Dechoukay Òdone

Jezi Ayiti ak Kidnapin
April 12, 2021

Depi 10 zan se Pèp Ayisyen an k ap viktim. Li swaf diyite, jistis ak reparasyon. Pou nou libere Ayiti anba grif malfini Kò Gwoup an fanmi e alye, yon lavalas ewo sètoblije kanpe dan di pou bare zewo yo, sou chimen konbit lejitim defans.

An verite konpatriyòt, dechoukay la pap fèt vay-ke-vay! Vle pa vle, l ap fèt! E l ap byen fèt!

Jodi a, dimanch 2 me 2021, nou di onè-respè pou tout travayè onèt k ap brase, chak jou ki jou, ann Ayiti tankou aletranje, pou lavi pitit bondye yo kapab vin miyò.

Kòmalòdinè, nou pral rale retwovizè listwa pou nou etidye bon jan tras zansèt nou yo kite pou ede n konbat gang Kò Gwoup an fanmi e alye k ap fè dlo koule nan je nèg ak nègès, depi dikdantan.  

Pou zansèt nou yo te jwenn repo ak Donatien Rochambeau ak chen mechan li yo, se pa ajenou yo te mete, se dechouke yo te dechouke ni chen 4 pat, ni chen 2 pat ki te vle devore nou jouk nan zo. 

Annou founi je gade kèk dechoukay istorik ki pase sou zile nou an…

Sonthonax dechouke Desparbes

Nan mwa Septanm 1792 deblozay te pete nan peyi Lafrans. Wa pèdi pye, Repiblik pran pouvwa a. Vwalatilpa, Kòmandan Desparbès, ki te alatèt yon ekspedisyon Lafrans voye sou zile nou an, se patizan Wa a misye te ye. Lè nouvèl dechoukay Wa Louis 16 lan rive nan peyi d Ayiti nan mwa Oktòb 1792, Desparbès ak Sonthonax vi n nan lese frape paske, dezòmè, Sonthonax pa t nan santiman ak Wa, kote pouvwa an chita se la li geri bosko l. Sonthonax pran devan li di tout kolon li menm ak lòt komisyonè yo pa p nan tete lang ak ankenn moun k ap met dezòd sou zile an, kit se esklav revòlte, kit se fanatik Wa ki pa vle dakò viktwa Revolisyon Repiblik lan nan peyi Lafrans.  Sa ou tande a, tout kolon blan bat bravo lakontantman lè Sonthonax arete Desparbès ak 25 ofisye ki t ap jennen pye l epi, li pimpe yo tounen nan peyi Lafrans.

Konsa, Sonthonax santi pouvwa l double epi, kòm se entèlijan li konnen l ye, li ofri Jeneral Afriken yo garanti libète pèsonèl yo si yo ede l konbat rebelyon esklav lan. Men, nèg yo reponn Sonthonax yo di l: “monchè ale w lavoum, nou pa p met konfyans nou nan moun ki fenk dechouke pròp Wa peyi yo”.

Sonthonax, Pòlverel ak Ailhaud chanje taktik, yo gaye kò yo sou zile a. Pòlverel ak Ailhaud pati nan Lwès ak nan Sid peyi a, tandiske Sonthonax kanpe nan Nò.  Yo gwosi lame a ak promosyon yo bay plizyè milat tankou Rigaud, Chanlatte, Beauvais, Pinchinat epi Villate.  Yo rebatize rejiman ki rele “Legion de St-Domingue” lan “Légion de l’Égalité” yon fason pou yo ka lolo milat yo ak pwomès egalite ant blan ak milat sou do esklav Afriken, jan anpil nan yo te toujou reve a.

Toussaint dechouke Sonthonax, Roume, Hedouville…

Pi douvan se Toussaint ki ta pral dechouke Sonthonax, Roume ak tout lòt demeplè Lafrans te voye jennen pye l sou zile a. Parekzanp, nan mwa Oktòb 1798, lè lame blan Angle yo resi degèpi kite zile a, Toussaint Louverture te pase yon vitès siperyè kont Hedouville, yon lòt ajan peyi Lafrans. Toussaint te di popilasyon an Hedouville se espyon k ap chèche ba l panzou epi retounen ak esklavaj kare bare nan koloni an.  Sa ou tande a, la pou la, nèg ak nègès Afriken fòme yon lame dechoukay, yo anvayi vil Okap epi, rive 22 oktòb 1798, yo fòse Hédouville ak sòlda l yo degèpi, mete van nan vwèl yo retounen nan peyi Lafrans.

Mouvman dechoukay sa yo te nesesè paske biznis kidnape Afriken, fòse yo bourike sou koloni esklavajis lan, se yon kòmès ki te twò dous pou kriminèl yo. Jamè ditou, yo pa t ap janm deside kite l tonbe, si se pa bon jan dechoukay ki te fòse yo bat ba. 

Premye Etap Sistèm Esklavajis lan se Kidnapin

Kidonk, se menmman parèyman pou makòn kidnapè k ap feraye, jounen jodi a, sou lobidyans Jovenel Moise, Kò Gwoup an fanmi e alye. Premye etap sistèm esklavaj lan se kidnapin. Tout jan ou vire yo, analize yo, ni kidnapin, ni esklavaj se Krim Kont Limanite, ni ayè, ni jodi.

«Asasina nan tout Enpinite: Masak ki jwenn benediksyon Leta an Ayiti», sa se tit yon rapò 54 paj ki pibliye nan mwa avril 2021 sou lobidyans «Harvard Law School International Human Rights Clinic» ak «Observatoire Haïtien des crimes contre l’humanité». Annou li yon lòsyè nan rapò a: 

gen alafwa aktè ki nan leta ak aktè ki pa nan leta ki ta kapab komèt krim kont limanite an Ayiti. Atak ki te analize yo gen ladan : touye moun, vyòl, matirize moun, ak pèsekisyon kont yon gwoup akoz idantite politik yo—ki se kalite krim ki konsidere kòm fondman pou pale de krim kont limanite. Nivo, senaryo ak entansite vyolans yo montre se pa t zak izole oswa okazyonèl men se te pito yon atak jeneralize ak sistematik ki sible yon popilasyon sivil. Pi lwen, prèv yo montre atak yo te planifye alavans e yo antre nan kad politik yon òganizasyon (gang yo) ak yon politik anba tab leta genyen pou pèsekite opozan politik li yo. Akoz se katye opozisyon an okipe ki toujou sible ak patisipasyon repete fonksyonè ak reprezantan gouvènman an, polisye ak resous lapolis pèmèt nou dedui egzistans politik deta sa”.

Osijè Masak Lasalin nan, otè yo site RNDDH ki fè konnen: “Jimmy Chérizier (alyas Babekyou) jeneralman opere ak èd ajan PNH, ki fasilite transpò yo epi garanti sekirite li, menm pandan dewoulman aktivite kriminèl yo. RNDDH te idantifye polisye ki rele Garry Sanon, Alain Boyard, Mackendy Cantave, David Diverant, ak Luckson Dessources k ap aji ansanm ak Chérizier”. 

Konklizyon rapò Inivèsite Harvard lan klè kon dlo kòk. Li di, kare bare: “Yo ka rann dirijan Gouvènman an responsab kòm konplis krim kont limanite. Gen ase prèv ki montre administrasyon Moïse la te founi yon asistans pratik ak moral bay gang ki te komèt atak nan Lasalin ak Bèlè. Duplan ak Monchéry ta founi zam ak machin ki te itilize nan atak Lasalin nan. Duplan te fizikman prezan ak Chérizier, Gregory Antoine ak lòt asayan ki te nan espas atak Lasalin nan te fèt la… » 

Rapò a rapousuiv… «Gen temwen ki rapòte Duplan te prezan pèsonèlman pandan atak Lasalin nan epi li di Chérizier «ou touye twòp moun», sa ki sijere li te konnen gen krim ki ta pral komèt nan egzekisyon lòd la… ».

Koute sa byen! Otè yo di : «Prezidan (Jovenel) Moïse Kapab Responsab pou Krim Kont Limanite Daprè Doktrin Responsablite Kòmannman an. Patikilyèman, akoz wòl enpòtan dirijan ki nan administrasyon li an jwe nan planifikasyon ak egzekisyon atak Lasalin nan.

Rapò sa chita sou ankèt apwofondi òganizasyon ayisyen k ap defann dwa moun, Nasyonzini ak lòt aktè entènasyonal reyalize». 

Annou fè yon lòt koudèy nan retwovizè listwa…

DESSALINES DECHOUKE ROCHAMBEAU POU KORE “TOUT MOUN SE MOUN”

Apre Papa Dessalines te fin dechouke Rochambeau ak makòn kidnapè esklavajis Fransè yo, nou sonje kouman, nan ane 1805, li te mennen yon kanpay pou libere pati Lès zile a. Alepòk, Sekretè li yo, Boirrond Tonnerre ak Juste Chanlatte, te gentan kòmanse prepare yon Konstitisyon Enperyal pou Lanperè gouvène tout zile a.   

Malgre tout vizit ale vini, tout ti pawòl nan zòrèy, Dessalines te voye jete lide pou li tabli «lanoblès» sou zile a. Li pa t dakò pou Ayiti tounen yon eritaj pou fanmi li tousèl. Okontrè, Konstitisyon Enperyal la rekonèt posiblite pou lòt fanmi Ayisyen pran direksyon lanpi, apati bon jan eleksyon. 

Konstitisyon Enperyal la batize 20 Me 1805. Se 16 Jen menm ane sa a, Lanperè prezante li bay pèp Ayisyen an, nan yon bèl seremoni ki te òganize nan Palè Enperyal vil Dessalines. Nan okazyon sa a, Sekretè Jeneral Juste-Chanlatte te li Konstitisyon an. Boirrond Tonnerre, yon milat fidèl ki te toujou mache kòtakòt ak Dessalines, te li diskou enperyal la devan tout pèp ak sòlda ki te reyini alantou otèl lapatri. Pami sòlda sa yo, te gen yon batayon blan Polonè, epi yon batayon blan Alman ki te jwenn pwoteksyon Lanperè epòk zansèt nou yo te fè dechoukay blan malveyan yo, nan ane 1804. Kidonk, dechoukay 1804 la pa te fèt vay-ke-vay. Se te yon Dechoukay Òdone. D. Ò. egal de-yò. Wi, nou te gonfle venn nou, nou mete tout kidnapè deyò! 

Pami prensib klè ki fòme nannan Konstitisyon Enperyal 1805 la, nou jwenn :

1)   Pèp Ayisyen an fòme yon eta lib-e-libè ki granmoun nan tout kò li epi ki rele Anpi Ayiti

2)   Anpi Ayiti kouvri tout zile a nèt alawonnbadè

3)   Koze yo bay pou lesklavaj la kaba. Keseswa jamè pou sa ta retounen sou moun ankò 

4)   Tout Sitwayen Anpi Ayiti se frè ki egal-ego devan lalwa

5)   Byen yon moun se bagay ki sakre, pèsonn pa dwe vyole dwa l sou byen li.

6)   Sèl moun ki aji kòm yon «papa valab» merite pote tit Sitwayen Ayisyen

7)   Papa ak manman pa gen dwa dezerite pitit yo sou okenn pretèks

8)   Okenn blan, keseswa nasyonalite li, pa andwa janm mete pye sou teritwa Ayiti ak tit mèt osnon pwopriyetè

9)   Dezòmè, keseswa koulè po yo, tout Ayisyen se «moun nwa» 

Annou pran tan reflechi  sou valè nasyonalis enpòtan ki te fofile nan Konstitisyon Enperyal 1805 lan kote, nou kapab rekonèt se yon konstitisyon Ayisyen te ekri pou Ayisyen, selon reyalite Ayiti epi pèp Ayisyen an.  Èske nou kapab di menm bagay sa yo pou konstitisyon aktyèl la, alevwa pou bagay blan malveyan yo ekri bay Jovenel ak makòn apatrid parèy li yo? 

(AP Photo/Dieu Nalio Chery)

Manman Lwa Ayiti dwe toujou pèmèt chak Ayisyen rekonèt tèt li kòm manm yon sosyete ki klè sou idantite li. Li dwe toujou bay pitit zantray nanchon an priyorite anwo tèt etranje. Li dwe raple n nesesite pou nou bay lenmi istorik pèp la yon distans bwa long pou yo respekte pou tout tan gen tan. Sinon, kidnapè esklavajis sa yo pa p janm bouke vin simen latwoublay nan lavi nou.

Li klè, se paske nou bandone prensip Konstitisyon 20 me 1805 lan, ki lakòz kidnapè G9 kontinye ap fè san n koule pandan yo benefisye pwoteksyon bandi kostime PHTK ak Kò Gwoup an fanmi e alye ki fè kadejak sou Leta Ayisyen, depi 29 fevriye 2004.

DECHOUKE TOUT KIDNAPÈ
Medya nasyonal kou entènasyonal anonse kidnapè ki te kenbe 10 relijye Katolik yo depi plis pase yon dizèn jou, deside lage yo, vandredi 30 avril ki sot pase a. Okenn kidnapè pa sibi konsekans pou zak kriminèl sa a. Zewo arestasyon, kòmdabitid. Èske kidnapè yo vin pi fèb osnon yo vin pi fò? Èske pwochen viktim yo te mèt kòmanse kriye pandan fanmi yo ap sanble resèt…pou retrèt mesyedam k ap òganize «depa òdone» yo?

Flora Marline Nerestant, etidyan Syans Enfimyè ki te gen 32 zan t ap fè staj nan Lopital Inivèsite Lapè lè, jedi 22 Avril, li te tonbe anba grif kidnapè yo. Flora Marline Nerestant te youn nan pi bon sèvo pwomosyon li. Yo jwenn kadav jenn konpatriyòt la gaye sou yon pil fatra, nan komin Taba. Li mouri sasinen menm jan ak Evelyne Sincère.

Pwofesè Famasi Marie-Josette Malvoisin toujou anba men bandi ki kidnape li depi Samdi 23 Avril.

Geffrard Guerby, delege Sendika Polis Nasyonal la pibliye yon videyo 1 mas 2021 kote li te deklare l ap resevwa anpil menas ak pèsekisyon bò kote DG PNH la, mouche Léon Charles ki ta bay responsab dezameman an Dorcenat Jean Rebel misyon pou asasinen l. Kèk semen apre, se ak dlo nan je, Geffrard tap mande PNH la fè tout sa ki posib pou yo rekipere kadav 5 polisye bandi G9 yo ekzekite nan Vilajdedye 12 Mas ki sot pase a. Pou lapenn, responsab PNH yo lage  manda dèyè Guerby Geffrard. 17 Oktòb 2020 yo te blese li ak bal kawotchou. Men, ayè Samdi 1 Me 2021 an, popilasyon an jwenn kadav Guerby Geffrard krible ak vrè bal plon nan lari Pòtoprens. 

KAKA JE PA LINÈT

Pandan bandi sou moto yo t ap sasinen delege SPNH la nan Pòtoprens, enkilpe Jovenel Moïse te nan espektak bèl mèvèy nan Nò peyi a, kote li t ap inogire yon bagay li rele yon Mega-Baraj Idwoelektrik. Moun ki wè foto ak videyo baraj Maryon an mande èske se sa yo wè a ki koute $10 milyon dola vèt la? Èske se konfizyon ki kreye ekspre? Nou wè yon pankat vètoliv ki anonse baraj Maryon an ka kenbe jiska 10 milyon mèt kib dlo. Nou pa gen ni Palman ni ofisyèl Koudèkont ki ka bannou bidjè travay sa a n ap gade a. PHTK kraze enstitisyon sa yo! Mèzalò, nou tou wè se pa machann mikwo ki ta rich rapid vit si Ayiti te depanse nan pwodiksyon manje, enfrastrikti sante, edikasyon, transpò, enèji…atò yon pwèlyèm nan gagòt kòb Jovenel Moïse ak Michel Martelly mete nan operasyon fè sanblan latrin se izin, ti sourit se kanaval, chan kokayin donnen bannann, rigòl pou wouze tè eskamòte likide bay Apaid se baraj idwoelektrik. 

Wi, fwa sa a fòk dechoukay la òdone. Men, kisa sa vle di ojis Dechoukay Òdone?

Dechouke vle di retire “chouk”, sa vle di “rasin” tout move zèb ki nan tè a.

Nan ka kidnapè ki fè kadejak sou Ayiti nan moman an, Dechoukay Òdone vle di se tout bandi alawonnbadè pou nasyon an netralize. Kidonk, pèp Ayisyen an dwe mete ni Lanmò 100 jou, ni Jovenel, ni Martelly, ni Bigio, ni Babekyou, ni Apaid, ni Boulos…anba kòd. Fòk nou jije bandi yo epi PINI yo – selon sa lwa peyi a ekzije, selon sa nasyon an bezwen pou moundebyen kapab resi viv an pè. 

Annou fè yon dènye koudèy nan retwovizè listwa…

KONSEKANS DECHOUKAY VAY-KE-VAY

29 mas 1987 : plis pase 50 pousan Ayisyen majè te ale vote. Pami yo, 99% te vote anfavè yon Konstitisyon tou nèf. Zafè prezidan avi a kaba. Dezòmè, se pèp ki pral eli prezidan yo vle, tout bon vre, chak 5 kan. E sa ki pi bèl la, atik 191 Konstitisyon an deklare, klè kon dlo kòk :  “Makout pa ladan l”.

29 Novanm 1987 : eleksyon pral fèt men se pa ak Yves Volèl, yon kandida ki t ap viv nan dyaspora a. Apenn li te debake, Yve Volel tonbe, li mouri sasinen devan biwo lapolis. Te rete 35 kandida pou chèz boure a. Pami yo : plizyè Duvalieris ki fè je yo chèch kòmsi yo pa konprann atik 191 lan: Claude Raymond, Clémard Joseph Charles, Frank Romain, Clovis Desinor tout te kandida pou Prezidan.  Kidonk, li klè, nan dechoukay 1986 lan se sitou ti Tonton Makout yo ki te sible. Sa se konsekans yon dechoukay ki fèt vay-ke-vay kote blan malveyan yo gen tan òganize «depa òdone» pou tout gwo malfèktè ki t ap travay pou yo, nan pwogram dechalbore peyi Papa Dessalines nan.

Jou madichon 29 Novanm 1987 sa a lame CIA a pote kole ak Tonton Makout yo, yo masakre yon latriye sitwayen ki t ap eseye vote nan riyèl Vaillant. Jal Henry Namphy deklare eleksyon anile. Pèp Ayisyen an pase Nwèl 1987 nan tristès, dezolasyon ak lapèrèz.

17 Janvye 1988 : Lame òganize yon eleksyon «tout jan l bon». Se Leslie Manigat yo chwazi mete chita sou chèz boure a. 6 mwa pa pase, 20 Janvye 1988, Namphy di Manigat «remèt mwen pouvwa m te ba ou a!». «Namphy a donné, Namphy a ôté, que le nom de Namphy soit desormais Namphy 2» – Prezidan 2 fwa pase la !

11 Septanm 1988 : Namphy 2 voye Frank Romain touye pè Jean-Bertrand Aristide ki t ap preche pawòl liberasyon nan legliz Sen Jean Bosco. Yon lòt fwa ankò, pè Aristide chape. Men, yon douzèn lòt inosan mouri sasinen anba kout manchèt Tonton Makout ak atache lame. Dyab krabinay yo tou pwofite boule legliz Sen Jean Bosco rapyetè. Yon semèn apre masak Sen Jean Bosco a, Jal Namphy te chwe nan menm otèl vil Santo Domingo kote li te voye Manigat al kanpe lwen an. Fwa sa a, se li menm ki pran koudeta nan men sòlda ki t ap opere sou lobidyans Prosper Avril. Kidonk : «dyab pa vle wè dyab!».

Avril se yon ansyen rat Duvalieris ki sòti alatèt dènye klas Akademi Militè nan ane 1961 – anvan Duvalier te fèmen pòt bagay sa a. Avril «l’intelligent», yo di se konsa François Duvalier te rele l. Se menm Prosper Avril sa a ki t ap fè tranzaksyon nan bank aletranje ak lajan Duvalier ak madam li Michèle Bennett (Latchamimi) te vòlò sou do pèp Ayisyen an.

Avril te toujou genyen bon jan relyasyon ak blan Meriken, pwofesè li, mèt ke li, bwa ki kore bannann li. Kidonk, rapid vit,  Prezidan koudetayis Prosper Avril resevwa yon premye bourad $15 milyon nan men Washington. Menm kote a, Vatikan pase lòd pou frè Salezyen yo retire ti pè k ap plede preche koze “levanjil liberasyon” an nan kòsaj yo. Blan Washington ak blan Vatikan pale menm lang, alòs nèg bitasyon ki konprann langaj egzekite sa blan an vle a kòmsadwa. Yo mete pè Jean-Bertrand Aristide deyò nan Salezyen. Pè a sètoblije desann kite lotèl legliz Sen Jean-Bosco ale okipe ti moun ki bandone nan lari Pòtoprens. Pandanstan, Prosper Avril ap feraye nan enterè Washington ak lelit reyaksyonè a pou asire tout bagay rete tennfas. Sa vle di : pouvwa a pa p chanje katye nan peyi d Ayiti.  

2 Avril 1989 : yon ekip sòlda Kazèn pote kole ak ansyen Leyopa pou yo mete do Avril atè. Pa fatige ou, bannann Avril byen kore. Okontrè, 8 semèn pa pase, nan mwa Jen 89 blan Meriken lage yon lòt bèl bourad bay Avril, fwa sa a se $60 milyon ki tonbe nan men l.

Oktòb 1989 : Louis Déjoie ak Evans Paul (K-plim) envite pèp Ayisyen an fè dezobeyisans sivil pou komemore dezyèm anivèsè masak Riyèl Vaillant an. San pèdi tan, Avril poze lapat sou 5 militan opozisyon an. Li krabinen yo byen krabinen epi li fè trennen yo devan kamera Tele Nasyonal ak rad ki sou yo benyen ak san. Déjoie te gen tan ale kache. Men twa ka kòt K-plim te kase, zòt menm te gen je ki demi pete. Anfen, kit se Jean Auguste Mezieux, Marino Etienne, Serge Gilles, Gérard Laforest ak Gérald Brun…yo tout te defigire, anba kokomakak Jal Prosper Avril. 

Kòmsi zak kriminèl sadik sa a pat sifi pou kraponnen pèp temerè, nan mwa janvye 90, Avril voye bayakou al badijonnen lokal Pati Demokrat Kretyen ak lokal sendika CATH (Centrale Autonome des Travailleurs Haitiens). Sou menm vitès la, Avril fè arete Antoine Izmery, yon komèsan  Palestino-Ayisyen ki popilè anpil nan Pòtoprens epi ki pa mete dlo nan bouch li lè l ap kritike politik blan Meriken, Tonton Makout ak elit reyaksyonè peyi d Ayiti.

Malgre tout zak krazezo sa yo, grèv pete nan Pòtoprens, lekòl fèmen, magazen pa louvri pòt, pèp souvren pran lari. Kòmalòdinè, lame krazezo a mete devwa l opwòp : li blayi bal tribò babò. Viktim fè mikalaw. Pami yo, yon ti pitit fi 11 lane. Tilezanj lan mouri anba bal kriminèl yo ak tout liv lekòl li nan men li. 

Twòp se twòp atò, bourik chaje pa kanpe! Kidonk, Alvin Adams, anbasadè blan Meriken te fenk voye nan peyi a, òganize yon chita pale ak kliyan l lan. Se konsa, jou ki te 10 Mas 1990 la, twazè-mwen-ven-d-l-aprèmidi, Prosper Avril monte lakay li byen eskòte, anwo mòn Petion-Ville. Twazè won k on boul, Jal Hérard Abraham parèt nan Tele Nasyonal pou li anonse Prosper Avril fè yon kraze kite sa, lame okipe pouvwa a pou 72 zèdtan, annatandan yo remèt mayèt la bay yon Jij Kou Kasasyon. 

Vwalatilpa, dwayen Kou Kasasyon an, sete bon patnè Prosper Avril – yon mouche ki rele Gilbert Austin. Kidonk, tout moun t ap mande tèt yo kisa k ap pase konsa a!?

Apre 3 jou, 13 Mas 1990, pèp Ayisyen aprann li gen yon Prezidan tou nèf ki rele madan Ertha Pascal Trouillot, jij Kou Kasasyon ki ranmase mayèt la nan plas Gilbert Austin ki deside (daprè sa yo di!) zafè prezidan, se pa bagay ki twò enterese l.  Antouka, men nan ki kondisyon, pou premye fwa nan listwa Ayiti, yon fanm monte chita sou chèz boure a. 

Alòs, Bourik Chaje fè yon lòt ti chita pale ak kliyan l yo, epi, san bri san kont, Jal tòsyonè kriminèl Prosper Avril ak tout fanmi li debake Florida kè kal, nan yon avyon U.S. Air Force. Se sa blan malveyan yo rele «depa òdone

Konpatriyòt, zòt k ap preche «depa òdone», ap defann enterè zòt. Nou menm, se viktim nou ye, se jistis nou bezwen, se Pwosè Petwo Karibe ak reparasyon nou ekzije. Nou sèmante, vle pa vle, fòk gen sanksyon pou tout bandi alawonnbadè: kit se bandi nwa, kit se bandi blan, kit se bandi ki pa konnen ki sa yo ye! 

Atansyon konpatriyòt! Pinga ou tonbe nan pyèj jwèt sikolojik. Bouwo yo fenk kare ap magouye. Yo ta vle nasyon an kontinye konte viktim sou yon sèl bò. Depi 10 zan, èske se pa Pèp Ayisyen an k ap viktim? Depi 10 zan èske se pa nou menm ki swaf diyite, jistis ak reparasyon? Pou nou libere Ayiti manman cheri anba grif malfini Kò Gwoup an fanmi e alye yo, se yon lavalas ewo ki sètoblije kanpe dan di pou nou bare zewo yo. Se yon Konbit lejitim defans ki pa gen plas pou kwèdèk!  

Zewo ap vire tèt anba, lanvè landwat. Zafè k regade zewo, li pa ka bare ewo! Se ewo k ap toujou bare zewo. 

Kidonk, pa fatige w, vle pa vle, sa k pou fèt la ap fèt! E l ap byen fèt! Pèp Ayisyen an pral fè yon Dechoukay Òdone! Pi gwo kriminèl yo dwe tonbe an premye!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *