Tag: Ferrand
-

Kouraj ak sajès Pèp Ayisyen an pi fò pase ni konplo ni wanga
Konpatriyot, onè! Kèk semèn pase, nou te di : Koze a po ko fini. Blan Kidnapè 2004 yo fenk kòmanse konfese! Vwalatilpa, se tout bon vre, jodi a, nou rive nan kafou Sali Piblik la. Wi konpatriyòt! Jou delivrans n ap bouske depi dikdantan an, n ap wè li kanmenm! E, nou sou bon chimen pou nou rive,…
-

Ayiti gen dosye Restitisyon-Reparasyon pou: Lafrans, Lespay, Angletè, Almay, Etazini, Kanada…
Nan mwa me 2022, pandan pèp Ayisyen an ap sibi zak kidnapin gang lokal ki gen konplis entènasyonal, jounal New-York Times pibliye yon seri 6 atik osijè yon “Ranson” Lafrans te peze kou Ayiti pou li vòlè pandan 122 zan, apati ane 1825. Seri atik NYT lan klere limyè sou anpil koze. Mèzalò, gen plizyè…
-

Se menm jan ak Mahala pou Ayiti chanpyon
Jodi a, dimanch 20 Jen 2021, nou wete chapo pou nou salye chak pitit Ayiti k ap bouske bon lavi, chak jou ki jou, san pran souf, sou zile a tankou aletranje. Demen lendi 21 Jen 2021 an, Emisyon Sewòm Patriyotik pral fete 6zyèm rekòlt kafe li. Nan okazyon anivèsè sa a, tout ekip Sewòm nan bat…
-

Chavire chodyè a nèt epi mete dife!
Konpatriyòt, onè! Li klè, pou Ayiti libere, fòk ke makak blan an kase bon kase! Mwa pase a, nou te founi je gade ki jan, 7 fevriye 1986, Jean-Claude Duvalier ak Michèle Bennett, 2 vòlè piyajè te resi degèpi kite Ayiti. Dechoukay te tanmen toupatou nan peyi a. Rapid vit, Konsèy Nasyonal Gouvènman (KNG) Jal Henry Namphy t ap dirije…