Lame Rezistans Kako 2020

Dessalines fin pale
July 3, 2020
Bwa Kayiman pa te fèt pou Ayisyen sèvi etranje
August 23, 2020

Lame Rezistans Kako 2020

Konpatriyòt onè,

Annou rapousuiv refleksyon nou tanmen depi kèk mwa pou asire nou Operasyon Dechoukay 2020, ki inevitab alèkile a, va pote bon jan rezilta pou pèp Ayisyen an.

Kòmdabitid, detanzantan, nou pral gade nan retwovizè listwa pou nou kapab wè klè nan ki chimen jennen pèp Ayisyen an sètoblije pase pou li byen sènen chwal malen yo. 

Pami aktyalite politik ki atire atansyon nou semèn sa a, nan yon konferans pou laprès li bay 18 jiyè ki sot pase a, Enkilpe a deklare : «mwen pa ka konnen gen moun, apre Bondye, ki gen pouvwa pase m nan peyi a, se mwen menm ki Prezidan!». Kidonk, enjenyè otopwoklame a sèmante, dezòmè, non li se: Jovenel Apredye Moise Toupisan. Adye wi dan!

5 jou pot ko pase, sou menm bit toupisan sa a, pandan mouche Jojo Apredye t ap gonfle vwa l fè pwomès kilowat elektrisite li pral gaye nan peyi a, vap yon blakawout fèmen mikwo Plezidan Apredye, lage tout moun nan tenèb. Kòmkidire, Ed’H raple egare ki te kòmanse dòmi reve 2 je kale se ak yon vrè mantè yo annafè. 

Yon lòt kote, depi 20 jiyè bri ap kouri ajan enterimè Wilson Jeudy fè rèv se li menm Sedye ki Wachingtonn nan vle mete ranplase Jovenel Apredye

Ayisyen, sè m, Ayisyen frè m, lodyans gen bon gou pou griyen dan, se vre. Men, pinga nou kite aktyalite ti komik mesyedam PHTK yo ap fè la a ba nou toudisman ni lakòz militan ki dwe toujou vijilan, fèmen je yo sou gwo malè zòt kontinye pandye sou tèt nasyon nou an. 

Vwalatilpa, Wilson Jeudy gen tan anvayi entènèt la ak foto madanm li ki fikse je li sou yon chèz imajinè kote Martine Moise ap jwe wòl Premye Piyajèz Larepiblik lan. Annatandan, plizyè sitwayen Komin Dèlma ap rele anmwey paske yo di Wilson Jeudy itilize pozisyon majistra/ajan enterimè li okipe a, pou li fè konbinezon ak avoka zenglendo k ap mache vòlè tè sitwayen onèt, nan move kondisyon.  Pa bliye, se bradsi bradsou ak Michel Martelly, devègonde Hillary Clinton te mete opouvwa pou imilye pèp Ayisyen an epi gagote kòb Petro Caribe a, nan ane 2012, Wilson Jeudy te itilize espas Palè Minisipal Dèlma a pou li fè gwo babako kwazad evanjelik, kontrèman ak Konstitisyon peyi a ki konsakre Leta Ayisyen kòm yon enstitisyon layik ki pa bay okenn relijyon sèvis patikilye. Tout Ayisyen gen menm dwa ak privilèj devan lalwa.

Nan ane 2020 sa a, se prèske chak jou, yo ofri nou yon espektak Jojo Lakomedi nan peyi d Ayiti.

Lucmane Delille, ansyen Minis Jistis bandi Babekyou te revoke a, se teyat antik. Depi dat sa a, se youn apre lòt, plizyè rat kouri kite bato PHTK a.  

Jedi 16 jiyè : Max Athis, ki te pote tit Minis Espò ak Lajenès, plonje fè fon pandan l ap rele anmwey pou kantite zak dwèt long siperyè li dekouvri Olivier Martelly ak Laurent Lamothe te fè sou plizyè milyon dola vèt ki te sipoze itilize nan konstriksyon plis pase 25 estad modèn, toupatou nan peyi a. Jovenel Apredye deklare, li menm, vyèytimen l, li wè plizyè nan estad envizib yo. Zafè mouche Apredye se gwo mistè!

Vandredi 17 jiyè : Reynold Georges pete lòbèy, li di li bandone djòb Konseye Jovenel la. Bato PHTK a te fenk kare pike bèk nan dlo. 

Mèkredi 22 jiyè : Jacques Lafontant ki te pote tit Komisè Gouvènman Pòtoprens fè fon, li bay demisyon l. 

Jedi 23 jiyè : Yon swadizan Minis Jistis tou cho tou bouke ki rele Rockfeller Vincent pibliye lèt nominasyon sitwayen Souvenir Jeanty, pou ranplase Lafontant. Solèy pa gen tan kouche, mouche Jeanty revoke.

Nou sonje, tou suit apre Reynold Georges, Gracia Delva te deklare li menm tou li divòse ak Jovenel. Vwalatilpa, Jedi 23 jiyè, laprès anonse yon bon zanmi Jovenel, patnè entim Gracia Delva, Anèl Joseph, gran bandi devan letènèl, fè tantativ sove kite prizon kote yo di li ye depi plizyè mwa a. Mèzalò, fwa sa a, Lapolis anonse pye Anèl kwoke. 

Mezanmi, ki reyalizatè k ap monte tout pyès teyat sa yo?

San di pètèt, se sou chimen listwa nou va jwenn repons kesyon sa a. 

Gen yon kichòy blan Meriken batize «Minstrel Show» – se yon kalte espektak Jojo Lakomedi, vivi dan griyen, kote blan Meriken te kòn pentire figi yo tou nwa epi y ap grate kò yo, fè grimas, danse tankou djèdjè – swadizan se nèg ak nègès y ape chare. Pi douvan, yo te ajoute aktè nwa ki aksepte patisipe nan espektak rasis sa yo ki te vin popilè anpil depi nan ane 1850 yo rive jouk byen ta nan 20tyèm syèk la.

Lavèy Koudeta 2004 la, lè blan malveyan yo t ap tante jistifye dappiyanp yo te deside fè sou peyi nou an, mwen te gen okazyon kanpe fasafas ak youn nan reyalizatè vye espektak Jojo Lakomedi rasis sa a k ap fèt nan peyi nou an depi plis pase 16zan. 

Nan galri rantre Otèl Montana, mwen te kanpe ak plizyè temwen, pami yo : zanmi mwen Èzili Dantò epi jounalis kanmarad Kevin Pina. Se konsa, 2 blan bèl wotè vin ap pase. Se te Luigi Einaudi, ki te Sekretè Jeneral Annapre OEA ak David Lee ki te Reprezantan Kanada nan OEA, alepòk. Pandan konvèsasyon ki te tanmen nan mitan pèsonaj ki te la yo, Luigi Einaudi fè yon deklarasyon ki tèlman sonnen kri, kèk nan nou mande l repete sa li di a pou nou kapab sèten nou byen tande l.

Luigi Einaudi te repete klè kon dlo kòk: « Men veritab pwoblèm Ayiti : Kominote Entènasyonal la tèlman divize epi fòkòp, li kite se Ayisyen k ap dirije Ayiti »! Jan ou tande a! Se dyagnostik radiyès pèmèt sa a doktè blan malveyan an te fè nan nuit 31 janvye 2003, pandan plizyè milyon Ayisyen t ap prepare selebrasyon bisantè endepandans peyi yo. Nan demen, 1 janvye 2004, pandan mwen t ap filme bèl selebrasyon ki te fèt nan lakou Palè Nasyonal la, kamera m vire sou machwè David Lee ak Luigi Einaudi, pami “diyitè” – je chèch – ki te reponn prezan yo. 

Nou sonje ki jan laplipa Prezidan ak Premye Minis peyi ki fè pati Core Group lan, alèkile, te bòykote selebrasyon bisantè premye nasyon nèg ak nègès lib sou kontinan Lamerik lan. Mèzalò Prezidan Thabo Mbeki, ak Wa Dawome an, 2 gran diyitè moundebyen ki soti sou kontinan Lafrik Ginen te mete devwa yo opwòp, menm jan ak plizyè gran entèlektyèl moundebyen tankou aktè Danny Glover, ekriven Ama Mazama ak Pwofesè Molefi Kete Asante ki te vin fete gran evenman sa a ak plizyè milyon Ayisyen epi vrè zanmi Ayiti.

Tan fè tan kite tan! Otank depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg, se otank viris blan malveyan an, viris Jèvilen Jèvilis ak Jean-Baptiste Conze yo pa janm chanje metye. 

Nan ane 1915, lè blan Yanki yo t ap jistifye dappiyanp yo te fè sou Ayiti, se menm diskou rasis Luigi Einaudi a, yo t ap klewonnen. Parekzanp, alepòk, nan jounal National Geographic, Yanki yo te deklare: “Nou pral Ayiti pou nou ka mete lòd nan kay frè nwa nou an ki toujou an dezòd”. Rudyard Kipling, yon otè Angle ki soufri menm maladi a, ekri yon tèks li batize “Chay Ki sou do blan an” (le fardeau de l’homme blanc).

Kidonk, se yon teknik mastèbrenn kolon esklavajis odasye yo abitye adopte pou yo jistifye zak dappiyanp y ap mache fè toupatou sou latè. Nan pwopagann yo gaye pa si pa la, yo deklare kareman mèt tè a pa ka jere teritwa a. Yo di eritye lejitim yo se yon ekip voryen k ap plede fè krim youn sou lòt, epi «blan Tarzan» ak «blan Wonder Woman» sètoblije vin mete lòd, lapè, devlopman ak demokrasi.

Mèzalò, lè nou founi je gade reyalite a, kit se nan ane 2020, 2011, 2004 osnon 1915, koze kremòl blan odasye yo ap klewonnen an, nou idantifye sa kòm 100% manti. 

Parekzanp, nan 19vyèm syèk la, anvan Yanki yo te debake Ayiti, nou te genyen plizyè bon Prezidan pwogresis. Pami yo, annou site sèlman: Anperè Jean-Jacques Dessalines, Wa Henri Christophe, Anperè Faustin Soulouque, epi Prezidan Lysius Félicité Salomon Jeune.

  1. Anperè Dessalines : blan Franse fè konplo ak Pétion epi Evèk Katolik lan, yo sasinen lanperè 17 oktòb 1806.
  2. Wa Henri Christophe : yon gran vizyonè, yon nèg ki te genyen anpil disiplin ak ladrès, dirije pati Nò zile a soti 1807 rive 1820. Anwetan Sitadèl ekstraòdinè a, Wa Henri Premye kite anpil zèv enpòtan pou listwa. Pami zèv sa yo, mwen ankouraje jenès Ayisyen an fouye sou entènèt la pou yo li La Gazette Royale D’Hayti, yon jounal ki te pibliye plizyè fwa, jouk nan ane 1820. Gen yon Nègès save, pitit Ayiti k ap viv Ozetazini, ki mete dokiman Wa Henri yo sou entènèt la kote ou kapab konsilte yo gratis epi dekouvri zèv ekstraòdinè zansèt nou yo kite pou listwa. Nan yon lòt editoryal nou va founi je gade travay wodpòte Pwofesè Marlène Daut ap fè depi kèk ane nan domèn sa a. 
  3. Faustin Soulouque – se yon lòt ekzanp prezidan Ayisyen ki kite bèl tras pou nou, atravè manda li ki kòmanse an 1847 epi ki bout nan ane 1859. Soulouque pat yon nèg save. Se yon militè peyizan onèt, ansyen lyetnan sou Boyer ki pa t gen pyès foli prezidan – men enbesil rasis yo te vle sèvi ak li kòm popetwèl. Nou gen voum dokiman referans ki kore n lè nou di, orezime, Prezidan ki vin Anperè Faustin Soulouque te yon gran lidè ki te plis itil Ayiti pase Boyer, trèt ki te bay Lafrans ak lòt blan malveyan yo opòtinite retounen kolonize ekonomi ak politik peyi a.  Parekzanp, nou sonje ki jan, nan ane 1853, Anperè Faustin Soulouque te kenbe tèt devan Amiral Duquesne Lafrans te voye vin peze kou Ayiti pou yo fòse nou rekòmanse peye ranson 150 milyon Fran an. Kèk ane apre rezistans ewoyik Soulouque te fè a, blan malveyan yo te resi ekzile li sou zile Jamayik. 
  4. Lysius Félicité Salomon Jeune – ki te Prezidan peyi a soti nan ane 1879 rive 1888, se yon nèg save, oligachi opouvwa a te mete kanpe lwen politik aktiv nan peyi a, pandan anpil ane. Finalman Salomon retounen mete konesans li osèvis Ayiti. Tandiske sou Salnave se 1000 Goud «zòrèy bourik» ou te bezwen pou $1 Meriken; disiplin, kouray, onètete ak entèlijans Salomon kòm Minis Finans epi, apre sa, kòm Prezidan Ayiti, vin mete 1 Goud = $1 nan ane 1887. Tankou nou te wè sa a kèk mwa pase, pandan menm peryòd sa a, se detanzantan yon ekip bato blan malveyan te vin atake n, estwopye n.

Kèk ane anvan debakman Yanki yo, se Frederick Douglass, yon Nèg Abolisyonis Meriken, ki te Anbasadè Etazini ann Ayiti. Douglass te refize fè nou abi Yanki yo te vle fè nou nan poze sele sou Môle St. Nicolas. Blan Washington yo pa fè ni 2 ni 3, yo retire Douglass nan pozisyon an epi yo te kòmanse fè plan anvayi Ayiti.

Apre envazyon 28 jiyè 1915 lan, rejim diktati Fòs Okipasyon Yanki a te itilize 4 trèt kòm Kòmandè Bitasyon, vivi dan griyen, ki te twò kontan kite yo pase Echap Prezidansyèl nan kou yo, pandan blan malveyan yo t ap pase Pèp Ayisyen an anba rizib: 

1) Sudre Dartiguenave, popetwèl opouvwa soti 1915 rive 1922

2) Louis Borno, popetwèl opouvwa soti 1922 rive 1930

3) Louis Eugène Roy, popetwèl opouvwa soti 15 me rive 18 novanm 1930.

4) Sténio Vincent, popetwèl opouvwa soti 1930 rive 1941.

Lè yo fè kòmsi yo kite peyi a, nan ane 1934, pami tchoul Yanki yo te kite sou ban touch la, te genyen yon lòt popetwèl ki te konsidere tèt li “milat”. Tousuit apre Vincent ki te al bobo sou fwontyè a ak Trujillo ki te fè masakre plis pase 30 mil nèg (Dominiken ak Ayisyen), se Élie Lescot, yon 5kyèm popetwèl ki te vin pase yon tan ak wòl kòmandè bitasyon, soti 1941 rive 1946. 

Boutanfen, lè nou fouye papye listwa tankou yon liv ki pibliye nan ane 1920 sou tit «Livre Bleu d’Haiti», nou jwenn siy chak trèt sa yo te genyen dosye yo, eleksyon yo ak tout dat ekspirasyon yo (best before date) bye kachte nan men blan malveyan Wachingtonn yo.

Nan ki tiwa Wachingtonn, blan yo mete dosye ak tout dat ekspirasyon Duvalier, Martelly, Jovenel ak Wilson Jeudy? 

Pou nou ka wè pi klè, annou kite teren listwa yon ti moman, pou nou retounen gade «kote n ye la a», anba rejim kidnapè PHTK yo ki mare sosis yo pandan ane 2020 sa a ak blan malveyan Core Group yo ki anvayi peyi nou an, depi 16 zan!

Mèkredi 22 jiyè 2020 : Òganizasyon PetroChallenger Noupapdòmi ekri Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Antonio Gutierres, yon lèt tou dekachte, kote yo pote plent kont madan Helen Lalime paske manmzèl poze plizyè move jès ki pase anba pye dwa granmoun Pèp Ayisyen an ki, daprè yo menm, an dezakò ak ni misyon ofisyèl BINUH, ni konvansyon entènasyonal yo.  

Daprè konpatriyòt Noupapdòmi yo, se san di pètèt Helen Lalime ap ankouraje rejim bandi PHTK ki deklare tèt yo legal yo pase Manman Lwa peyi a anba pye, nan kad swadizan pwojè Konstitisyon tou nèf yo ta genyen pou ranplase Konstitisyon 29 mas 1987 la. 

Nan menm semèn ki sot pase a, 2 regwoupman pati politik pibliye deklarasyon pozisyon yo adopte anfas konjonkti politik malouk peyi a ap andire anba grif rejim Core Group/PHTK a.

Nan yon dokiman ki pote siyati Antoine Augustin pou Mouvement des Travailleurs et Citoyens, Petit-Frère Junie pou Ligue des Jeunes Progressistes Solidaires d’Haiti, Dunois Erick Cantave, pou Konakòm Renouvo, Pierre Michel Chery pou Forum Politique de Socioprofessionnels Progressistes Haïtiens (FPSPH), Jean William Jeanty pou Fowòm Patriyotik Papay, Erl Jean Pierre pou Inyon Fòs Demokratik (IFOD), Hébert Polycarpe ak Westner Polycarpe pou Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen, Joel Edouard Vorbe pou Pati Fanmi Lavalas, epi Boumba Nixon, Sitwayen, nou li :

“Okenn eleksyon bout mamit anba kontwòl lajan sal ak bandi legal pa p ka rezoud pwoblèm peyi a. Se pou sa, nou menm òganizasyon politik, òganizasyon sosyete sivil, òganizasyon dwa moun, òganizasyon fanm, òganizasyon peyizan, òganizasyon sendika, sektè prive, sitwayen angaje, apre anpil refleksyon sou sitiyasyon peyi a, nou mete nou dakò: okenn eleksyon pa posib ak pouvwa sa a”

Yo rapousuiv pou yo di :

«Men sou ki sa nou antann nou:

1- depa Jovnel Moyiz nan tèt peyi a san pèdi tan

2- Enstalasyon yon gouvènman Sali Piblik pou pi ta 7 Fevriye 2021

3- Jete baz pou tranzisyon an chita sou refondasyon leta a nan sekirite ak nan respè tout libète piblik

4- Pran dispozisyon pou Pèp la rejwenn diyite li

5- Ede nan reyalizasyon konferans nasyonal la

6- Pèmèt reyalizasyon Pwosè sou tout gagòt ki fèt nan lajan leta, tankou lajan CIRH ak pwogram petwo-karibe yo

7- Kreye kondisyon pou reyalizasyon Pwosè tout masak ki fèt nan peyi a sou rejim sanginè sa a

8- Pran tout dispozisyon pou gouvènman Sali Piblik la konvoke yon asanble konstitiyant pou yon nouvo konstitisyon demokratik

9- Monte yon nouvo sistèm elektoral ki pou garanti bonjan eleksyon

10- Rapòte tout dekrè anti-demokratik Jovnel Moyiz ap pran yo.

Pou n fini, n ap raple chimen tranzisyon an se yon pwojè, an menm tan, li se yon espas kote tout òganizasyon, tout sitwayen angaje an Ayiti kou nan dyaspora a kapab pote lide, brenn ak konpetans pou nou refonde leta a ».

Bò kote pa yo, responsab pati politik Fusion, OPL, Veye Yo, AAA ak Verite mete ansanm ak ansyen Majistra Youri Chevry epi Rony Colin pou yo menm tou, yo mande Jovenel Moise demisyone prese prese pou evite peyi a plonje pi fon nan katchouboumbe. 

Pandan nou t ap prepare editoryal sa a, nou aprann gen yon yon kò bandi Jovenel abiye an vètoliv, yo di ki se Brigad Forestye (BF), k ap mache bat polisye, libere bandi ki nan prizon vil Okap. 

Lòbèy sa yo po ko kite aktyalite a, laprès anonse 8 manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a deside fè yon kraze kite sa. Ki lès ki pase mesyedam KEP yo lòd? Ki fòs ki te pase Enkilpe a lòd ekri òganizasyon ki gen reprezantan yo nan KEP a, epi ki bay iltimatòm pou yo konfime osnon ranplase reprezantan yo nan KEP a? 

Moun KEP sa yo ki swadizan fenk bay lèt demisyon yo la a, ki travay yo t ap fè pou salè y ap resevwa depi plizyè ane nan peyi a?

Menm jan ak juisè ki t ap boloze anvan l lan, Enkilpe Jovenel Apredye pa fè pyès eleksyon. Okontrè, ansanm ak Martine, se magouy kat Dermalòg li t ap marinen. Kòmsi la a, leta Ayisyen pral mete tout moun sa yo sou lis pansyonè? Èske Sitwayen Jeanty, ce n’est déjà qu’un Souvenir ki jwenn revokasyon li menm jou gang PHTK a te nonmen li nan Ministè Lajistis la, pral mete non l sou lis pansyonè Leta Ayisyen tou? 

Se pa ti netwayaj senp non yon vrè gouvènman Ayisyen pral genyen pou li fè! Dechoukay 2020 pap kapab yon senp operasyon militè. Gen yon michan netwayaj an pwofondè ki nesèsè anndan tout enstitisyon leta yo.

Annou li kèk liy nan yon kominike Noupapdòmi fenk pibliye, tou suit apre anons demisyon 8 manm KEP ya.

Pou yo fini, konpatriyòt yo deklare :

Madi 28 jiyè 2020, nan vil Montreal, Solidarité Québec Ayiti kase randevou ak zannana kou pengwen nan Operasyon Rezistans Kako 2020. Militan yo pral poze tant yo devan Konsila Etazini nan Montreal pou yo ede pèp Ayisyen an rele anmwey nan zòrèy Blan Meriken ki po ko janm remèt rezèv lò Ayiti yo te vòlè nan ane 1914, plizyè mwa anvan debakman 28 jiyè 1915 lan. Li lojik, nan okazyon 105kyèm anivèsè debakman Yanki yo nan Bizoton, pou patizan lajistis toupatou sou latè rele chalbari dèyè viris blan malveyan yo ki mete jenou yo sou kou pèp Ayisyen an depi epòk koloni esklavajis lan, jouk alèkilè. 

Ayisyen toupatou leve kanpe, nou di: « Otan, blan malveyan! Ayiti pa pitimi san gadò! »

Lame Rezistans Kako kanpe.

Se Operasyon Dechoukay 2020 li ye tonton!

Comments are closed.