Jezi Ayiti ak Kidnapin

Leve Kanpe Toupatou Pou Ayiti
April 5, 2021
Dechoukay Òdone
May 3, 2021

Jou jedi 1 avril 2021 an, lè bandi te rantre ak gwo zàm fann fwa anndan legliz Galaad nan Dikini, yo te panike tout fidèl ki te anndan legliz la osnon ki t ap suiv sèvis la an dirèk sou entènèt. Nan moman yo t ap kidnape pastè Audalus Estimé, Steven Jérôme, Francisco Dorival ak Welmyr Jean-Pierre lan, koral Gospel Kreyol Ministry t ap chante: “le nom de Jésus est si doux“. Chante sa a, ki nan nimewo 19 liv Chant d’espérance anpil Kretyen itilize sou latè gen yon refren ki di:

Jésus! Béni soit ton nom! (Jezi! Nou beni non ou!
Jésus! Oh ! Merveilleux don! (Jezi! Ou se don ou se mèvèy!
Jésus! Suprême rançon, (Jezi! Se ou menm ki pi gwo ranson an)
Sois adoré pour toujours. (Se pou yo adore ou tout tan gen tan)

Lè mwen te fenk wè videyo zak malonèt sa a, tankou tout moun, mwen te espantan, mwen te revòlte epi mwen te gen yon santiman lakrentif pou sekirite konpatriyòt ki tonbe anba men bandi yo. Pi douvan, plizyè temwanyaj ki pibliye nan medya yo osijè idantite viktim yo ta pral ogmante nivo senpati ak solidarite yo resevwa nan mitan popilasyon an. Sila yo ki te mete jenou atè pou priye pou viktim yo t ap monte volim lapriyè yo pou gras la kapab desann rapid vit. Konsa tou, plizyè moun t ap kotize pou ede peye ranson kidnapè yo te ekzije pou liberasyon 4 viktim yo.

Boutanfen, se ak anpil soulajman, bonè lendi 5 avril, mwen te kòmanse wè mesaj sou rezo yo ak videyo ki konfime liberasyon 4 otaj yo. Malerezman, se pandan menm moman sa a tou, mwen te kòmanse wè imaj twazyèm gwo masak gang G9 an fanmi e alye yo fè sou abitan katye Bèlè, menm jounen trajik sa a. Se lizaj pou nou kontinye ekzije jistis ak reparasyon pou tout viktim 1 avril 2021 yo.

Mwen deside ekri tèks sa a paske tout siy yo montre se pa nan finisman trajedi a nou rive. Se pou sa, menm jou 5 avril la, apre liberasyon otaj legliz Galaad yo, mwen te di: chak kidnapin ki konkli ak zewo arestasyon = kòb la fèt = pouvwa kriminèl yo miltipliye = pwochen viktim yo mèt kòmanse kriye.”

Plizyè atik rapòte se gwo ranson yo te peye gang kidnapè Izo yo. Mèzalò pèsonn pa ka di ki kantite kòb ki rantre nan ekonomi rezo kidnapè toupisan, alèz pase blèz sa yo, ki kontinye ap fè gwo resèt, san yo pa janm sibi okenn chòk an retou.

Tankou ou kapab konstate sa nan yon konvèsasyon ant jounalis Valério Saint-Louis epi atis Ayisyen Beethova Obas, genyen moun nan sosyete nou an ki reyalize tout bon vre Ayiti anfas yon sitiyasyon tèrib epi ijan. Pandan m ap tape mesaj sa a, jodi dimanch 11 avril 2021 an, gen plis pase yon douzèn moun ki tonbe anba men kidnapè nan divès kwen peyi a. Pami viktim sa yo genyen plizyè lidè relijye ki sitwayen peyi Lafrans.

Fòk nou demele nou itilize estrateji efikas pou nou kwape zak kriminèl sa yo k ap fè dlo kouri nan je nou depi anpil ane. Nan finisman (5 dènye minit) chita pale li fè ak Valério Saint-Louis an, Beethova voye yon mesaj klè pou bandi yo. An verite, se yon mesaj ki enpòtan epi ijan: “Anpil Ayisyen ap travay di, y ap netwaye twalèt nan otèl New-York… Epi, paske nou gen yon zàm nan men nou, nou deside n ap manje kòb moun sa yo!? Kòb sa a pa p fè nou byen mesye!…Se nou ki gen zàm nan men nou, se pou nou ale dèyè patwon nou yo!”.

San di pètèt, gen anpil Kretyen ki te kouri di: Alelouya, glwa! Se Jezi ki aji pou li libere 4 moun yo. Deklarasyon sa yo lakòz yon konpatriyòt tankou Stephen Williams Phelps deklare kare bare sou paj Facebook li: “Pa okipe okenn valpa ki ap fè konnen se gras ak lapriyè otaj yo libere. Se gwo lajan ki toujou bay. Sispann bay manti!

N ap raple ou, daprè deklarasyon responsab Koral Gospel Kreyol Ministry, fidèl menm legliz sa a viktim plizyè fwa deja anba men kidnapè yo. Ojis, nan mwa desanm 2020, se yon gwo gwo potanta, Pastè Elie Henry, ki se Prezidan Divizyon Entè-Ameriken Legliz Advantis la, ak tout pitit fi li, Irma, ki te pase plizyè jou nan men gang kidnapè Ti Lapli yo, nan zòn Gran Ravin. Daprè deklarasyon Pastè Elie ak Irma te fè apre liberasyon yo, se Jezi ki ta reponn lapriyè yo melanje ak lapriyè fidèl ki te mobilize toupatou sou latè. Kipizè, se Jezi li menm menm ki ta parèt nan Gran Ravin pou li libere yo. Antouka, moun ki t ap suiv dosye a ak tout bon sans yo bay yon vèsyon ki konplètman diferan. Yo di kidnapè yo, ki te mande 5 milyon dola Meriken ranson, odepa, te resevwa anpil kòb anvan yo te libere 2 moun sa yo. Orezime, nan ka pastè Elie Henry a, tankou tout lòt ka kidnapin yo, Lapolis pa te arete okenn kidnapè. Kidonk, Jezi kontinye ap resevwa anpil lwanj pou liberasyon viktim kidnapin yo. Mèzalò, sa nou tout kapab konstate ak je nou epi bon sans nou, se pouvwa bandi yo ki kontinye ap ogmante sou tout teritwa peyi a, granmesi yon latriye kidnapin ki rapòte yo anpil anpil lajan (milyon dola vèt).

Nan kwayans Kretyen yo, Jezi se pitit Bondye Kreyatè linivè a ke granmoun nan te voye mouri sou latè pou li te kapab sove limanite. Kidonk, fraz sa a “Jésus! Suprême rançon” (Jezi! Se ou menm ki pi gwo ranson an) byen chita nan refren kantik “Le nom de Jésus est si doux”, fidèl Legliz Galaad yo t ap chante nan moman gang Izo an te fè dappiyanp sou yo anndan legliz la.

Lè mwen te fenk tande tit chante sa a, mwen te konfonn li ak “Que le nom de Jésus est doux“, yon lòt kantik popilè ki se zèv yon blan Angle ki te rele John Newton. Nou pwofite atire atansyon ou sou chwa “Amazing Grace“, yon lòt kantik John Newton, nan seremoni inogirasyon Joe Biden, jou 20 janvye 2021 an. Daprè istoryen yo, John Newton konpoze “Amazing Grace” nan ane 1772, apeprè 18 ane apre li te fin pase tout vi li ap fè lajan nan kidnape, tòtire, masakre nèg ak nègès li menm ak blan parèy li yo te fè tounen esklav sou bato negriye. Vwalatilpa, toudenkou, John Newton mache di li konvèti akòz yon eksperyans li te fenk viv sou lanmè. Daprè sa listwa rapòte, John Newton te kontinye règ chèch nan zak krabinen Afriken pandan anpil ane apre swadizan “konvèsyon” espektakilè li te anonse a. Boutanfen, John Newton te reyisi lave tèt li. Li pran grad Pastè nan Legliz Anglikan. Chante “Amazing Grace” li konpoze nan ane 1772 lan, ansanm ak plizyè lòt ankò vin popilè anpil, nan legliz pwotestan yo, toupatou sou latè.

Se pa yon aza si, devan ekran televizyon ou, ou abitye wè/tande fanmi jenn gason ak jenn fi nwa polisye blan yo sasinen Ozetazini k ap site non “bondye” ak “Jezi”, apre desizyon sistèm “jistis” rasis peyi sa a ki pa janm neglije lave polisye blan kriminèl yo ki sasinen moun nwa tankou se mouch yo ye. Sèvo anpil nan fanmi viktim yo pwograme ak yon seri kantik epi vèsè biblik yo leve jwenn paran yo ap resite depi yo tou piti.

Ojis, se depi epòk lesklavaj, genyen yon relasyon padon garanti, san jistis – yon relasyon sans inik – ki tabli ant Kretyen blan yo epi Kretyen nwa yo, Ozetazini. Mèzalò, apre sasinay George Flyod lan, 25 me 2020, te kòmanse genyen yon van rebelyon ki t ap soufle nan plizyè peyi kote relasyon nèg ak blan pa kòdyòm ditou ditou, ikonpri Ozetazini. Gen yon diskou revandikatif militan ki te kòmanse pran fòs, sitou, anndan kè popilasyon nwa yo, nan plizyè peyi, sou plizyè kontinan alafwa. Toupatou, vwa pèp revòlte t ap gwonde pou yo ekzije jistis ak reparasyon, tout bon vre, pou viktim zak vyolans rasis yo.

Si ou suiv seremoni inogirasyon Prezidan Meriken Joe Biden nan, 20 janvye 2021, kit se lapriyè Pastè Nwa a, kit se bèl diskou jèn Powèt Amanda Gorman te layite ak anpil ladrès la, yo te marande vizyon yon gran peyi pasifik, k ap itilize pouvwa li pou fè byen lakay li epi toupatou sou planèt la. Jou inogirasyon an, mwen te di: “atansyon kaka je pa linèt! Annou suiv premye 100 jou administrasyon Biden nan pou nou wè ki politik li pral aplike reyèlman”.

Etazini se yon peyi kote elit blan Kretyen yo kontinye rale yon ansyen kòd sansib pou yo bay tèt yo absolisyon, san reparasyon. Fòmil absolisyon fasil sa a chita byen fon nan zantray ideyoloji Jideyokretyen an. Pèsonaj biblik tankou Pòl, David, Salomon, Jozye…yo tout anmize yo mache fè krim tribò babò, masakre chèf lòt nasyon, fè kadejak sou fanm vwazen yo, vòlè tè yo, estwopye yo, ratibwaze… epi, apre sa, yo vin ajenou nan pye yon “letènèl papa sitirè” ki, chans pou yo, tèt koupe ak yo, epi, “Letènèl dè zame” sa a toujou byen dispoze pou li padone tout peche “pitit li pi pito” yo – gratis ti cheri!

Annou fèmen parantèz Etazini an, pou nou retounen lakay nou, ann Ayiti. Tankou laplipa chante fidèl Legliz Advantis ap itilize, atravè planèt la, chante “Le nom de Jésus est si doux” Pastè Audalus ak fidèl Legliz Galaad yo t ap fredone a, se zèv orijinal ki soti anba plim yon konpozitè blan Meriken ki mouri sa gen plis pase 100 tan pase. Se Edmund Simon Lorenz , yon blan ki fèt nan peyi Larisi ki imigre nan peyi Etazini, ki ekri The name of Jesus nan lang Angle. Se 2 blan peyi Bèljik ki resevwa kredi pou vèsyon Franse kantik sa a: Contesse Vernier ak J. Guillod.

Kidonk, vle pa vle, lè n ap analize zak kidnapin ki fèt nan Legliz Galaad la, se anpil jimnastik yon moun oblije fè pou li retire je li nan espas imajinè ki souche nan liv blan Kretyen yo epi fikse ak 2 je nèg/nègès vivan yon reyalite santi kri pèp Ayisyen an ap viv, tout bon vre. Konpatriyòt, lè ou reyisi fè efò ekstraòdinè sa a, ki jan ou menm ou konprann konpòtman viktim kidnapin Legliz Galaad lan ki pa janm di yon mo remèsiman bay plizyè dizèn moun ki te ranmase lajan, riske vi yo nan negosye epi peye kidnapè yo plizyè milye dola vèt (si se pa milyon)?

Sofsi mwen fè erè, daprè tout rapò mwen li jiskaprezan, toulekat mesye yo kontinye fè kòmsi, tout bon vre, se yon pèsonaj ewoyik mistik (Jezi) ki te desann sou latè vin libere yo. Men, pou ki rezon, Jezi Toupisan sa a pa ta tou pwofite mare kidnapè yo, reprann kòb bandi yo te vòlè nan men fidèl legliz la yo, sezi zàm yo, epi tou anpeche plis viktim vin tonbe anba grif menm bandi sa yo, pi douvan?

Èske Jezi ta va adopte menm “konpòtman sitirèz, konplis gang” nou konstate PNH la adopte depi dikdantan an?

Antouka, nan mitan anpil konfizyon ak demobilizasyon diskou sipèstisye sa yo ap alimante, mwen te kontan wè mesaj videyo yon konpatriyòt “Kretyen Advantis non konfòmis” ki deklare kare bare: “Silans anfas enjistis se vyolans!”. Mèsi Femme à la guitare dèske ou pote yon mesaj enpòtan, nan moman trajik sa a. Gen pawòl se moun ki anndan legliz toujou ki ka ede lòt moun ki anndan yo tande li. Respè pou ou ti sè mwen!


An reyalite, anfas fenomèn kidnapin sa a, èske repons tout patizan Jezi ki onèt ak tèt li pa ta dwe klè kon dlo kòk? Klè, tankou ajisman Jezi te adopte nan Jan 2 vèsè 15 a 16: «Li pran kèk kòd, li mare yo ansanm, li fè yon fwèt ak yo. Epi li mete tout moun yo deyò nan tanp lan ansanm ak tout mouton yo ak tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè. Li di moun ki t ap vann pijon yo: Wete sa la! Pa fè kay Papa m lan tounen yon boutik kote yo fè komès!»?

Se vre pa gen okenn rezon syantifik pou nou konsidere Jezi ki dekri nan Jan 2 vèsè 15-16 la kòm yon pèsonaj istorik ki pi kredib osnon reyèl pase lòt sila a yo dekri nan rès bib Jideyo-Kretyen an. Mèzalò, lejann pou lejann, mwen ta panse Kretyen Ayisyen yo ta ka chwazi yon lejann ki kore pwojè liberasyon yo anba grif “bandi legal” k ap teworize yo nan moman an. Poudayè, èske se pa sa anpil nan zansèt nou yo te fè? Parekzanp, kontrèman ak pwopagann ki vin popilè alèkile, nan epòk pa li, Pastè Martin Luther King pa te janm preche pou moun nwa aksepte kolabore ak kriminèl, ni tolere yo nan aksyon yo, swadizan pou «achte lapè». Doktè King pa te janm preche sitirans pou malfèktè. Youn nan pawòl selèb jenn lidè sa a mwen pi renmen se sila a kote li te di: “nan jenerasyon sa a, n ap genyen pou nou repanti, non sèlman pou vye pawòl ak zak mechan yo poze. Men tou, pou silans anraje swadizan moundebyen yo”. Kidonk, si Doktè King te pale Kreyòl, li ta ka di : «Yon bon Kretyen pa dwe konfonn lapè ak lapèrèz!»

Nan tan Doktè King, gwo chèf Legliz Batis yo te denonse li kòmkwa li pa yon «bon Kretyen», paske li ta neglije levanjil (blan yo ba li) pou li preche a, li t ap goumen pou jistis ak diyite (kenbe rèd pa moli Femme à la guitare!). Ojis, nou menm nou ta mande tèt nou kisa yon moun serye tankou Doktè King t ap fè, pandan tout ane sa yo, anndan legliz KuKluxKlan sa a? Sitou, lè nou konnen ki jan, ak bib anba zèsèl yo, apre lamès, Kretyen blan yo te abitye rasanble anba yon touf pye bwa, y ap fredone “Que le nom de Jésus est doux” pandan y ap kankannen plizyè fanm ak gason, granmoun tankou tilezanj, yo pann apre yo fin fè yo pase anpil mati.

Nan moman zak kriminèl sa yo, non Jezi te ka dous nan zòrèy kriminèl yo. Men, èske li te ka dous nan zòrèy viktim yo?

Kontrèman ak Jezi ki nan liv blan yo rele bib la, gen yon Jezi zansèt Afriken nou yo te rankontre tout bon vre. “Le Jésus de Lubeck” se yon bato negriye ki te kinan Rèn Angletè Elizabeth I ak patnè li, chèf kidnapè John Hawkins. Pou kantite richès li te pèmèt 2 kriminèl sa yo akimile sou san epi swè nèg ak nègès yo te kidnape, depòte, mete nan chenn epi vann, se sèten non “Jezi” te dous nan zòrèy Elizabeth I, John Hawkins ak tout konplis kidnapè parèy yo. Men, èske non “Jezi” te dous nan zòrèy nèg ak nègès ki te mare nan chenn bato negriye “Jesus of Lubeck” sa a?

Nan Efezyen 6 vèsè 5: teyoloji Kretyen an deklare kare bare: “Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a avèk respè, avèk krentif, ak tout kè nou menm jan nou ta sèvi Kris la. Se pa sèlman lè yo la ap gade nou pou nou aji konsa, tankou moun k ap achte figi. Lekontrè, fè sa Bondye vle nou fè a ak tout kè nou, tankou moun k ap sèvi Kris la. Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t ap travay, men pou Seyè a. Paske sonje byen: kit yon moun esklav, kit li lib, li gen pou li resevwa sa ki pou li nan men Seyè a, dapre bon travay li fè a”.

Nan tradiksyon Kreyòl bib la ki pibliye sou entènèt la, gen yon ekip blofè ki kouri ranplase mo “esklav” la, yo ekri “domestik”. Sa se yon mannigèt initil, puiske blan ki ekri liv orijinal la repete menm ranstay la nan Kolosyen 3 vèsè 22, Tit 2 vèsè 9, 1 Pyè 2 vèsè 18 e yo itilize vrè mo a nan vèsyon ki pibliye nan lang Franse ak plizyè lòt lang ankò: ESKLAV.

«Esclaves obéissez à ceux qui sont vos maîtres selon la chair, avec crainte et tremblement, dans la simplicité de votre cœur, comme à Christ. Non pas seulement sous leurs yeux, comme pour plaire au hommes, mais comme des serviteurs de christ,qui font de bon coeur la volonté de dieu. Servez les avec empressement, comme servant le seigneur et non des hommes».

Poudayè, se yon diskou reyaksyonè sovaj ki annakò nètalkole ak lòd swadizan pèp dye blan yo pi pito a ta reseswa pou yo fè pèp vwazen yo tounen esklav, pou tout tan gen tan, sou bitasyon yo (alewè Levitik 25: 42-46).

Konpatriyòt, annou klè! Gen yon lòt kalite lide ki depaman nètalkole ak levanjil zonbifikatè blan ipokrit yo te mache simaye toupatou sou planèt la. Moundebyen ki konsevwa kokennchenn lide sa a deklare: Atik 1: Pèp k ap viv sou zile sila a yo te konn rele Sendomeng nan deside pou l fòme yon peyi lib ki granmoun nan tout kò l, ki pa bese tèt li devan pyès lòt puisans nan linivè. Peyi sila a ap pote non Anpi Ayiti. Atik 2: Koze yo bay pou lesklavaj la kaba. Jamè, ogranjamè li pa p janm tounen sou moun ankò. (Konstitisyon Anpi Ayiti, 20 me 1805)

Kidonk, jodi a, frè m, sè m, pandan n ap goumen pou nou libere tèt nou anba yon ekip kriminèl k ap kidnape moundebyen nan sosyete nou an, chak jou ki jou, solisyon lojik la, se pa anfouraye tèt nou pi fon nan yon seri kantik ak vèsè ki ponn nan imajinasyon ansyen bouwo zansèt nou yo, yon makòn blan malveyan kidnapè, malfèktè. Okontrè, pito nou bouske enpirasyon nan eksperyans reyèl nèg ak nègès vanyan ki te pete chenn lesklavaj tout bon vre, ki libere moun bandi yo te kidnape tout bon vre. Ak fòs kouray yo, entèlijans yo, konbit tèt ansanm, nèg ak nègès sa yo ki mache je klere pou jere reyalite yo ofri nou yon konsèp ki reyèlman siperyè: “Tout Moun se Moun”.

Annou sispann angwosi kidnapè yo nan bay tèt nou manti, nan bay Jezi sa ki pa pou ni Jezi, ni Jay Z.

#AtakePatwonKidnapèYo #ToutMounCmoun



1 Comment

  1. Marie Nadine Pierre says:

    Jah & Jahes love Jafrikayiti. Thank you again for another great blog post. I love your style of writing in Kreyol, I think that it is lucid and edutaining. I learn a lot of facts and critical thinking by reading your posts. And, this post stirred my senses deeply. The Chrisitian doctrine has influenced my life in many ways that were not necessarily good. I feel that all chrisitans want to do the best in all situations but their good intentions often class with the traditional doctrine that they are taught to follow. Christianity basically teaches its adherents to be selfish and to save themselves by any means! And, I feel that this is one reason why it was so easily used by the colonizers and enslavers to justify their atrocities and to brain wash their subjects. There are 2 quotes that I copied and post in this comment which I found capture a lot of what you said in the superb blog post. “Etazini se yon peyi kote elit blan Kretyen yo kontinye rale yon ansyen kòd sansib pou yo bay tèt yo absolisyon, san reparasyon. Fòmil absolisyon fasil sa a chita byen fon nan zantray ideyoloji Jideyokretyen an. Pèsonaj biblik tankou Pòl, David, Salomon, Jozye…yo tout anmize yo mache fè krim tribò babò, masakre chèf lòt nasyon, fè kadejak sou fanm vwazen yo, vòlè tè yo, estwopye yo, ratibwaze… epi, apre sa, yo vin ajenou nan pye yon “letènèl papa sitirè” ki, chans pou yo, tèt koupe ak yo, epi, “Letènèl dè zame” sa a toujou byen dispoze pou li padone tout peche “pitit li pi pito” yo – gratis ti cheri!” Unfortunately, this is very true, I feel that since Jesus and his father, God, are white, their kinfolks are likely to believe that they will be forgiven for their crimes. More than that, I am shocked and appalled when Christians tell me not to worry about sinning because “Jesus” was sacrificed to pay for all of our sins! This belief shows that for them, someone other than the real criminal can “do the time” and “pay the price” or be held accountable!!! And, they are always sacrificing humans and other sentient beings even the planet earth to guarantee the survival of their sordid traditions! Finally, I also thought that this quote captured well the main point that you made in the post:”Kontrèman ak Jezi ki nan liv blan yo rele bib la, gen yon Jezi zansèt Afriken nou yo te rankontre tout bon vre. “Le Jésus de Lubeck” se yon bato negriye ki te kinan Rèn Angletè Elizabeth I ak patnè li, chèf kidnapè John Hawkins. Pou kantite richès li te pèmèt 2 kriminèl sa yo akimile sou san epi swè nèg ak nègès yo te kidnape, depòte, mete nan chenn epi vann, se sèten non “Jezi” te dous nan zòrèy Elizabeth I, John Hawkins ak tout konplis kidnapè parèy yo. Men, èske non “Jezi” te dous nan zòrèy nèg ak nègès ki te mare nan chenn bato negriye “Jesus of Lubeck” sa a?” It’s a real shame that black folks consider themselves Christians! Blessed love.#1804 #Ayiti #vivbondyeabarelijyon