Jezi pat Kretyen

Kisa Jezi ak Charlemagne Péralte Reprezante pou Noumenm Ayisyen
April 14, 2017
Jezi pat Kretyen (2) – dezyèm pati
April 17, 2017
“Depi lontan mwen remake Krisyanis la se makònay de pati ki pa sanble kapab byen fonn youn nan lòt – yon pati se relijyon Jezi a, yon lòt pati se relijyon Pòl la” – Carl Sagan (Syantis, otè) nan yon lèt li ekri otè liv Christianity betrayed, Keen Schei

Selon sa ki ekri nan Bib la…

Jezi te Juif… Li te fè pati pèp Semitik ki pratike relijyon Jidayis – ki konsidere Tora “liv Moyiz yo” pawòl sakre, revelasyon yon Bondye inik kreyatè linivè, Bondye Abraram, Izarak, Jakòb, zansèt Juif yo. Li te viv nan kòmansman premye syèk Epòk Kounye a (EK); ant ane 6 Anvan Epòk Kounye a (AEK) epi ane 30 EK.

Ansanm ak lòt Juif epòk li, Jezi te viv anba represyon lame Women epi sou enfliyans kiltirèl Grèk (“Aleksann-grèk la” anvayi rejyon Lapalestin nan depi ane 332 AEK).

Jezi ak lidè politik (Wa Juif) epi lidè relijyon Jidayis la (Granprèt yo) pat antann yo ditou ditou. Yo te konsidere Jezi tankou yon gate pati. Jezi te konsidere yo kòm magouyè ki t ap anrichi tèt yo nan konplotay ak lame Women, sou do malere (Mak 12 vèsè 37 – 40).

Nan epòk Jezi, Juif yo te sou otorite politik Wòm palentèmedyè yon “wa Juif souflantyou” (Parekzanp: Ewòd, “wa Juif yo” ant 37 AEK epi 3AEK, pote kole ak Lanperè Women Ogistis ki te pot laviktwa sou lame konpetitè li Makantwàn epi Kleyopat). Men, nan domèn relijyon, Wòm te kore “otorite” yon seri Granprèt Juif (popetwèl defakto) anwo tèt Juif parèy yo – toutotan sa pa te deranje biznis (taks) epi otorite leta Wòm. Sa te lakòz anpil Juif move daprèzavwa tradisyon fanmi sasèdotal la tabli pou Granprèt yo sòti nan fanmi zansèt yo ki rele Levi, menmjan Wa Juif la sipoze sòti dirèk-dirèk nan fanmi Wa David.

Bay Seza sa ki pou Seza !

Nou ka konprann poukisa, nan epòk sa a, se te yon gwo pyèj politik, lè yo te apwoche Jezi (yon Juif) anpiblik epi yo mande li sa li panse osijè taks lame lokipasyon Women te ekzije tout Juif peye a. Yon Juif ki vle Juif parèy li respekte li, sitou si li fè pati Juif nasyonalis, revolisyonè ou pa, li sipoze pale anfavè relijyon li, Bondye li epi kont koze taks la. Mèzalò, toupatou, gen sòlda Women ak espyon Juif ki la ap ranmase pawòl anba bouch Juif “kat make” pou yo al denonse bay lame Women – ki limenm pap neglije ditou pou li pase yo alenfinitif. Kidonk, lè Jezi reponn kesyon filang debò sa a ak pawòl selèb sa a: “Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye” (Lik 20 vèsè 25), se yon repons politik byen reflechi ki tonbe. Jezi pa deranje ni Juif parèy li, ni leta Women. Tout moun jwenn!

Alafendèfen, lame Women arete Jezi epi yo touye li vè zòn ane 30 EK. Daprè tradisyon Kretyen an, se granprèt Juif yo ki ta lakòz lame Women touye Jezi (Mak 14 vèsè 55). Pou ki rezon? Èske se paske misye ta ale alankont prensip relijyon Jidayis la? Oudimwens èske Jezi te reprezante yon konpetitisyon pou yo?

Anplis tout kalite mirak Bib la rakonte Jezi akonpli, nou li nan liv ki pote non Matye a parekzanp: “Jezi antre nan tanp Bondye a, li pouse do tout moun ki t ap vann ak tout moun ki t ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t ap vann pijon yo. Apresa, li di yo: Men sa ki ekri «Yo va rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye mwen». Men, noumenm, nou fè li tounen yon kachèt pou vòlè…Men, chèf prèt yo ak direktè lalwa yo te fache anpil lè yo wè bèl bagay li t ap fè, lè yo tande timoun yo ki t ap rele nan tanp lan: Lwanj pou pitit David la! Yo di Jezi konsa: Èske ou pa tande sa yo ap di? Jezi reponn yo: – Mwen tande wi. Èske nou pa janm li pawòl sa a nan liv la: « Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete fè gwo lwanj pou ou»” (Matye 21 vèsè 12-16).

Lè nou fè koneksyon ant pasaj sa a epi plizyè lèzòt ki montre kijan nan vivan li yo te toujou ap rele Jezi “Pitit gason David la”, nou kapab konprann poukisa Jezi te reprezante yon kokennchenn danje piblik pou ni Women, ni lidè (de fakto) lame Women te mete anwo pèp Juif la.

Apre lanmò Jezi, Juif parèy li fòme yon sèk (ti gwoup) anndan relijyon Jidayis Jezi te pratike a. Juif sa yo te rekonèt Jezi nan vivan li kòm desandan dirèk Wa David ki te sipoze alatèt pèp Juif la nan plas “Wa Juif popetwèl” (tankou Ewòd) Women yo te abitye enpoze yo.

Apre lame Women fin touye Jezi sou yon kwa ak yon pankat ki make “Jezi Wa Juif yo” anwo tèt li, fanatik Jezi yo pèdi lespwa, yo rantre nan mawon. Men yo reprann kouraj lè yo koumanse tande pawòl sewòm, nan bouch lòt Juif-fanatik Jezi parèy yo ki fè konnen Jezi resisite apre lanmò li epi li monte nan syèl, li gen pou li retounen prese-prese ak yon lame selès paske se limenm ki lidè beni – “Kristos” – yo t ap tann vin delivre yo anba dominasyon lame Women an…

Kidonk, li klè, Se pa Jezi ki te kreye relijyon Krisyanis la.  Daprè Bib la, Jezi te fèt Juif, li te viv, mouri epi antere tankou Juif.

Sous: Viv Bondye! Aba Relijyon!, Jafrikayiti, 2000

***

Genyen gwo diferans ant Jezi epi Jezi-kris. Menmsi te gen plizyè moun ki te rele Jezi vre nan listwa limanite, ikonpri pandan premye syèk EK, Jezi-kris se yon pèsonaj imajinè ki pa te janm ekziste anvan entèvansyon plizyè aktè ki sispèk. anpil nan konpotman yo…

…pi douvan nou va wè poukisa anpil moun di: “Pòl te yon espyon

Comments are closed.