Endepandans Ayiti – 1 janvye 1804

KOUPE TÈT! BOULE KAY!
December 29, 2016
Kisa Jezi ak Charlemagne Péralte Reprezante pou Noumenm Ayisyen
April 14, 2017

Endepandans Ayiti – 1 janvye 1804

Diskou Jeneral Alatèt la Nan Okazyon Deklarasyon Endepandans Ayiti, Premye Janvye 1804 – Gonayiv, Ayiti

(Tradiksyon sa a se Lakou New York ki fè li nan mwa Jan, 2008, apati liv Boisrond Tonnerre ki pote tit “Mémoires pour servir à l’histoire d’Haiti”)

Sitwayen,

Li pa ase ke n te flanke kriminèl yo ki te benyen peyi a nan san depi 200 lannen deyò nan peyi a; li pa ase ke n te fini ak zafè ti klik ti klik k ap pase n nan betiz ak jimay libète Lafrans ap plede frote nan je nou; fòk nou poze yon dènye zak ak tout fòs nasyon an pou n asire libète ap djayi pou tout tan nan peyi sila a kote nou te fèt la; fòk nou retire nan men gouvènman sanfwa ni lwa a ki te kenbe lespri nou nan boutèy depi tout tan sa yo, tout lespwa ke l ap janm kapab remete n nan lesklavaj ankò; fòk nou klè seswa nou viv lib oswa nou mouri.

Endepandans oswa lanmò … Pawòl sakre sa yo dwe rasanble nou epi se yo ki pou modòd batay nou ak reyinyon nou.

Sitwayen, konpatriyòt mwen yo, nan kokennchenn jounen sila a, mwen rasanble militè vanyan sa yo ki pa t ezite bay san yo pou n te genyen batay pou libète a lè rezilta batay la pa t klè ditou; jeneral sa yo ki te alatèt batay nou pou n te konbat malfèktè yo panko fè ase pou nou rive viv nan kè kontan … non franse a la toujou toupatou kote n pase l ap menase nou.

Tras bèt sovaj sa yo la tout kote n pase: lwa nou yo, jan n ap viv, vil nou yo, yo tout gen mak dwèt franse; ki jan m ta ka di sa? Gen blan Franse la toujou pami nou nan zile a epi nou konprann nou lib endepandan! Yo konbat tout nasyon se vre men yo pa janm gen laviktwa sou pèp ki te gen volonte pou yo viv lib.

Pandan 14 lannen yo fè dekabès sou nou paske nou penyen lage epi n pran nan tout kalite blòf; se pa menm lame peyi Lafrans ki t ap kale nou, se pawòl anlè, pawòl van nan pwoklamasyon ajan peyi Lafrans yo; ki lè n ap sispann respire men lè ak bèt sovaj yo? Gade jan yo atoufè ak jan noumenm nou gen bon kè; gade koulè yo ak koulè pa nou; gade gwo distans lanmè ki separe nou ak yo. Tout bagay sa yo di nou klè yo pa frè nou, yo pa p janm frè nou epi nenpòt ti fenèt nou ta ba yo pou fofile nan mitan nou y ap simen chagren, malè ak divizyon.

Fanmi m yo, gason, fanm, jèn ti fi kou ti lezanj, pwonmennen je nou nan tout rakwen zile a; chèche mari nou, chèche madanm nou, chèche frè nou, sè nou; pwonmennen je nou chèche pitit nou, ti bebe ki nan tete! Kote yo? Koze sa a fè tout san m tresayi … Yo tout disparèt anba grif bèt sovaj yo bay pou kolon blan an. Lè nou founi je n gade toupatou nan zile a olye nou jwenn fanmi nou yo, se asasen sanginè yo nou jwenn; se atò san fanmi nou yo ap degoute nan arebò djòl yo, epi je nou nan je yo. Ki sa ou ap tann pou tire revanj? Ki sa ou ap tann pou pèmèt lespri fanmi nou yo repoze nan lapè? Sonje, lè nou t ap konbat blan yo, nou te vle pou lè n mouri pou n te ka repoze akote papa nou; Pou di n ap desann anba tè a san nou pa vanje yo? NON, seswa jamè! Zòsman yo t ap pouse pa ou sot deyò.

E oumenm, gason kanson, jeneral vanyan, gen lè ou pa wè malè k pandye sou pwòp tèt pa ou, oumenm san koule pou rebay libète souf pou l respire; ou panko fè anyen toutotan ou pa trase yon ekzanp vanjans terib men ki se sa lajistis mande pou tout peyi sou latè wè klè sa sa vle di lè yon pèp pran libète l epi l sèmante li pa p pèdi l; an nou mete yon terè nan kè tout sa ki konprann yo ka vin pran libète nou nan men n: n ap koumanse ak blan Franse … se pou san yo tresayi lè yo pèdi wout yo ap pase arebò peyi nou, si malfezans yo te konn fè sou tè sa a pa fè yo pantan (fòk sa rive fèt ak) rezolisyon n ap pran la a pou n fann fwa nenpòt blan Franse ki ta vin sal peyi libète a ak pye madichon li.

Nou pran responsabilite pou n vin lib, n ap fè l pou kont nou, n ap fè l pou nou; an nou fè tankou ti bebe k ap grandi a: afòs l ap vin gran pou kont li l kraze lizyè ki te la pou anpeche l travèse a. Ki pèp ki te batay pou nou? Ki pèp ki ta vle jwi fwi travay nou? Ala lawont pou n ta fin genyen laviktwa pou n ta rete esklav. Esklav! Se blan Franse k pou pote tit: moun ki te genyen laviktwa pou yo ka sispann lib.

Ann fè lòt chimen; ann fè tankou pèp k ap mache dwat devan yo, sa yo ki kite lachte dèyè, sa yo ki pito sispann ekziste olye pou yo ta kite yo sispann konte yo pami pèp ki lib.

An menm tan, nou pa p kite lespri pou n ap mache preche levanjil pa nou an kraze travay nou fin reyalize a; nou pa anmède vwazen nou yo, se dwa yo pou yo viv nan lapè selon lwa yo menm yo deside pou tèt yo. Nou pa p drese n tankou gwo revolisyonè pou n al mache fè lalwa bay tout zile vwazen n yo, pou sa nou fin reyalize a anpeche vwazen nou yo dòmi byen lannuit; Yo pa t sibi menm mati ak nou, tè lakay yo pa wouze ak san inosan menm jan ak nou; yo pa gen menm vanjans la pou yo tire sou fòs k ap gouvène yo a.

Kòm etan yo pa t janm sibi menm ravaj ak nou, se bèl ak bon bagay pou yo ta swete nou pou jou ki devan nou yo. Nou swete lapè pou tout vwazen nou! Men madichon pou Lafrans! Modòd nou se rayisman pou tout tan pou Lafrans!

Pèp peyi d Ayiti, se te chans pa m pou se mwen k te gen pou kanpe tankou yon santinèl, zam alamen ap voye je sou kokenn trezò sila a nou tout nou sakrifye n pou li a, m te fè travay la ak lafwa, m veye, m lite, gen de lè pou kont mwen. Epi, si jodi a se chans mwen pou m renmèt nou li nan men, pa janm bliye kounye a se responsabilite pa nou pou nou pwote je l, konsève l. Pandan tout tan m t ap batay pou libète nou se pou bonè pa m m t ap travay. Anvan nou rive soude libète sa a ak yon seri lwa pou asire libète chak grenn nan nou, mwenmenm ak chèf nou yo ke m rasanble la a, jodi a, dwe nou tout yon dènye prèv ki pou demontre klèman devouman nou.

Jeneral yo ak chèf yo ki la isit la, ki ansanm la pou byenèt peyi nou, jou a rive jodi a, jou sa a ki pral enskri laglwa nou ak endepandans nou pou tout tan.

Si ta gen yonn nan nou la ki pa ta fin klè sou kesyon an oswa ki ta manke kran, ke l bay talon l imedyatman olye l ta bat djòl li mamote sèman sila a ki pral simante nou tout ansanm nan.

Nou sèmante bay lemonn antye, bay tout sa k ap vini apre yo, bay tèt nou, pou nou renonse pou tout tan a Lafrans, pou nou mouri olye n aksepte viv anba lobedyans li. Nou sèmante pou n lite jouk dènye souf nou pou endepandans peyi nou!

Ou menm pèp sila ki si tèlman sibi, ki la jodi a ap sèvi temwen sèman sila a, pinga ou janm bliye ke se sou fòs ak kouraj ou m te toujou mize lè m te anbake nan batay pou libète a pou n te fini ak abi ak mechanste. Pa bliye m te sakrifye tout sa m te posede pou m te pran defans ou: manman m ak papa m, pitit mwen, tout byen m. Jodi a, sèl richès mwen se libète ou.

Non m sèlman teworize tout pèp ki patizan lesklavaj. Esklavajis ak tiran pa pran chans repete non sa a san yo pa madichonnen jou manman m te fè m nan. Si jamè ou ta refize oswa manke respekte lwa sa yo k ap voye je sou lavni ou yo ta dikte m pou byenèt ou, ou ta merite sò ki rezève pou pèp ki engra.

M konnen sa pa p janm pase konsa. M konnen ou ap toujou lite pou kenbe libète sa a ki nan men ou jodi a epi ou ap kore chèf k ap dirije ou la.

Sèmante pou viv lib endepandan, pou toujou pare pou koupe souf nenpòt sa ki ta konprann pou yo retounen nou nan restavèk.

Finalman sèmante pou boule san pitye ak trèt senkyèm kolòn ak tout lennmi endepandans ou.

Siyati:

Dessalines, Jeneral alatèt

*Tradiksyon sila a se travay Lakou New York fè Premye Janvye 2008 pou ede Ayisyen ranmase nan lang pa nou eritaj sakre zansèt yo kite pou nou.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *