Ayiti gen dosye Restitisyon-Reparasyon pou: Lafrans, Lespay, Angletè, Almay, Etazini, Kanada…

Haiti demands long overdue reparations and refuses to become Caribbean Rhodesia
May 31, 2022
Men vrè gouvènman Madan Lalime vle ofisyalize a
June 9, 2022

Nan mwa me 2022, pandan pèp Ayisyen an ap sibi zak kidnapin gang lokal ki gen konplis entènasyonal, jounal New-York Times pibliye yon seri 6 atik osijè yon “Ranson” Lafrans te peze kou Ayiti pou li vòlè pandan 122 zan, apati ane 1825. Seri atik NYT lan klere limyè sou anpil koze. Mèzalò, gen plizyè lòt eleman enpòtan otè yo pa prezante ditou osnon yo pa diskite aklè. Isit la, mwen pral pwojte plis limyè sou kèk nan eleman sa yo.

  1. Se plizyè peyi blan ki fè kò sou Ayiti depi nasyon an te nan pasaj, rive jouk nan moman ou ap li fraz sa a.

Annou gade kèk ekzanp kote peyi blan yo te fè kò kont Ayiti, anvan 1825.

6 Janvye 1805, selebrasyon premye ane endepandans Ayiti te apèn fini, Jeneral Louis Ferrand, yon blan Franse ki te nan vil Santo Domingo, pibliye yon dokiman ki lage gwo latwoublay nan lespri tout Ayisyen. Daprèzavwa Anperè Dessalines pa t lage chalbari dèyè tout blan Panyòl ki te kontinye okipe teritwa lès zile a; epi, daprèzavwa blan Franse ak blan Panyòl te kòkòt ak figawo nan moman an, Jeneral Ferrand dekrete: «tout blan ki sou teritwa Lozama ak Sibawo gen dwa layite kò yo sou tout teritwa nèg Afriken revòlte yodepi se ti moun yo jwenn ki gen mwens pase 14 zan, blan yo mèt fè dappiyanp sou yo epi pran yo kòm esklav». Se deklarasyon sa a ki konvenk Anperè Dessalines sele chwal lagè li ankò paske li reyalize fòk dechoukay blan malveyan yo fèt sou tout zile a alawonnbadè. Sinon, nèg ak nègès, pa p janm kapab viv nan lapè ak kè kontan. 

8 Mas 1805, pandan li t ap enspekte twoup Ayisyen yo ki te sentre vil Santo Domingo pou yo libere l, Anperè Dessalines manke pèdi lavi li anba boulèt kanno. Apre Dessalines retounen nan katye jeneral li, Ayisyen yo remake kèk bato Franse ki reyisi chape poul yo kite vil Santo Domingo malgre, selon akò Dessalines te fè ak blan Angle, bato lame Angle te sipoze bare yo pou anpeche sa rive. 

Nèf (9) mas, granm maten, blan Franse koumanse blayi boulèt kanno ak mitrayèt sou nou. Vwalatilpa, anvan lontan, olye se blan yo ki t ap franchi sou nou, se kilbite yo t ap kilbite, prese kase tèt tounen, al chèche refij nan vil Santo-Domingo. Jal Ferrand tèlman pran nan mache prese li pa menm gen tan ranmase blese li kite sou chan lagè. Yon palmantè Angle rantre Santo Domingo pou konseye Ferrand bay legen epi chape poul li anvan sa vin pi grav.  Plis tan t ap pase se plis nèg t ap depatcha lame kolon yo, pak an pak. Li te si tèlman klè Santo Domingo pa lontan rele n chèmèt chèmètrès, Boisrond Tonnerre, Chanlatte, Diaquoi ak lòt Ofisye nan etamajò Anperè Dessalines yo te gentan ap prepare yon konstitisyon tou nèf pou Lanperè nan moman li va rantre okipe vil Santo Domingo.

Men, vwalatilpa bridsoukou, 16 Mas 1805, Lanperè resevwa komisyon ki rive ak yon bato Meriken. Nouvèl la fè l konnen Angle yo remake yon kokennchenn ekspedisyon bato Franse k ap franchi sou nou.  

An reyalite, pa te janm te gen okenn gwo ekspedisyon lame Lafrans ki t ap franchi sou Ayiti vre. Plis jou t ap pase, se plis li te vin klè, Dessalines pran nan yon move pwopagann malatchong ki lakòz li te deside leve syèj vil Santo Domingo, sou baz mesaj Meriken yo. Li te gen tan twò ta lè Ayisyen yo vin konprann se yon gwo manti blan Meriken yo te bay Anperè Dessalines. 

Remake: Jal Ferrand se te blan Franse. Poutan, se blan Panyòl ki te kanpe ak li anndan vil Santo Domingo. Anplis, si se pa t sipò blan Angle ak Blan Meriken li te jwenn, Jal Ferrand t ap oblije degèpi epi, rapid vit, Dessalines t ap reyisi debarase tout zile a de dènye rès kolon esklavajis yo. 

Kidonk, nan ane 1805, kolon blan esklavajis (Meriken, Angle, Panyòl ak Franse) te antann yo an mòd Kò Gwoup pou yo anpeche Dessalines rekipere tout teritwa zile a alawonnbadè. 

Histoire d’Haiti Tome 3 (1804-1807) p181, Thomas Madiou

Nan menm ane 1805 sa a, Ayiti pot ko gen 2 zan, lè Minis Afè Etranjè peyi Lafrans, Prince Charles Talleyrand ekri Sekretè Deta Ameriken James Madison, li di: “ekzistans yon bann nèg ame ki okipe yon peyi yo sal ak zak kriminèl se yon espektak tèrib pou tout nasyon blan sou latè”. Etazini reponn kouzen blan Franse yo lapoula! Yo entèdi komès ak Ayiti nan ane 1806.

2. Ayisyen te toujou reziste kont zenglendo blan yo

Ekzanp Wa Henri Christophe 1814.

3 espyon franse debake Ayiti nan ane 1814. Yo te reseva lòd klè nan men M. Malouet, reprezantan Wa franse Louis XVIII pou yo kòwonp Pétion, Borgella ak Christophe, konvenk yo aksepte remèt Lafrans kontwòl zile a, menmsi se an soudin. Espyon yo fè bèl resèt nan patiray Petion ak Borgella. Men yo jwenn resif kay Christophe. Si nou vin jwenn dokiman istorik sa yo, se granmesi Wa Henri 1e (Christophe) ki te poze lapat sou youn nan espyon yo (Franco de Medina) epi fòse li pale. Wa Henri 1e te pibliye entèwogatwa espyon franse a nan jounal ofisyèl La Gazette Royale.

Remak: sa yo se pa dokiman ki te parèt 10, 20, 50 ane apre evènman yo non – tankou pwopagann nou te vin aprann sou ban lekòl frè FIC yo. Osito Wa Henri Christophe te poze lapat sou Agostino Franco de Médina li te pibliye entèwogatwa espyon franse a. E, sa ki enpòtan pou nou souliyen, lè plizyè ane pi ta, nou vin jwenn korespondans sekrè ant Pétion ak Lafrans, yo konfime akizasyon Christophe te fè yo. Kidonk, se pa “opinyon” onson “kwayans” ki devan je nou la a, se fè istorik, dokiman otantik!

Yon lòt aspè enpòtan nan koze sa a se karaktè sekrè kominikasyon Pétion t ap fè ak Wa zenglendo Lafrans lan, tandiske an piblik – akòz atak Wa Henri Christophe t ap fè piblikman sou li yo – Pétion t ap fè fo diskou nasyonalis kont Lafrans.

LETTRE DE BLANC POUR PÉTION!
Annou li lòd 3 espyon franse yo te resevwa nan men M. Malouet, reprezantan Wa franse Louis XVIII.

Il est raisonnable de supposer que Pétion et Borgella, satisfaits d’obtenir faveur entière, pour eux et pour un petit nombre des leurs, qui sont les instrumens nécessaires, consentiront, sans difficulté, à ce que leur caste, en acquérant la presque totalité des droits politiques, reste pourtant, à quelques égards, un peu au-dessous de la caste blanche: car, d’une autre part, l’assimilation totale à eux accordée, sera plus saillante et plus flatteuse; et de l’autre, leur caste sera d’autan plus assurée de maintenir la caste noire libre, et par celle-ci, les noirs non-libres à la distance ou il lui importe de les maintenir, qu’elle aura elle-même laissé subsister une petite différence entre elle et les blancs. On insiste beaucoup sur ce point…

…Il est bien important de conserver aux blancs une prééminence quelconque sur les gens de couleur du premier ordre, sauf à admettre absolument et sans restriction aucune, Pétion, Borgella et quelques autres, dès à présent, parmi les blancs, et à donner, par la suite, sobrement: de temps à autre, des lettres de blancs à quelques individus que leur couleur éloignée du noir, leur forturne, leur éducation; leurs services auront rendus dignes de cette faveur…”1814 – Instructions données par M. Malouet, ministre de la marine, a MM. Dauxion-Lavaisse, de Medina et Dravermann.

Kidonk, espyon Lafrans voye nan ane 1814 yo te fè ansyen lib yo yon pwopozisyon endesant pou yo trayi ideyal 1 Janvye 1804 lan. Daprè tout sa nou vin obsève annapre, menm si yo pa janm admèt sa piblikman, trèt ki fè krim 17 Oktòb 1806 yo te fè yon aranjman ak gang blan yo. Se aranjman sa a ki vin kaselezo li bay Repiblik Nèg anti-Nèg ki okipe 1/3 zile a sou lobidyans Pétion epi, apre lanmò Pétion, sou tout zile a anba “gouvènans” Jean-Pierre Boyer.

Nan liv li “Empire, Racial Capitalism and International Law: The Case of Manumitted Haiti and the Recognition Debt”, otè Liliana Obregón ekri: “Rekonesans Ayiti pa Lafrans se tankou lè yon mèt afranchi esklav li, sa pa fè li totalman endepandan epi granmoun vre. Okontrè, Ayiti te kontinye ekziste kòm yon espas kolonyal, yon “koloni komèsyal”, ki rete sou lobidyans atravè dèt ekstèn li epi gouvènans li ki souche aletranje, jiskaprezan” –  Sous: Leiden Journal of International Law (2018), 31, pp. 597–615

Li klè kon dlo kòk, refize rekonèt dwa granmoun pèp Ayisyen an se yon atitid peyi blan yo adopte, keseswa tan ki pase, keseswa modèl gouvènans peyi blan sa a adopte (Anpi, Repiblik, Demokrat, Repibliken, Liberal osnon Konsèvatè).

Liliana Obregón te fè menm obsèvasyon avèk mwen, lè li ekri: “nan mitan blan Ewopeyen yo, se yon kwayans jeneralize, yon konsansis, kòmkwa Afriken an, kit li esklav, kit li lib, pa gen kapasite pou li dirije tèt li etank yon endividi, alevwa pou li ta dirije yon nasyon”.

Daprè sa mwen obsève depi mwen fèt, sou planèt sa a, “konsansis” sa a pa janm chanje nan mitan desandan Napoleon, Elizabeth I, Cromwell, Washington ak Jefferson yo. Foli sipremasi blan an se yon ideyoloji ridikil ki chita sou enbesilite total kapital. Li tèti pase kolowòch.Tan k ap pase pa brennen l.

Daprè Liliana Obregón, “blan Franse yo te reyalize plan orijinal pou yo te retounen sou zile a, remete majorite Ayisyen nan chenn esklavaj epi bay elit yo “lettres de blanc” an te fè bèk atè. Se lè sa a, Minis Afè Etranjè Wa Louis XVIII lan vini ak yon estrateji tou nèf: “yon lòt modèl kolonizasyon”… yon koloni komèsyal, ki gen yon avantaj bab e moustach – li pa ekzije depans ki asosye ak koloni esklavajis yo…Olye yo tabli dominasyon kolonyal sou Ayiti, yo pral itilize yon nouvo fòmil depandans komèsyal ak endistriyèl k ap transfòme Ayiti an “koloni komèsyal” ki kwè li genyen ak Lafrans yon relasyon zanmitay, alyans, resipwosite epi komès”.

Pou yo jwenn rezilta yo bezwen an, gang blan malveyan yo pral kore swadizan dezyèm strateji sa a ak yon michan kanpay atak bato boulèt kanno, san pran souf, kont Ayiti.

Atak pou kolekte Ranson Wa Zenglendo Charles X ki fèt 17 Avril 1825 lan, se youn pami yon dividal zak ki suiv menm fòmil lan. Nan yon lòt dokiman, mwen pral founi je gade plizyè ekzanp konplo gang blan malveyan yo fè pou konsolide dominasyon yo sou nèg ak nègès zile Ayiti, ayè tankou jodi.

Comments are closed.