Pou ki sa blan yo toujou an demon kont Pèp Ayisyen an?

Lysius Félicité Salomon Prezidan Ayiti
May 18, 2019
Can Haitians help make Canada better!?
July 4, 2019

Pou ki sa blan yo toujou an demon kont Pèp Ayisyen an?

Nou te wè ki jan Nèg ak Nègès ki vin fòme nasyon yo batize Pèp Ayisyen an, se depi yo te sou kontinan Lafrik yo tanmen yon lese frape, san pran souf, ak anvayisè blan Ewopeyen yo.

Pandan plis pase 300 ane apre debakman yo sou zile Ayiti, nèg ak nègès te kontinye ap goumen kont blan pou yo ka viv tankou moun. Viktwa 18 novanm 1803 ki louvri pasaj pou deklarasyon endepandans Ayiti, jou 1 janvye 1804 la, se te “tou pre pa lakay“, puiske se atò nèg ak nègès te oblije fè lagè kont kolon blan malveyan.

Pandan tout peryòd 19 vyèm ak 20 tyèm syèk la, blan Ewopeyen yo te fè kò sou Ayiti. Bato youn pot ko kite zile a, yon lòt debake, li brake kanno li sou palè nasyonal pou li estwopye nou. Yo te batize metòd ekstòsyon sa a “diplomasi bato boulèt kanno“.

Nan ane 1805, Ayiti pot ko gen 2 zan, lè Minis Afè Etranje peyi Lafrans, Prince Charles Talleyrand ekri Sekretè Deta Ameriken James Madison pou li di: “ekzistans yon bann nèg ame ki okipe yon peyi yo sal ak zak kriminèl se yon espektak tèrib pou tout nasyon blan sou latè”. Etazini reponn lapoula! Yo entèdi komès ak Ayiti nan ane 1806. Yo renouvle anbago sa a nan ane 1807 ak 1809.

Nan mwa fevriye 1806, Francisco de Miranda debake nan vil Jakmèl, li vin chèche èd nan men Ayiti. Daprè istoryen Thomas Madiou (Histoire d’Haiti), Dessalines pa t rankontre fas pou fas ak Miranda paske, nan moman an, Anperè a te nan kapital la. Men, li pase Jeneral Magloire Ambroise lòd pou li resevwa Miranda kòmsadwa epi ede misye. Gen lòt istoryen, tankou Beaubrun Ardouin, ki di non sèlman Dessalines te resevwa Miranda an chè e an zo, Dessalines te bay Miranda konsèy itilize estrateji “koupe tèt, boule kay” pou li libere Amerik Latin. (Études sur l’histoire d’Haiti, Beaubrun Ardouin, Tome 6).

Menmsi, gen divèjans nan rapò istoryen yo, sa ki klè kon dlo kòk: 19 fevriye 1806, Miranda te vin chèche èd ann Ayiti nan men Dessalines ki, li menm, te reyisi debarase zile Ayiti de blan esklavajis Franse, Britanik ak Panyòl, youn apre lòt. Orezime, misyon Miranda te vin fè ann Ayiti a te gen anpil siksè paske Dessalines te bay Miranda lajan, zam ak minisyon pou li pouswiv liberasyon Amerik Latin.

Nan ane 1816, se Prezidan Alexandre Pétion ki akeyi Simon Bolivar nan vil Okay, de bra louvri. Menm jan Dessalines te fè ak Miranda a, Pétion ede Bolivar e li repete menm demann an retou Ayiti te toujou fè a: “tout kote liberatè Amerik Latin yo va pote viktwa, se pou yo libere tout moun ki esklav“. Se vre, Bolivar te libere 1500 esklav li te genyen nan plantasyon San-Matéo, tou pre Caracas. Men, mesyedam blan ak “milat” Amerik Latin yo te trayi pwomès yo te fè Ayisyen pou yo aboli lesklavaj nètalkole, sou teritwa yo konkeri yo. Kipizè, lè premye reyinyon peyi Amerik yo ap fèt nan vil Panama, nan ane 1826, Bolivar koube devan presyon blan Meriken rasis yo, li anile envitasyon li te fin voye bay Ayiti pou li patisipe nan woumble sa a.

Nan ane 1825, ak konkou lòt pouvwa blan esklavajis epòk sa a, Lafrans mobilize 15 bato lagè ki vin aplike “diplomasi bato boulèt kanno” sou Ayiti. Orezime, yo peze kou Ayiti yo kolekte 90 milyon Fran Lò, nan yon ranson yo te tabli odepa pou 150 milyon Fran Lò. Pou jistifye zak “vol à main armée” sa a, Wa Lafrans lan, Charles X, itilize menm “lojik” blan Britanik yo te bay pou yo jistifye konpansasyon ansyen kolon Angle esklavajis yo ki te pèdi “pwopriyete prive yo” akòz pwoklamasyon emansipasyon an – kidonk, nèg ak nègès yo te kidnape epi mete nan chenn yo.

Nan ka Ayiti, atak kolon yo pa te janm sispann.

Nan ane 1853 bato Franse tounen. Se Amiral Duquesne ki vin fè presyon sou Anperè Faustin Soulouque pou li kontinye peye Ranson 1825 la. Anperè Soulouque di non li pap peye anyen! Orezime, lè yo remake Soulouque pap brennen, Duquesne ak blan zenglendo li yo sètoblije plwaye ke yo retounen an Frans de men vid.

Jiyè 1861, bato blan Panyòl vin ransone Ayiti – Rezon: Blan yo deklare Ayisyen ap ede Jeneral Dominiken Cabral ak Sanchez ki t ap reziste kont blan Panyòl ki te vle foure Repiblik Dominikèn anba zèsèl yo. Amiral Panyòl la ki te rele Rubalcava peze kou Ayiti, li pran $200,000 plis salitasyon 21 kout kanno sou lòd Prezidan Ayisyen alepòk sa a, Fabre Nicholas Géffrard.

1861-1865: Minorite blan ak “milat” ki nan Repiblik Dominikèn nan rele Lespay vin okipe peyi a. Ayisyen yo te krenn pou lesklavay pa retounen blayi sou tout zile a. Kidonk, nou pote lamenfòt bay patriyòt Dominiken yo, e nou ede yo sove endepandans peyi yo, sou pati lès zile a (Haiti: The Breached Citadel, Patrick Bellegarde-Smith, p183).

1870: Blan Meriken fè yon atak “diplomasi bato boulèt kanno” sou Ayiti ak bato U.S.S. Dictator (se nan menm ane sa a, yo adopte 15zyèm amandman Konstitisyon Etazini an, ki resi bay gason nwa dwa pou yo vote).

1872: Blan Alman fè yon atak “diplomasi bato boulèt kanno” sou Ayiti. Kaptenn Basch kolekte 3000 Liv Estèlin epi li badijonnen drapo Ayisyen an ak kaka bounda blan Alman.

1877: Mwa mas – Blan Franse fè yon atak “diplomasi bato boulèt kanno” sou Ayiti. Rezon: yo vin fòse Ayiti rekòmanse peye Ranson 1825 lan ki te rete yon balans 20 milyon Fran-Lò. 

Desanm 1877: bato blan Panyòl retounen vin panike Ayiti. Blan yo brake kanno yo sou Palè Nasyonal la paske yo di yo sispèk Ayiti ap sipòte nèg revòlte sou zile Kiba.

Sept. 1883: Nan mitan revòlt popilè ki anvayi Pòtoprens, kapital la, reprezantan diplomatik peyi Lafrans, Angletè, Almay, Bèljik, Espay, Oland, Nòvèj ak Syèd siyen yon iltimatòm kote yo menase Prezidan Lysius Félicité Salomon pou yo bonbade Palè Nasyonal la.

Nan yon lòt tèks nou te pataje ak ou lèt Prezidan Salomon te ekri palmantè Ayisyen yo 7 oktòb 1884, kote li pase lòd pou Leta Ayisyen peye komèsan etranje ki di yo te viktim soulèvman popilè mwa septanm 1883 yo, plis pase 1 demi milyon Goud.

Nou te wè nan yon lòt tèks, ki jan, nan menm ane 1883 sa a, peyi Angletè te menase poze sele sou zile Latòti toutotan Ayiti pa bay komèsan Angle 628 mil Dola yo deklare nou dwe yo.

Ojis, se yon veritab masuife Prezidan Salomon t ap monte ak kò zenglendo blan sa yo, pandan li t ap demele li jan li konnen pou li mete Ayiti sou ray devlopman.

Tou pandan l ap peye Ranson 1825 lan ak dividal dèt ekstòsyon sa yo, Prezidan Salomon tabli bon jan sèvis lapòs, bati lekòl, kore agrikilti modèn, epi fè yon kab pase anba lanmè a pou pèmèt kominikasyon pa telegram. Prezidan Salomon mete kanpe yon sistèm bank modèn nan peyi a ak bon jan kontwòl pou kwape koripsyon, jiskaske, nan ane 1887, 1 Goud vin egal 1 Dola Meriken.

Men, se nan menm ane 1887 sa a, blan Angle retounen ankò ak menas pou yo poze sele sou zile Latòti a. Ojis, se depi nan ane 1870 yo, blan Angle devlope obsesyon sa a. Yo di se yon sèten Madanm Maunder ki te genyen zile a. Men, daprèzavwa madanm nan pa ta peye lwaye (taks?), Leta Ayisyen repran zile a epi anile kontra Madanm Maunder te genyen an. Vwalatilpa, nan mwa mas 1887, peyi Angletè voye yon delege Pòtoprens ak yon iltimatòm pou Leta Ayisyen oswa remèt zile a bay Angletè, oswa peye yo 1 milyon Dola. Si se pa sa, Angletè sèmante l ap bonbade tout pò ki pi enpòtan nan peyi a.

Èske, kounye a, ou koumanse konprann pou ki sa Ayiti se yon peyi rich ki chaje ak moun nwa yo rann pòv?

everytime we plant a seed they say kill it before it grows
Chak fwa nou plante yon grenn, yo di fout touye l, anvan li pouse

Robert Nesta Marley

3 Comments

  1. Tahina says:

    Yon kokennchenn travay, mesi

    • Marie Nadine Pierre says:

      RastafarI love.

      YEP! Blessed lovel#1804 #Ayiti #GodisNotWhite #StopGunBoatDiplomacyNow! #Jafrikayiti

  2. Marie Nadine Pierre says:

    RastafarI love Jafrikayiti. I always love to read your blog posts. And, I learn so much about Ayiti’s legacy and your perspective provide me with good food for thought and compel me to apply critical approach to analyzing the events. Thank you for your research and for making this available to everyone for free on the internet. I feel that all Ayoti people should know this legacy so that they can be well informed and empowered to make better decisions about their lives and so forth. I am excited to work on developing ways that this information and the great resources that you share become more accessible to Ayiti people on the internet and other related formats. Blessed love.#1804 #Ayiti #StopGunBoatDiplomacyNow! #PayUsBackOurMoney!