Blan Malveyan kidnape Ayiti depi 2004.

Kobalt an Ayiti fè zizye blan malveyan bat
February 19, 2024

« Blan Malveyan kidnape Ayiti depi 2004. Kòm ranson, an 2024, li ekzije viktim viv ansanm ak teworis PHTK li yo. Konbatan Ayisyen Kont Okipasyon (KAKO) pa p obeyi! »

Nou mande tout pitit Lafrik, espesyalman militè yo, keseswa lame nasyonal kote yo anwole aktyèlman, pou yo refize lòd atake Ayiti, Nijè, Mali, Boukina Faso, Palestin…tout peyi nou k ap reziste atak nouvo kolon esklavajis, latèrèyis, vòlò resous minyè ki gen titalbè, ki pa janm rasazye yo. Non, nou pap obeyi! Nan lang Swahili ki pale nan peyi Kenya: Hapana! hatutatii! Non! nou pa p obeyi!


Konpatriyòt onè!

Jodi Dimanch 31 Mas 2024, nou bese ba pou nou salye tout Ayisyen moundebyen ki kontinye reziste kont atak teworis PHTK-CIA, toupatou nan peyi a. Nou gen yon panse espesyal pou fanmi ak zanmi jenn militan Chedlet Guilloux ki mouri ak anpil soufrans, ayè Samdi 30 Mas 2024 la. Chedlet Guilloux te etidyan nivo metriz nan lekòl nòmal siperyè e pwofesè inivèsite (UPBASM). Lapolis PHTK te arete Chedlet nan manifestasyon 23 Fevriye 2015. Yo te libere li 3 jou aprè ak anpil siy maltretans. Bouwo PNH-PHTK yo te tèlman maltrete Chedlet, li vin gen yon boul nan goj li ki anpeche l respire byen, manje, e menm bwè dlo. Chedlet Guilloux rann dènye souf li, aprè 9 ane soufrans, malgre plizyè operasyon.

Teworis G9 PHTK an fanmi e alye kidnape epi sasinen Evelyne Sincère, 22 zan, nan fen mwa Oktòb 2020

«Pa kite pyès moun leve men sou nou. 9 lane aprè, se mwen ki konn sa m ap pran la ! » Sa se ta pawòl Chedlet Guilloux, diplome nan filozofi nan Lekòl Nòmal Sipèryè nan Inivesite Leta a, 5 jou avan li trepase.

Jodi a, nou genyen yon panse espesyal tou pou fanmi ak zanmi Evelyne Sincère, jenn etidyan 22 zan, ki te mouri sasinen anba grif teworis Babekyou, G9, PHTK an fanmi e alye, 1 Novanm 2020. Ayè Samdi 30 Mas 2024 la, yon ponyen swadizan sineyas blan malveyan te kontinye ap fè montaj manti osijè yon fo kidnapin malfèktè 400 Mawozo yo ta fè kont yon YouTuber Arab k ap bouske vizibilite. Tout siy montre senaryo Viv Ansanm sinik sa a, se yon tantativ lach e ridikil pou lave imaj teworis Babekyou yo vle fè pase pou negosiyatè alabaz liberasyon fo viktim nan ki te nan men asosye Babekyou, kriminèl parèy li, Lanmò san jou. Ojis, ni teworis G9 ki te kidnape, tòtire epi sasinen Evelyne Sincere yo, ni blan malveyan ki kontinye jwe wòl parenn asasen yo, pa t janm panse Evelyne Sincère te merite viv ansanm ak fanmi li epi zanmi li.

Blan Malveyan anvayi 29 Fev 2004 li poze sele sou inivèsite UNIFA epi mete tout etidyan deyò. Nan mwa Mas 2024 Teworis Babekyou, tyoul blan malveyan, boule lekòl – se toutafè nòmal !

Konpatriyòt, nou nan lagè ak yon lènmi ki sinik epi san limit. Menm jan ak zansèt esklavajis malveyan sa yo, pa gen okenn krim ki twò minab, ni twò grav pou yo fè kont nèg ak nègès. Kidonk, se nou menm ki dwe monte volim vijilans, kouray, entèlijans ak detèminasyon nou pou nou dejwe tout zak malveyans yo.

Kòmalòdinè, anvan nou founi je gade aktyalite semèn sa a, nou pral rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, nèg ak nègès Ayisyen abitye goumen ak anpil entèlijans, kouraj epi pèsistans jouk yo pote viktwa kont zansèt bandi Kò Gwoup yo, yon makòn malveyan ki te toujou kanpe an mòd gang «Fanmi e alye Ajimal».

Jodi a, n ap kanpe ti bourik listwa nou nan kafou 1804.

Listwaryen Thomas Madiou fè nou konnen se nan vil Okap pi bèl seremoni te fèt nan okazyon pwoklamasyon Anperè Jean Jacques Dessalines, 8 Oktòb 1804.  César Télémaque, ansyen majistra vil Okap ki te gen repitasyon nèg souflantchou ki t ap danse kole ak blan Franse di tan koloni, te pran vire lang li tankou «Jida k ap chante glwa-ra-Jezi»  nan palè enperyal la. Se pa ti  aplodisman ki te tonbe lè misye te pran chante lwanj Anperè Jacques 1e:

« Son nom, sa valeur, son courage, font trembler tous les intriguants, Ennemi du vil esclavage, Cherissons sans cesse, avec allégresse celui qui fait notre bonheur, Vive l’Empereur. ».

Pwoklamasyon Dessalines kòm Anperè te konfime aklè, Ayiti gen pwòp chèf li ki pa sou lobidyans okenn lòt chèf sou latè. Men, konsa tou, se yon lòt pòt ki te louvri pou peyi a divize ant 2 kategori Ayisyen. Yon bò : gen mas pèp travayè latè ki layite kò yo nan fon kè peyi a, epi, yon lòt bò: yon ti gwoup flatè souflantyou k ap fè laviwonn Lanperè epi ki geri bosko yo nan vil yo pou yo ka jui tout kalite privilèj – Dabitid, nan yon sistèm enperyal, moun sa yo rele tèt yo : « la noblesse ». Se yon makòn parazit ki pap leve ni lou ni lejè. Y ap viv sou do mas pèp la ki li menm pa janm sispann bourike pou satisfè tout foli ki pase nan lòlòj Lanperè, Lenperatris, « Les Princes », « Les Princesses », «Les Duc de Kwesedjo»,  « Les  Comtesses de Kwètmakwèt » elatriye…

Dessalines te wè danje sa a depi alapapòt. Konsa, olye li pèdi tan ap chwazi ki lès ki nòb ki lès ki pa nòb, Anperè Jacques 1e konsantre enèji li nan asire komès epi bon jan administrasyon pou peyi a.  Konsa, Ayiti te koumanse kanpe sou yon bon bit ekonomik. Tout pò nou yo te chaje ak bato komès ki sòti nan peyi Angletè, Dànmak, Etazini elatriye…  Men, komèsan blan yo te deja rantre nan fè magouy komès ilegal. Yo te pran abitid derespekte lwa peyi a, epi vann majorite machandiz yo dirèkteman bay machann revandè ki tabli sou zile a.  Lè Dessalines vin okouran magouy sa a ak lòt ankò, 15 Oktòb 1804, Anperè Jacques 1e pibliye yon dekrè ki entèdi fòmèlman pou batiman komès etranje fè afè dirèkteman ak machann yo. Li ekzije tout kapitèn batiman etranje pase palentèmedyè negosyan ki gen lèt patant Anperè Jacques 1e ba yo pou sa.  Epi lè gen machandiz ki ap vann an detay, se sèlman apre leta Ayisyen fin chwazi machandiz pa li pou sa fèt. Sinon, leta Ayisyen ap plake bon jan amand nan lestomak kapitèn batiman etranje yo.

Konsa Dessalines te asire li aktivite ki ap pase nan pò peyi a sou kontwòl leta Ayisyen epi nasyon an ranmase taks li kòmsadwa nan men batiman etranje yo.

Kanta moun ki lage 2 gidon nan kòsaj Dessalines pou li kreye yon aristokrasi a, Lanperè voye yo tout ale chita kò yo yon kote. Li deklare, nan peyi isit nou pa bezwen « la noblesse ». Men, malgre tout prekosyon Dessalines te pran, sanble sa pat sifi pou kwape fòmasyon yon aristokrasi defakto. Te gen gwo diferans sosyal ak ekonomik ant alatèt lame yo, ki te kontinye viv kòm eksplwatè, mèt-e-seyè anwo tèt peyizan, frè yo, sè yo, ansyen esklav sou menm plantasyon ak yo, ki te kontinye viv nan malsite anndan fon kè peyi yo t ap anrichi ak fòs travay yo an.

9 Avril 1804 Dessalines pibliye yon dekrè pou anpeche chèf lame yo kontinye sèvi ak chwal epi milèt leta pou yo regle pwòp biznis pèsonèl yo. Setinitil! Kontrebann te fè kenken. Kidonk, Ayiti pran endepandans li. Lesklavaj te kaba tout bon vre. Dessalines, yon lidè serye t ap demele li kon mèt Janjak pou nou rete lib, endepandan epi byen pòtan. Men, li klè, anpil travay te rete devan nou anvan nou reyisi bati yon nanchon ki byen soude, byen simante, byen oryante epi ki kapab garanti lavi miyò pou tout pitit li yo, san fòs kote. Se konsa sitirasyon an te ye nan peyi nou, nan finisman ane 1804.

Konpatriyòt, annou kite ti bourik listwa nou bwè dlo, pandan n ap founi je gade aktyalite semèn nan, atravè repòtaj Radyo Rezistans.

Jedi 28 Mas 2024 Rezo Teworis Viv Ansanm Jimmy Chérisier (Babekyou) ap dirije a piye epi mete dife nan lokal Lekòl Nòmal Siperyè (ENS) ki fonde 28 Jiyè 1947 pou fòme pwofesè klas segondè epi ansèyman siperyè nan lèt ak syans. Lekòl Nòmal la genyen youn nan pi gwo bibliyotèk peyi a, e se moun ki nan klas defavorize a ki frekante l. Teworis Viv Ansanm yo di y ap fè “revolisyon kont oligak” yo. Poutan, se Lopital Jeneral, se ENS, se moun nan mas popilè yo ki pa kapab dòmi lakay yo. Lokal Lekòl Nòmal teworis Viv Ansanm boule a, se baz ansyen Tonton Makout. Aprè dechoukaj rejim diktati makout Divalye yo, etidyan yo te pran lokal sa a pou fasilite pataj konesans. Lè nou konnen, gang yo se menm fanmi rejim makout la, lè yo boule Lekòl Nòmal, se yon zak vanjans yo fè kont etidyan yo.

Madi 26 Mas 2024, menm rezo teworis Viv Ansanm nan mete dife nan yon dizèn famasi, nan plizyè garaj ak boutik nan ri Monseilleur Gilloux ak ri De la réunion. Malfèktè yo boule lekòl “les frères Nau”. Yo boule ENARTS (Ecole Nationale des Arts) ak Fakilte Syans.

Blan Malveyan anvayi Ayiti 29 Fev 2004 li poze sele sou inivèsite UNIFA epi mete tout etidyan deyò. Nan mwa Mas 2024 Teworis Babekyou, tyoul blan malveyan, boule lekòl – se toutafè nòmal !

Daprè youn nan pwopriyetè antrepriz ki boule yo, se rezo teworis viv ansanm yo ki mete dife nan biznis ki anba lavil la. Li akize Guy Phillipe ki lakòz teworis Viv Ansanm yo boule tout byen yo te genyen. Daprè yon pwopriyetè famasi, bandi yo pa sèlman mete dife nan antrepriz yo, men yo vòlè tout sa yo kapab pote ale.

Radyo Rezistans ak Ajans Près Popilè Ayisyen (APPA) raple ki jan Guy Philippe te di: depi l rive prezidan, l ap bay tout manm rezo teworis yo amnisti. Bò kote pa l, politisyen dwategòch, alye PHTK, Moise Jean CHARLES, te deklare: bandi mèt kraze peyi a rapyetè, lè li pran pouvwa a, l ap rekonstwi l. Zak teworis sa yo rantre nan plan rejim PHTK a genyen depi lontan pou yo fòse malere kite zòn lan. Gouvènman neyo-makout Michel Martelly ak Laurent Lamothe lan te pibliye yon arete ekspwopriyasyon 2 Septanm 2010, ki deklare sant vil Pòtoprens “zòn komèsyal”. Kidonk, konpatriyòt, nou mèt atann rezo teworis Viv Ansanm yo pral tante fè plis zak boule ak kraze brize patrimwàn nasyonal peyi nou an.

Oivo negosiyasyon politik pou monte yon gouvènman tranzisyon alatèt peyi a, Madi 26 Mas 2024 responsab Akò Montana pataje yon dokiman bay laprès kote yo pwopoze pou reprezantan divès sektè nan sosyete a : politik, relijye ak ekonomik, mete tèt ansanm pou kwape briganday ak zak kriminèl teworis yo ap fè nan peyi a, epi finalman mete Ayiti sou ray devlopman ak diyite.

Lidè Akò Montana yo di tout moun dwe patisipe nan pwomosyon lapè, sekirite, respè ak souverènte nasyonal. Yo pwopoze pou konsèy prezidansyèl la chwazi premye minis lan nan tètkole ak tout moun ki reprezante lòt akò yo. Kote y ap soumèt 3 non nan diferan sektè, e premye minis lan p ap kapab patisipe nan eleksyon ki pra l fèt la. Daprè yo «Premye minis lan nan tèt kole ak konsèy prezidansyèl la ap gen pou yo chwazi manm kabinè ministeryèl yo daprè prensip ki etabli yo».

Konsènan dosye ensekirite a, yo pwopoze yon Konsèy Nasyonal Sekirite (CNS) ki va tabli epi ekzekite yon plan sekirite nan tèt kole ak ekspè nasyonal & entènasyonal.

Yo pwopoze 6 gran chantye pou konsèy prezidansyèl la: ekonomi, jistis, sekirite, enfrastrikti, sante ak bòn gouvènans.

Konpatriyòt, annou klè! Nan kalfou danjere Ayiti anbreye la a, nivo vijilans, kouray ak entèlijans nou dwe monte disèt wotè. Pitit Ayiti dwe mobilize toupatou, anndan peyi a, tankou aletranje, jiskaske nou wete zago blan malveyan yo sou kou nasyon nou an. Li klè fòmil Konsèy Prezidansyèl la chaje ak pikan kwenna ki anfrajele dwa granmoun pèp Ayisyen an. Kit se wòl demachè CARICOM aksepte nan men blan Meriken ak blan Kanadyen ki kidnape Ayiti depi 2004 epi ki ensiste fòk viktim yo aksepte “viv ansanm” ak teworis PHTK yo; Kit se politisyen ki vle negosye moso pouvwa popetwèl ak kidnapè miltinasyonal yo; kit se rezo mafyozo yo rele Sektè Prive a ki patisipe Tèt Kale nan gangsterize peyi a, epi ki jwenn bèl rekonpans dwa vòt anndan “Konsèy Prezidansyèl Viv Ansanm” nan, kit se levanjil sadik amnisti pou kidnapè, kadejakè sanginè PHTK-CIA yo, yon seri eleman sinik ap klewonnen depi dikdantan… tout sa se limyè wouj ki raple n, se vijilans ak mobilizasyon popilè ki sèl garanti pou Ayiti pa peri. Kidonk, annou monte volim entèlijans ak militans nou. Dezòmè tout patriyòt se KAKO – Konbatan Ayisyen Kont Okipasyon. E nou pap obeyi!

Se nan lespri mobilzasyon manch long sa a, yon ekip patriyòt k ap viv nan plizyè vil te reyini 16 Mas 2024. Men ki sa yo deklare:

  1. Dwa granmoun pèp Ayisyen an sou peyi li sakre. Etranje ki vyole dwa sa a se lènmi nasyon an. Ayisyen ki ede lènmi vyole granmounite Ayiti se trèt k ap resevwa pinisyon jan zansèt yo ak manman lwa peyi nou ekzije sa.
    1. Core Group persona non grata. Mèsenè Kenya, Senegal, CARICOM, Panyòl ret nan patiray nou! 
    2. Michel Martelly, Gilbert Bigio, Reynold Deeb, Izo (Johnson André), Dimitri Herard, Jimmy Cherizier (Babekyou), Vitelhomme Innocent, André Apaid, Guy Philippe … tout kriminèl ki pete pòt prizon epi ki fè san pèp inosan koule: anba kòd osnon bwa kale!
    3. Sèl gouvènman tranzisyon n ap rekonèt se youn ki soti nan tèt kole Ayisyen ki pa gen san pèp la sou men yo.
    4. #AyitiPouAyisyen #AyisyenPouAyiti #AreteBigio #AreteMartelly #AbaBlanMalveyan
  2. Pou nou defann lavi Ayisyen onèt, nou dekrete koukouwouj dèyè tout malonèt jouk nou va rive dezame tout kriminèl (etranje tankou Ayisyen) epi remanbre fòs defans lejitim nasyon nou an. 
    1. Nou dekrete mobilizasyon manch long pou remanbre fòs legal (Polis ak Lame) ki la pou asire sekirite tout moun sou zile a, kòmsadwa, san paspouki.
    2. Aba tout milis prive k ap pwoteje e sèvi oligak kriminèl ak blan malveyan enperyalis yo.
    3. Nou ekzije aplikasyon dwa entènasyonal prese prese pou fòse Etazini ak Dominikani sispann anvayi Ayiti ak zam fannfwa pandan leta peyi sa yo ap kouve gwo kriminèl chèf milis kidnapè lakay yo, tankou Bigio, Martelly…
    4. #ToutMounSeMoun #LaviToutMounSakre #ToutKriminèlSeKriminèl #ZewoToleransPouTrèt #ZewoToleransPouKadejakè #ZewoToleransPouAsasen…
  1. Mobilizasyon san pran souf nan tout peyi blan malveyan ki gangsterize Ayiti ak milis PHTK yo.
    1. Nou ekzije Restitisyon ak reparasyon nan men gouvènman peyi Kò Gwoup yo, Nasyonzini, OEA pou tout krim yo fè kont pèp Ayisyen an nan listwa tankou nan epòk kounye a.
    2. Nou louvri bra pou nou resevwa epi ofri solidarite bay tout pèp tankou Kiba, Mali, Nijè, Boukina Faso, Palestin, Venezyela… k ap lite kont menm lagrandyab vòlò tè kolonizatè ki anndan Core Group yo.  
    3. #LeveKanpePouAyiti #JijeClinton #JistisDiyiteReparasyonPouAyiti

Pou kore deklarasyon sa a, pitit Ayiti toupatou kase randevou 20 Avril 2024 pou yon gwo leve kanpe an solidarite ak Pèp Ayisyen an.

29 Mas 1987 ki sot pase a, nan okazyon 37 ane depi pèp Ayisyen te vote konstitisyon an, mèt Mario JOSEPH, responsab B.A.I (Burau des Avocats Internationaux) deklare nan mikwo Radyo Rezistans: “rezon ki fè gouvènman PHTK a ap mande pou chanje manman lwa peyi a sou lòd mèt yo, peyi enperyalis yo, se paske konstitisyon 1987 la gen kèk atik ki an favè mas defavorize yo”. Mèt la di : “se paske yo bezwen fini ak peyi a nèt, yo bezwen kreye yon bann lwa ki pou ba yo dwa legal sou tout richès ki nan peyi a. Pou yo kontinye anrichi tèt yo pandan mas defavorize yo ap koupi pi mal nan mizè fewòs y ap viv jounen jodi a”.

Madi 26 mas 2024 ki sot pase a, Mouvman Libète Egalite sou chimen Fratenite tout ayisyen (MOLEGHAF) rankontre laprès pou yo denonse mannigans enpeyalis meriken ap fè pou fòse popilasyon Ayisyen an vale okipasyon ak swadizan misyon sekirite a. MOLEGHAF mande tout fòs òganizasyon pwogresis ak pati politik revolisyonè yo mete tèt ansanm pou mennen batay la bò kote mas yo.

Menm Madi 26 Mas 2024 la, nan vil New-York, Komite Mobilizasyon Kont Diktati ann Ayiti pibliye kominike sila a:

“Depi zansèt nou te fè gwo leve kanpe 1791 lan ki vin dechouke lesklavaj, li klè pèp Ayisyen an toujou anfas yon konplo entènasyonal ki kontinye wè Ayiti kòm yon menas pou tout sistèm blan kolon rasis esklavajis la. Se depi lè sa a piyajè yo met ansanm, yo sèmante pou yo toufe Revolisyon 1804 la. Yo te deside Ayiti pa p fè yon pa kita, yon pa nago.

Depi 1915, nou wè se blan meriken k ap chwazi yon bann apatrid, konze, ti esklav pou dirije peyi nou. Anmenm tan, peyi enperyalis yo kreye epi ranfòse oligachi antinasyonal la pou asire dominasyon ekonomik yo.

KOMOKODA ap fè tout sa k pa konnen konnen kit se “gang” yo k ap teworize pèp Ayisyen an, kit se Kenya ki ta gen pou vin mennen yon okipasyon degize, kit se CARICOM k ap chache fòse yon lòt konstitisyon ak eleksyon bidon nan gagann nou, tout se plan Meriken an k ap egzekite.

Revolisyon ki pote pi gwo chanjman nan mond lan fèt lakay nou. Pa gen peyi oswa moun nan mond lan ki ka bay Ayisyen leson revolisyon. Chèf gang, vòlè, kriminèl, asasen, dwòg dilè pa ka revolisyonè. Bandi legal, bandi ak kravat, kadejakè, politisyen tchoul, oligachi salòp, antinasyonal pa ka fè pati solisyon Ayisyen an. Solisyon k ap mennen nou nan bon janchanjman pou yon Ayiti granmoun, yon Ayiti souvren pa kapab yon solisyon ki negosye avèk oubyen atravè lenmi nou.

KOMOKODA ap fè lènmi nou yo, anndan kou deyò peyi a, konnen dezyèm revolisyon pèp Ayisyen an ki gen pou l pousuiv vizyon Anperè Janjak Desalin nan nan kouti. Se nan bon jan solidarite ak lòt pèp k ap sibi menm eksplwatasyon ak nou epi ki genyen menm vizyon granmoun tèt yo ak nou, n ap jwenn laviktwa.

KOMOKODA ap di Ayisyen toupatou: Lè a rive pou nou tout ki kwè nan vizyon Papa Nanchon an ak zansèt yo pou nou rasanble epi òganize. Wout lan long epi li chaje pikan kwenna, men nou pa p janm bay legen.

Viv lit liberasyon Pèp Ayisyen an!
Viv yon Ayiti Souvren, yon Ayiti ki ka defann tèt li!

Viktwa final se pou pèp k ap goumen!
KOMOKODA, 26 Mas 2024

Kidonk, se toupatou vwa patriyòt konsekan yo ap monte. Paske, an verite, Pèp Ayisyen an pa pitimi san gadò!

« Blan Malveyan kidnape Ayiti depi 2004. Kòm ranson, an 2024, li ekzije viktim viv ansanm ak teworis PHTK li yo. Konbatan Ayisyen Kont Okipasyon (KAKO) deklare: NOU pa p obeyi! »

Nou mande tout pitit Lafrik, espesyalman militè yo, keseswa lame nasyonal kote yo anwole aktyèlman, pou yo refize lòd atake Ayiti, Nijè, Mali, Boukina Faso, Palestin…tout peyi nou k ap reziste atak nouvo kolon esklavajis, latèrèyis, vòlò resous minyè ki gen titalbè, ki pa janm rasazye yo. Non, nou pap obeyi! Nan lang Swahili ki pale nan peyi Kenya: Hapana! hatutatii! Non! nou pa p obeyi!


Comments are closed.