Jezi Ayiti ak Kidnapin
April 12, 2021

«N ap plante, n ap wouze epi n ap rekòlte bèl flè dè mè, apre nou fin dechouke move zèb toupatou nan peyi d Ayiti!».

Jodi a, Dimanch 30 Me 2021, nou bese byen ba pou nou salye tout manman k ap brase, chak jou ki jou, ann Ayiti tankou aletranje, pou lavi pitit yo kapab vin miyò. 

Kòmalòdinè, nou pral rale retwovizè listwa pou nou etidye bon jan tras zansèt nou yo kite pou ede nou konbat gang Kò Gwoup an fanmi e alye k ap fè dlo koule nan je nèg ak nègès, depi dikdantan.  

Annou mete zòrèy nou an twonpèt pou nou koute vwa Papa nasyon an ki t ap pale ak nou, yon jou dimanch 1 janvye 1804 :

«Fanmi-m yo, fanm kou gason, jenn ti moun kou tilezanj pwomennen je nou, gade toupatou sou zile a. 

Nou menm : pwomennen je nou, chèche mari nou. 

Nou menm : pwomennen je nou, chèche frè nou. 

Nou menm : pwomennen je nou, chèche sè nou. 

Kisa m ap di konsa a…pwomennen je nou, chèchè pitit nou, tibebe ki nan tete, kote yo?

Adye!, tout kò mwen pran tranble lè pou koze sa a sòti nan bouch mwen…Yo tout disparèt anba grif bèt sovaj yo bay pou kolon blan an!

Wi, lè nou founi je gade toupatou sou zile a, olye nou wè bon fanmi sa yo, se sou asasen ki lakòz lanmò yo nou pantan!». 

Se ak pawòl sa yo Jeneral Jean-Jacques Dessalines, liberatè Ayiti, t ap avèti pèp Afriken an : lavi nou ap toujou menase toutotan nou sitire blan malveyan k ap respire nan peyi nou an.

Poutèt li te toujou pran yon pozisyon zewo tolerans anfas blan malveyan yo, zòt kouri tripotay sou li, yo di Dessalines pa t renmen blan.  Men, annou aprann poze bon kesyon : èske blan malveyan yo te renmen Dessalines?

Lè zansèt Afriken nou yo te kase chenn epi deklare endepandans zile Ayiti premye Janvye 1804, se premye fwa nan listwa limanite sa te janm rive pou yon pèp yo mare nan chenn rive leve kanpe epi pran dwa granmoun li pou kont li. Konsa tou, nan tout kontinan Amerik la se te sèl peyi kote Afriken yo te gen posiblite pou yo viv tankou moun. Toupatou, kit se sou zile Jamayik, zile Kiba, Amerikdisid, Ameriksantral osnon Amerikdinò : nègès ak nèg te kontinye ap pase mati anba men kolon blan. Plis pase yon jenerasyon ale anvan lesklavaj te sispann nan peyi Kanada. Ozetazini menm, se jis nan ane 1865, apre lagè sivil, yo deklare libète jeneral pou nègès ak nèg. Kipizè, anpil blan Meriken te refize respekte desizyon sa a. 

Pa bliye, alepòk, pa t gen «Ayisyen», «Ameriken Nwa», «Gwadloupeyen» elatriye. Depi se nèg ki nan chenn, tout se machandiz. Kolon blan an te konn pran yon fanmi 4 pitit, li vann manman an ak kolon Franse ki Ayiti, li vann de pitit bay kolon Panyòl ki sou zile Kiba, li vann papa a bay yon kolon blan Meriken ki nan eta Kalifòni epi de lòt pitit yo, li lote yo makònen ak 3 kabrit pou 700 dola bay yon kolon blan Franse ki tabli nan vil Montrèal. Kidonk, yo te deside fòk fanmi Afriken yo dekonstonbre. Plan yo se pou tout nèg ak nègès lage nan patiray Lamerik, san manman, san papa, san rasin, san eritaj.

Vwalatilpa, nan atik 9, premye Konstitisyon Anpi Ayiti ki pibliye 20 Me 1805, zansèt nou yo deklare:

«Yon bon Ayisyen se yon bon papa. Li yon bon pitit, li yon bon mari epi sa k pi enpòtan pase tout lòt bagay fòk li yon bon sòlda».

Kidonk, prensib ki fòme nannan Konstitisyon Enperyal 1805 lan klè kon dlo kòk : non sèlman yo deklare lesklavaj kaba, yo di tout sitwayen egal-ego devan lalwa, zansèt nou yo te ensiste “sèl moun ki aji kòm yon «papa valab» merite pote tit sitwayen Ayisyen”. 

Atik 10 Konstitisyon an rapousuiv: «Papa ak manman pa gen dwa dezerite pitit yo sou okenn pretèks». Atik 16 lan di:  «Ap genyen yon lwa espesyal pou tout ti moun ki fèt andeyò maryaj». Kidonk, depi 1804, nou kwape pwojè kriminèl blan malveyan yo, zansèt Andre Apaid yo, kòmkwa pou nèg ak nègès ta gaye tankou yon pil bèt sovaj nan yon savann, san manman, san papa, san batistè, san papye tè, san eritaj.

Atik 12, nan seksyon Dispozisyon Preliminè a di:

 «Okenn blan, kèlkeswa nasyonalite li, pa gen dwa pile tè peyi a kòm mèt esklav oswa pwopriyetè. Epi, blan pa gen dwa janm gen pwopriyete nan peyi a». 

Pi douvan, nan seksyon Dispozisyon Jeneral, batistè peyi a deklare:

«Nenpòt etranje k ap viv nan peyi a gen menm responsabilite ak tout Ayisyen pou li respekte tout lwa peyi a». Atik 11

«Leta peyi a otomatikman, epi, san pale anpil, sezi tout pwopriyete ki te pou yon blan Franse». Atik 12

«Tout Ayisyen ki te achte yon pwopriyete nan men yon blan Franse epi li pa t ko fin peye l, jodi a se leta Ayisyen li dwe rès kòb la». Atik 13

Annou pran tan reflechi sou valè nasyonalis enpòtan ki te fofile nan Konstisyon Enperyal 1805 lan kote, nou kapab rekonèt se yon zouti Ayisyen te ekri pou Ayisyen, selon reyalite Ayiti epi pèp Ayisyen an. Èske nou kapab di menm bagay sa yo pou dokiman blan malveyan Core Group an fanmi e alye yo ekri pou Jovenel ak makòn apatrid parèy li yo? 

Nou tande bandi Gonzague Day k ap frite toupatou ak yon tit Minis defakto, malgre Ayisyen nan New-York fenk rele chalbari dèyè li, osito li retounen Ayiti se menas arestasyon l ap fè tankou Gwo Moso. Anpil moun okouran Gonzague Day se pitit defen tòsyonè Tonton Makout Edner Day ki responsab lanmò anpil inosan nan Bèlè. An patikilye, nou wè rapò ki pibliye Ozetazini kote yo detaye masak Edner Day fè sou moun Bèlè, jou ki te 8 ak 9 Fevriye 1986 lan, apre blan Meriken te òganize yon «depa òdone» pou vòlè, piyajè, trèt… Michèle Bennett ak Jean-Claude Duvalier. Kidonk, alèkile, Gonzague Day ap pote kole ak Babekyou, pou yo masakre desandan sila yo ki te reyisi siviv masak papa li, Edner Day, te fè sou pèp Bèlè, sa gen 30 ane pase?

Tankou nou fè remak sa a plizyè fwa deja, nan listwa Pèp Ayisyen an, lènmi nou yo, kolon enperyalis yo, ap resikle yon seri Konze kolabo ki soti nan menm fanmi yo, jenerasyon apre jenerasyon. Sa se siy ki montre nou kolon yo bati plan malveyans yo sou 50tan, 100tan, 200 zan. 

Konpatriyòt, pinga ou etone wè se jis nan gran moun ou, ou kòmanse ap konprann yon seri reyalite ki konsène pwòp peyi ou. Se pa yon aza, se yon plan k ap aplike. Se lekòl neyokolonyal la k ap bay yon rezilta ki te planifye depi lontan. Parekzanp, èske ou te okouran ekzistans yon jounal ki te rele: “Haiti Sun”? Se yon jounal yo te pibliye chak Dimanch nan vil Pòtoprens, 100% nan lang Angle. 

Mwen tonbe sou yon edisyon Haiti Sun ki te pibliye nan ane 1953 sou Prezidans Paul Eugene Magloire. Lè ou pran san ou pou ou li atik jounal sa a, rapid vit, ou rann ou kont okipasyon blan Yanki yo pa te janm fini vre paske malveyan sa yo òganize yo ak konplisite kèk fanmi Konze pou prèske anyen pa janm chanje ann Ayiti. Mwen tonbe sou dokiman sa a pa aza, pandan mwen t ap fouye entènèt la pou mwen wè ki tras kriminèl Tonton Makout ki te rele Edner Day a kite, yon fason pou ede kwape move kou pitit gason sanginè l la ap fè kont pèp Ayisyen an, alèkile. 

Vwalatilpa, nan paj 2 jounal Haiti Sun, mwen remake yo site non Edner Day kòm patizan Magloire ki t ap fè diskou an Kreyòl nan kad yon inogirasyon.

Jenerasyon apre jenerasyon, se menm fanmi kriminèl yo k ap resikle. E se menm patwon ki geri bosko yo nan vil Paris osnon Washington ki alye kriminèl yo. 

Nou sonje ki jan, pandan mwen t ap fè rechèch sou Félix Darfour, yon pitit Lafrik ki te rantre Ayiti nan ane 1813 – soti jouk nan peyi Soudan, mwen te tonbe sou yon sèten Polidor Martelly. Èske se yon aza Felix Darfour, Afriken an, t ap avèti pèp Ayisyen an nan jounal li pibliye alepòk pou yo fè atansyon paske Ayiti riske pèdi endepandans li, puiske Lafrans ap sèvi ak prezidan Boyer pou li anvayi teritwa nou detanzantan…?

Nan epòk sa a, se yon blan Franse pleziyis, òganizatè bal, ki te rele Polidor Martelly ki te alatèt yon ekip mèsenè kriminèl ki te monte tèt Prezidan Boyer fè li sasinen patriyòt Felix Darfour. M pa kwè se koensidans ki lakòz nan ane 2011 blan malveyan Washington yo chwazi Michael Joseph Martelly, desandan kriminèl Polidor Martelly, pou yo fè Ayiti sibi yon imilyasyon san parèy k ap rapousuiv jiskaprezan. Malveyan yo fè plan 50, 100, 200 zan. Yo envesti nan simayen 5kyèm kolòn toupatou sou planèt la pou yo vòlè tè ki pa pou yo. 

Kidonk, menm jan nou remake Edner Day te nan dyakout blan malveyan Washington yo depi 1953; menm jan se CIA ki ede François Duvalier monte kò Tonton Makout yo, li lojik lè nou remake Etazini ap apiye kriminèl ki soti nan menm fanmi sa yo, jiskaprezan. Edner Day fè masakre yon latriye malere nan Bèlè 8, 9, fevriye 1986. Li pa janm sibi okenn pinisyon pou krim sa yo. Okontrè, CIA pwoteje l, yo aranje yon “depa òdone” pou li, jiskaske nan ane 2021 pitit li, Gonzague Day ap planifye masak sou malere ki abite Bèlè.

Si ou ka li Angle, mwen ankouraje ou ale sou sit entènèt University of Florida kote ou kapab rale yon kopi jounal Haiti Sun epi detekte ki jan pwogram resiklaj bandi sa yo te byen prepare.

 Anvan nou fè yon lòt koudèy nan retwovizè listwa, m ap bat bravo lakontantman pou kèk konpatriyòt k ap tante resisite tradisyon flè dè mè nan peyi d Ayiti. Sa a tou, se yon jès rezistans kont pwojè demounizasyon CIA ap aplike kont nou, palentèmedyè rejim Core Group/PHTK a. 

Depi kèk semèn nou remake manm Core Group yo ap fè deklarasyon degrenndwat ki simen konfizyon nan lespri kèk militan ki ta dwe kanpe tennfas nan goumen pou chavire rejim sanginè kidnapè PHTK yo. Youn nan deklarasyon sa yo se Anbasadè Etazini nan Nasyonzini, Madanm Linda Thomas Greenfield ki ta di li rekonèt referandòm (bagay ti zanmi kòwonpi Jovenel Moïse gen foli fè nan peyi a) se yon ranstay. Mèzalò, se nan menm deklarasyon sa a, ipokrit yo fè konnen y ap tann – menm Jovenel Moïse kòwonpi sa a òganize bon jan eleksyon demokratik. Ala kote moun yo sinik! 

Li enpòtan pou nou aprann dekode mesaj kolon blofè sa yo. Paregzanp, peyi Ekwatè kote enperyalis yo fenk jouke yon popetwèl reyaksyonè opouvwa, apèn li rive tou cho-tou bouke, mouche a pwofite pandan Jovenel Moïse te ale frite devan pòt kay li, pou li anonse dezòmè fòk Ayisyen gen viza pou yo rantre Ekwatè. San wont pase l nan pwen, enkilpe a fè tankou li pa konprann se yon vaz pise yo voye dèyè pye li.

https://fr.wikipedia.org/wiki/Tonton_Macoute

Sou teren politik la, nou remake Joseph Lambert k ap kase koub sou koub. Nou tande Danton Leger k ap mande file manchèt. Nou tande André Michel, Nenel Cassy ak sektè demokratik popilè ki fè deklarasyon nan Leyogàn, k ap mande kraze referandòm plat atè. Nou tande Antonio Cheramy ak Matris Liberasyon ki dekrete mobilizasyon pou degèpi Jovenel, atravè yon rebelyon nasyonal total kapital. Nou tande Moise Jean-Charles ki di depa Jovenel Moise nesesè epi, sou menm vitès la, li anonse l ap kreye yon lajan elektwonik. 

Kidonk, bon koze melanje ak koze kredi. Gen amoni ak senfoni. Mèzalò, tankou Gwo Moso, nan pyès teyat Maurice Sixto a ki t ap rakonte “yo pa rele li Emmanuel paske li pa t fèt pou nwèl” gen kèk saksofòn dezakòde k ap bay son initil tou. Pèp Ayisyen an gen zòrèy, alòs, li tande tout son ki soti nan bouch politisyen yo. Verite a chita nan aksyon konsekan. Depi dikdantan pèp la di lè a rive pou tout aktè Ayisyen yo rekonèt se yon tranzisyon mare fache ak diktati ki sèl solisyon valab epi dirab – yon gouvènman Sali Piblik pou yon Ayiti ki granmoun tèt li tout bon vre. Lènmi an, li menm, li kontinye ap fè plan pou li pran nou sou plan. 

Pandanstan, Kowona kontinye ap fè dega bò kote pa l tou. Ayè Vandredi 28 Me 2021 an, se  Doktè Yolène Surena ki mouri sanzatann nan vil Mibalè. Nan vil Jeremi, se ansyen Senatè Maxime Roumer ki mouri nan kondisyon deplorab – pa t gen lopital ki te ka ede li jwenn laswenyaj pou sove lavi li. Annatandan, bandi ki deklare tèt yo leta fenk kare dekrete etadijans, kouvrefe, vaksen Astrazeneca ki nan wout – Men, sèl verite ki klè kon dlo kòk : lajan kowona a kontinye gagote menm jan ak lajan Petro Caribe a ki fè wout kwochi anba zago gang Martelly a.

Annou fè yon dènye koudèy nan retwovizè listwa, pou nou ka wè pi klè..

Fwa sa a, nou estannbay nan ane 1990. Yon ansyen kliyan CIA parèt tèt li nan Televizyon Nasyonal, li anonse Jal Prosper Avril fè yon kraze kite sa, lame okipe pouvwa a pou 72 zè. Se konsa, palentèmedyè Jal Hérard Abraham, 13 Mas 1990, pèp Ayisyen an te aprann li gen yon Prezidan pou yon ti bout tan ki rele madan Ertha Pascal Trouillot, jij Lakou Kasasyon. 

Madame la Présidente Ertha Pascal Trouillot, te gen 47 tan lè li monte chita sou chèz boure a. Manman li, Louise Dumornay, te kaselezo nan Petion-ville yon jou 13 Dawou 1943. Louise Dumorney te koutiryèz. Pitit fi sa a li te fè a, kidonk Ertha, sete pou yon fèblantye ki rele Thimoclès Pascal. 

Adye mezanmi! Lè yon moun konnen ki jan sa difisil pou yon fanm, ki pa pitit Dik de Tonkèl, fè gwo etid nan peyi d Ayiti, ou sètoblije rete bouch be devan itinerè manzè Ertha Pascal ki te fè klas segondè li nan Lise Pétion, apresa, san pèdi tan, li pike monte nan lekòl dwa vil Gonayiv kote li ranmase lisans li kòm bon jan mèt avoka nan ane 1971. Yon bèl grenn avoka 28 tan. Se nan menm ane 1971 sa a li marye ak yon sèten Ernst Trouillot.

Zetwal Madan Ertha Pascal-Trouillot kontinye vale teren.  1980 – ki lès ki premye fanm jij nan tribinal sivil Pòtoprens : Ertha Pascal-Trouillot. 1985 – ki lès ki premye fanm k ap feraye nan Koudapel peyi d Ayiti: Ertha Pascal-Trouillot. 1986 – ki lès ki premye fanm Jij nan Lakou Kasasyon : Ertha Pascal-Trouillot. E vwalatilpa, 13 mas 1990 – kilès ki premye fanm prezidan nan peyi d Ayiti : Ertha Pascal-Trouillot. 

Alepòk, nou tout te sezi, nou t ap di : «mezanmi, èske se vre pèp Ayisyen an rive nan yon kalfou tou nèf nan listwa li?». Nou t ap gade yon militè, Jal Hérard Abraham, k ap pase echap prezidansyèl, echap prezidansyèl peyi d Ayiti wi! – nan kou yon sivil – yon fanm! Epi, byen serye, militè a fè sèman lame d Ayiti pral rete trankil nan kazèn li!

Se te yon rèv je kale. Nou tout t ap mande tèt nou : «èske se yon pyès teyat vivi dan griyen osnon se tout bon vre Prezidan Ertha Pascal-Trouillot pral dirije Ayiti nan direksyon eleksyon bon ti mamit?».

Vwalatilpa, yon semèn pot ko pase depi Prezidan tou nèf la te pran mayèt la, yon makòn Tonton Makout fè dappiyanp sou 6 sè kongregasyon «Sainte Rose de Lima» epi se sa yo bliye yo pa fè yo pase. Gen moun ki di se teste yo t ap teste Prezidan tou nèf la. Gen lòt ki koumanse kritike li, daprèzavwa li pa fè anyen pou arete kriminèl ki komèt zak dezonè sa a.

Jou ale, jou vini, Prezidan Trouillot koumanse pote move non. Genyen ki di li s on manman sitirèz, yo fè chante sou do li, yo rele li «Manman Poul la». Antouka, li rete la sou chèz boure a, l ap kenbe jouk li reyalize sa li te vin pou li fè a. 

Annatandan, Anbasad Etazini fè konbinezon yo ede Prosper Avril kite Ayiti tou dousman, san kè sote – «depa òdone» – sa te vin rann bagay yo pi fasil pou Roger Lafontant, yon lòt dinozò Duvalieris – ki te lènmi jire Prosper Avril. Kriminèl la rantre nan peyi d Ayiti vin yaya kò li nan espas politik la. Trapde, Lafontant te gen tan an zingdekontraryete l ap òganize mitin politik pasi pala – Kòmkwa li kandida pou li vin Prezidan. Alèkile, sèl pwoblèm ki prezante pou Lafontant se atik 291 Manman Lwa peyi a ki te mete li òje ansakalite de gwo Tonton Makout «reconnu d’unitilité publique». Lafontant deklare tout sa se bobin, si se pou sa, fòk yo ta chanje Konstitisyon an paske, li menm, li pa tande li pa wè, li pral nan eleksyon e se li ki pou chita sou chèz boure a.  

Anvan ou bat je ou, mwa Oktòb 1990 te gen tan rive sou pèp Ayisyen an. Yon bò : nou jwenn Roger Lafontant. Yon lòt bò: gen yon nonm gwo gagann, yon sèten Marc Bazin k ap mache pale Franse toupatou pou chante jan li gen bon jan kontak ak tout kalite blan, sitou blan Meriken, ki pral ede li mete Ayiti an penpan. Adye wi dan!

Ojis, ni youn ni lòt nan de mesye sa yo, ni non plis lòt makòn pakapala ki toujou sou lis elektoral yo pa t reyisi atire enterè pèp Ayisyen an. Se konsa, yon gwoup politisyen ki konsidere tèt yo «pwogresis de gauche» – sa vle di nèg ki pase anpil ane ap li nan gwo liv blan ak chinwa Kominis ekri, deside yo menm tou y ap mete pye yo nan dlo nan zafè eleksyon sa a. Epi, ki lès mesye yo chwazi kòm kandida? – yon ti pè katolik ki gen kòm non jwèt «Titid»!

Rete! Mesyedam «degauche» sa yo gen lè pa tèm!?  Ki sa yon ti pè Katolik ka vin regle nan youn jwèt malouk konsa? 

De tan twa mouvman, se yon sèl lafyèv ki anpare pèp Ayisyen an. Toupatou se yon sèl slogan ki alamòd: “Pè Titid Prezidan Kòk Kalite”. Se sa menm wi! Pè Jean-Bertrand Aristide, ti pè mesye gwo palto legliz Katolik yo te mete deyò nan lòd Salezyen an paske li t ap preche yon koze levanjil liberasyon alepòk diktati bout di Prosper Avril la, vwalatilpa, se li menm mesyedam «degauche» yo chwazi kòm kandida ki pral reprezante kowalisyon politik FNCD (Front national pour le changement et la démocratie). FNCD kaselezo, li ponn yon Lavalas patizan pè Titid ki pral nan eleksyon ak yon pwogram ki chita sou twa wòch dife : Jistis, Transparans ak Patisipasyon. 

5 desanm 1990 : rèl anmey nan Pòtoprens! Grenad eklate nan mitan kanpay elektoral patizan Lavalas Kòk Kalite. 7 moun mouri, 53 lèzòt blese. Se granmesi bondye ak chans pè Titid chape. Panik ap vale teren nan peyi a. Kè tout Ayisyen sou biskèt nan dyaspora a.  Pandanstan, obsèvatè entènasyonal ap debake. Nasyonzini, OEA, gwoup prive, Jimmy Carter… tout kalite zwezo ap vole nan syèl Ayiti. Se yon sèl aktyalite ki genyen, wè pa wè, pèp Ayisyen sèmante fòk li vote 16 desanm 90. 

Yon lòt fwa nou vwa rapousuiv listwa jounen istorik sa a epi evènman ki rive nan jou, mwa ak ane ki suiv li yo.   

Pou nou fèmen refleksyon jounen 30 Me 2021 sa a, m ap bouske enspirasyon nan pèfòmans wodpòte konpatriyòt Rose Lumane Saint-Jean, etidyan Ayisyen ki fenk pote mayòl pri piblik la nan “konkou grandizè (éloquence)” TV5 Monde. Li klè se talan, travay, pèseverans, disiplin ak kouraj Rose Lumane ki eleman esansyèl viktwa sa a. Li klè tou se sou zepòl zansèt nou yo Rose Lumane te kanpe nan peyi Napoléon an pou li ba yo pataswèl sa a. E, daprèzavwa se piblik la ki te vote pou Rose Lumane, li klè se yon konbit tèt ansanm ki pèmèt lavalas la desann sanzatann konsa kay ansyen kolon yo. Nan moman sa yo, se pa pwofesè Franse, inivèsite, vil natal, fanmi, zanmi li osnon konpatriyòt la li menm tou sèl ki kanpe, se Ayiti ki doubout.  Zansèt nou yo te deklare : «Depi premye kout kanno lalam nan tire tout vil yo ap disparèt epi nanchon an toutantye ap leve kanpe». Atik 28, Dispozisyon Jeneral, #KonstitisyonAyiti, 20 Me 1805. 

Wi, se yon sèl kòd fanmi nou ye. Manman Lwa Ayiti dwe toujou pèmèt chak Ayisyen rekonèt tèt li kòm manm yon sosyete ki klè sou idantite li. Li dwe toujou bay pitit zantray nanchon an priyorite anwo tèt etranje. Li dwe raple n, nesesite pou nou bay lènmi istorik nou yo, yon bwa long pou yo respekte pou tout tan gen tan. 

Ayè, samdi 29 Me 2021 an, tou pre vil Montréal, yon delegasyon Ayisyen sou lobidyans Solidarité Québec-Haiti te chita pale ak Pèp Premye Nasyon Kanada k ap viv sou teritwa sa a depi anvan debakman blan Ewopeyen yo. Nan okazyon sa a, Stewart Mylow, lidè kominote Kahnawake a wete chapo pou li salye pèp Ayisyen an ki te onore pèp Arawak yo, lè nou te rebay zile a non orijinal li: Ayiti. Lidè kominote Kahnawake a senpatize ak lit rezistans pèp Ayisyen an ap mennen jiskaprezan, kote nèg/nègès vanyan kanpe djanm kont Core Group/PHTK nan Bèlè, nan Leyogàn, nan Jakmèl, nan Okap, toupatou sou zile Ayiti Manman Libète. Stewart Mylow deklare : «tout moun ki sivilize vre onore epi respekte manman yo, paske yo rekonèt se manman ki sous lavi». Li rapousuiv : «pou mwen merite yo rele m “gason”, fòk mwen an mezi bay manman mwen yon espas kote li kapab viv an sekirite». Wi! Annou travay pou Ayiti kontinye pwodui anpil gason ki merite yo rele yo gason!

Konsa tou, Manman Lwa yon nasyon se kichòy ki sakre paske se dokiman sa a ki baz lapè. Kidonk, tout bandi ki fè kadejak sou manman lwa yon peyi merite gwo chatiman, paske yo mete lavi tout moun an danje, yo rann lapè enposib.  

Kidonk, konpatriyòt, tout bon vre, se toupatou kolonyaviris kite tras malveyans li. Kolon ak konze kadejakè gen je yo sou manman nou. Nou dekrete rezistans san pran souf. Nou sèmante, wè pa wè, demen, n a va rekòlte bèl flè dè mè pou manman nou. Kidonk, dezòmè, se operasyon dechouke move zèb ki tanmen toupatou!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *