Jezi pat Kretyen (2) – dezyèm pati

Jezi pat Kretyen
April 17, 2017
Pòl te yon espyon
April 17, 2017

Jezi pat Kretyen (2) – dezyèm pati

Tankou nou te esplike sa deja, selon tèks ki nan Bib la, li klè, Jezi pat Kretyen. Kounye a, annou fouye pi fon pou nou ka konprann pou ki rezon ojis Lame ak Granprèt Juif yo te vle touye malere, nèg Palestinyen, sa a.

Si Jezi se desandan lejitim Wa David, li fè sans pou Ewòd “Wa defakto popetwèl” (ki pa desandan David, men ki resevwa benediksyon lame Wòm), voye touye Jezi depi li toupiti (Matye vèsè 2). Li fè sans pou “wa popetwèl” ak lòt Juif k ap kolabore ak lame lokipasyon Women an (wa-Juif defakto, direktè lalwa elatriye) mennen mannigans pou lame touye lidè lejitim pèp Juif la (Desandan David la). Li fè sans tou dèske se krisifye yo krisifye Jezi sou yon kwa. Nan tradisyon Women, se ajitatè politik yo te abitye krisifye. Tandiske, nan tradisyon Juif la, yo te abitye lapide lennmi relijye.

Men, sa ki parèt sispèk, se lè nan listwa jijman Jezi a, otè yo sanble lage fòs responsablite kondanasyon Jezi a sou do tout pèp Juif la alawonnbadè. Parekzanp: senaryo kote Pilat swadizan lave men li paske li pa wè poukisa pou li òdone touye Jezi a – tandiske mas pèp Juif la limenm ap ensiste pou Women yo krisifye Jezi…toutsa difisil pou dijere. Otè yo pale tankou yo pat konsidere fanatik Jezi yo kòm Juif oudimwens, mas pèp Juif la te gen kichòy kont Jezi epi kanmarad li yo. Poutan, pa gen anyen ki sipòte yon lide konsa. Okontrè, nou jwenn tout kalite siy ki montre aklè: Jezi pat janm mare fache ak ni pèp Juif la, ni relijyon Jidayis la, jouk li mouri. Poudayè, nan menm Bib la, nou aprann kijan sòlda Women krisifye Jezi ak yon siy anwo tèt li ki make “Wa Juif yo”(Mak 15 vèsè 26).

Kidonk, lame Women touye Jezi (pitit David la!). Pi devan, nou pral wè wòl lame Women jwe, non sèlman nan pwopagasyon relijyon Krisyanis la, men tou nan sipèvizyon travay konpilasyon liv sakre Krisyanis la ki pote non: «Bib la».

Apre lanmò Jezi, lame Women lage koukouwouj dèyè fanatik li yo. Anpil nan yo mouri men olye mouvman an dekonstonbre, li vin pi fò. Gen nan fanatik li yo ki di Jezi resisite epi li pale ak yo. Kwayans nan rezireksyon Jezi epi garanti rezireksyon (lavi etènèl apre lanmò) pou moun ki kwè nan li, vin fòme baz yon sèk tounèf anndan relijyon Jidayis la. Apati epòk sa a, nou ka kòmanse palede “Juif-Kretyen”.

Mo “Kretyen” an fòme apati mo “Kris” ki vle di: “Moun Bondye beni – Mesi – Sovè” nan lang Grèk. Depi lontan, anvan Jezi fèt, Juif yo te deja konn itilize mo “Kristos” la osijè tout kalite moun yo konsidere kòm lidè Bondye voye vin sove pèp Juif la anba dominasyon lòt pèp. Daprè listwaryen Cheik Anta Diop, Grèk yo adopte mo “Kristos” la apati mo “Kher Sesheta” nan lang Afriken (Lejip) epi yo pase li bay pèp Juif la.

Men, fòk nou souliyen mo “Kretyen” an, poutèt pa li, potko janm rantre nan vokabilè pèp Juif la. Se senpman apati katriyèm syèk la (kidonk, plis pase 300 zan apre epòk Jezi a) yo koumanse ajoute mo Kris la annapre non Jezi pou li bay Jezi-Kris (Cheik Anta Diop, Civilization or Barbarism, an Authentic Anthropology, 1991).

Sous: Viv Bondye! Aba Relijyon!, Jafrikayiti, 2000

***

Tradisyon Kretyen an konsidere Pòl kòm youn nan pi gwo moun vanyan relijyon Krisyanis la. Dayè Bib la gen plis pawòl li di ki sòti dirèkteman anba plim Pòl pase sa li di ki sòti dirèkteman nan bouch pèsonaj biblik ki rele Jezi a. Poutan, depi alapapòt, Pòl rantre an dyagonal, tèt anba, nan listwa relijyon Krisyanis la.

Ojis, poukisa genyen gwo diferans sa a ant predikasyon Jezi epi predikasyon Apot Pòl?

Parekzanp, Jezi te toujou chaje ak fanm nan antouraj li, toupatou kote l pase.  Tandiske, Pòl limenm…

…pi douvan nou va wè poukisa anpil moun di: “Pòl te yon espyon

Comments are closed.