Tag: Ranson
-

2025 se ane restitisyon ak reparasyon pou tout pitit Ayiti toupatou
Konpatriyòt onè! Nou wete chapo pou salye memwa Patrice Lumumba ki tonbe anba grif blan malveyan yo nan peyi Kongo yon jou 17 Janvye 1961. Kòmalòdinè, nou pral rale retwovizè listwa pou nou etidye bon jan tras zansèt nou yo kite pou ede nou konbat gang Kò Gwoup an fanmi e alye k ap fè dlo koule nan je…
-

Lèt Tou Dekachte Yon Pitit Ayiti Voye pou Prezidan Aristide
Blan malveyan ki deklare tèt yo “zanmi Ayiti” yo maniganse, finanse epi dirije yon koudeta bisantnè ansanglante 29 Fevriye 2004 kont Pèp Ayisyen an. Se plizyè milye nèg ak nègès ki mouri sasinen pandan operasyon dekonstonbray mouvman demokratik la an Ayiti. Pami anpil vwa ki te soulve pou di ola, mwen te ajoute pa m, ak…
-

Kouraj ak sajès Pèp Ayisyen an pi fò pase ni konplo ni wanga
Konpatriyot, onè! Kèk semèn pase, nou te di : Koze a po ko fini. Blan Kidnapè 2004 yo fenk kòmanse konfese! Vwalatilpa, se tout bon vre, jodi a, nou rive nan kafou Sali Piblik la. Wi konpatriyòt! Jou delivrans n ap bouske depi dikdantan an, n ap wè li kanmenm! E, nou sou bon chimen pou nou rive,…
-

Ayiti gen dosye Restitisyon-Reparasyon pou: Lafrans, Lespay, Angletè, Almay, Etazini, Kanada…
Nan mwa me 2022, pandan pèp Ayisyen an ap sibi zak kidnapin gang lokal ki gen konplis entènasyonal, jounal New-York Times pibliye yon seri 6 atik osijè yon “Ranson” Lafrans te peze kou Ayiti pou li vòlè pandan 122 zan, apati ane 1825. Seri atik NYT lan klere limyè sou anpil koze. Mèzalò, gen plizyè…