Dessalines fin pale

Dechoukay 2020: sèl remèd Ayiti bezwen
June 4, 2020
Lame Rezistans Kako 2020
July 27, 2020

Dessalines fin pale

Sa gen 229 rekòt kafe, nou te kanpe dan di sou tout zile Ayiti. Nèg ak nègès vanyan deside, nou t ap boule kay epi nou t ap koupe tèt yon makòn kolon blan malveyan.

Dechoukay 1791 sa a te nesesè daprèzavwa, depi epòk nou te granmoun tèt nou sou kontinan Lafrik Ginen, nou te toujou konsyan tout moun se moun. Kidonk, pyès moun pa dwe aksepte rete mouri toufe anba jenou okenn lòt moun.

Poutan, jiskaprezan, kèk nèg kolonize ap mache resite yon vye leson pakè kòmkwa Revolisyon Ayisyen an se pitit yon swadizan Revolisyon ki te fèt nan peyi Lafrans. Lejann sa a se yon radòt ki pa kanpe sou okenn baz istorik!

Revolisyon Ayisyen an pa gen ni manman, ni papa blan.

Se pa t okenn deklarasyon inivèsèl dwadelòm ipokrit ki lakòz lavi nèg ak nègès vin gen valè. Wi, lavi nou tout sakre! E, se nou menm menm, nèg ak nègès, ki deklare verite sa a, depi dikdantan. 

Ojis, annou founi je gade ki jan blan Angle te vin chita sou ban lekòl Papa Dessalines, nan mwa septanm 1804, pou yo aprann sa sa vle di : «Black Lives Matter».

Apre deklarasyon endepandans Ayiti, preyokipasyon Papa Dessalines se te pwoteje chak pitit Lafrik Ginen kont blan malveyan yo. Ogranjamè, li pa t vle pou koze lesklavaj retounen pale sou zile a. Konsa, Dessalines te mete yon latriye batiman ame kòmsadwa sou lanmè ki viwonnen teritwa Ayiti. Nan lang Franse, yo te rele batiman sa yo «corsaire». 

Vwalatilpa, blan Angle ki te vòlò zile Jamayik alepòk te santi batiman Dessalines yo twò an gran sou katye a. Dayè, daprèzavwa yo te bay Dessalines garanti yo pral viv ak Ayiti kòm bonjan vwazinay, blan Angle yo deklare yo pa wè nesesite pou Ayiti mete pwòp batiman pa li sou lanmè a. Yo voye di Dessalines li mèt konte sou sipò blan Angle ki va bloke tout batiman Franse ki ta va eseye franchi vin atake Ayiti. 

Admiral John Thomas Duckworth (1748-1817)

Annou koute Amiral John Thomas Duckworth ki ekri Dessalines 2 septanm 1804:

«Ekselans: mwen te gen chans kominike ak ou plizyè fwa, epi nou te antann nou, li pa vrèman nesesè pou ou genyen bato ame ozalantou zile a. Ojis, mwen te pwomèt ou, m ap pran sa kòm devwa mwen pou mwen pase lòd bay tout bato ki sou zòd mwen pou yo pwoteje komès peyi ou la».

Blan Angle a kontinye ekri:

«Fòk mwen di ou, mwen fache daprèzavwa, nan moman kote bato ki sou lòd mwen yo ap paweze ak misyon pou yo pwoteje komès peyi ou la kont maren fransè yo, menm bato sa yo rankontre sou wout yo plizyè lòt bato ame ki pote drapo pa ou, epi, ki konpòte yo tankou lènmi nou».

18 septanm 1804, Kapitèn Perkins, blan Angle ki te resevwa lòd pote lèt la remèt Dessalines lamen-a-lamen, debake Gonayiv. 

Se pa ti vekse yo di Dessalines te vekse lè li resevwa lèt Amiral Duckworth la. 

Dessalines reponn: 

«Mwen regrèt mwen pa p ka kite bagay enpòtan m ap regle, pou mwen al tande sa ou genyen pou ou di m yo. Mwen okipe anpil». 

Dessalines rapousuiv… li di, dayè, li pa janm resevwa okenn rapò negatif kòmkwa batiman li yo fè move jès kont batiman Angle yo.

«…bato mwen te fè ame pou yo pwoteje kòt zile a te resevwa lòd pou yo trete bato Angle yo tankou zanmi. Men, m pase yo lòd pou yo mete zàm sou tout bato lènmi ki ta panse vin simen latwoublay sou zile a…Mwen pa gen okenn souvnans kòmkwa mwen te gen antant ak ou, ‘Ekselans’- pou mwen pa ta mete zàm sou bato mwen yo!?  Ebyen, rezon m te nan pla men m! Apa, sa pa fè lontan la a, bato Fransè yo te rive parèt tèt yo jouk nan fon kanal la!»

Kidonk, Dessalines klase Amiral Duckworth byen klase epi li tou pwofite demanti misye osijè swadizan antant li di yo ta genyen pou li lage fal peyi a nan men blan Angle pou yo pwoteje li pou nou. 

Depi blan Angle yo te fin resevwa mesaj klè sa a nan men Dessalines, yo te sètoblije plwaye ke yo epi fè tout sa yo kapab pou yo pwoteje lapè ant yo menm epi pèp Ayisyen an.

Apre sa, Dessalines rantre Gonayiv, li repete sa ki te ekri nan lèt la bay tout otorite yo epi li di yo louvri je yo, veye depi se blan ki annafè ak Ayiti, keseswa nasyonalite yo. Veye yo!

Kredi: Fotograf Dieu Nalio Chery

Kidonk, Papa Dessalines te klè sou pozisyon li. Ayiti dwe toujou asire l, li genyen pwòp batiman pa li ki kanpe kin ap pwoteje teritwa li.

Nan mitan ane 2020 sa a, leson Dessalines bay Duckworth la dwe sèvi ekzanp pou nèg ak nègès toupatou sou latè. Pinga nou janm kite dòmi pran nou! Fòk nou toujou demele n, jan nou konnen, pou nou pwoteje tèt nou kont lènmi istorik nou yo.

Madi 23 jen 2020 ki fenk sot pase a, nou wè Emmanuel (Toto) Constant debake ayewopò Pòtoprens. Sonje byen : kriminèl sa a te admèt nan emisyon « 60 Minutes », tout lè li te dirijan FRAPH nan ane 90 yo se sou lobidyans CIA li t ap opere. Se ajans leta Meriken an ki ta peye li $700 chak mwa. 

Center for Justice & Accountability ki tabli nan vil San Fransisco, Ozetizini, estime, ant ane 1991 epi 1994, Toto Constant ak FRAPH te tanmen yon kanpay teworis kont pèp Ayisyen an. Nan katye popilè yo ki te chanje ak patizan Prezidan Aristide ak Lavalas, pou pi piti, FRAPH te masakre 3,000 moun.

Lè Prezidan Aristide retounen nan finisman ane 1994, Toto Constant jete li, li pase Dominikani epi, jou Nwèl, li rantre Etazini. 

Nan ane 2000 Leta Ayisyen te jije epi kondane Emmanuel Constant pou patisipasyon li nan Masak Raboto a ki te fèt nan mwa avril 1994. Pwosè Raboto a, se yon jijman istorik ki te pèmèt lajistis pase kòd nan kou plizyè kriminèl. Yon gwo viktwa pou demokrasi ak lajistis, yon kokennchenn reyalizasyon pou pèp Ayisyen an. 

Alepòk, Ayiti te resevwa bèl bravo nan men Nasyonzini. Mèzalò, anpil ipokrit t ap makiye veritab pozisyon yo. Parekzanp, malgre tout diskou ipokrit ki t ap fèt alepòk, Etazini te refize respekte antant ektradisyon li siyen ak Ayiti. Sa lakòz jijman Toto Constant te oblije fèt « par coutumace », kidonk, dèyè do kriminèl la ki, t ap kouve byen kouve anba zèsèl CIA, Ozetazini. 

Anpil moun lisid ap poze kesyon sou rezondèt depòtasyon majòjon FRAPH la, pandan sezon gwo latwoublay san parèy sa a. Nou sonje ki jan, nan mwa out 2004, popetwèl GNBis koudetayis Gérard Latortue ak Bernard Gousse te fè yon maskarad jidisyè pou yo defèt pwosè Raboto a, epi lage Louis Jodel Chamblain lib-e-libè. Depi lè sa a, detanzantan, kriminèl yo bay pou Chamblain an, ki te nimewo 2 nan FRAPH, ap anmize li pran foto bradsi bradsou ak dirijan PHTK yo, ak Jean-Claude Duvalier, ak enkilpe Jovenel Moise, elatriye… 

FRAPHCIA

Li enpòtan pou nou souliyen ki jan debakman Emmanuel Constant fèt nan yon kontèks kote zak sansinay ak masak ap fèt chak semèn nan divès kwen nan peyi a. 

Dimanch ki te 24 mai 2020, sou lobidyans bandi Babekyou, Mikanò, Ti Sonsonn ak Ti Junior, gang ame jouk nan dan atake Katye Tokyo ki se alye Katye Pon Wouj. Apre yo te fin kraze brize, maspinen inosan ki pa t nan goumen ak yo, boule plizyè kay nan Tokyo, yo atake Pon Wouj kote anpil kay ak machin kankannen nan Koridò Deschamps. Bandi Babekyou yo touye plizyè moun epi yo mete dife sou kadav yo. 

Jedi 18 jen ki sot pase a, Mamoun Regis, yon tyovi 14 zan tonbe anba bal yon ajan sekirite ki vekse dèske, daprè li menm,  tilezanj lan pa t byen kanpe apre li te fin siye machin patwon li, yon direktè antrepriz etranje. Mamoun mande reglèman pou yon travay onèt li fin fè, olye li touche pou kouraj li, bal yon bandi ak zàm ak inifòm etenn souf li nan lari Okap.

Ayè 26 jen an, pèp Ayisyen espantan sou sann kadav Nancy Dorléans ak Sebastien Petit, 2 jenn atis kriminèl te kidnape epi sasinen.  

Ojis, se youn apre lòt, rapò yo montre aklè, tout masak bandi Jimmy Cherizier, alyas Babekyou, ap fè ak gang l ap dirije yo, se zèv pouvwa PHTK a yo ye. Se pa jodi a, nan katye moun yo rann pòv yo, pèp la ap rele anmwey paske yow è machin blennde pouvwa a te di li achte pou PNH lan, ap bay gang kriminèl yo bakòp. 

Louis Jodel Chamblain (FRAPH-CIA) adwat enkilpe Jovenel Moise

Èske gang Baz Pilat se pa polisye ki ladan li? Li klè kon dlo kòk, alyans plizyè gang yo batize G9 ak alye a, se yon kò ansasen ki monte pou anpeche pèp souvren an pran lari kont pwojè sinik PHTK ap maniganse, bradsi bradsou, ak blan malveyan Core Group yo, pou yo fè yon lòt koudeta elektoral epi rejouke Petwo Vòlè Michel Martelly opouvwa nan boul figi pèp Ayisyen an.

Krim PHTK yo tèlman grav, alèkile menm RNDDH ak FJKL, 2 òganizasyon GNBis, alye fòs enperyalis yo nan epòk koudeta 2004 la, oblije ap pibliye rapò kote yo admèt yon seri verite pèp Ayisyen an ap denonse depi dikdantan.  

Parekzanp: Ki moun ki sezi aprann, pandan mouvman peyi lòk la, ansyen depite Site Solèy la, Pierre Lemaire, te fè enkilpe Jovenel Moise pale nan telefòn ak bandi Ti Ougan ak Ti Gabriel epi, apre sa, Jovenel Moise voye lajan ba yo? FJKL rapòte, lè kèk tan apre sa, Ginel Louis, alyas Ti Ougan, mouri 29 Novanm 2019, pouvwa a vin gen kontwòl sou Site Solèy, anwetan blòk Bwouklin ki rete sou lobidyans Gabriel JEAN-PIERRE, alyas Ti Gabriel, ki li menm ap travay sou lobidyans ansyen Depite Lemaire. Sila a, li menm, aktyèlman refijye jouk nan peyi Etazini paske ansyen prezidan Chanm Depite defakto a, Gary Bodeau ta fè l konnen, dezòmè, li se kat make pou ansyen patnè li yo nan pouvwa kriminèl la.

Minis Jistis defakto Lucmane Delille, bò kote pa li, voye jete rapò ansyen patnè GNBis li yo. Delille deklare, vyèy timen l, se pa pouvwa PHTK a ki alye gang kriminèl yo. Li di, okontrè, se òganizasyon dwadelòm Pierre Espérance ak Marie-Yolène Gilles ap dirije yo ki nan tete lang ak bandi yo. 

Anpil moun di se Palè Nasyonal ki bay yon bandi yo rele Kris-la kontwòl Kès Asistans Sosyal kote nouvo direktè a, Frantz Iderice, oblije ap defann tèt li, tante demanti moun k ap di se bandi ki parenn li. Mouche Iderice di, limenm, se manm Mouvman 3zyèm Vwa li te ye, jouk li te bay demisyon li jou 24 me ki sot pase a, tousuit anvan li pran ti dyòb Dirèktè KAS la.  Ou kwè se koze papa!

Yon lòt kote, nan mwa jiyè 2019, majòjon pati politik 3zyèm vwa a, Réginald BOULOS, t ap fè diskou nan chanpyona foutbòl Site Solèy kote li te deklare: «Kote vòlè yo chita se nan Palè, kote vòlè yo chita se nan Palman an, depite Lemaire se yon eksepsyon». Se apati deklarasyon sa a ansyen lidè GNBis Réginald Boulos fè a, yo di Depite Prophane VICTOR, ki mare sosis li ak gang patnè Palè Nasyonal la ki sou lobidyans bandi Odma nan Savyen, Tirivyè Latibonit, ta va di Boulos, monchè: « Ou trayi ! ».

PHTK-3zyèm Vwa-CIA

Se yon veritab galimatcha ki pete nan mitan bandi PHTK-GNBis miltifòm yo!   

Daprè Marie Yolène Gilles, 17 Oktòb ki pral vini la a, pouvwa Jovenel Moïse la bezwen montre asosye li yo nan Core Group la, li kontwole tout bandi ki nan kapital la, soti Fontamara rive Site Solèy. 

Pandan l ap feraye deyè do lalwa a, san palman, san lejitimite, enkilpe Jovenel Moise ap reve je klè kòmkwa li pral pibliye yon nouvo konstitisyon nan peyi a anvan ane 2020 yan fini. Enkilpe a kwè granmesi dekrè illegal li yo, kidnaping, vòl, vyòl, san k ap koule toupatou, biznis k ap fèmen, konntenè machandiz bandi l yo ap vòlè, gang yo mobilize nan katye ki gen gwo sant vòt yo, kat Dermalòg li vle enpoze tout sitwayen yo, san bliye òdinatè falsifye y ap prepare pou eleksyon pike kole, bandi PHTK yo kwè yo prèske fin pare pou yo rejouke Martelly opouvwa, sou kadav pèp Ayisyen an. 

Bò kote pa li, Maxine Waters, nègès vanyan nan Kongrè Ameriken an ekri yon michan lèt pinga, jou 28 me ki sot pase a kote li rale zòrèy Manzè Michele Sison, Ambasadè Etazini nan Pòtoprens.

Onorab Maxine Waters di : 

« Sa mete lespri m an boulatcha lè m ap li rapò zak yon chèf eskadwon lanmò ki rele Jimmy Chérizier, alyas Babekyou, ki anvayi Site Solèy ak 3 machin Polis Nasyonal Ayiti, mache boule kay epi touye malere.  Atak sa a fèt apre yon lòt seri zak sanginè ki fèt dènyèman nan lòt katye pòv tankou Tokyo, Dèlma ak Pon Wouj, kote se devan je polisye ki nan konfyolo ak Chérizier yo kay t ap boule epi moun t ap mouri sansinen ».

Maxine Waters te pibliye yon dokiman ansanm ak Kongrèsmann Andy Levin, jou ki te 13 May 2020 an kote yo deklare kare bare se yon desizyon iresponsab epi yon malè pandye dprèzavwa gouvènman Etazini sanble chwazi moman sa a pou li depòte ansyen dirijan FRAPH la, tandiske pa okenn plan serye pou yo jije kriminèl la kòmsadwa epi bay viktim yo jistis yo merite a. 

Maxine Waters & Danny Glover, Friends of UNIFA

Maxine Waters pa kite yo may pou bandi nan gouvènman peyi li, Etazini, k ap Kore Gang PHTK a. Li lonji dwèt sou Jean-Robert Gabriel, Lajistis Ayisyen te kondane tou pou wòl li te jwe nan masak Raboto a. Epi, alèkile, mouche sa a ap kale kòl li kòm manm Wo Eta Majò nan gang Jovenel ap anmize li rele Lame d’Ayiti a. 

Bò kote pa li, apre tout konsta yo, Fondasyon Je Klere (FJKL) ak Marie Yolène Gilles rekòmande yon lòt ankèt sou lobidyans Wo Komisarya Nasyonzini pou Dwadelòm. Adyewidan! 

Lòtrejou la a, vandredi 19 jen 2020, madanm Helen Lalime ki alatèt Bureau intégré des Nations unies en Haïti (BINUH), fè je li byen chèch, li deklare : « Si pa gen gwo lajan ki mobilize pou Ayiti soti nan resesyon li plonje la a, gwo pwogrè ki fèt pandan 15 dènye ane ki sot pase yo onivo sekirite ak devlopman san lè disparèt ». Kipizè, madanm nan kontinye pou li di « pwoblèm entèn k ap bouyi la a riske tounen yon pwoblèm rejyonal, sizoka sitiyasyon imanitè a ki deja grav ta dejenere pi plis jouk yon gwo kantite Ayisyen ta koute tanta yo pou yo kouri kite peyi a, ale chèche lavi miyò, aletranje ».  

Mezanmi, pou di nou tande byen? Manman rizèz la di  gen: « gwo pwogrè ki fèt pandan 15 dènye ane yo onivo sekirite ak devlopman »! 

Kidonk, nou tout ka wè ki jan madanm Lalime sa a ki alatèt òganizasyon blan malveyan yo rele BINUH an, se yon mantèz, sinik san limit!    

Se pa ni jodi, ni ayè, zafè kabrit pa zafè mouton. Lè Colbert, Montesquieu ak Voltaire t ap ekri pwezi ak filozofi, pandan epòk blan yo rele «siècle des lumières» lan, se san nèg ak nègès ki t ap awoze ekonomi Lafrans, yon peyi ipokrit sinik ki pibliye deklarasyon dwadelòm pandan li te mare plizyè milyon prizonye nan chenn esklavaj toupatou sou latè.

Sètansi, gwo manifestasyon, kraze brize, ap pete nan plizyè vil Ozetazini. Pèp vanyan move kou kong ap mande jistis pou dwa nèg ak nègès. Jistis pou George Flyod se yon slogan ki mache ansanm ansanm ak “Black Lives Matter” ki vle di: Lavi Nèg Gen Valè. Tout chef blan, toupatou, ap fè diskou sou diskou pou yo tante kalme kòlè k ap gwonde nan limanite. Yo sispèk!

Pami, tout diskou sa yo, gen youn ki di : «Akòz plizyè syèk vyolans ak diskriminasyon nou fè nèg ak nègès sibi sou latè, nou oblije fè kichòy pou rachte tèt nou.  Non sèlman nou dwe prezante yo eskiz ofisyèl, fòk nou ta peye yo reparasyon sou plizyè fòm ». Sa se pawòl Michèle Bachelet, ansyen Prezidan peyi Chili ki fè deklarasyon sa a 17 jen ki sot pase a, nan wòl li ansakilite de Wo Komisè Nasyonzini pou Dwadelòm. 

Aristide pa pwofèt. Men, Restitisyon-Reparasyon se pa Ezekyèl ki te di l

Woy! « Jean-Bertrand Aristide avait eu raison trop tôt »!

Sa se pawòl ansyen jounalis GNBis, Frantz Duval. Li te lage sa a sou Twitter osito li te li deklarasyon Michèle Bachelet a. 

Nou menm nou mande : « èske se fanm blanch lan ki di li wè sa a ki kòz lanmè a gen dlo? ».

Wi, menm jan Lanperè Jean Jacques Dessalines te mete pwòp bato pa li sou lanmè pou defann zile a, Prezidan Aristide te wè pi lwen pase ni bwapiwo, ni grenn pwomennen, lè li te fè ekzijans Restitisyon-Reparasyon an jou 7 avril 2003 a. 

Nan mitan ane 2020 sa a, Dessalines ap mande règleman toupatou sou latè. Estati Christophe Colomb ki te kanpe byen banda nan plizyè vil Ozetazini ap fè bèk atè, nou menm Ayisyen, se depi nan ane 1986 nou te neye bandi sa a, pike li tèt anba nan lanmè bisantnè.

Wi Papa Dessalines aprann nou pou nou pa rete tann zòt vin fè pou nou, sa nou menm sèl, gen obligasyon fè pou pwòp tèt pa nou.

Lè pèp Ayisyen an te kòmanse « Chavire Chodyè a » nan Pòtoprens 6-7 jiyè 2018, nan peyi Lafrans pot ko gen «Gilets Jaunes» ki t ap chavire kwakseswa.

Jistis ak lapè se sa pèp la ap mande toupatou. Etazini voye Toto Constant pou nou. Core Group ap griyen dan l, 2 men nan pòch ak pye l sou sou nou. Kite yo boloze!

Dechoukay 2020 nesesè paske pyès moun pa dwe aksepte rete mouri toufe anba jenou okenn lòt moun.

An verite Papa Dessalines, pitit ou yo di: jou a pa lwen!

Dechoukay 1791

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *