Pòl te yon espyon

Jezi pat Kretyen (2) – dezyèm pati
April 17, 2017
JUSTICE FOR HAITIANS KILLED OR CRIPPLED BY THE UNITED NATIONS – SINCE 2004
April 22, 2017

Pòl te yon espyon

Bib la gen plis pawòl li di ki sòti dirèkteman anba plim Pòl pase sa li di ki sòti dirèkteman nan bouch pèsonaj biblik ki rele Jezi a. Poutan, depi alapapòt, Pòl rantre an dyagonal, tèt anba, nan listwa relijyon Krisyanis la.

“Men, Sòl bò pa li pat sispann menase touye disip Seyè a. Li ale jwenn Granprèt la. Li mande li otorizasyon sou tout sinagòg ki lavil Damas. Konsa, tout moun li ta jwenn ki ap suiv chimen Bondye a, fanm kou gason, li te ka arete yo, mare yo mennen Jerizalèm. Antan li te sou wout la, prèt pou rive lavil Damas, li rete konsa yon limyè sòti nan syèl la, li klere tout kote li ye a. Sòl tonbe atè, epi li tande yon vwa ki di li: «Sòl, Sòl, poukisa ou ap pèsekite mwen konsa?» li reponn: «ki moun ou ye Mèt?» vwa a reponn li: “mwen se Jezi, moun ou ap pèsekite a. Leve, antre lavil la. Se la yo va di ou sa ou gen pou ou fè”…” (Travay 9 vèsè 1-6).

Kidonk, daprè pwòp temwanyaj li, se apre evènman ekstraòdinè sa a, kolaboratè lame Women an deside kase yon koub sèk (180 degre) epi rantre nan sèk li te abitye ap pèsekite a. Nonsèlman, li konvèti, Pòl vin tounen yon lidè alatèt sèk Juif-Kretyen an. Se limenm tou ki pral lakòz gwo divizyon nan mitan Juif yo (Alewè Travay 24). Trapde Pòl gentan rekonèt kòm “chèf gwoup Nazareyen (Juif-Kretyen) yo” ( vèsè 5).

Tankou tout Juif, li kontinye touye bèt epi ofri yo kòm sakrifis pou Bondye (vèsè 17) men, li klè li pat antann li ak tout Juif yo paske limenm li fè pati yon gwoup Juif ki kwè “mò yo gen pou yo leve vivan ankò” (vèsè 21) . Se eleman fondamantal sa a ki pral lakòz separasyon ant patizan Pòl yo epi rès Juif yo, atoumajè.

Ojis, menm nan mitan Nazareyen (Juif-Kretyen) yo Pòl te lakòz anpil chire pit pete. Sa parèt aklè nan 1 Korent 10 vèsè 11-13, 2 Korent 11 vèsè 4: “mwen di sa paske mwen wè nou kite nenpòt moun vin fè nou konnen yon Jezi ki pa menm ak Jezi mwen te fè nou konnen an, epi nou pa di anyen. Mwen wè nou pare pou nou aksepte yon lespri ak yon mesaj ki pa menm ak Lespri Bondye a, ni ak bon nouvèl mwen te ban nou a”… vèsè 12: “ Men, m ap toujou aji jan m ap aji kounye a, pou mwen pa bay moun k ap chache okazyon pou yo fè grandizè chans pou yo ka di yo travay menm jan ak mwen”. Kilès moun grandizè sa yo Pòl ap pale la a? Li klè se pa etranje men Nazareyen (Juif-Kretyen) parèy yo ki ap preche yon “Jezi” ki depaman ak Jezi Pòl la, yon mesaj ki depaman ak mesaj Pòl la.

Reyaksyon Pòl anfas “apot” konpetitè sa yo fè wè aklè li gen yon konplèks parapò ak otorite (lejitimite) yo. “Pou mwen, mwen pa wè sa apot ki kwè yo plis pase tout moun yo genyen pase mwen” (2 Korent 11 vèsè 5). Lè nou rapousib nan liv Galasi, fondalnatal chire pit ki pete nan mitan Juif-Kretyen yo kòmanse parèt pi klè. Se Pòl ki kontinye ap pale: “Men, lè Pyè te vin lavil Antyòch, mwen te fè yon bout (kont) ak li devan tout moun, paske sa li te fè a pat bon. Lè li te fenk rive, li t ap manje byen pwòp ak frè ki pa Juif yo. Men, lè moun Jak te voye yo vin rive, li mete kò li sou kote, li refize manje ak frè ki pa Juif yo, paske li te pè patizan moun sikonsi yo. Lòt frè Juif yo te koumanse fè menmjan ak li. Ata Banabas te pran tou. Li t ap suiv yo nan ipokrizi sa a. Lè mwen wè yo pa t ap mache dwat daprè verite ki nan bon nouvèl la, mwen di pyè devan tout moun: Oumenm ki Juif, ou pat viv isit la tankou tout Juif, men tankou moun ki pa Juif. Poukisa jodi a ou ap fòse frè ki pa Juif yo pou yo viv tankou Juif?” (Galasi 2 vèsè 11-14).

Daprè sa nou li nan Nouvo Kontra a osijè frè Jezi yo (Matye 12 vèsè 46-50, Lik 8 vèsè 19-21) gen anpil chans Jak sa a Pòl idantifye kòm yon Juif tradisyonèl se bonjan frè Jezi li te ye. Dayè, se konklizyon ki fèt nan liv fouyapòt Robert Eisenman ki parèt nan ane 1996, James the brother of Jesus: The key to unlocking the secrets of early Christianity and the Dead Sea Scrolls (Jak frè Jezi a: Kle konprann sekrè kòmansman relijyon Krisyanis la epi dokiman Lamèmòt yo).

Alòs, nou ka konprann poukisa Pòl te santi li sètoblije jistifye otorite li konsa devan lòt Juif-Kretyen yo. Si se ak pwòp frè Jezi ou nan konpetisyon, fòk ou mete bonjan agiman deyò. Pòl kontinye defann tèt li “Mwen blije ap vante tèt mwen atout mwen konnen sa pa bon. Men, m ap vin kounye a sou vizyon ak revelasyon Seyè a te banmwen. Mwen konnen yon moun k ap viv nan Kris la, ki te transpòte anwo nèt nan syèl la. Sa gen katòzan depase. (Mwen pa konnen kijan sa te fè fèt, mwen pa ka di si li te monte toutbon nan kò li, osinon si se te yon vizyon li te fè. Se Bondye sèl ki konnen)…enben m ap fè lwanj moun sa a… ” (2 Korent chapit 12 vèsè 1-5). Pòl pase yon vitès siperyè: “Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k ap bay manti…Yo ap kite yon bann moun ipokrit fè yo pèdi tèt yo ak manti…yo ap plede di sa pa bon pou moun marye, gen kalite manje moun pa gen dwa manje…” (1 Timote vèsè chapit 4 vèsè 1-3).

Lè nou obsève tout pozisyon Pòl pran atravè lèt li yo, nou rann nou kont Pòl ap mennen Juif-Kretyen dejouzanjou pi lwen sistèm relijyon Juif la. Se sa ki lakòz anpil Juif leve kanpe kont li. Men, konsa tou, nou wè Pòl mennen Juif-Kretyen yo sou yon teren tanporize ki ta vle mete lapè ant pouvwa lame Women an epi fidèl li yo. Pòl di fidèl li yo: “Tout moun dwe soumèt devan otorite k ap gouvènen peyi a, paske pa gen otorite ki pa sòti nan men Bondye, epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo. Se poutèt sa, moun k ap kenbe tèt ak otorite yo, yo refize obeyi lòd Bondye tabli…Tande byen: moun ki fè sa ki byen pa bezwen pè chèf k ap gouvène yo. Se moun ki fè mal ki pou pè yo. Èske ou ta vle pa pè chèf? Eben, fè sa ki byen; se lwanj ase ou va resevwa nan men yo. Paske chèf yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen nou. Men, si ou ap fè mal, ou mèt tranble, paske se pa pou granmesi yo gen pouvwa pini moun. Lè sa a, se sèvis Bondye yo ap fè tou. Yo ap fè nou wè kòlè Bondye lè yo ap pini moun ki fè sa ki mal…” (Wòm 13 vèsè 1-4).

Se jisteman kalite koze sa yo ki fè anpil fouyapòt ap poze tèt yo kesyon osijè pèsonaj sa a ki pat menm fè pati antouraj Jezi (okontrè li te lenmi disip li yo) epi ki tounen youn nan pi gran moun vanyan relijyon Krisyanis la.

Pòl Pat Yon Nèg Konsa Konsa – Li pat “n’importe qui”!

Vwalatilpa, Pòl tonbe nan kabouya ak Juif nasyonalis yo jiskaske yo ap konplote pou yo touye li (alewè: Travay 23 vèsè 12-22).

Premyeman: Poukisa Juif parèy li te vle touye Pòl? – Pètèt, si nou rapousiv lekti lèt Pòl ekri Kretyen lavil Wòm yo nou ka koumanse wè pi klè: “Se poutèt sa tou, nou peye lajan kontribisyon yo, paske anplwaye leta yo se nan sèvis Bondye yo ye, se pou yo fè travay la byen. Peye tout moun sa ou dwe yo: peye enpo nan biwo kote pou ou peye taks. Gen lakrentif pou moun ou dwe gen lakrentif. Gen respè pou moun ou dwe gen respè” (Wòm 13 vèsè 6-7). Nou deja konnen kijan Juif yo te mal dijere koze taks Pòl ap pale la a.

Men, sa ki rann koze a pi konplike toujou, se atitid woulemdebò Pòl adopte nan sikonstans difisil yo. Lè pou misye defann lavi li devan Juif parèy li, li rakonte kijan li se bonjan Juif tankou tout Juif, elèv Gamaliyèl (Travay 22 vèsè 3) epi se Jezi menm ki te pale ak li sou chimen Damas elatriye… Men, lè otorite Women yo poze lapat sou misye epi yo menase pou yo simen baton sou li, Pòl kouri idantifye tèt li kòm bonjan sitwayen Women ki pa nenpòtki – epi – sa pote rezilta!

Lamenm, moun ki ta pral bat li pou te fè li pale yo renka kò yo dèyè. Ata kòmandan an te pè lè li vin rann li kont li te fè mare Pòl ki te yon sitwayen Women ak chenn” Alewè tout listwa a nan Travay 22 vèsè 22. Se pa blag, “Ata kòmandan an te pè”! – Jis paske Pòl te sitwayen Women? Lè nou rapousib lekti nou, gen anpil lòt endis ki eksplike poukisa fouyapòt yo sispèk Pòl te yon ajan doub sou lobidyans Wòm. Nan Travay chapit 23 nou aprann kijan yon neve Pòl te vin okouran konplo yon makòn Juif ap fè pou yo touye Pòl (ki limenm te deja prizonye nan men otorite Women yo) epi li kouri avèti kòmandan lame Women an. Lapoula, kòmandan Women an di neve Pòl la “Pa kite pèsonn konnen ou te vin di mwen sa” (vèsè 22) epi li pase ofisye li a yon lòd ki pi etonan toujou: “Sanble desan (200) sòlda, swasanndis (70) kavalye ak desan (200) gason ame ak pikèt. Se pou nou tout pare pou nou pati pou lavil Sezare aswè a, vè nevè. Pare yon chwal pou Pòl tou. Mennen li ale bay gouvènè Feliks anbyen, san okenn danje, san okenn malè” (vèsè 23-24). Kipizè, kòmandan an ekri yon lèt akonpayman ekspre pou eksplike dekiprevyen li ap voye prizonye espesyal sa a bay Gouvènè lavil Sezare a (alewè vèsè 26-30). Poukisa prizonye Juif sa a jwenn tout atansyon sa yo!? 200 sòlda, 70 kavalye plis 200 gason ame ak pikèt – tout mobilize pou pwoteje yon sèl grenn Juif ki rele Pòl!!! Se poko tout. Jijman Pòl la sitèlman trennen, Pòl ekzije yo mennen kòz li devan Seza. Se konsa li reyisi chape poul li pran bato pou lavil Wòm – kòm prizonye, natirèlman (alewè tout listwa sa a nan liv Tavay chapit 23-28).

***

Kominote Kretyen te kontinye ap pouse tankou dyondyon toupatou nan jiwon teritwa Women yo, pandan 2, 3 jenerasyon apre lanmò Jezi. Yo pran fòs nan rakonte listwa sou lavi Jezi (bouch pote bay zòrèy) epi yo kòmanse mete kèk tèks sou papye apati listwa yo abitye tande depi yo tikatkat (Alewè entwodiksyon liv ki pote non Lik nan Bib la). Men, ak distans epi tan, malgre tout efò Pòl te fè pou li kenbe inite pami tout kominote Kretyen yo, anpil chire pit te kontinye pete sou prensip fondalnatal relijyon an. Espesyalman, sou yon bò ou jwenn yon ekip ki vle mare fache nètalkole ak Jidayis zansèt yo a – yo te kanpe ak Pòl. Sou yon lòt bò, gen ekip ki te kanpe ak Jak (frè Jezi a) ki limenm, pa t dakò koupe kòd lonbrit yo jete. (Alewè lèt Pòl yo tankou 1 Korent vèsè 10-17 epi liv Travay nan Bib la).

Sous: Viv Bondye! Aba Relijyon!, Jafrikayiti, 2000

Men kisa kèk moun di osijè Pòl:

“Pòl se premye moun ki kòwonpi doktrin Jezi yo” – Thomas Jefferson (Prezidan Etazini)

“Depi lontan mwen remake Krisyanis la se makònay de pati ki pa sanble kapab byen fonn youn nan lòt – yon pati se relijyon Jezi a, yon lòt pati se relijyon Pòl la” – Carl Sagan (Syantis, otè)

Pòl ki  te vin alatèt Krisyanis lan, se tankou m ta di ou Emmanuel (Toto) Constant, ansyen mèsenè FRAPH la, ta debake Ayiti epi, daprè sa li di Toussaint Louverture fè li wè nan govi, li reyisi konvenk moun, dezòmè, se limenm ki pou dirije yon nouvo pati Lavalas (Jafrikayiti).

E, oumenm, kijan ou konprann mouche Pòl?

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *