Kisa Jezi ak Charlemagne Péralte Reprezante pou Noumenm Ayisyen

Endepandans Ayiti – 1 janvye 1804
January 1, 2017
Jezi pat Kretyen
April 17, 2017

Kisa Jezi ak Charlemagne Péralte Reprezante pou Noumenm Ayisyen

Jodi a, 14 avril 2017, se “Vandredi sen”. Yon jou kote plizyè milyon moun sou planèt latè ap patisipe nan yon seremoni Kretyen yo batize “chimendkwa”. Lè mwen te timoun ann Ayiti, mwen te abitye patisipe nan seremoni sa a, etank anfannkè nan legliz Episkopal Epifani, sou plas Carl Bouard, Pòtoprens.

Ojis, depi nou tikatkat, nou te jwenn granmoun yo ap rakonte listwa Jezi, yon jenn gason blan, yo di ki te bondye epi pitit bondye alafwa. Daprè listwa sa a ki ekri nan yon liv yo batize “Bib la”, jenn gason-bondye a te vini sou latè, sa gen apeprè 2000 ane konsa, nan mitan yon pèp blan (Jwif Izrayèl) ke bondye-papa a te pi pito pami tout lòt pèp li te kreye sou latè – oudimwens, alepòk.

Vwalatilpa, Jezi (jenn gason-bondye a), te genyen anpil lanmou nan kè li pou tout moun, san paspouki – menm sila yo ki pat blan Jwif, parèy li. Kidonk, daprè sa ki rakonte nan Bib la, Jezi aksepte mouri krisifye (li kite chèf yo kloure li sou yon kwa jouk li trepase) yon mannyè pou li ofri tèt li kòm “sakrifis” ki va efase tout peche limanite nèt, alawonnbadè! Konsa, dezòmè, depi se moun sou latè ki di piblikman yo kwè listwa ki ekri nan Bib la, epi yo “aksepte Jezi kòm sovè pèsonèl yo“, yo va pran grad “bon jan pitit bondye papa a” ki pral jwi lavi etènèl ak li, nan yon bèl kote ki rele “syèl”.

Se poutèt sa, chak Vandredi sen, Kretyen yo abiye toudenwa, yo fè pwosesyon, yo fè pelerinaj epi yo fete sakrifis Jezi te fè pou li te ka sove limanite.

Ojis,  daprè Bib la, kòm Jezi se bondye li te ye an reyalite, li pa menm fè 2 jou nan mòg, li leve leve l, epi li retounen nan syèl ale jwenn bondye papa a. Se sa Kretyen yo rele Rezireksyon Dimanch Pak la.

Fanmi m yo, mwen konnen anpil nan nou konsidere listwa Jezi a kòm yon bagay sakre. Pandan lontan, menmsi bonsans mwen te di m otreman, mwenmenm tou mwen te kwè tout listwa ki nan Bib la se te 100% verite, pawòl sakre, pawòl bondye. Kidonk, si ou ta deside fèmen paj la, mete jenou atè pou ou lapriyè, mwen t ap konprann jès la, puiske non sèlman mwen se yon ansyen anfannkè, mwen se yon pitit epi pitit pitit pè legliz Episkopal. Men, sizoka, ou deside kontinye refleksyon an ak mwen, men 3 kesyon mwen ta renmen nou reflechi sou yo:

  1. Ki rezon valab yon Ayisyen genyen pou li kwè pawòl ki ekri nan Bib la?
  2. Èske ou konnen genyen moun (fanm ak gason) ki te mouri pou ou tout bon vre?
  3. Kisa ki anpeche Ayisyen onore sakrifis Charlemagne Péralte – ki te mouri kloure sou yon pòt, pou libète n?

 

Kesyon #1 – Èske Bib la se koze serye osnon koze kredi?

Pou ede ou reponn premye kesyon sa a, m ap pataje ak ou yon lòsyè nan Viv Bondye! Aba Relijyon!yon liv ki rakonte ki jan, ki lè, nan ki kondisyon, yon ekip gason blan te chita ansanm pou yo kolepyese listwakont nou jwenn nan liv yo rele Bib la. Nan yon chapit ki batize Èske se vre makdwèt moun fè mikalaw nan Bib la?”, nou li: “kit se legliz Katolik Women, kit se legliz Pwotestan yo tout antann yo depi 16zyèm syèk la pou yo deklare Bib la se “Pawòl Bondye”. Tout moun ki kesyone konklizyon sa a, sa yo pran se pa yo!” Pi douvan, nou li: “dizon nou dakò chak otè sa yo te resevwa enspirasyon Bondye (Kreyatè linivè, Toupisan an, Jis total kapital la, Save ki pa janm fè erè a, Bondye ki pa janm chanje karaktè a), èske nan 66 liv sa yo nou rekonèt makdwèt moun (sa vle di: yon liv ki gen erè, kontradiksyon…) osnon makdwèt Bondye (svd: yon liv ki pa gen okenn erè ladan li…)?…

…Ki dènye pawòl Jezi di?

Menmjan ak liv ki pote non Mak la, liv yo di Matye ekri a fè konnen, dènye pawòl Jezi di se: “Bondye, Bondye poukisa ou lage mwen konsa” (Mak 15 vèsè 34; Matye 27 vèsè 46).

Poutan, liv ki pote non Lik la di nou: “Jezi rele byen byen fò, li di: Papa, mwen remèt lespri mwen nan men ou. Apre li fin di pawòl sa yo, li mouri” (Lik 23 vèsè 46).

Liv ki pote non Jan an limenm, di nou: “lè Jezi fin pran vinèg la, li di: tout sa ki pou te rive rive. Apresa li bese tèt li, li mouri” (Jan19 vèsè 30).

Kilès osnon konbyen nan 3 vèsyon sa yo ki nan manti? Konbyen fwa gwo palto legliz yo manyen tèks sa a?…” Alewè Viv Bondye! Aba Relijyon! paj 84 (klike sou tit la, pou ou rale liv la gratis sou paj entènèt otè a).

 

Kesyon #2 – Èske ou konnen fanm ak gason ki te mouri pou Ayisyen tout bon vre?

Tankou tout pèp sou latè, Ayisyen genyen zansèt ki te poze aksyon ekstraòdinè nan listwa nasyon an. Kit se nan liv listwa, mize, estati ki sou plas piblik elatriye… nou jwenn non Dessalines, Toussaint, Christophe…Men, mesye sa yo pa te aji pou kont yo. Atravè listwa, se plizyè milyon fanm ak gason ki merite  lwanj ak admirasyon nou. Malerezman, detay nou rive jwenn sou lavi moun sa yo se kichòy ki limite anpil paske pandan peryòd gwo tribilasyon lè zansèt nou yo te esklav la, pa te gen mwayen ekri liv ki rakonte lavi yo. Okontrè, se lenmi yo ki pran okazyon madichonnen yo pandan y ap envante lejann osijè pwòp zansèt pa yo. Se konsa, nèg vin gen yon dividal zansèt blan y ap onore jiskaprezan. E, sa ki pi tris la, anpil nan “blan” sa yo se lejann, se pa moun ki te janm ekziste vre. Kidonk, douvan pòt tounen dèyè kay. Yo aprann nou retire trip pou nou mete pay.

 

Kesyon #3 – Pou kisa nou meprize sakrifis Charlemagne Péralte la ki pa ni lejann, ni listwakont?

Nan koumansman semen sa a, pandan map rapousuiv efò “detere zo grann” mwen tanmen depi kèk ane a, mwen aprann te gen yon grandèt nan fanmi mwen ki te rele Orvil Saint-Vil, nèg Platosantral, ki te kanpe ak Charlemagne Péralte, chèf rezistans peyizan Kako yo ki te lage pè las nan dengwonn kolon Yanki yo ki te anvayi peyi nou nan ane 1915.

Lè nou li, nan liv listwa, ki jan ewo sa yo te sakrifye tèt yo pou byennèt nasyon an;

Lè nou konsidere moun sa yo te ekziste tout bon vre, se kinan nou yo te ye, tout bon vre;

Lè nou konsidere reyalite istorik pèp nou an viv ak relijyon Krisyanis blan yo envante, nan kolepyese ansyen kwayans yo vòlè nan men lòt pèp – ikonpri pèp Afriken nan KMT (Lejip ansyen);

Lè nou konsidere, sèl veritab Jezi zansèt nou yo te janm rankontre sou chimen yo, se yon bato negriye Angle ki te rele “The Jesus of Lubeck“, larèn zenglendo Elizabeth I te itilize ak batomann John Hawkins pou yo kidnape Afriken, yo te vann pou anrichi tèt yo;

Lè nou konsidere ki jan kolon yo te krisifye kinan nou, Charlemagne Péralte, sou yon pòt kay, jouk li trepase, epi yo te trennen kadav li nan lari pou panike pèp Ayisyen an…

Jodi a, nou sètoblije pran responsablite nou pou n di:

Respè pou ou grandèt Charlemagne Péralte!
Respè pou ou grandèt Orvil ak Lhomond Saint-Vil!
Anverite, nou fout re-rejete!


Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *