 3zyèm Vwa Réginald Boulos…Apre sa, se te epizòd fo revolisyonè toudenkou Babekyou. Kèk mwa pase, yo envante yon sèten Muscadin, apre sa s on koze Ti Magali k ap mache touye ti bandi men li pa fouti jwenn adrès Babekyou. Boutanfen, yo mobilize yon lòt abolotcho k ap voye malere boule bank pou monte valè goud. Chalmas!

Èske ou konnen gen yon dokiman entèn PHTK ki montre, klè kon dlo kòk, ki jan gang kidnapè “Haiti Chérie” defen kidnapè Arnel Joseph te denonse a ak alye yo: KID, Bouclier, AAA…tout te antann yo ak Antonio Sola pou yo vòlè eleksyon ak Jovenel kòm popetwèl kòwonpi menm jan ak yo?m

Dokiman an bay yon lis 12 ekzijans. Nan premye a, nou remake “Groupe Haiti Chérie” yo mande pou retire kandida Steve Khawly nan eleksyon an epi pou, dezòmè, tout alye PHTK pote boure dèyè Jovenel Moïse.

Dokiman an bay voum detay sou jan ekip PHTK a planifye magouy foure men nan kès leta epi vòlè lajan pou alimante kanpay Jovenel. Yo menm ajoute nan ekzijans #12 ki jan fo sondaj Réginald Boulos abitye kòmande yo pral chanje estrateji, olye yo mete Jovenel an premye, y ap mete li, an dezyèm, 5% dèyè Jude Celestin.

Mezanmi, mirak pa ekziste! Se goumen li ye! Goumen ak kouraj, entèlijans epi pèsistans pou nou dechouke ni malfèktè lokal, ni malfèktè entènasyonal.

Annou fè yon dezyèm koudèy nan retwovizè listwa ki pral pèmèt nou dekonstonbre pwopagann kèk nèg kolonize ak blan rasis vle fè pase pou listwa.

Wi, kontrèman ak sa zòt ap klewonnen tout lasent jounen, te gen anpil konplisite, respè, epi kolaborasyon ant Jeneral Toussaint Louverture epi elèv li Jeneral Henri Christophe ak Jeneral Jean-Jacques Dessalines.

Parekzanp, pwopagandis anti-Dessalines yo kreye anpil manti pou yo prezante l kòm yon sovaj san sèvo. Nou konstate sa ak metòd “koupe tèt, boule kay” ki, orezime, se yon teknik lagè tout gran jeneral nou yo te aplike. Tankou nou sot wè sa ak lèt 8 Fevriye 1802 a, se Gouvènè Jeneral Toussaint Louverture ki premye pase lòd “koupe tèt, boule kay”!

Nou sot wè ki jan Jeneral Henri Christophe te suiv lòd Toussaint te bay la nan vil Okap. Kounye a, nou pral wè ki jan Dessalines te aplike menm metòd sa a nan vil Senmak.

23 Fevriye 1802 : Nan plizyè kwen nan vil Senmak, Dessalines rasanble barik goudwon, rezin, barik tafya, wonm ak lwil. Li fè limen yon gwo flanm dife nan mitan kare laplas vil la, tout sòlda 4yèm Divizyon yo te ozam ak flanbo bwapen alamen. Li di tout moun nwa ak sila yo ki gen san mele yo: sèl sa pou yo kite dèyè pou blan franse se sann ak kadav blan. Reyèlteman, yo pase tout blan alenfinitif epi yo pran fanm ak timoun natif natal yo, yo monte mòn ak yo anba eskòt dragon gad nasyonal lan, kote, pi fò nan yo sete gason san mele. Fòk nou di, nan Latibonit, alepòk, prèske tout “milat” yo te dakò ak kòz Toussaint Louverture lan.

Jeneral Dessalines rale yon flanbo, li vanse nan direksyon pwòp kay li, ansanm ak Bazelais, chèf eskwadwon li epi èddekan li. Kay sa a se yon kokennchenn konstriksyon ranpli ak mèb ki te koute l yon milyon Fran. Dessalines rantre epi, ak pwòp men l, li mete dife nan kay la. Rapid vit, dife a gaye nan tout katye yo, jiskake, nan kèk èdtan, vil la te redwi an sann. Nan demen, 24 Fevriye 1802, Jeneral Charles Bélair mete flanm dife nan vil Verrettes.

Blan Franse, ak Jeneral Boudet alatèt, rantre Senmak san tire yon kout bal. Men, konsa tou, li pa t jwenn yon nanm k ap respire nan vil la. Chak pa yon sòlda Franse fè, li blije kanpe akòz pil kadav blan nan flanm dife ki te bloke lari yo.

Wi, alepòk, li t ap dirije revolisyon an, lè blan Franse malveyan yo, pou bon plezi yo, te fè masakre 500 nèg ak nègès, rapid vit, Papa Dessalines te rasanble 1000 blan malveyan li pase yo alenfinitif.

Sa se Aritmetik lejitim defans koupe tèt boule kay malfèktè!

Kidonk, se touletwa gran jeneral nou yo (Toussaint, Christophe ak Dessalines) ki te konprann sikoloji kolon ak afranchi yo, yon bann moun materyalis ki atache anpil ak byen yo vòlè (jouk jounen jodi a, desandan yo ap pwouve sa). Kidonk, destriksyon plantasyon yo, vil yo, se te yon aksyon nesesè.

Daprèzavwa tanta richès ki motive kolon yo te lakòz yo brave danje, anestezye konsyans yo, epi rasyonalize tout konpòtman kriminèl yo t ap adopte yo. strateji “koupe tèt boule kay” te nesesè pou zansèt nou yo demoralize kolon yo epi rann li difisil pou yo jwenn twoup ki ta ka ede yo kontrekare mouvman revolisyon anti-esklavajis la.

Konpatriyòt, alèkile, annou kite ti bourik listwa nou repose, pandan n ap founi je gade konsekans zak rejim sanginè PHTK-CIA a kontinye ap fè nan peyi nou an, jiskaprezan.

***

Daprè yon kominike Fondasyon Je Klere pibliye Samdi 20 Out 2022, se Leta ki responsab zak ansasinay bandi fè sou 8 moun nan Site Doudoun, samdi 20 Out, nan Kwadèboukè. FJKL pa kache tristès ak endiyasyon l devan krim tèrib sa a. Yo raple Mèt Jean Simson Desanclos se yon manm fondatè Fondasyon Je Klere epi li travay nan pwogram asistans legal Fondasyon an. Mèt Jean Simson Desanclos pèdi madanm li, Josette Fils Desanclos ak 2 Pitit fi li Sherwood Sondjie ak Sarhadjie Desanclos bandi ansasinen epi boule nan dram sa a.

Josette Desanclos ak Sherwood Sondje ak Sarhadje Desanclos t ap tante reziste kont tantativ kidnapin bandi yo ki vide katouch sou machin viktim yo epi boule l. Nan menm moman an, yon lò machin ki te gen 2 lòt fi sibi menm sò a. Se anviwon 5 fanm ak 3 gason bandi yo ansasinen epi boule (Sous: Radyo Rezistans).

Lendi 22, Madi 23, Mèkredi 24 Out 2022, lapolis touye plizyè sitwayen nan kad mobilizasyon plizyè milye moun ki ekzije demisyon Premyeminis defakto Ariel Henri ak alye li yo. Nan Pòtoprens, Lendi 22 Out, yon gwoup sivil ak yon bakòp lapolis touye Nelson Vincent, manm òganizasyon Esklav Revòlte nan Dèlma 38. Nan jounen Madi 23 Out, lapolis touye 3 moun nan vil Okay. Pami yo, Woodler Mesidor ak Fernio Noël. Nan menm jounen an, lapolis blese yon dizèn moun nan vil Okay, Miragwàn, Tigwav, ak Jakmèl. Manifestasyon sa yo se yon inisyativ KONBIT òganizasyon politik, sendikal ak Popilè ak lòt òganizasyon sosyal ak atis ki te lanse yo ak slogan ”Leve kanpe pou yon lòt endepandans”. Sou tout pakou mach sa yo, manifestan yo t ap denonse: masak Deta, ensekirite ak kidnapin Deta ki se prensipal bilan gouvènman PHTK 3èm vèsyon an. (Sous: Radyo Rezistans)

Nou di fòs ak sante pou kanmarad Domini RAISIN, responsab mobilizasyon MOLEGHAF ki pran 3 bal mekredi 24 Out la. Aba rejim malfèktè PHTK-CIA vèsyon #3 !

Tankou nouvèl la gen tan fè wonn latè, kèk jou apre DCPJ te fin tande epi arete pè Frantz Cole, yon gwo responsab legliz episkopal d Ayiti, Madi 23 Out 2022, Direksyon Santral Lapolis Jidisyè anonse arestasyon kontab Legliz Episkopal Ayiti a, Jean Gilles Jean Mary – tout sa, nan kad dosye trafik zam ak minisyon ladwàn te sezi nan konntenè legliz lan. Lapolis mete yon manda arestasyon dèyè pè Fritz Désiré, yon lòt Pè ki se direktè kolèj Senpyè Pòtoprens, lekòl legliz episkopal d Ayiti.

Kidonk, lè kagezon zàm fann fwa «made in USA» bouke debake nan peyi a anndan konntenè Senatè PHTK, se franchiz Legliz Episkopal ki sèvi kouvèti pou malfèktè dilè zàm yo.

Daprè yon twit Radyo Metwonòm: soti 1 Oktòb 2021 rive 30 Me 2022 se anviwon 105 konntenè ki rive Ayiti, nan non Legliz Episkopal.

Osito yon vrè gouvènman Ayisyen tabli, premye aksyon konsekan li dwe poze se nasyonalize tout pò ak waf peyi a. Kesyon pou kriminèl kapab rantre ak gwo kagezon zàm “made in USA” nan peyi a, dezòd sa a dwe kaba isiba!

Nan mitan tout eskandal sa yo, nou remake plizyè sitwayen konfonn Legliz Katolik ak Legliz Episkopal. Rapid vit, nou ka konsilte fèy papye listwa pou nou fè koze a klè kon dlo kòk.

LEGLIZ EPISKOPAL AYITI SOTI NAN VANT LEGLIZ EPISKOPAL ETAZINI

Legliz Episkopal Ayiti, se Ameriken Nwa ki kreye li paske blan rasis ki kreye Legliz Episkopal Etazini yo te pratike segregasyon. Odepa, Legliz lan se nèg ak nègès ki t ap konbat lesklavaj Ozetazini ki te alatèt li, tankou Evèk James Théodore Holly ki rantre Ayiti 31 Janvye 1861 ak yon delegasyon 111 nèg ak nègès ki soti Etazini ak Kanada.

LEGLIZ EPISKOPAL ETAZINI SOTI NAN VANT LEGLIZ ANGLIKAN

Se Etazini ki baz Legliz Episkopal. Jisteman, non sa a diferansye branch Meriken an ki te koupe fache ak blan Angle (Anglican Church) akòz lòbèy ki pete ant dirijan (blan) yo depi dikdantan.

LEGLIZ ANGLIKAN SOTI NAN VANT LEGLIZ KATOLIK

Legliz Anglikan pou tèt pa l wè douvan jou akòz yon Wa Angletè (Henry VIII) ki t ap fè krèy ak yon fanm ki te rele Anne Boleyn, san gwo palto Legliz Katolik yo pa t bay dizon yo. Kidonk, se menm lòbèy yo ki alorijin divizyon anndan Legliz, depi sou patiray Lewòp jouk ateri atè isit.

Pou dènye eskandal ki pete nan peyi nou an, rapò yo klè kon dlo kòk, se Legliz EPISKOPAL yo bare nan trafik zàm ilegal, atravè arestasyon plizyè dirijan wo grade tankou Pè Frantz Cole. Kidonk, moun ki byen enfòme pa gen okenn rezon pou yo fè erè mete non lòt legliz nan skandal sa a.

An pasan, èske nou sonje kijan yon majòjon PHTK te fè anpil moun espantan pandan yon bal Martelly lè li te pran mikwo a, li deklare “nou pran pouvwa sa a pou 50 tan”?
(vin gade, vin tande koze: https://www.facebook.com/Haiti1ere/videos/138246697103140/)

Sa se pawòl selèb Jack Guy Lafontant, ansyen Premye Minis ilegal rejim kriminèl PHTK a. Imajine ou Lafontant sa a se ansyen Direktè Lopital St-Croix, zèv Legliz Episkopal nan Leyogàn. E, Pè Frantz Cole, ki se ansyen anfannkè menm jan avèk mwen nan Legliz Episkopal, te responsab Lopital sa a nan ane 2010, kidonk apre Goudougoudou, menm epòk Clinton t ap maniganse pou jouke Martelly-Lamothe opouvwa a, ilegalman, gwoponyèteman. Èske se yon senp erè osnon yon volonte kriminèl k ap alimante fo konfizyon sa a ant Legliz Episkopal epi Legliz Katolik?

ATANSYON: Pè Legliz Episkopal marye, yo gen pitit. Ojis, sa se youn nan gwo diferans yo genyen ak Legliz Katolik.

Tout moun k ap suiv sa mwen ekri konnen m pa bay pyès relijyon lakonfesyon. Ojis, mwen se dènye moun ki pou ta vin pwoteje “imaj” Legliz esklavajis Katolik blan malveyan yo. Mèzalò, verite se verite. Nan komès zàm ilegal ki anvayi peyi a, enkilpe yo soti drèt dirèk anndan Legliz Episkopal, legliz defen papa ak granpè m te sèvi kòm Pè ladan l lan, menm jan ak defen Pè Fritz ak Octave Lafontant ki te papa epi tonton ansyen Premyeminis Defakto PHTK Jack Guy Lafontant, nèg pawòl selèb “avi pou 50 tan an!”

Anvan nou fèmen chapit sa a, èske nou sonje depi kèk ane gen rapò ki lonji dwèt sou enplikasyon ni Laurent Lamothe ni Michel Martelly nan koze zàm ilegal ak mèsenè etranje ki rantre an Ayiti?

Nou sonje eskandal mèsenè Meriken ki te debake nan peyi a ak konpayi Preble-Rish ki enplike Charles “Kiko” St-Rémy ak Gesner Champagne, 2 bòfrè Michel Martelly? Ale wè rapò “Bòs mwen pral rele bòs ou” anba plim jounalis Jake Johnston. Li pibliye nan Center for Economic & Policy Research (CEPR), 12 Mas 2019. Annou rete vijilan.

Pa bliye, Ansyen Anbasadè Meriken an Ayiti, Manzè Pamela White ki te toujou ap pwomennen bradsi bradsou, men nan ren, ak Michel Martelly epi Laurent Lamothe, pandan la belle époque, fenk pibliye yon nòt nan medya Meriken yo, kote li rekòmande sektè prive, oligak pakapala yo, mete lajan deyò, finanse moun ak zàm, polisye, militè, mèsenè etranje pou ede yo masakre “gang” nan katye popilè yo.

Sonje: 15 Jiyè 2022, misyon Nasyonzini ki fè 18 tan l ap depatcha Pèp ak Leta Ayisyen an pak an pak, resevwa pwolongasyon manda yon ane ankò nan men Konsèy Sekirite Nasyonzini. Kidonk, Ayiti anba grif malfèktè entènasyonal yo, san sekou, san zanmi. Se sèl Pèp Ayisyen an ki ka e ki dwe demele gèt li jan li konnen pou li sove tèt li.

Yon bò, alatèt OEA, Luis Almagro, ap mande pou you resisite MINUSTAH kolera kadejakè!

Yon lòt bò (bon bò a), nan vil New-York, fanm ak gason vanyan kase randevou ak KOMOKODA, 31 Out 2022 pou yo di blan malveyan Nasyonzini wete zago yo sou kou pèp Ayisyen an, Eritye Papa Dessalines yo.

An verite, osito Pèp Ayisyen va tabli yon gouvènman lejitim alatèt peyi a, Leta Ayisyen dwe trennen Pamela White, Helen Lalime ak tout responsab BINUH ki te patisipe nan pwosesis gangsterizasyon teritwa nasyonal la, devan tribinal entènasyonal pou krim kont limanite.

Depi ane 1990 Pèp Ayisyen an chwazi Jean Bertrand Aristide, yon nèg save k ap bati inivèsite ak lopital. Blan malveyan di: non! Se dilè dwòg, asasen, gang tankou PHTK ki dwe dirije Ayiti pou benefis Abdalah, Apaid, Bigio, Boulos, Brandt, Deeb, Madsen, Martelly ak CIA.

Pa gen wout pa bwa. Menm jan ak zansèt nou yo ki te marye entèlijans ak kouray pou fè yon bon operasyon koupe tèt boule kay ki reyisi kwape lesklavay; Jodi a, ak lizay, n ap re-marye entèlijans ak kouray nan yon operasyon dechoukay lejitim defans, byen mezire, ki va libere Ayiti Toma, tout bon vre, anba grif ni Konzedijou ni Kolon Amelyore.

1 Comment

  1. Beatrice Gerard says:

    Mèsi anpil pou bèl kout plim sa! Mw aprann anpil! Jan ou makonnen istwa ak sitiyasyon nap viv la trè entèlijan! Li pèmet dekonekte ak lespri zansèt yo, au orijin nou! Yon Pep San istwa se yon Pep ki ap disparet.

    Ayiti gen chans gen moun tankouw! Map patajel ak lot! Kenbe fèm!