Se menm jan ak Mahala pou Ayiti chanpyon

Flè dè mè 2021
May 31, 2021
Men Solisyon an! Bravo Pèp Ayisyen!
July 13, 2021

Jodi a, dimanch 20 Jen 2021, nou wete chapo pou nou salye chak pitit Ayiti k ap bouske bon lavi, chak jou ki jou, san pran souf, sou zile a tankou aletranje. 

Demen lendi 21 Jen 2021 an, Emisyon Sewòm Patriyotik pral fete 6zyèm rekòlt kafe li. Nan okazyon anivèsè sa a, tout ekip Sewòm nan bat bravo lakontantman ak anpil rekonesans pou reyalizasyon ekstraòdinè konpatriyòt ki te alorijin akouchman bèl pitit sa a, espesyalman gouvènè lawouze nou yo: Maud Jean-Michel (Sanit B) ak Pierre-Paul Arthur Fils-Aimé (Pierrot). 

Mèsi Radyo Timoun daprèzavwa, menm jan ak Prezidan Fondatè a, Doktè Jean-Bertrand Aristide, ou se yon zouti ekselans pou ti moun, pou gran moun, pou tout moun.

Kòmalòdinè, jodi a, nou pral rale retwovizè listwa pou nou etidye bon jan tras zansèt nou yo kite pou ede n konbat gang Kò Gwoup an fanmi e alye k ap fè dlo koule nan je nèg ak nègès, depi dikdantan. 

Mèzalò, jodi a, pandan n ap prepare n pou yon viktwa final sou malfèktè yo, annou jouke tèt Mòn Vètyè, kòtakòt, pou nou pentire tablo bèl Ayiti Manman Cheri nou merite a, bèl Ayiti Manman Cheri n ap travay pou nou bati ansanm nan.

Daprè chif nou ranmase nan liv Istoryen Thomas Madiou, nan ane 1804, te genyen 825 mil moun ki t ap respire nan patiray zile a ki te sou lobidyans Ayisyen.  Nou konnen ki jan sou tout lòt teritwa kontinan Lamerik yo, nèg Lafrik te kontinye ap viv anba mati lesklavaj. Nou kapab konprann pou ki rezon, nan zanviwon vil Dessalines sèlman, zansèt yo te konstrui yon latriye fò pou defann libète nou. Fò sa yo te batize : Fò Lasous, Fò Debite, Fò Kilbite, Fò Deside, Fò Inosan, Fò Lafendimonn, elatriye…

Études sur l’histoire d’Haiti, Beaubrun Ardouin

Kidonk, se nan yon anbyans veye malfèktè agoch, veye malfèktè adwat, Ayiti selebre anivèsè endepandans li 1 Janvye 1805. Istoryen yo di nou, se gwo tonton selebrasyon ki te genyen jou sa a. Anpil bèl flè te dekore tout vil nou yo. Yon seri chwal byen pòtan ak kavalye ki konn fè chwal yo galope sou vitès zèklè, t ap bay ekzibisyon depi 9vè di maten rive 2zè nan apre midi. Vil Gonayiv t ap gwonde ak son tanbou Lafrik ki t ap fè tyovi yo danse tout kalite bèl dans : Kongo, Rada, Ibo, Nago, Petwo, Dawome elatriye. Se te bèl fèt selebrasyon kè kontan nèg ak nègès ki te reyisi degèpi pichon, blan malveyan esklavajis yo, tout bon vre nan peyi yo. 

Vwalatilpa, brid sou kou, selebrasyon apenn fini, 6 Janvye 1805, yon blan Franse ki rele Ferrand rete nan vil Santo Domingo li pibliye yon dokiman ki lage gwo tristès ak latwoublay nan lespri tout Ayisyen.

Daprèzavwa Dessalines pa t lage chalbari dèyè tout blan Panyòl ki te kontinye okipe teritwa lès zile a, epi, daprèzavwa blan Franse ak blan Panyòl te kòkòt ak figawo nan moman an, Jeneral Ferrand te santi li alèz pou li dekrete ak anpil frekansite : «tout blan ki sou teritwa Lozama ak Sibawo gen dwa layite kò yo sou tout teritwa nèg Afriken revòlte yo», kidonk teritwa pèp Ayisyen an!

Jeneral Ferrand rapousuiv, li di : «depi se ti moun yo jwenn ki gen mwens pase 14 zan, blan yo mèt fè dapiyyanp sou yo epi pran yo kòm esklav». Se deklarasyon radiyès pèmèt sa a ki te konvenk Papa Dessalines fòk dechoukay blan malveyan yo fèt sou tout zile a alawonnbadè. Sinon, nèg ak nègès, pa p janm kapab viv nan lapè ak kè kontan. 

Pa bliye : lè nou te kase chenn sou zile Ayiti, se premye fwa nan listwa limanite sa te janm rive. Sou kontinan Lamerik yo, Ayiti te sèl peyi kote Afriken te gen posiblite viv tankou moun. Toupatou, zile Jamayik, zile Kiba, Amerikdisid, Ameriksantral osnon Amerikdinò : nèg ak nègès te kontinye ap pase mati anba men blan malveyan esklavajis. 

Plis pase yon jenerasyon ale anvan lesklavaj kaba nan Kanada ak rès teritwa blan Angle yo te vòlò nan Lamerik. Etazini menm, 1 Janvye 1863, Prezidan Abraham Lincoln deklare libète jeneral pou tout Afriken. Malgre sa, anpil kolon blan refize respekte desizyon sa a. Yo fè tout sa ki posib pou anpeche Afriken yo okouran leta peyi a aboli lesklavaj. 

Annou koute temwanyaj yon grandèt ki te rele Laura Smalley :

« «Old Massa – kidonk : Vye Mèt la » pat janm di nou nou te lib! Fòk yo te rete tann, daprè mwen mem, omwens 6 mwa anvan yo te reyisi anonse nou sa. Yo di nou sa 19 Jen 1865 – Se poutèt sa nèg selebre jou 19 Jen an.»

Li klè, blan malveyan yo te vle kontinye pwofite kouraj Afriken yo pou granmesi, osi lontan ke posib.

Pa bliye : ou kapab tande vwa Grann Laura nan yon dokimantè ki rele «Remembering slavery» (n ap sonje lesklavaj).  Se nan ane 1998 yo pibliye kasèt antrevi ak plizyè ansyen esklav, tankou Grann Laura, ki anrejistre depi ane 1930 yo. 

Wi! Jan ou tande a! Yo te gen tan envante radyo kasèt pou anrejistre vwa Afriken sa yo ki te siviv lanfè lesklavaj nan peyi Etazini. Men, kasèt sa yo te rete kache byen fon anndan gwo bibliyotèk Kongrè Meriken an.  Ojis, se ayè Samdi 19 Jen 2021 an, nan peyi Etazini, yo resi selebre Juneteenth – kidonk 19 Jen – kòm yon fèt nasyonal, pou premye fwa!

Lè nou byen analize sa k ap pase ann Ayiti epi toupatou sou latè, jodi 20 Jen 2021 an, nou remake se toujou menm reyalite a ki devan je nou : blan malveyan yo vle kontinye souse san nèg ak nègès, jiskaprezan!

Parekzanp, nou wè sa nan rapò misyon OEA te voye Ayiti semèn pase yo, kote yo layite yon dividal radòt : chanjman Premye Minis defakto, foli fè «eleksyon demagòg Dermalog», pou yon lòt Popetwèl ka vin ranplase Jovenel Moïse. Kidonk, magouy pou bandi PHTK renouvle tèt yo epi kenbe dominasyon blan malveyan yo tennfas an Ayiti. 

OEA – BINUH – yo tout fin fou, y ap pwodui «rapò si» – pou fòse Ayiti anbreye sou chimen pèdi tan. 

Tandiske Ayisyen t ap prepare manifestasyon douvan biwo Nasyonzini nan New-York pou denonse Madan Lalime kòm konplis bandi PHTK yo, manman rizèz la fè je li byen chèch nan reyinyon Jedi 17 Jen 2021 an, li rakonte Konsèy Sekirite Nasyonzini ki jan BINUH (Bureau intégré des Nations unies en Haïti) k ap feraye sou lobidyans li an, gen lapenn ak tèt fè mal lè li konstate gwo vyolans ak van lanmò gang Jovenel yo tabli an Ayiti. 

Martine Moïse kote videyo sasinay Mèt Dorval la?

Nan rapò sa a, ipokrit yo di : soti 1 Fevriye rive 31 Me ane sa a, gang kriminèl touye 5 polisye, 78 sivil nan popilasyon an. Moun ki pa konnen jan Madan Lalime ak kriminèl Jovenel yo se kòkòt ak figawo riske pran nan blòf la. 

Pandanstan, dosye ankèt sou sansinay Mèt Monferrier Dorval kontinye ap fè bak. Yon lòt fwa ankò, Jij Renord Régis ki responsab dosye sa a ap sibi gwo menas. Nou sonje, ane pase, sou wout Lalue, tou pre lekòl Sainte-Rose de Lima, bandi PHTK yo te atake machin Jij Régis ak kout wòch.  Alèkile, se Komisè Gouvènman an menm, Mèt Bed-Ford Claude, ki refize ekzekite òdonans Jij Enstriktè Renord Régis. Kipizè, Direksyon Jeneral Lapolis fenk dezame polisye ki t ap asire sekirite jij Régis.

Tout bagay sa yo ap rive nan peyi a, anba je Nasyonizi, OEA ak rès makòn ipokrit yo… pandan Martine Moïse, madanm Jovenel, te sipoze parèt devan Jij la Jedi 17 jen ki sot pase a. Okontrè, madanm ki t ap montre Jovenel videyo sasinay Mèt Dorval a 10zè15, kidonk 2 minit apre krim nan, monte avyon ak mari li nan direksyon peyi Tiki.  Gen omwens 8 òdonans Jij Enstriktè Renord Régis ki bloke nan Pakè Pòtoprens. Pami moun Jij la te sipoze tande, nou ka site : Aramick Louis, Carl Murat Cantave, Joseph Jouthe, Martine Moïse ak Guichard Doré.

Alèkile, Jij Regis deklare li tankou: «yon kadav k ap sikile». Li pè pou sekirite li, se nan kache li ye. Kidonk, lè Pèp Ayisyen an di Jovenel ak Martine Moïse se kriminèl se pa jouman sa ye, se yon konsta!

Menm jounen Jedi 17 Jen 2021 Madan Lalime t ap radote devan Konsèy Sekirite Nasyonzini an, pandan Martine Moïse bay Jij Régis poto sou dosye Mèt Dorval la, gen yon evènman ekstraòdinè ki t ap raple nou nan peyi Kotdivwa, brigan kou li brigan, malveyan kou li malveyan, kolon enperyalis la pa toupisan. Ansyen Prezidan Laurent Gbagbo retounen nan Abidjan, kapital peyi Kotdivwa, apre 10 zan ekzil ak pèsekisyon menm sila yo ki te kidnape epi ekzile Prezidan Jean Bertrand Aristide yo. 

Viktwa sa a pèp Kotdivwa fenk ranpòte a, menm jan ak viktwa nou menm Ayisyen nou te fete jou 18 Mas 2011 lan, se bon jan sewòm k ap bannou fòs pou nou reziste pi rèd – puiske batay la po ko bout.

An verite, semèn sa a, Ayisyen toupatou gen kè plen lè yo wè videyo bandi G9 k ap simen latèrè nan kapital la. Plizyè santèn malere ap kouri kite kay yo nan Bèlè, nan Bòlòs, nan Matisan… paske bandi alye pouvwa kriminèl defakto a ap mache touye sivil, mache sasinen bon polisye ki refize trayi peyi yo.

Bandi yo atake Berhmann Motors. Yo ratibwaze lokal RNDDH, yon bèl kay an bwa, achitekti kolonyal, yo boule sa ra pye tè. Nou ka wè videyo bandi Jimmy Cherizier, alyas Babekyou, alatèt yon makòn vòlè ki kèpòpòz y ap dechèpiye Mache Ti Tony. Jodi a, pandan n ap ekri editoryal sa a, nou aprann PNH la konte yon lot kadav ankò. Se Enspektè Silencieux Jeanty ki pèdi lavi li maten an sou wout frè.

Tout jan ou gade reyalite nèg ak nègès sou latè, pa gen mwayen desann gad nou, alevwa pou nou ta penyen lage. Chak viktwa nou ranpòte, fòk, rapid vit, nou fè lenesesè pou nou kore li. 

Frè Jamayiken nou Bob Marley fredone yon kouplè enpòtan nan yon chante revolisyonè ki rele  « I shot the sherrif »  – (Wi, se mwen menm ki tire Cherif la). Bob Marley di : «chak fwa mwen plante yon bon semans, ou di dechouke li, anvan li pouse».  Se sa menm ki reyalite konba pèp Ayisyen an. Se sa menm ki reyalite konba nèg ak nègès nan peyi Etazini epi toupatou sou latè. 

Parekzanp, Apre swadizan abolisyon lesklavaj Ozetazini, plizyè kominote nwa te fè anpil pwogrè sosyal ak ekonomik. Youn ladan yo, se nan vil Tulsa nan Eta Oklahoma. Ak fòs travay epi disiplin yo, kominote sa a te bati bank, lekòl, lopital, bon jan enfrastrikti ki t ap opere kòmsadwa sou lobidyans nèg ak nègès. Sa pa te pran lontan pou jalouzi anvayi blan malveyan yo ki mobilize resous Leta peyi a, yo pete yon esklann 31 Me 1921 epi yo masakre plis pase 300 inosan denkou. Kòm se te 100tyèm anivèsè masak sa a, lòtrejou, President Joe Biden mache fè bèl diskou rekonsilyasyon. Men, panche zòrèy koute temwanyaj yon blan ki te sou kabann lanmò li. Li di : «mwen te touye plizyè nèg ak nègès jou sa a, epi mwen te antere yo tou pre ray tren an».  Kriminèl lan ajoute : «se san ezite mwen t ap refè menm bagay la ankò». 

Wi, konpatriyòt, fòk nou toujou sonje gadyen sistèm nan gen plizyè trik nan dyakout yo. E pa gen limit nan malveyans yo!

Se pou rezon sa a, Pwof. Jean Casimir, yon ekriven Ayisyen deklare : «Depi Lagrandyab trape nou nan Ginen, nou aprann chita sou 2 chèz an menm tan : nou fè atansyon a sa Lagrandyab vle, epi nou degaje nou kenbe respè tèt nou». 

Jodi a, kenbe respè tèt nou vle di tou : pinga nou kite malveyan yo mobilize tout tan ak enèji nou sou chimen pèdi tan. Nou genyen lopital pou nou bati, nou genyen refòm agrè pou nou fè, pou tout Ayisyen kapab gen lapè nan vant yo, granmesi pwodiksyon nasyonal nou.

16 Desanm 1999, sou direksyon Jean-Bertrand Aristide, gen yon liv enpòtan Fanmi Lavalas te pibliye sou tit «Investir dans l’humain». Anndan zouti konbit tèt ansanm sa a, ou kapab wè yon Pwojè Ekselans ki te chita sou baz lasyans ak konsyans.

Men ki kalite kesyon otè yo te poze nan liv sa a : «Pou ki sa pou nou pa ta genyen bon jan lekòl nan chak 565 seksyon kominal nou yo, anvan ane 2004? Pou ki sa chak kote ki gen yon lekòl, pa ta genyen yon sant sante pou vaksinen elèv yo, yon sant mikwokredi pou paran yo? Menm paran sa yo pral bezwen devlope pwojè amelyorasyon lavi yo, granmesi bon jan enfrastrikti leta pral bati tankou: wout, kominikasyon, desantralizasyon, elatriye…».

Liv Blan Fanmi Lavalas la montre se pa kochma mizèrere ki anbisyon pèp Ayisyen an.  Nan sans sa a, m ap ankouraje chak konpatriyòt pou yo pran abitid vag sou radotay OEA ak Nasyonzini yo, epi founi je gade, louvri zòrèy tande, analize travay serye tankou «Investir dans l’humain» ki soti nan sèvo pitit fi ak pitit gason Ayiti, nèg ak nègès ki granmoun tèt yo.

M ap pwofite fè nou remake blan malveyan yo tèlman koken, alèkile, si ou tape «investir dans l’humain» sou entènèt la, gen anpil chans ou va jwenn yon dokiman malatchong Bank Mondyal pibliye nan ane 2014 ak menm tit la.  Vòlè yo tante kreye konfizyon pandan y ap monte pwojè tèt bòbèch – konplo – pou yo kofre Ayisyen nan lamizè.

Menm jan ak mèt sistèm nan, tchoul kolon yo sinik anpil. Parekzanp, pandan enkilpe Jovenel Moise, “Martine 10 zè 15” ak yon latriye drivayè t ap paweze nan peyi Tiki – kote y ap patisipe nan yon swadizan fowòm ekonomik – kidonk: operasyon gagote lajan pèdiyèm, sou do malere… menm ekip sinik PHTK sa a t ap mobilize yon ekip alye nan dyaspora a, ki di se lakèt y ap fè pou “ede” malere ki oblije kouri kite kay yo nan Matisan, ale dòmi nan Sant Spòtif Kafou a.

An pasan, mwen envite nou founi je gade ki sa gouvènman peyi Tiki poste sou paj entènèt li osijè relasyon Tiki ak Ayiti. Balans komèsyal ant Ayiti ak Tiki se 130 milyon dola vèt. Nan 130 milyon sa a, Tiki vann nou 129 milyon dola pwodui, tandiske Tiki pa menm enpòte 1 milyon dola pwodui nan men Ayiti. Kidonk, se yon match 130 a zewo! Kesyon ki pi enpòtan pou nou poze tèt nou se ki pwodui ekzakteman Ayiti ap achte pou tout kòb sa a nan men peyi Tiki? Èske se zàm fann fwa bandi G9 yo? 

Konpatriyòt, pandan n ap kontinye reflechi sou kesyon sa a, annou fè yon dènye koudèy nan retwovizè listwa…

Annou kanpe kamyonèt la nan kafou eleksyon 16 Desanm 1990. 

Nou sonje, se jis byen ta eleksyon sa a te vin enterese Pèp Ayisyen an tout bon vre. Jou yo t ap pase pèsonn pa t vle fè kat elektoral. 

Leslie François Manigat kite lekzil, li rantre Ayiti vin poze kandidati li, nad marinad!  

FNCD chwazi Victor Benoit kòm kandida pou Prezidan, pèp Ayisyen pa brennen. 

Yo anonse manda arestasyon pou chèf Tonton Makout, Roger Lafontant. Poutan, Duvalieris yo fè gwo reyinyon nan Vertaillis Night Club ak chèf yo. Ojis, swadizan fijitif Roger Lafontant t ap mache bradsi bradsou ak militè yo, gwo lajounen. Kidonk, pèp Ayisyen an chita lakay li, paske li sispèk zafè eleksyon sa a sanble yon lòt maskarad k ap prepare ankò pou fè san li koule.

An verite, se lè FNCD deklare li gen yon kandida tou nèf ki rele pè Jean-Bertrand Aristide bagay yo resi pran yon lòt dimansyon. Odepa, sa te kreye konfizyon – pèp Ayisyen an pa t ko klè èske se Jean-Bertrand Aristide osnon Victor Benoit ki kandida FNCD. Victor Benoit fè yon diskou kote misye anonse yon kanpo nan kanpay li, men li pa janm di se paske FNCD chwazi Jean-Bertrand Aristide kòm kandida pou Prezidan. Antouka, apati 18 Oktòb 1990, te koumanse genyen yon mache prese pou fè kat elektoral nan peyi a. 

Bò kote pa li, kandida boujwazi a, Marc Louis Bazin deklare, wè pa wè, li deja Prezidan paske, nan mitan tout kandida sa yo, se li menm ki kandida «de la raison». Mouche gran gozye sa a t ap klewonnen toupatou : «j’ai les moyens de ma politique!». Se gwo zafè papa!

Tout pale anpil fini. Jou a rive se 16 Desanm 90. Verite sou tanbou. Pèp Ayisyen pran lari, li sèmante fwa sa a, tout bon vre, se li k ap deside. Se pa lame d Ayiti, ni boujwazi, ni Washington, ni Vatikan. Se li menm, ak bout dwèt li, ki pral vote pou deside ki lès li fè konfyans pou mennen Ayiti sou chimen lavi miyò, chimen chanjman k ap bon tout bon an, ni pou jodi, ni pou demen.

KEP sètoblije demele li jan li kapab, li bay eksplikasyon ak satisfaksyon…

Jounalis lib e libè pou yo rantre ak kamera nan biwo vòt, vin verifye dekiprevyen de ki mannigans. Se konsa yo te rive obsève fanm ak gason k ap konte vòt ki ale jwenn chak kandida. Sa pa te pran tan anvan tout bagay te vin klè pou zannana kou sizàn. Nan tout lari a, sete yon sèl chante: «Kominike! Kominike! Titid Prezidan!»

Se te yon fèt jamè dodo ki te dekrete nan 9 depatman peyi d Ayiti ak  dyaspora a. Vil Pòtoprens te tankou yon jenn fiyanse ki t ap fè lenesesè pou l al taye banda kòmsadwa jou maryaj li. Alòs, nan chak kafou, komite katye te ajinse, se bale wouze, pentire miray, paske 7 fevriye prèske rive.

Pandan majorite pèp la t ap fete konsa, oligachi tradisyonèl la te gen gwo tèt fè mal paske li santi, fwa saa, tout bon vre, pouvwa li menase. Pami sektè ki pat jwenn anyen pou yo selebre nan finisman ane 1990 la, nou ka site : Anbasad Etazini, Yerachi Legliz Katolik la, komèsan bòdmè yo, aristokrasi neyo-kolonyal la ak anpil wo grade nan lame d Ayiti ki fòme yon ti klik jwisè k ap mennen bak peyi a, jan nou konnen m konnen an, depi ane 1806. 

Rapid vit, Prezidan eli a, Jean-Bertrand Aristide, eseye kalme enkyetid sektè retwograd sa yo. Li deklare li pare pou li resevwa envestisman etranje de bra louvri. «Apre dans tanbou lou», se repons sa a Prezidan Aristid jwenn nan men Anbasadè Meriken Alvin Adams.  

24 Desanm 1990 : lavèy nwèl, Roger Lafontant fè pwòp deklarasyon pa li. Ansyen chèf Tonton Makout la sèmante : vyèy timen li,  «Atila pa p travèse baryè palè nasyonal». Ki kalite devinèt sa a mezanmi?

1 Janvye 1991 Monseyè Francois Wolf Ligonde fè yon diskou piman bouk kote li denonse «yon rejim politik otoritè» li sispèk k ap ranje kò l pou li vin chita sou lestomak pèp Ayisyen an. Monseyè Ligonde di : «èske Ayiti kapab pèmèt li adopte yon vye sistèm bòlchevik sosyal peyi Lewòp de lès yo fin rejte?».

Natirèlman, deklarasyon demeplè sa yo te mete Prezidan tou nèf la sou pinga li. Men, se evènman ki ta pral rive nan nuit 6-7 Janvye 1991 lan ki te kase kè tout Ayisyen alawonnbadè.

6-7 Janvye 1991 : 2 zè dimaten, tenèb ap bat sou tout katye popilè yo – sa vle di, jenn gason ap frape wòch sou fè poto elektrik pou yo reveye brigad vijilans. 

Ki sa ki genyen? Apa m tande koudeta!?

Jan ou tande a! Roger Lafontant bay Prezidan pwovizwa Ertha Pascal Trouillot koudeta, yon mwa anvan envestiti Prezidan eli Jean-Bertrand Aristide. Mezanmi, se pa di yo vin di m, mwen te la. Fòk ou ta wè sa. Soti anwo tèt mòn lopital, desann Karidad, Premye Avni, Mòn Nelyo, Lali… Pèp souvren te pran lari ak bout bwa, wòch, retay fè. Trapde, yo sentre Palè Nasyonal. Li pot ko 9 vè di maten lame oblije poze men nan pat kasav chèf Tonton Makout la, Roger Lafontant. Prezidan Titid pale nan radyo ak televisyon, kidonk : koudeta kaba. Jou sa a, Ayiti sibi anpil dega. Pami pèt nou fè, Ansyen katedral vil Pòtoprens, yon moniman istorik 18tyèm syèk, te boule ra pye tè. 

Yon mwa apre, prezidan Jean-Bertrand Aristide prete sèman nan Palè Lesjislatif. Yon bò nou jwenn reprezantan oligachi tradisyonèl la ansanm ak nouvo eli yo ki anndan palè a ap pale anpil Franse nan seremoni ofisyèl pasasyon pouvwa. Epi, yon lòt bò, nou tande bri Pèp Ayisyen an ki nan lari a ap veye mayi li ki sou glasi. Kontradiksyon istorik sa a lakòz vwa Prezidan an prèske kouvri nèt pandan prestasyon sèman an. 

Se yon fanm peyizan ki pase echap prezidansyèl la nan kou sitwayen ki vin Prezidan Jean-Bertrand Aristide. Yon jès senbolik ki te vle di : Ayiti kase yon kokenn chenn koub istorik. 

Pandan l ap soti nan “te deum”, prezidan Aristide anonse li bay 6 nan 8 Jeneral Lame d Ayiti yo bèl vakans – nan non peyi a, li di yo: mèsi anpil, epi orevwa.

Rapid vit, Prezidan Aristide fè 2 rankont enpòtan nan Palè Nasyonal ki ta pral konfime sou ki bit pouvwa Lavalas la kanpe. Premyèman, li resevwa yon delagasyon Ayisyen k ap viv aletranje epi, dezyèmman, li resevwa plizyè santèn pòv nan lakou palè nasyonal la. Li pwofite rankont istorik sa a pou li esplike entansyon li pou leta Ayisyen tounen yon sous pouvwa pou sèvis olye li se yon sous pouvwa pou kraze zo pèp la. Se konsa, li menm alatèt, ekip gouvènmantal la te mache distribye soup bay plizyè santèn pòv ki te reyini nan lakou palè nasyonal la. 

Men, ojis ki sa pè Aristide te pwomèt Pèp Ayisyen an ki fè se li menm, e li menm sèl, ki te reyisi konvenk yo fè kat elektoral epi vote pou li jou 16 Desanm 1990 la ?

Kit se vizyon Lavalas te mete devan pèp la nan ane 1990-1991, kit se vizyon ki kore ak chif, analiz solid nan Liv Blan Fanmi Lavalas «Investir dans l’humain» ki pibliye 16 Desanm 1999, envestisman nan sante ak edikasyon te toujou jwe yon wòl enpòtan nan pwojè Lavalas la. Kidonk li pa etonan si lidè sèl gouvènman Ayisyen ki te envesti 16% bidjè nasyonal la nan sante, se li menm tou, jounen jodi a, k ap bay rezilta konkrè nou wè ak UNIFA yo.

Jisteman, nan rezilta ki fenk pibliye pou klasman inivèsite toupatou sou planèt la youn nan fenomèn ki dwe atire atansyon pèp Ayisyen an, se pwogrè ekstraòdinè inivèsite Chinwa yo kontinye ap fè – Poutan, Lachin se yon peyi ki te nan gwo malsite sa gen kèk deseni pase.

Klasman inivèsite pa yon syans ki ekzak. Gen sibjektivite ak magouy ki ka kontamine rezilta yo. Men, tandans lan klè, Lachin ap pran fòs paske li te envesti nan syans ak konsyans.

Kisa sa gen pou wè ak Ayiti ki, menm jan ak anpil peyi, pa nan bagay moun yo ditou ditou?

Lè nou founi je gade klasman sa a, lespri nou frape drèt dirèk sou Ayiti epi ijans pou nou fokis sou PRIYORITE nasyon an. Se sa ki nannan koze a lè n ap suiv trajektwa Chinwa yo pran ak peyi yo nan dènye deseni yo. Yo pran san yo, yo DEFINI epi FOKIS sou PRIYORITE nasyon yo. Pa okipe zòt k ap radote, k ap kritike, k ap eseye destabilize ou…Ou dwe fokis sou priyorite ou menm ou tabli pou tèt ou, selon reyalite pa ou epi vizyon ou fè pou lavni ou ak anpil granmounite!

Ayisyen: annou aji an granmoun epi evite gaspiye tan nou. Pou semèn sa a, sa vle di: OEA ale w laba! BINUH ale ou laba!

Ayiti gen anpil anpil potansyèl pou li transfòme an paradi. Men, “paradi pou ki lès?” – se premye kesyon nou dwe dakò sou li. Repons lan fasil paske, Papa Dessalines te deja ekri li ak san, yon jou 18 Novanm 1803. Soti 16 Desanm 1990, rive jodi jou, se menm mesaj sa a Lavalas ap klewonnen.

Pou nou fèmen refleksyon jounen Dimanch 20 Jen 2021 an, annou bouske enspirasyon nan pèfòmans wodpòte yon nègès vanyan ki rele Mahala Norris.

Si ou po ko wè videyo sa a, mwen ankouraje ou ale gade li sou Youtube. Se yon konpetisyon kous 3000 mèt obstak ki fèt nan mwa Jen 2021 an, Ozetazini. Pami yon ekip medam «Bwa Pi Wo», yon ti nègès «Pye Kout» fofile kò li tou piti, ou ka panse se yon timoun. Pèsonn pa fè paspouki pou li, li sote tout obstak yo menm jan ak tout lòt konpetitè yo, li pa fè koken, li pa pran devan… Epi, lè kamera yo bay rezilta final, se ti nègès «Pye Kout» la ki chanpyon pami tout «Bwa Pi Wo» yo! 

Mahala = Ayiti

Menm si ou wè drapo Etazini ak etikèt «Air Force» plake sou mayo li…an verite, si ou ta fè tès ADN, mwen sèten ou t ap dekouvri Mahala Norris, ki pa depase 4 pye 11 de wotè, se bon jan pitit Ayiti ak Manman Lafrik! Mahala fèt Pòtoprens, li grandi nan Oregon, Ozetazini, kote fanmi adoptif li abite.

Wi, menm jan ak Mahala Norris, Ayiti sou chimen pou li chanpyon malgre yon kantite pikan kwenna bandi yo kontinye mete sou chimen li.

Anmezi zòt ap fè konplo pou nou ta neye nan mizèrere. Nou menm, Ayisyen konsekan, fanm kou gason tilandeng, ak kouray, lasyans, konsyans ak pèseverans n ap kontinye bati yon latriye mèvèy sitadèl pou tèt nou, pou pitit nou, pou pitit pitit pitit nou!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *