Kobalt an Ayiti fè zizye blan malveyan bat

Qui finance commande se franse. Poutan se pa mantò – Bourik Chaje Pamela White pale pawòl la ankò!
January 22, 2024
Blan Malveyan kidnape Ayiti depi 2004.
April 2, 2024

«Katastwòf PHTK 2024 se rekòlt semans GNB, Gwoup 184, entèlektyèl Konze ak angrè Inisyativ Ottawa sou Ayiti – wè pa wè, blan malveyan, kolonizatè, vòlò tè, pa p janm kite vòlò!»

Nou mande tout pitit Lafrik, espesyalman militè yo, keseswa lame nasyonal kote yo anwole aktyèlman, pou yo refize lòd atake Ayiti, Nijè, Mali, Boukina Faso, Palestin…tout peyi nou k ap reziste atak nouvo kolon esklavajis, latèrèyis, vòlò resous minyè ki gen titalbè, ki pa janm rasazye yo. Non, nou pap obeyi! Nan lang Swahili ki pale nan peyi Kenya: Hapana! hatutatii! Non! nou pa p obeyi!


Konpatriyòt onè!

Kòmalòdinè, anvan nou founi je gade aktyalite semèn sa a, nou pral rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, nèg ak nègès Ayisyen abitye goumen ak anpil entèlijans, kouraj epi pèsistans jouk yo pote viktwa kont zansèt bandi Kò Gwoup yo, yon makòn malveyan ki te toujou kanpe an mòd gang «Fanmi e alye Ajimal».

Jodi a, n ap kanpe ti bourik listwa nou nan kafou Janvye 2004.

Tandiske jounal Etazini, Kanada ak Lewòp… t ap ponn editoryal malpalan pou dekouraje touris ki ta vle vizite Ayiti pandan selebrasyon bisantnè a…

Nan mitan yon sezon tansyon ak konfizyon politik, yon makòn endividi ki deklare yo gen Grenn Nan Bounda (GNB) anonse manifestasyon san pran souf sou lobidyans blan malveyan lokal André Apaid, Charles Henri Baker, Réginald Boulos ak nèg aganman tankou K-Plim (Evans Paul) ki sèmante fòk yo kraze selebrasyon bisantè endepandans Ayiti a, kiksaswa kòman.

Malgre kakofoni bri depaman, se yon kokennchenn selebrasyon wololoy majorite pèp Ayisyen an te viv nan lapè ak diyite jou 1 Janvye 2004 la. Fèt Bisantnè sa a se yon kichòy ki te reyalize granmesi anpil jefò, kouray ak mastèbrenn gouvènman Aristide-Neptune nan te deplwaye ak alye solid tankou Prezidan Afrikdisid, Ekselans Thabo Mbeki, ki te prezan ak madanm li byen bonè nan maten, pandan seremoni ofisyèl ki te dewoule devan plizyè santèn milye moun sou pelouz Palè Nasyonal, nan Pòtoprens. Pèp souvren te anvayi tout lari Channmas. “Rezistans o! Rezistans o, nou s on pèp ki gen anpil rezistans”. An verite Sanba Patikoul, si nou pa t gen rezistans nou pa t ap ka fete endepandans, 1 Janvye 2004!

Selebrasyon devan Palè Nasyonal 1 Janvye 2004

Delegasyon yo te rive sou Plas Gonayiv, nan apremidi kote seremoni ofisyèl la sibi atak malfèktè ki te azade yo tire, pete kafouyay nan mitan jou sakre sa a – yon jès trayizon ki dezonore tout yon nasyon. Jou sila a, mwen te rive nan zòn Lestè, pami plizyè jounalis ki t ap kouvri evenman yo. Se ak tritès epi laraj nan nanm, mwen t ap konte twou bal sou vit ak kawosri plizyè otobis Diyite ki te sètoblije kase tèt tounen Pòtoprens byen bonè, avan lè. Si malfèktè GNB-Gwoup 184-Convergence ki te mare sosis yo ak blan malveyan lokal e entènasyonal yo pa t fè plis krim jou 1 Janvye 2004 sa a, se gran mesi vijilans, entèlijans, kouraj ak sajès pèp Ayisyen an. Nan lari Pòtoprens, yon ekip apatrid ki te kenbe ke jip oligak rasis je vèt André Apaid te bloke kafou stratejik tankou Nazon kote yo rive mete dife epi boule machin leta.

Yo mete divizyon pou youn ka dechire lòt. Tan pou n tounen Vyetnàm nou pito manje lam“. Wi, Patikoul, nou s on pèp vanyan, entèlijan ki konn fè rezistans! Tankou Prezidan Aristide te di nan diskou istorik li fè jou sa a, fòk nou raple ou, kontrèman ak epòk lakoloni, jou 1 Janvye 2004 la bato ki te soti an Afrik se pa esklav yo te pote Ayiti, se bon jan zouti pou defann diyite nèg ak nègès – yon misyon frè nou, Ekselans Prezidan Thabo Mbeki, te anbrase ak anpil kouraj. Nan aswè, pandan bèl fedatifis t ap klewonnen pou di zansèt vanyan nou yo ki jan jenerasyon sila a genyen rekonesans ak respè pou yo, yon espektak wololoy te tanmen ak atis wodpòte, tankou: Carole Demesmin (Carole Mawoule), Don Kato, Erna Letemps, James Germain, aktè aktivis Danny Glover, Gwoup balè Desandan ki soti sou zile Kiba, kay frè Fidel Castro, elatriye…

Atis Erna Letemps te entèprete “Onè-Respè” kote li fredone ak nanm, ak tandrès «Souple, sove fratènite nèg nwa!» – yon fraz ki fè san moun sansib tresayi. Mwen envite ou gade seri videyo mwen pibliye sou YouTube (@Jafrikayiti) konsènan peryòd Janvye 2004 la. Santiman ki riske anvayi ou se fyète, men tou lespwa melanje ak tristès. Wi, anpil tritès lè ou va reflechi sou kantite konpatriyòt sa yo ou va wè bradsi bradsou anndan Patikoul ap dyayi, soti Bèlè rive Channmas…ki te pèdi lavi yo nan krim koudeta, anba bal MINUSTAH, ak soufrans bakteri kolera, anba dekonb goudougoudou 2010, nan masak PHTK-CIA, elatriye…

Wi, evènman Janvye ak Fevriye 2004 yo raple chak patriyòt konsekan yon verite klè kon dlo kòk: “se pou menm rezon pèp Ayisyen an renmen Lavalas la, blan malveyan yo rayi Lavalas”.

Konpatriyòt, annou kite ti bourik listwa nou bwè dlo pandan n ap fè yon koudèy sou aktyalite semèn pase a.

***

Nou derape ak kèk rapò nou ranmase sou sit Radyo Rezistans:

Ti peyizan yo rele anmwey bare vòlè!
Lendi 5 Fevriye 2024, òganizasyon Kolektif Jistis Min (KJM) denonse “Newmont Mining Corporation” yon konpayi minyè blan Meriken k ap pwofite vilnerabilite ti peyizan nan nò Ayiti ki pa konn li, pou fè yo siyen move kontra yo pa konprann, konsa konpayi vòlò tè kolonizatè yo fè magouy pou yo jwenn kat blanch nan eksplwatasyon min a syèl ouvè sou tè Papa Dessalines nan!

KJM vizite divès zòn nan depatman Nòdwès ak Nòdès Ayiti kote “Newmont Mining Corporation” fè peyizan yo siyen yon seri vye kontra malè pandye. Nan yon videyo KJM montre ki jan peyizan yo te espantan lè yon animatè kolektif la li kontra yo te siyen ak ti kwa a, daprèzavwa yo pa konn li ni ekri.

Newmont Mining Corporation se vòlò! blan malveyan!

Daprè repòtaj Radyo Rezistans, nan mwa Novanm 2023 gen fouyadò ki ta dekouvri anpil “kobalt” nan Mòn Lopital ki anndan komin Pòtoprens. Min sa a ta okipe yon gwo teritwa ki soti depi Sen Jid rive jouk Savann Pistach sou tèt Kanapevè. Daprè anpil moun, pwojè blan malveyan yo se itilize bandi PHTK-CIA pou fòse popilasyon k ap viv nan zòn sa yo degèpi, yon fason pou konpayi miltinasyonal, espesyalman kinan blan Meriken yo, vin vòlè “Kobalt” ki genyen nan zòn sa yo. Kidonk, pinga ou ta sezi wè Izo enstale baz li nan Mòn Karidad anvan lontan. Daprè analiz Radyo Rezistans, apre Izo ta va kite zòn li ye kounye a, lapolis pral atake Vilajdedye daprèzavwa dil ta gen tan fèt ak yon gwoup oligak ki gen anbisyon tabli yon pò anba a, kote yo pral pase ak “Kobalt”, sab, tout sa yo fè plan vòlè sou teritwa eritye Papa Dessalines yo epi bwote aletranje.

Konpatriyòt, si alèkile 1 tòn “Kobalt” koute 35 mil dola vèt. Imajine ou gen fouyadò ki estime min Mòn Lopital la genyen 2.5 milyon tòn Kobalt. Kidonk, pou Kobalt senpman, se yon valè 87 mil milya dola vèt ki anwo a. Anverite, se yon Pèp Ayisyen konsyantize, mobilize e òganize ki sèl sovè Ayiti k ap dangoye anba grif malfèktè tout koulè sa yo. Vòlò yo gen titalbè!

Sou zile a, tankou lòt bò dlo, patriyòt konsekan dwe pran tout dispozisyon imajinab pou nou pwoteje lavi epi anpeche blan malveyan yo vòlè richès Ayiti pandan y ap kreye ensekirite telegide epi pouse do nèg ak nègès Ayisyen, fòse nou kouri kite teritwa rich nou an ba yo boloze. Se menm michan rèv sa a ki te nan lespri Napoleon, Rochambeau, Elizabeth I, Leopold, Hitler…yon makòn esklavajis enkòrijib. Kanta sa, yo renmen Ayiti. Se nèg ak nègès k ap respire an Ayiti yo, yo rayi ak anpil pasyon! Kidonk, konpatriyòt se yo, fòk se nou! Nou menm menm k ap leve kanpe toupatou an Konbatan Ayisyen Kont Okipasyon (KAKO).

Annatandan, Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè yo salye kouraj pèp Ayisyen an k ap mobilize depi plizyè semèn nan 4 kwen peyi a kont rejim kriminèl / gangokrasi Kò Gwoup la, Ariel Henry ak alye yo ki nan SDP, Fizyon ak Inite… KONBIT la deklare “gen 6 antite nan peyi a ak lòt bò dlo ki kontinye ap bay gangokrasi a tete nan kore rejim-gang PHTK dènye vèsyon an. Antite sa yo se Kò Gwoup la, an patikilye, gouvènman Meriken, gang yo, yon bon pòsyon nan boujwazi a, lame ak lapolis kap mache sasinen pitit Pèp la epi yon ti ponyen politisyen raketè tchoul Meriken“.

Nan kominike sa a, KONBIT pwofite denonse enjerans pòtpawòl gangograsi a, chajedafè Ameriken Erick William Stromayer ki foure bouch li tout longè nan sa ki pa regade l, kote l soti pou enpoze Pèp Ayisyen an Ariel ak ekip asasen li yo. KONBIT rapousuiv pou li di blan an vle enpoze nou eleksyon fo mamit pandan li kanpe min dèyè gadyen rejim kriminèl la, Ariel Henry, k ap ede konpayi Meriken ak Kanadyen kreye kondisyon pou yo piye min nou genyen anba tè ak anba lanmè peyi a.

Pandan yo salye kouraj pèp Ayisyen an ki pat kite lari a bay moun ki vle pran woulib sou batay li, KONBIT di fòk Meriken respekte Konvansyon Vyèn lan, sispann foure bouch nan sa ki pa regade li epi pou Ariel kite pouvwa a san kondisyon. KONBIT ekzije yon tranzisyon koupe fache.

KONBIT denonse dènye vag atak gang k ap travay pou pouvwa a ap fè nan kafou ak nan plèn nan kote plizyè kay boule epi plizyè dizèn moun mouri sasinen. Selon KONBIT, atak an seri gang yo antre nan estrateji Meriken, Kò Gwoup ak pouvwa kriminèl Ariel la pou rive fè pèp la oblije dakò ak zafè okipasyon an.

Ojis, se menm semèn sa a tou laprès pibliye foto Emelie Prophète, yon nègès blan malveyan yo bay tit gwo ti chèf Minis Jistis defakto ansanm ak Direktè Polis defakto Frantz Elbé ki te debake Washington tou cho pou yo pran dikte, kòtakòt ak demachè mèsenè ki soti jouk peyi Kenya.

Vwalatilpa, Jedi 15 Fevriye 2024 otorite Meriken anonse yo jwenn yon manm delegasyon Kenya ki vin diskite zafè misyon an Ayiti a ki mouri rèd, depi 2 jou nan chanm otèl li. Daprè rapò laprès, se sitwayen ki te alatèt delegasyon Kenya a, Enspektè an chèf Walter Nyankenia Nyamato, ki mouri sanzatann a laj 39 an, nan Washington D.C., kapital peyi zòt! Ki sa ki kòz lanmò sibit sa a? Èske Walter Nyankenia Nyamato te soufri maladi grav, san pèsonn pa t okouran?

Rapid vit, obsèvatè lisid ki etidye istwa fòs militè etranje an Ayiti sonje lanmò sibit Jeneral Urano Teixera da Matta Bacellar 7 janvye 2006. Mouche sa a li menm, yo te jwenn blayi rèd sou yon chèz ak yon liv nan men li, sou balkon Otèl Montana. Alepòk, kèk medya te rapòte ki jan : «Yo jwenn kadav Bacellar nan chanm otèl li. Li mouri ak kout bal, yon jou apre li te fè gwo eskonbrit ak oligak nan fanmi Boulos ak Apaid. Teyori kòmkwa se Bacellar ki ta touye pwòp tèt li an, pa t janm rive konvenk anpil moun».

Alòs, ki mò ki touye komisè Nyamato nan Washington, semèn sa a? Nou ka pa janm konnen verite sa a. Mèzalò nou konnen gen gwo chirepit osijè lajan mèsenè etranje yo ap ekzije anvan yo ta debake Ayiti, tout bon vre.

Nou konnen tribinal peyi Kenya deklare kare bare misyon blan malveyan yo lage sou kont William Ruto, Prezidan peyi Kenya a, se yon pwojè ki 100% ilegal. Nou konnen, swadizan akò resipwosite otorite jidisyè peyi Kenya ta ekzije a se kichòy ki konplètman enposib daprèzavwa tout endividi ki nan bagay yo di Ariel Henry ap dirije a se bandi – yo ilegal jouk nan mwèl. Dotanplis, selon Konstitisyon Ayiti, se sèl Chèfdeta – an patikilye, PREZIDAN lejitim peyi a – ki gen dwa siyen akò ant Ayiti epi peyi etranje. Moun lisid kit se an Ayiti osnon aletranje bouke raple zannana kou penguin mouche Ariel Henry pa Prezidan Ayiti. Tankou tout makòn bandi PHTK ki sèmante fòk yo kraze ti rès peyi a, Ariel pa anyen – daprè lalwa.

Osijè mèsenè Kenya yo, fòk nou raple ou, depi mwa Out 2022, ansyen bourik chaje Meriken Pamela White te deklare, se pou sektè prive Ayisyen an “finanse moun ak zam, kit se polisye, militè, mèsenè etranje…pou vin ede yo sove peyi sa a ki fè yo vin rich anpil la. Daprè ou menm, gran timoun, de ki “Sektè Prive” Pamela White ap pale? Se pa menm oligak BAMBAM non yo layite lajman laj sou lis sanksyon lamayòt Kanada yo? Adye! Epi se zafè nèg yo di ki mistè? Wè monchè! Moun sa yo! Mwen di w, ata “Good morning” yo pa verite!

Pandanstan, nou aprann Kolektif Avoka k ap defann dwa moun (CADDHO) deside pote plent kont polisye UDMO (unité départementale de maintien de l’ordre) ki fè tantativ sasinay sou jounalis Jean-Marc Jean. Se Mèkredi 7 Fevriye 2024 ki sot pase a, pandan li t ap kouvri manifestasyon kont gouvènman defakto a, Polisye UDMO pete je jounalis Jean-Marc Jean ak yon kout bonbòn gaz lakrimojèn. Plent CADDOH a sible polisye ki te nan bakòp nimewo: 1-01152.

Nan yon konferans pou laprès Association des journalistes Haitiens (AJH) bay Vandredi 9 Fevriye 2024, li denonse divès zak krabinay kote lapolis blese yon dizèn jounalis pandan manifestasyon kont gouvènman defakto a, pandan semèn 5 rive 8 Fevriye 2024 la. AJH site ekzanp vil jeremi kote lapolis blese 2 jounalis ak bal epi maspinen yon lòt. Nan yon videyo k ap sikile san rete sou rezo sosyal yo, ou ka wè ajan lapolis k ap sezi materyèl yon jounalis, kraze yo epi fè anpil vyolans sou jounalis la, sa te pase nan vil Okap. Nan vil Tigwav, se patizan pouvwa a yo di ki maspinen plizyè jounalis pami yo : Jacky Saint-Fleur ak Jocelyn Lindor.

Orezime, Samdi 10 Fevriye 2024, divès jounalis te kraze yon konferans pou laprès lapolis t ap bay sou koze zak maspinay sa yo. Boutanfen, pòtpawòl defakto PNH la, mouche Gary Desrosiers te vizite jounalis Jean-Marc Jean nan Lopital Jeneral kote li t ap pran laswenyay.

Daprè Radyo Rezistans, nan nuit 14 Fevriye 2024, plizyè polisye ki te nan yon machin pikòp zo reken ta touye anviwon 7 moun. Daprè divès temwanyaj Radyo rezistans ranmase, viktim yo tonbe nan ri Osvald Durand, Ri Monseyè Guilloux, ri Lantèman ak avni Bòlòs kote lapolis sasinen yon ti machann ze ak yon gason ki te menm kote a. Kadav yon chofè motosiklèt te rete atè nan lari a jiska 2 zè nan jounen 15 Fevriye a. Gen moun ki deklare polisye yo ta fè masak sa a pou vanje lanmò Lector Roobens, yon ajan Swat, bandi te sasinen nan ri Osvald Durand Mèkredi 14 Fevriye 2024.

Trafik ògàn se biznis blan malveyan rich! Kidonk, zafè “gang otonòm” jako repèt ap rablabla a se lejann Bouki rakonte Malis.
Teworis k ap matirize nèg ak nègès sou zile Dessalines nan ap travay pou epi avèk BLAN MALVEYAN yo!

***

Konpatriyòt, annou remonte ti bourik nou pou n fè yon lòt koudèy nan retwovizè listwa. Alèkile, nou estannbay nan dat 3 Janvye 2004. Nòt pou Laprès la deklare…

Nan jounen Samdi 3 Janvye 2004, Fondasyon 30 Septanm (Ayiti) ak Haiti Action Committee (USA) te konvoke yon Konferans Solidarite 2004 Pou Ayiti.  Yon gwoup plis pase 100 (san) moun ki sòti Ayiti, an Afrik, Lewòp ak Amerikdinò, ki sòti nan plis pase trant òganizasyon nasyonal ak entènasyonal, te reyini pou yo wè ki jan nou ka kore demokrasi an Ayiti epi lite kont dezenfòmasyon.

Nan okazyon ane bisantnè endepandans lan, nou menm pitit Ayiti ak zanmi Ayiti tout bon vre, k ap viv toupatou sou latè, nou menm ki te wè ak pwòp je nou ki jan pi fò pèp Ayisyen an te selebre Bisantnè a nan lapè epi anpil fyète, nou deklare:

1) Angajman nou pou nou feraye ansanm ak pèp Ayisyen an pou ede li desitire gangrenn ki rele esklizyon
sosyal la nan peyi d Ayiti.
2) Angajman nou pou nou feraye ansanm ak pèp Ayisyen an pou li pwoteje dwa granmoun li ki se dwa
fondamantal, paregzanp:
a) dwa pou se pèp Ayisyen ki toujou eli pwòp dirijan li;
b) obligasyon pou diplomat etranje mache selon limit lwa entènasyonal yo (tankou Konvansyon Vyèn 1963) ak lwa peyi d Ayiti olye se lekontrè ki fèt;
c) dwa pou li anpeche etranje itilize resous yo pou finanse tansyon ak vyolans sosyal nan mitan pèp
Ayisyen an.
3) Angajman pou nou ede pèp Ayisyen an fòse ansyen peyi esklavajis yo remèt Ayiti sa yo kase ponyèt li
pran nan men l depi sou tan lakoloni (Reparasyon). Espesyalman peyi Lafrans ki kokobe ekonomi Ayisyen an ak yon swadizan dèt endepandans Ayiti te sètoblije peye yo pandan plis pase yon syèk (Restitisyon $21 milya), ansamn ak peyi Etazini ki te fè dappiyanp sou rezèv lò peyi a pandan 19 ane okipasyon (1915-1934).
4) Angajman nou pou nou ede pèp Ayisyen an viv nan stabilite politik.  Prensip  manda prezidansyèl 5 an san wete ni mete a, fòk li respekte!
5) Angajman nou pou nou ede pèp Ayisyen an envesti nan lapè, batay kont lapèrèz, travay an konbit ak tout militan pwogresis sou latè, apati enèji pozitif ane 2004 sa a ki dekrete ANE PELERINAJ POU TOUT MOUN KI RENMEN LIBÈTE vin kore Ayiti, Manman Libète.
_________________
Men lis òganizasyon ki gen manm yo ki te patisipe nan konferans sa a:
10th Department Organization for Haitian Empowerment
(USA/Haiti)

AKASAN: Ayisyen K Ap Soutni Ayisyen Nètalkole (Kanada)

Association Jeunes, Ouvriers, Universitaires, et Paysans Haitiens (AJOUPA) (Haiti/USA)

CIJ (Haiti)

Coalition Against Police Abuse (USA)

Collectif Etudiant Haitien (Haiti)

Crowing Rooster Arts (USA)

CSTP/SSH (Haiti)

Conféderation des Travailleurs Haitiens (Haiti)

Fanm Viktim Leve Kanpe (Haiti)

Fondasyon 30 Septanm (Haiti)

Federation des Transporteurs Publiques Haitiens (Haiti)

Global Exchange (USA)

Global Justice (USA)

Haiti Solidarity Network (USA)

Haiti Action Committee (USA)

Haiti Progrès (USA)

Jaku Konbit (Canada)

KONSA (Haiti)

Let Haiti Live Campaign (Haiti/Canada/USA)

National Lawyers Guild (USA)

NOTA (Haiti)

Òganizasyon Fanmi Lavalas (Haiti/USA)

Partners in Health (Haiti/USA/Peru)

Pax Christi (Haiti/USA)

Radio Ginen Dizyèm (Haiti/USA)

Radio Nouveaute de Boston (USA)

Rezo Kominikasyon Pou Avansman Demokrasi (Haiti)

Rezo Entènèt Kreyolis Ayisyen (Canada/USA)

SODIMIN (Haiti)

SOPUDEP (Haiti)

Tele-Haiti Diaspo (USA)

Urban Institute for Pro-Active Social Change (USA)

Veye-Yo (USA)

Pou otantifikasyon:
__________________
Lovinsky Pierre-Antoine
Fondasyon 30 Septanm

***

Konpatriyòt, tankou nou ka wè sa atravè dewoulman 20 ane ki sot pase yo, pawòl grandèt yo aprann nou repete depi dakdantan an: “jou fèy la tonbe nan dlo a, se pa jou sa a li pouri“, se pawòl sajès, verite tou pi.
Kidonk, pandan patriyòt konsekan kontinye fè rezistans nan 10 depatman Ayiti; pandan nou tout pran fòs nan moso limyè Fanmi Lavalas ak lòt fòs pwogresis ki anndan peyi a layite nan mitan tenèb maloudouvan sa a; n ap repete deklarasyon Pòtpawòl Fanmi Lavalas la, kanmarad Jodson Dirogène, ki pa janm bouke klewonnen kèk verite ki klè kon dlo kòk nan mikwo laprès: “Batay ant PHTK ak PHTK pou rejenere PHTK nan pouvwa a pa nòmal. PHTK pa ka nan pouvwa ak nan opozisyon an menn tan. Fanmi Lavalas pa p rantre nan demach sa a. Nou pa dwe kite yo itilize nou fè nou mennen tèt nou labatwa. Fanmi Lavalas di fòk nou rive nan tout moun se moun nan. Pa okipe divèsyon ak traktasyon k ap fèt yo. Konsantre n sou wòl nou nan solisyone pwoblèm nou paske manti pa dire. Chavire chodyè a! Yon tranzisyon koupe fache, yon gouvènman Sali Piblik, se sa ki solisyon an”.

Tankou patriyòt konsekan yo ki kontinye reziste nan 10 depatman Ayiti, jou ki pral make 20 ane depi koudeta sanginè a, Solidarite Quebec-Haiti ak yon latriye militan konsekan konnen lanbi rasanbleman, manifestasyon kont blan malveyan ap tanmen a midi won devan Palman peyi Kanada, 29 Fevriye 2024.

Annatandan, nou mande tout pitit Lafrik, espesyalman militè yo, keseswa lame nasyonal kote yo anwole aktyèlman, pou yo refize lòd atake Ayiti, Nijè, Mali, Boukina Faso, Palestin…tout peyi nou k ap reziste atak nouvo kolon esklavajis, latèrèyis, vòlò resous minyè ki gen titalbè, ki pa janm rasazye yo. Non, nou pap obeyi! Nan lang Swahili ki pale nan peyi Kenya: Hapana! hatutatii! Non! nou pa p obeyi!

Non! nou pa p obeyi! Chavire chodyè a! Yon tranzisyon koupe fache, yon gouvènman Sali Piblik, se sa ki vrè solisyon an!

Wi konpatriyòt! Katastwòf PHTK-CIA n ap andire jounen jodi a se rekòlt semans GNB, Gwoup 184, entèlektyèl Konze ak angrè Inisyativ Ottawa sou Ayiti.

Se yo, fòk se nou tou! Nou menm menm k ap leve kanpe toupatou an Konbatan Ayisyen Kont Okipasyon (KAKO). Viv KAKO! Viv Ayiti pou Ayisyen!

Comments are closed.