
Konpatriyòt onè,
Jodi a, Dimanch 19 Avril 2026, mwen bese byen ba pou nou salye tout manman ak papa k ap brase, chak jou ki jou, an Ayiti tankou aletranje, pou lavi pitit yo kapab vin miyò.
Kòmalòdinè, mwen pral rale retwovizè listwa pou nou etidye bon jan tras zansèt nou yo kite pou ede nou konbat gang tèwòris Kò Gwoup an fanmi e alye k ap fè dlo koule nan je nèg ak nègès, depi dikdantan.
Jodi a, Maten, ti bourik listwa nou, pral fè yon premye kanpe nan kalfou ane 1823.
Atis pent Guillaume Guillon Lethière, yon nèg ki te fèt sou zile Gwadloup, te pran gwo risk pou li ofri Ayiti “Le Serment des ancêtres”, yon kokennchenn tablo k ap selebre viktwa nèg ak nègès ki te libere tèt yo anba mati lesklavaj epi tabli Ayiti, yon jèn nasyon lib sou zile Karayib la, 20 tan pase. Atis pent lan te gen po wòz pal jouk li te ka pase pou “blan”. Mèzalò, Guillaume Guillon Lethière se yon nèg ki te konnen epi onore manman li ki te yon nègès kontinan Lafrik Ginen. Anba gwo tonton tablo sila a ki mezire 4 mèt sou 3 mèt, atis la te siyen “Lethière, né à la Guadeloupe”. San di pètèt, Guillaume Guillon Lethière te okouran otorite peyi Lafrans yo te kontinye pouse odas ap klewonnen toupatou zile Ayiti se kinan yo. Zòt pa t janm aksepte defèt yo anba men Jeneral Jean Jacques Dessalines, vanyan feròs, chanpyon konba Vertières la! Kidonk, konpòtman Lethière te alafwa brav epi sibvèsif nan ane 1823.
Tablo “Le Serment des ancêtres” gen 3 pèsonaj prensipal. Nou wè 2 lidè Revolisyon Ayisyen an, Jeneral Jean-Jacques Dessalines ak Jeneral Alexandre Pétion k ap bay akolad pandan, anlè tèt yo, nou wè yon twazyèm pèsonaj, yon gason blan gwo bab.
Lè nan ane 1998, nouvèl la te gaye kòmkwa yo fenk redekouvri epi restore penti Lethière la, ki ta pral ekspoze nan vil Pòtoprens, mwen te voye yon konsèy prese prese bay gouvènman Ayisyen an.
Men konsèy la: Fè tablo “Le Serment des Ancêtres” rantre Ayiti, ekspoze li nan “Musée du Panthéon National” ak yon nòt ki eksplike listwa tablo sila a. Epi, sitou, fòk otorite yo mete yon kòmantè byen vizib ki esplike kontèks istorik endepandans lan yon mannyè ki kesyone prezans “blan” an, nan pozisyon sila a. Fòk aspè “iwonik” pèsonaj blan an nan tablo a ta parèt klè kon dlo kòk!
Mwen te jije nesesè pou otorite Ayisyen yo ekri nòt eksplikasyon sa a pou akonpanye penti Lethière la, “Le Serment des Ancêtres”, tout tan, tout kote li pral ekspoze.
An reyalite, nèg ak nègès Ayiti yo te rache libète yo nan grif yon makòn blan Ewopeyen esklavajis, nasisik – sa vle di: yon gwoup moun malad ki soufri foli grandè, ki te envante yon pèsonaj imajinè, yon “dye” blan k ap bat bravo pou lesklavaj rasyal. Kidonk, prezans yon blan gwo bab nan penti Lethière lan te etranj anpil. Mèzalò, an menm tan, se te yon revelasyon, manifestasyon yon sentòm enpòtan. Orezime, tablo “Le Serment des ancêtres” la raple nou ki jan tèwòris blan malveyan yo rive fè gwo dega nan sèvo plizyè jenerasyon sivivan peryòd kolonizasyon ak lesklavaj lan. Nou tout sivivan yo, nou pote plizyè mak, ni mak fizik, ni mal sikolojik. Definitivman, frè Gwadloupeyen nou an, Guillaume Guillon Lethière te gen bon entansyon epi li te pran gwo risk pou li pwodui gwo tonton penti sa a epi peye anpil lajan pou fè li antre sou teritwa Ayiti nan ane 1823. Kidonk, yon moun rezonab ka sèlman sipoze li te vle mete pèsonaj blan an anwo tèt Dessalines ak Pétion kòm benediksyon “bondye”. Mèzalò, sa ta vle di, Dye Toupisan ki “bon” tout bon an se yon gason blan li ye. Èske ou reyalize ki kalte domaj imaj rasis sa yo kontinye ap fè nan sèvo nèg ak nègès – ki di yo lib – jouk jodi jou!?
Jisteman, annou kite Maten, ti bourik Listwa nou bwè ti tak dlo pandan n ap founi je pi fon nan aktyalite k ap boulvèse nanm pèp Ayisyen an gwo jodi Dimanch 19 Avril 2026 lan.
***
Trajedi anwo mòn Sitadèl, Samdi 11 Avril 2026
Akòz eskonbrit ki pete nan mitan yon koudjay devègonde melanje ak pwofanasyon zansèt yo – ki t ap fèt anndan espas Sitadèl Wa Henri Christophe la, plis pase 55 moun mouri nan sikonstans trajik epi revòtan, Sadmdi ki te 11 Avril 2026 lan. Pandan ankèt ap rapousuiv pou idantifye epi pini responsab trajedi a, kèk anplwaye ISPAN epi Majistra vil Milo a, mouche Wesner Joseph, anba kòd, depi plizyè jou. Poutan, nou jwenn yon kominike predesesè Majistra Milo a te pibliye 2 mwa avan trajedi 11 Avril 2026 la kote li te anonse entèdiksyon tout fòm gwo rasanbleman “kanaval” sou teritwa Milo akòz danje aktivite sa yo reprezante pou sekirite piblik. Vil Milo ta pran mezi sa a, daprèzavwa yon lòt ensidan trajik te pase nannuit 16 pou rive 17 Fevriye 2026.
Ki sa ki pase ant Fevriye epi 11 Avril 2026 ki kòz menm mezi entèdiksyon an pa t aplike pou evite yon nouvo trajedi? Ki moun ki te bay otorizasyon pou foul moun sa yo monte Sitadèl? Ki moun ki te kolekte kòb nan men chak patisipan? Konbyen kòb? Kote kòb sa yo ye alèkile? Ki sa ki kòz gen yon nouvo Majistra nan Milo? Ki moun ki te nonmen ansyen Majistra a, e ki moun ki nonmen nouvo Majistra a? Repons kesyon sa yo enpòtan pou nou ta rive konprann ekzakteman ki wòl politik te jwe nan trajedi 11 Avril 2026 la nan mitan dekonstonbray yon leta ki alogoni nan peyi nou an.
Nou voye kondoleyans pou fanmi tout viktim trajedi Sitadèl la!
Kemi Seba, Lidè Urgences Panafricanistes lan, anba kòd – kote Guy Philippe, Babekyou ak Kim Ives?
Otorite peyi Afrikdisid arete Stellio Gillles Robert Capo Chichi, yon militan panafrikanis yo plis konnen sou non Kemi Seba. Misye genyen plizyè akizasyon sou do li pami yo: konplisite nan tantativ koudeta ki te fèt nan peyi Benen kote otorite yo mande pou yo ekstrade Kemi Seba. Afrikdisid arete Kemi Seba ansanm ak pitit gason li paske yo ta ede yon moun antre ilegalman nan Zimbabwe atravè rivyè Limpopo. Kemi Seba vizite Ayiti plizyè fwa deja. Dènye pasaj li an Ayiti nan mwa Me 2025 te kontwovèse anpil paske, alepòk, prezans Kemi Seba an Ayiti te sikjere li te vin kore aktivite tèworis Guy Philippe ak Jimmy Cherizier Babekyou. Se pèsonaj louch tankou blan Meriken Kenneth Ives, pwopriyetè Jounal Haiti Liberté, ki te asosye ak vizit Kemi Seba an Ayiti nan mwa Me 2025. Blan milyonè sa a ki tabli nan vil New-York, se majòjon nan yon veritab kanpay derespektan kòmkwa pèp Ayisyen an dwe aksepte rekonsilye epi aprann viv ansanm ak gang tèwòris yo k ap viv nan san nou. Pami plizyè vwa pwogresis, Jafrikayiti te rele byen fò pou li di militan panafrikanis Kemi Seba nou pa t apresye konpòtman li adopte an Ayiti a, paske sa riske pote konsekans negativ grav pou ni Ayiti, ni mouvman panafrikanis lan, an jeneral. Alepòk, Kemi Seba te admèt plizyè chèf gang tewòris Ayisyen te kontakte l vre. Se demen Lendi 20 Avril 2026 Kemi Seba, pitit gason li ak yon lòt akize va parèt pou yon dezyèm fwa devan jij peyi Afrikdisid ki pral deside sò yo.
Pastè Victor Marx ki t ap priye sou tèt Babekyou, se dilè zam, yon gwo malfèktè pedofil ki ta fè zak sou pwòp pitit fi li ki de denonse li piblikman, sa pa gen lontan.
Nan peyi Etazini pèsonalite piblik, jounalis anketè Candace Owens pibliye yon videyo ki disponib sou Youtube, kote li fè plizyè revelasyon grav osijè yon pastè blan Meriken ki rele Victor Marx. Mouche sila a ki gen òfelina Ayiti ta nan konfyolo ak gang tèwòris Viv Ansanm yo. Pastè Marx ki ta manm mouvman rasis MAGA, se konkòday Donald Trump. Sanbletil, Pastè Marx se dilè zam ki ta pote zam sofistike an Ayiti pou Babekyou ak lòt asasen parèy li. Nan repòtaj manch long sila a, nou parann mouche Marx ki kandida pou pòs Gouvènè Eta Kolorado, gen yon pitit fi ki te mete gwo akizasyon pedofil sou do li. An verite, se yon skandal apre lòt ki makonnen ak tèwòris Viv Nan San yo. Ni Ayisyen ni etranje ki asosye ak yo se yon makòn move ganeman – iznogoud.
Teyat sou teyat nan pwosè sasinay Jovenel Moïse k ap rapousuiv nan Miami.
Ak dlo nan je, pandan dezyèm jounen temwanyaj li, Vandredi 17 Avril 2026 la, mèsenè Kolonbyen Germán Alejandro Rivera Garcia deklare devan tribinal Miami «James Solages te di pa gen okenn inosan anndan kay la. Touye tout ». Mèsenè Kolonbyen an te ensiste fòk li gade James Solages nan je pandan li t ap fè deklarasyon sila a. Kesyon anpil moun ap mande, ki sa ki esplike se pa swadizan lòd Solages la mèsenè yo te ekzekite? Kòmkidire, mèsenè yo ap tante achte senpati jij ak jiri a. Kòmandan Mike pale tankou se mèsenè Ayisyen Solages ki te fòse li patisipe nan sasinay Jovenel Moise. E, malgre sa, li menm se “le gentil petit mercenaire qui sauva Martine ses enfants et son petit chien“. Nan tribinal moun yo, mèsenè Kolonbyen an pete kriye 2 ran dlo, 2 ran larim. Sa raple nou teyat nan tribinal Ayiti, kote enkilpe Claude Joseph te pete kriye tou, li te rale mouchwa l, li siye larim.
N ap raple ou Arcangel Pretel Ortiz se yon ajan FBI ki pami moun y ap jije pou sasinay Jovenel Moïse lan. Annou poze bon kesyon: ki sa Pretel t ap regle ant 7 Jiyè 2021 epi 14 Fevriye 2023 lè yo resi arete l nan peyi l, Etazini? Ki kontak Arcangel Pretel Ortiz te kenbe ak chèf yerachik li nan FBI avan, pandan & apre sasinay Jovenel Moise 7 Jiyè 2021? Pou ki rezon vire adwat, vire agòch, temwanyaj apre temwanyaj, se non ajans gouvènman Etazini ikonpri Anbasad Etazini nan Pòtoprens, CIA, DEA, FBI…ki nan bouch asasen Jovenel Moise yo? Ojis, li parèt klè plizyè enfòmatè DEA & FBI jwenn favè, tretman spesyal nan kad jijman moun ki patisipe nan zak sasinay sa a. Malgre sa, blan Meriken pèsiste li inosan. Se ede y ap ede Ayiti.
Menm si FBI gen ajan li, Arcangel Pretel Ortiz, ki enplike jouk nan kou nan mobilize konpayi CTU pou planifye e ekzekite sasinay la, fòk ou kwè sa blan an di w la – FBI inosan! Tonton Sam se bon moun! Dayè, se li menm k ap mennen ankèt, pwoteje pòv vèv la, epi distribye jistis akidedwa.
Ou ta atann pou Anbasad Etazini nan Pòtoprens ede Joverlein Moise ki estasyone fanmi li an mòd lepandyè nan pakin nan ap mande sekou, jou 7 Jiyè 2021 an, pa vre? Poutan, selon rapò ki disponib Anbasad la te mobilize pou li ede Joseph Vincent, yon sitwayen Meriken ki te nan gwo fikilte, lè li te fin fou ap rele Chèf Polis Leon Charles apre sasinay Jovenel Moise lan. Daprè rapò DCPJ, se madan Wendy King, anplwaye Anbasad Etazini, ki ta fè 2 kout fil epi sitwayen Joseph Vincent, enfòmatè DEA, ta resevwa kòmando chèf polis la ki vin sove lavi li, rapid vit (comme convenu en très haut lieu!). Kisa sa vle di? Èske Anbasad Etazini konplis? Kòmkwa yo ede asasen an tandiske yo kite Joverlein, pitit defen an, ak fanmi li, ap seche an mòd lepandyè, nan pakin Anbasad la? Poze bon kesyon!
Vwalatilpa, nan yon antrevi li bay Widlore Mirancourt, jounalis Ayibopost…
Anbasadè Meriken Henry Wooster admèt li alèz daprèzavwa li kòkòt ak figawo ak Reynold Deeb, li kominike ak gang tèworis yo, san konplèks.
Se pa pwoblèm pa li si mèsenè Vectus Global yo, sou lobidyans malfèktè rasis Erik Prince touye plizyè inosan, ikonpri timoun ki viktim dwòn yo lage sou popilasyon katye popilè yo. Mouche Wooster sa a k ap dirije Anbasad Ameriken an nan Pòtoprens konfime li toujou gen bon kominikasyon ak Reynold Deeb, yon oligak brital ki ta responsab gangsterizasyon Ayiti epi ki chita byen banda sou lis sanksyon Kanada. Anverite Ayiti anvayi ak malfèktè tout koulè! Mwen te toujou di nou sanksyon Etazini, Kanada, Inyon Ewopeyen ak Nasyonzini yo pa lòt bagay se foulay. Blan malveyan yo vle Ayiti depafini menm jan yo fè sa nan tertitwa Palestin.
Konpatriyòt, si chak kote ou vire ou tande non yo ap site nan move zafè, se paske DEA, FBI, CIA, US Embassy in Port-au-Prince… Tonton Sam PA INOSAN!.
Ayisyen: pa kite blan malveyan yo kontinye woule n nan farin.