Kouraj ak sajès Pèp Ayisyen an pi fò pase ni konplo ni wanga

Ayiti gen dosye Restitisyon-Reparasyon pou: Lafrans, Lespay, Angletè, Almay, Etazini, Kanada…
June 4, 2022

Kouraj ak sajès Pèp Ayisyen an pi fò pase ni konplo ni wanga

Konpatriyot, onè! 

Kèk semèn pase, nou te di : Koze a po ko fini. Blan Kidnapè 2004 yo fenk kòmanse konfese!

Vwalatilpa, se tout bon vre, jodi a, nou rive nan kafou Sali Piblik la. Wi konpatriyòt! Jou delivrans n ap bouske depi dikdantan an, n ap wè li kanmenm! E, nou sou bon chimen pou nou rive, paske kouraj ak sajès Pèp Ayisyen an pi fò pase ni konplo ni wanga.

Nou konsyan rezo kidnapè nasyonal ak entènasyonal yo kontinye ap fè dlo koule nan je anpil fanmi. Mèzalò, se rezon sa a menm ki motive dedoubleman fòs rezistans nou. N ap dedouble kouraj, n ap dedouble entèlijans, n ap dedouble pèsistans…jiskaske, wè pa wè, se nou menm sitwayen onèt ki ranpòte viktwa final la. Nou pap janm sispann goumen pou nou defann yon vizyon ki nòb epi jis: “Tout moun se moun, e tout moun gen dwa viv ak diyite”! 

Nou voye senpati ak fòs bay konpatriyòt sineyas Arnold Antonin, madanm li Beatriz Corbanese ak tout fanmi, zanmi koup la, ki fenk siviv zak kidnapin malfèktè san fwa ni lwa fè kont fanmi an semèn pase a. Daprè rapò medya yo, bandi te debake lakay koup la, jou Madi ki te 7 Jen 2022 a. Kidnapè yo ranmase anpil dola Meriken avan yo aksepte libere Beatriz, madanm Arnold Antonin. 

Ki lè malfèktè ap janm aprann respekte lavi? “Tout moun se moun, e tout moun gen dwa viv ak diyite”! 

Konpatriyòt, kòmalòdinè, anvan nou gade ki strateji ki pral ede nou kwape kidnapè 2022 yo epi libere Ayiti, granmesi mobilizasyon pouvwa Sali Piblik la, annou fè yon koudèy rapid nan retwovizè listwa. Jodi a, ti bourik listwa nou pral fè yon premye kanpe nan kalfou 1805. 

6 Janvye 1805, selebrasyon premye ane endepandans Ayiti te apèn fini, Jeneral Louis Ferrand, yon blan Franse ki te nan vil Santo Domingo, pibliye yon dokiman ki lage gwo latwoublay nan lespri tout Ayisyen. Daprèzavwa Anperè Dessalines pa t lage chalbari dèyè tout blan Panyòl ki te kontinye okipe teritwa lès zile a; epi, daprèzavwa blan Franse ak blan Panyòl te kòkòt ak figawo nan moman an, Jeneral Ferrand santi l alèz pou li dekrete: «tout blan ki sou teritwa Lozama ak Sibawo gen dwa layite kò yo sou teritwa nèg Afriken revòlte yoDepi se ti moun yo jwenn ki gen mwens pase 14 zan, blan yo mèt fè dappiyanp sou yo epi pran yo kòm esklav». Se deklarasyon sa a ki konvenk Anperè Dessalines sele chwal lagè li ankò, paske li reyalize fòk dechoukay blan malveyan yo fèt sou tout zile a alawonnbadè. Sinon, nèg ak nègès, pa p janm kapab viv nan lapè ak kè kontan. 

8 Mas 1805, pandan li t ap enspekte twoup Ayisyen yo ki te sentre vil Santo Domingo pou yo libere l, Anperè Dessalines manke pèdi lavi li anba boulèt kanno. Apre Dessalines retounen nan katye jeneral li, Ayisyen yo remake kèk bato Franse ki reyisi chape poul yo kite vil Santo Domingo malgre, selon akò Dessalines te fè ak blan Angle yo, sa pa te dwe rive. Bato lame Angle yo te sipoze bare bato Franse yo. 

9 Mas 1805, granm maten, blan Franse koumanse blayi boulèt kanno ak mitrayèt sou nou. Men, vwalatilpa, anvan lontan, olye se blan yo ki t ap franchi sou nou, se kilbite yo t ap kilbite, prese kase tèt tounen, al chèche refij nan vil Santo-Domingo. Jal Ferrand tèlman pran nan mache prese li pa menm gen tan ranmase blese li kite sou chan lagè. Yon palmantè Angle rantre Santo Domingo pou konseye Ferrand bay legen epi chape poul li anvan sa vin pi grav.  

Plis tan t ap pase se plis nèg t ap depatcha lame kolon yo, pak an pak. Li te si tèlman klè Santo Domingo pa lontan rele n chèmèt chèmètrès, Boisrond Tonnerre, Chanlatte, Diaquoi ak lòt ofisye nan etamajò Anperè Dessalines te gentan ap prepare yon konstitisyon tou nèf pou Lanperè nan moman li va rantre Santo Domingo. Men, vwalatilpa, bridsoukou, 16 Mas 1805, Lanperè resevwa komisyon ki rive ak yon bato MerikenNouvèl la fè l konnen Angle yo remake yon kokennchenn ekspedisyon bato Franse k ap franchi sou nou.  

An reyalite, pa janm te gen okenn gwo ekspedisyon lame Lafrans ki t ap franchi sou Ayiti vre. Plis jou t ap pase, se plis li vin klè, Dessalines pran nan yon move pwopagann malatchong ki lakòz li te deside leve syèj vil Santo Domingo epi kouri retounen pwoteje lwès zile a sou baz mesaj blan Meriken yo. Li te twò ta lè Ayisyen yo vin konprann se yon gwo manti blan Meriken yo te bay Anperè Dessalines. 

M ap fè nou remake Jal Ferrand se te blan Franse. Poutan, se blan Panyòl ki te kanpe ak li anndan vil Santo Domingo. Anplis, si se pa t sipò blan Angle ak blan Meriken li te jwenn, Jal Ferrand t ap oblije degèpi epi, rapid vit, Dessalines t ap reyisi debarase tout zile a de dènye rès kolon esklavajis yo. 

Kidonk, nan ane 1805, kolon blan esklavajis yo (Meriken, Angle, Panyòl ak Franse) te antann yo an mòd Kò Gwoup, yo fè konplo, yo anpeche Dessalines rekipere tout teritwa zile a alawonnbadè. 

Illustration of Charles-Maurice de Talleyrand-Perigord, 1754 – 1838.

Nan menm ane 1805 sa a, Ayiti pot ko gen 2 zan, lè Minis Afè Etranjè peyi Lafrans, Prince Charles Talleyrand ekri Sekretè Deta Ameriken James Madison, li di:

ekzistans yon bann nèg ame ki okipe yon peyi yo sal ak zak kriminèl se yon espektak tèrib pou tout nasyon blan sou latè”. 

Etazini reponn kouzen blan Franse yo, lapoula, ak yon anbago ki entèdi sitwayen l fè komès ak Ayiti. 

Ki leson evènman 1805 yo pote pou nou menm k ap viv nan ane 2022, pandan nèg ak nègès kontinye ap chèche moso lavi nan move kondisyon sou tou 2 bò zile Ayiti?

Premye leson : Papa Dessalines aprann nou pou nou pa rete tann zòt vin fè pou nou, sa nou menm sèl gen obligasyon fè pou pwòp tèt pa nou.

Se vre, li te fè alyans ak blan Angle. Men, Dessalines te mete plizyè bato lagè Ayisyen ozanviwon tout zile a pou pwoteje nou kont atak etranje. Kidonk, malgre blan Angle te trayi konfyans li, Dessalines te bay tèt li mwayen pou li goumen kont kolon anvayizè yo.

Li enpòtan tou pou nou konpare atitid blan Meriken, Angle, Franse, Panyòl ki te fè kò kont Dessalines yo anpeche li libere Santo Domingo epi pran kontwòl tout zile a nan mwa Mas 1805; Poutan, yon ventèn ane annapre, lè Jean-Pierre Boyer pran kontwòl pati lès zile a, se bravo anpil nan yo te bat, espesyalman blan Franse yo ki te deja marinen yon fòmil rekolonizasyon an soudin nan konfyolo ak ansyen Afranchi yo, depi epòk Prezidan Pétion. Menm man parèy man nou ka wè gwo diferans ant atitid malonèt kouzen blan yo adopte anfas Prezidans Jean-Bertrand Aristide, yon lidè lejitim pèp Ayisyen an te mete opouvwa nan ane 1991 ak 2001 epi jan yo dòlote Joseph Michel Martelly, popetwèl yo te itilize magouy ak vyolans pou yo enstale ilegalman nan tèt peyi a, nan ane 2011. Kidonk, «granmounite» Pèp Ayisyen an se kichòy gang blan malveyan yo te toujou konbat, e yo kontinye fè sa, jiskaprezan. 

Nan finisman mwa Me 2022 ki sot pase a, pandan pitit peyi a ap sibi zak kidnapin gang lokal ki gen konplis entènasyonal, jounal New-York Times pibliye yon seri  atik osijè “Ranson”Lafrans te peze kou Ayiti pou li vòlè pandan 122 zan, apati ane 1825. Seri atik New-York Times lan klere limyè sou anpil koze. Mèzalò, gen plizyè lòt eleman enpòtan otè yo pa prezante ditou osnon yo pa diskite aklè. 

Tankou nou sot wè ak leson evènman 1805 yo, pèsekisyon kont Ayiti pa kòmanse nan ane 1825. Non plis se pa Lafrans tou sèl ki te lotè. Se depi nan premye ane ekzistans Ayiti plizyè peyi blan fè kò sou nou e sa po ko janm bout, jouk jodi jou. 

Yon lòt aspè ki pa parèt nan dokiman New-York Times yo, se rezistans kont ranson zenglendo Charles X lan ki ekziste depi alepòk Boyer, kote Pèp Souvren te revòlte kont kolabo yo. Konsa tou, Anperè Soulouque te refize peye bandi etranje yo nan ane 1853. 

Daprèzavwa, Ayiti se pwopriyete 14 milyon Ayisyen ki vivan nan moman an, sa vle di : eritaj plizyè milyon ki anba tè kite pou nou ak sila yo ki po ko fèt yo, dosye restitisyon an se yon siman ki rasanble pitit Ayiti, toupatou, atravè plizyè jenerasyon. Se chak pitit Ayiti ki oblije ranmase responsablite pa li nan dosye sa a.  Sa vle di : ou menm tou ou dwe fè tout sa ou kapab fè pou fòse Lafrans remèt Ayiti lajan sa a, kiksaswa kòman!

San di pètèt, depi 2004, dosye restitisyon pa t pale an Ayiti paske gang Kò Gwoup te asire yo se «les plus coupables» ki opouvwa ak GNBis epi PHTK 1e, 2e e 3e vèsyon.

Antouka, apre tout ane sa yo, valè restitisyon an pi pre $115 milya (dola vèt) pase $21 milya. E plis Lafrans ap kite tan pase se plis valè dèt lan ap kontinye ogmante. Tik tòk! Tik tòk! 

Nou bezwen lajan nou, menm jan tout ti bebe bezwen lèt tete manman yo. N ap lite jouk li jou pou nou tabli yon gouvènman Sali Piblik pou yon vrè Leta Ayisyen ki bay Ayisyen priyorite sou teritwa peyi li.

Pa gen yon lòt nasyon Ayisyen k ap soti ni nan syèl ni anba tè. Tankou New-York Times rapòte sa, Prezidan Aristide ak kèk lòt moun gen tan “simen plan nan chan an”. Titid plante semans lan, li wouze li e li fenk kare patisipe nan konbit la kòtakòt ak nou. Sa ki rete pou fèt la, sitwayen, se responsabilite ou menm avèk mwen.

Pandanstan, depi kèk jou, defakto Ariel Henri ap paweze san wont, san tit, san diyite nan Somèdèzamerik ki tanmen nan vil Los Angeles, Ozetazini.  Pandan enpostè sa a t ap bay yon espektak anbarasan nan peyi blan an, Madi 7 Jen ki sot pase a, plizyè santèn Ayisyen manifeste nan vil Gonayiv pou egzije defakto Ariel Henri remèt demisyon l paske jan l ap mennen bak peyi a, se pi fon nan twou n ap plonje chak jou ki jou. Daprè repòtaj Radyo Rezistans, sitwayen nan vil Gonayiv yo denonse zak ensekirite ki pa sispann blayi sou tout teritwa a. Yo denonse Ariel Henri, Sektè Demokratik Popilè ak Fizyon Sosyal Demokrat ki mare sosis yo ak gang k ap teworize popilasyon an. Manifestan yo deklare : non defakto Ariel Henri site nan zak sasinay ansyen Prezidan defakto Jovenel Moïse. Radyo Rezistans ajoute… «pou sektè popilè a pa dòmi bliye, yo raple, A.A.A, se yon pati politik ki gen tandans ladwat, ki te fè alyans ak PHTK sou gouvènman Michel Martelly a. Non Youri Latortue, lidè A.A.A a, te site nan sasinay Jean Marie Vincent, yon pè pwogresis yo touye 28 Out 1994, nan peryòd koudeta militè yo kont gouvènman Lavalas la». 

Wi! Se vre, nou tout fatige anba rejim sanginè ilegal PHTK sa a. Mèzalò, se pa moman ditou pou nou kite fo lespwa nan mirak mete nou anreta sou chimen Sali Piblik la. Lènmi an te alimante fo lespwa ireyalis ak Fantom 509, apre sa li itilize GNBis Andre Michel, koudetayis Youri Latortue, abolotcho Arnel Belizaire ki t ap travay pou swadizan 3zyèm Vwa Réginald Boulos…Apre sa, se epizòd fo revolisyonè toudenkou Babekyou. Boutanfen, yo envante yon sèten Muscadin. 

Konpatriyòt rejim PHTK-CIA sa a pap janm bouke fè gang epi manje gang. Yo resisite gang, yo pwodui pwopagann pou fè kèk «viktim etoudi» aplodi gang k ap elimine kèk «ti gang» pou pi gwo gang kapab fè gang pandan pi lontan. 

An verite, Muscadin, Babekyou, Apaid, Martelly tout se gang. Tout se bandi PHTK makiye ki vle detounen atansyon nou, lage nou nan raje koridò pèdi tan. 

Mirak pa ekziste! Se goumen li ye! Goumen ak kouraj, entèlijans epi pèsistans.

Veye aganman lokal ! Veye aganman entènasyonal tou!

2 Jen 2022, apèn yon semèn apre piblikasyon atik New-York Times ki brake je limanite sou koneksyon dirèk ki ekziste ant malsite Pèp Ayisyen an ap viv depi lontan epi ranson zenglendo Lafrans kolekte apati ane 1825 lan, sit entènèt Anbasad Lafrans an Ayiti pibliye yon seri mesaj Twit ki di: “Sou envitasyon Madan Mildred Aristide, Anbasadè Lafrans te vizite jodi a Inivèsite Fondasyon Aristide ak pwochen lopital li a. Nan okazyon sa a, M. Mauriès te kapab dekouvri yon bèl kanpis ki gen vokasyon sosyal, enklizif, divès enstalasyon ki gen yon kapasite plis pase 200 kabann…”. Nan lang pa l, anbasad la rapousuiv « l’Ambassadeur de France a pu discuter avec Mme Mildred Aristide et avec sa dynamique équipe universitaire sur les pistes de collaboration entre la Fondation et la coopération française ». Mezanmi! Sa k ta di sa, hen? 

Antouka, etan gran timoun, menm kote mwen te li Twit anbasad Lafrans lan, mwen sonje yon lèt tou dekachte mwen te voye bay Prezidan Aristide 20 tan pase, yon jou 16 Desanm 2002. Men ki sa mwen te ekri, alepòk :  

«Frè Titid: bliye vye pwomès filalang èd malatchong lènmi istorik pèp la ap plede fè li…Tonton Nwèl pa egziste! Se yon vye kamouflaj zenglendo sofistike itilize pou yo dechèpiye gwo lajounen pandan je a yo nan je a mèt kay… 

Ou bezwen lajan pou fè peyi a fonksyone?  Voye je ou nan direksyon Pèp nou an. Nou pa pòv vre jan y ap klewonnen an. Nou gen tout yon kontinan chaje ak lò ak dyaman. Nou toupatou sou latè… Olye ou chita pèdi tan ak yon swadizan “Bank Mondyal”, rele grandèt Mandela, rele frè nou Bill Cosby ak sè nou Maya Angelou. Wi, vye frè, ou mèt kontinye kwè nan resous Pèp global nou an». 

Veye aganman lokal ! Veye aganman entènasyonal !

Vwalatilpa, yon semèn po t ko pase apre vizit Anbasadè gran Twitè a nan UNIFA, se yon lòt aktyalite ki gaye toupatou sou rezo entènèt ak medya Ayisyen tradisyonèl yo: Anpil kote pawòl la di: “Madan Lalime te vizite Prezidan Aristide pou anonse se li menm blan yo ta chwazi pou dirije yon tranzisyon 2 zan”.

Kidonk, alèkile, se blan yo k ap fè bri kouri yo vle Lavalas pran pouvwa a? Adyewidan!

Klèman, Prezidan Aristide te gen rezon di jounalis New-York Times yo : “Koze a po ko fini”. E, sanble, tout bon vre, blan Kidnapè 2004 yo fenk kòmanse konfese! Menm moun fou sezi!

An reyalite, malfèktè yo sou fent. Yo antòtye, yo mele. Se yon bon opòtinite pou Pèp Ayisyen an itilize kouraj, entèlijans ak sajès pou li reprann kontwòl Ayiti tout bon vre. Men, fòk nou vijilan anpil. Pa gen piyay isiba…goumen, san pran souf, li ye!

Avan nou analize vizit madan Lalime nan anba loup, separe verite, manti ak bri kouri, annou klè sou kèk prensip fondamantal.

  • Premyèman: Se Pèp Ayisyen an e pèp Ayisyen an sèl ki gen dwa chwazi dirijan li. Kidonk, si nan kafou danjere nou ye la a, pèp souvren ak pitit gason li, Jean-Bertrand Aristide, ta antann yo pou se li menm ki pran direksyon yon tranzisyon koupe fache, se tout dwa Pèp Ayisyen an pou li fè sa.
  • Dezyèmman: Pou listwa, jistis ak verite fòk nou raple nan 2 manda prezidansyèl 5 ane Pèp Ayisyen an te bay sitwayen Jean-Bertrand Aristide yo, se yon total 5 ane li fè opouvwa. Lè blan malveyan CIA yo fè premye koudeta 29 Septanm 1991 lan, se apèn 7 mwa Lavalas te genyen opouvwa. Yon jou 15 Oktòb 1994 Pèp Ayisyen fòse menm vòlè CIA yo retounen «ze» a nan vant poul la. Kidonk, lè ou kole 2 moso premye manda 1991-1996 lan sa bay yon total 2 ane Lavalas fè opouvwa. Kanta dezyèm manda Prezidansyèl 2001-2006 la, apre 3 zan, Baby Bush, pitit lòt la, fè yon lòt koudeta kont 7000 eli ki te konpoze Leta Ayisyen alepòk, ak Prezidan Aristide alatèt. Kidonk, sou 10 ane manda konstitisyonèl Pèp Ayisyen an te bay ekip Lavalas la malfèktè yo vòlè 5.

Alòs, si Pèp Ayisyen an ta deside epi antann ak sitwayen Jean-Bertrand Aristide pou se li menm ki pran direksyon tranzisyon koupe fache a, menm si se ta pou 5 ane, se ta dwa lejitim detantè souverènte nasyonal la ki se Pèp Ayisyen an. Mèzalò, annou klè sou yon senp reyalite : Popetwèl pa Prezidan, e Prezidan pa Popetwèl!

Lè nou founi je gade aktyalite finisman semèn sa a, tout militan avize, tout patriyòt konsekan dwe dedouble volim entèlijans ak vijilans yo pou nou byen konprann ni konplo ni wanga k ap marinen alèkile nan Pòtoprens, Los Angeles, Paris, Ottawa ak Wachintonndisi.

Gen moman kote ou pa ka anpeche malfèktè vizite kay ou. Ou ka menm oblije ba li chèz pou li pale. Men, si ou ta fè erè kite chòche a andyoze w, se ta fòt ou puiske ou sipoze konnen ak ki bèt ou annafè.

Konpatriyòt, nan moman kritik n ap viv la a, priyorite nou se fòse blan malveyan yo aksepte pwojè «koupe fache» a. 

Ayiti se yon vrè peyi, li merite vrè dirijan alatèt yon vrè leta. Sa a pa negosyab! – Sa vle di: blan malveyan yo ap oblije vag sou volonte tèti yo genyen pou yo resikle bandi PHTK yo alatèt peyi a, menm pandan tranzisyon an (Lambert, Apaid, Martelly, Lamothe, Tiklod…).

Epi tou, nou pa avèg. Nou tout wè ki jan Etazini refize fè efò bloke kagezon zàm fann fwa ki soti sou teritwa li, pase nan waf prive bandi kostime Gang «Haiti Chérie» yo pou yo ateri nan men bandi a sapat ki fè baz yo la a Kwadèboukè, anfas Anbasad la.

Radyo Rezistans rapòte, nan aswè Samdi 4 pou rive nan maten Dimanch 5 Jen 2022 a, yon lòt fwa ankò, vòlè kase palè Jistis peyi a ki nan Pòtoprens. Malfèktè yo fè zak sa a yon semèn apre minis Jistis defakto Berto Dorcé te vizite palè Jistis lan, apre yon ekip vòlè te fenk kase l jou 10 Me 2022 a. Pou komisè gouvènman defakto Jacques Lafontant: pa gen lòt solisyon pou pwoblèm sa a, se retire Palè Jistis la sou bisantnè a. Orezime, vòlè kase Palè Jistis sa a plis pase 10 fwa deja. Gang PHTK zòt vle fè pase pou gouvènman Ayisyen an pa janm pran okenn mezi sekirite pou pwoteje Palè jistis la. 

Ayiti se yon vrè peyi, li merite vrè dirijan alatèt yon vrè leta. Sa a pa negosyab!

Clercius Dorvilus se non yon pè, bandi kidnape ak 3 lòt moun nan presbitè legliz katolik nan Basen Ble, lendi 6 Jen 2022 a. Monseyè Charles Peters Barthelus ki nan vil Pòdpe di li gen gwo kè kase paske bandi pa sispann teworize popilasyon nan divès zòn pwovens yo tankou Senlwidinò, Kwa Sen Jozèf, Gwo Mòn ak Basen Ble. Li fè konnen: se anndan kay moun yo bandi yo rantre pou fè zak kidnapin. Monseyè Barthelus mande kote otorite yo ye? Èske se peyi a pou nou kite bay otorite yo ak gang asosye yo? Radyo Rezistans ak Ajans Près Popilè Aysyen (APPA) reponn : «nou pa kwè popilasyon an dwe kite peyi a bay bandi, kidnapè ak gouvènman bandi legal PHTK 3zyèm vèsyon, Fizyon Sosyal Demokrat yo, INITE, Sektè Demokratik Popilè ak alye yo. Nou kwè popilasyon an dwe fè Rezistans, epi fè yon soulèvman popilè pou chanje sitiyasyon an»

Wi! Ayiti se yon vrè peyi, li merite vrè dirijan alatèt yon vrè leta. Sa a pa negosyab!

Li klè blan an konsyan katastwòf peryòd 2004-2022 a se bilan pa l li ye, se zèv li, reyalizasyon li, aktif li. Men, li bezwen bourik pote chay la pou li, kòmdabitid.

N ap di Madan Lalime : Prezidan Aristide se yon fòs enkontounab, yon sous sajès, konesans ak eksperyans nasyon an dwe e vle pwofite jouk dènye jou li vivan sou latè. 

Se ta trayizyon, engratitid epi lachte si nasyon an ta aksepte mete Titid aleka paske anpil etranje gen pwoblèm ak gran frè nou an. Pa gen pyès malfèktè, kit li blan, imigran engra osnon nèg natif natal ki ka wete kokennchenn benediksyon sa a nan men pèp Ayisyen an.

Mèzalò, tankou Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas te di sa depi 2018, nan premye dokiman kote li prezante solisyon Sali Piblik la, se pèp Ayisyen k ap sove Pèp Ayisyen. Se pa yon sèl «Sipè Ayisyen»! Se yon KONBIT sitwayen angaje k ap bay rezilta nou bezwen an.


Nan sans sa a, pa gen wout pa bwa, nou oblije deklare tout kolon persona non grata puiske prezans yo 100% negatif nan lavi nou. Menm sa ki pi bon lakay nou, depi n kite kolon yo asosye ak li, y ap gate l. Se sa menm ki rezondèt mache prese «fuite en avant» yo voye Madan Lalime fè kay Prezidan Aristide la. Kòmkwa, daprèzavwa bri kouri chòche a ta lonji dwèt sou Prezidan Aristide kòm alatèt tranzisyon koupe fache a, sa ta gate Titid nou an, lapoula! E vre? Vèkèlè? 

Blan malveyan an pa gen tout pouvwa sa a sou moun ki konsyan se moun yo ye tout bon vre!  

«Nenpòt ti fenèt nou kite pou yo fofile nan mitan n, y ap vin simen chagren, malè ak divizyon» – se sa papa Dessalines te di nou 1 Janvye 1804. Papa nou pa janm bannou manti.

Kòmsi la a nou ta gen tan bliye ki jan, nan premye moman Akò Montana a, mesyedam Kò Gwoup yo te panike paske Fanmi Lavalas kore inisyativ lan? Blan yo te deplwaye tout kalte mannèv pou konvenk GNBis yo izole Fanmi Lavalas epi louvri lekò bay Lambert, Boulos ak lòt PHTK makiye. Konpatriyòt, nou travèse lari pou kont nou. Nou konprann jwèt la.

Si mesyedam Akò Montana yo te koute vwa kouraj, entèlijans ak sajès, depi odepa, yo t ap jere alèji initil yo genyen ak mouvman mas popilè a, yo t ap fè yon alyans san twou nan manch ak Fanmi Lavalas. Depi dikdantan, militan konsekan anndan Fanmi Lavalas tankou alye natirèl nou yo ap klewonnen se pa «endividi» ki kapab wete n nan sa nou ye la a. Fòk nou twouse manch chemiz ak pantalon nou bati ENSTITISYON djanm, bon jan FÒS ÒGANIZE ki kapab remete Ayiti sou ray demokrasi. 

Annatandan, pou sila yo ki kwè anyen pa posib si blan an pa dakò, m ap ankouraje yo voye je gade peyi Bolivi kote Leta Peyi sa a fenk kondane Jeanine Añes pou li pase 10 zan nan prizon akoz patisipasyon li nan koudeta. Jeanine Añes se popetwèl Etazini te itilize pou fè koudeta ki te kapote gouvènman lejitim Prezidan Evo Morales la, nan ane 2019. JJM ta di «advèsè a pran kou!».  

Yon dènye pinga anvan nou di orevwa…

Pandan zòt ap fente agoch pou li franchi adwat. Nou menm nou kanpe drèt k on pikèt, e se nan direksyon solèy la nou prale!

M ap di tout militan konsekan ki boulvèse akoz tout kalite manti, malfezans ak manipilasyon sikolojik lènmi an lage sou rezo entènèt la… sonje byen : se ak manti, blan rasis nan peyi Afrikdisid te lage anpil vèni sou do Winnie Madikizela Mandela. Konsa, yo te fè dekabès, puiske manti sa yo te febli Nelson Rholilahla Mandela. Alòs: se te danje pou nèg ak nègès, avantaj pou ti minorite zuit la. Non! Seswa jamè! Fwa sa a malfèktè yo pap sis! 

M ap di Prezidan Aristide : Nèg renmen nègès ou. M ap di Minouche, vanyan sòlda enfatigab: Nègès renmen nèg ou Lavalaseman! Salipiblikman!

Kouraj ak sajès Pèp Ayisyen an pi fò pase ni konplo ni wanga!

Leave a Reply

Your email address will not be published.