Pou ki sa Pèp Ayisyen nan goumen kont blan, depi dikdantan?

Time to stop resisting Haiti’s Resistance
May 16, 2019
Lysius Félicité Salomon Prezidan Ayiti
May 18, 2019

Pou ki sa Pèp Ayisyen nan goumen kont blan, depi dikdantan?

Nan yon atik mwen pibliye, an angle: “Time to stop resisting Haiti’s resistance“, ou va jwenn men longè yon lis lese frape ki te fèt ant nèg ak nègès Ayiti epi blan ki gen rasin yo nan patiray Lewòp. Se yon dokiman ki kouvri soti 1492 rive 2002. San di pètèt, evenman n ap viv nan ane 2019 yo montre nou, aklè, lese frape sa a po ko janm bout.

Alèkile, mwen vin pataje ak nou yon seri tèks an kreyòl ki va kore ak dokiman referans nan plizyè lòt lang, sitou angle ak franse.

Premye tèks yo va tabli osijè evènman ki te pase sou gouvènman Prezidan Lysius Félicité Salomon, nan mwa septanm 1883.

Pou nou byen tanmen koze a, annou founi je gade…

ki lès Salomon te ye? Epi, nan ki kondisyon li rive vin prezidan Ayiti?

Nan nuit 2 pou rive 3 oktòb 1879, Jeneral Richelieu Duperval mennen yon mouvman militè ki kapote gouvènman pwovizwa Hérissé-Lamothe la, epi yo mete nan plas li yon lòt gouvènman pwovizwa ki genyen Jeneral Lysius Félicité Salomon alatèt li. 

Lysius Salomon sete yon nèg save ki te fè gwo etid. Anplis, li te gen plizyè ane eksperyans kòm gran fonksyonè leta. Li te Senatè sou Riché, Minis Finans sou Anperè Faustin Soulouque. San konte, konbyen fwa yo te voye li nan kanpe lwen kòm minis chaje-d-pouvwa nan peyi lòt bò dlo. Tout sa te pèmèt li ranmase anpil konesans ni nan administrasyon leta, ni nan diplomasi. 

An plis bon travay ki te fèt nan domèn kilti latè ak enstriksyon piblik, se sou gouvènman Lysius Salomon Ayiti rantre nan Inyon Lapòs Inivèsèl. Nan ane 1887, li fè yo pase yon kab anba lanmè a pou pèmèt kominikasyon dirèk ant Ayiti epi kontinan Amerikdinò a. 

Malgre bèl pwogrè sa yo, sou Prezidan Salomon, Leta Ayisyen peye anpil kòb nan ranson zenglendoyik 1825 lan, kote Lafrans te ekzije Ayiti peye pou rekonesans endepandans li. An plis “dèt tèt anba” sa a, Salomon aksepte rekonèt kòm dèt nasyonal yon ponya tèt chaje Prezidan Michel Domingue ansanm ak Kredi Jeneral Franse te negosye sou do Pèp Ayisyen an. Kidonk, mesyedam ki konn li ak ekri yo vin abitye zòrèy Ayisyen ak yon veritab koze kredi: “la double dette d’Haiti envers la France”.

Blan yo wè se piyay ki t ap bay. Kidonk, se pa ni de ni twa reklamasyon ki vin fèt sou pretèks komèsan etranje sibi pèt akòz leve kanpe ki te fèt nan peyi a. Pou lavil Pòtoprens sèlman, Salomon bay etranje pwofitè yo plis pase yon demi milyon Goud. E, alepòk, Salomon te si tèlman pran tout kalite mezi pou li mete lòd nan finans peyi a, nan ane 1887, yon Goud Ayisyen te egal yon Dola Etazini (Histoire d’Haiti, Jean-Claude Dorsainville, p 316). Tandiske, sèlman 15 zan avan, sou Prezidan Nisage Saget, se 300 Goud ki pou te ba ou 1 Dola vèt. 

Nan ane 1868, sou prezidan Salnave, sa te pi grav toujou. Yo te batize Goud la “zòrèy bourik”paske ou te bezwen 1000 Goud pou 1 Dola (Haiti: State against Nation, Michel Rolph Trouillot).

Nan dokiman nou pral gade la yo, li klè kon dlo kòk, blan malveyan fè kò pou yo senyen Ayiti pandan peryòd sa a.

Annou kòmanse ak blan Angle ki deklare kareman, y ap poze sele sou zile Latòti paske, daprè kalkil yo fè, gen 628 mil Dola Leta Ayisyen ta dwe yon komèsan Angle.

Sa ou ko wè!? Sa se twòkèt la wi! Se atò, nou pral wè chay, fanmi m yo!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *