Leve Kanpe Toupatou Pou Ayiti

Chavire chodyè a nèt epi mete dife!
March 8, 2021
Jezi Ayiti ak Kidnapin
April 12, 2021

«Lènmi Ayiti atake nou ak kolonyaviris. Vaksen nou, se san nèg ak nègès vanyan, san zansèt yo, k ap koule nan venn nou. Sou chimen konbit lejitim defans, nou se yon lavalas ewo k ap bare zewo!».

Konpatriyòt onè! 

Mwa pase a, nou te di «Pou rezoud pwoblèm Ayiti ap viv an 2021 fòk nou konprann fonksyonman Kò Gwoup la depi anvan 1804». Jodi a, dimanch 4 avril 2021, se atò nou nan batay pou ede Pèp Ayisyen an jwenn jistis, respè ak reparasyon pou tout viktim, tout masak rejim Tonton Makout Amelyore BINUH-PHTK-CIA a ap fè nan peyi nou an, depi 10 zan!

Nou bese byen ba pou nou salye memwa plis pase 10 konpatriyòt bandi lach yo sasinen jou 1 avril 2021 an nan Bèlè. Nou ekzije liberasyon, jistis ak reparasyon pou pastè Audalus Estimé, Steven Jérôme, Francisco Dorival ak Welmyr Jean-Pierre ki anba men bandi kidnapè yo depi menm jou 1 avril 2021 an.

Jodi a, nou pral rale retwovizè listwa yon lòt fwa ankò pou nou gade ki jan nèg ak nègès vanyan konn goumen ak entèlijans, kouraj epi pèsistans. Kit se sou teren pa nou, kit se sou teren pa yo, nou fenk kare bay gang Kò Gwoup an fanmi e alye yo anpil michan so kabrit.    

Jou 29 Mas 2021 ki sot pase a, aksyon solidarite ak pèp Ayisyen an te tanmen nan plizyè vil atravè planèt la. Mouvman Leve Kanpe sa a kanmarad KOMOKODA yo te lanse nan vil New-York, rasanble divès òganizasyon anti-enperyalis ki wete chapo devan Pèp Ayisyen an daprèzavwa, apre 30 ane batay san pran souf kont CIA ki te kore bannann diktati Duvalier yo, pèp Ayisyen an te finalman kwape rejim sanginè Tonton Makout yo.

Apre yon bon kanpay dechoukay lejitim defans, nan ane 1986, Jal Henri Namphy te tante kalme kòlè Pèp Ayisyen an ak yon pwojè konstitisyon tou nèf. Alafendèfen, dokiman an te pare pou li resevwa benediksyon Pèp la. Konstitisyon an di : zafè Prezidan avi a kaba atoujamè! Alèkile, se pèp ki pral eli Prezidan yo pi pito, chak 5 kan. Kidonk, 29 mas 1987, plis pase 50% Ayisyen majè te ale vote. Pami yo, 99% vote anfavè Konstitisyon tou nèf la.

34 ane pita, demokrasi an danje grav ann Ayiti akoz kadejak pouvwa defakto Jovenel Moïse lan ap fè chak jou ki jou sou Manman Lwa peyi a. Vwalatilpa, granmesi sipò patwon etranje l yo, foli monte nan tèt enkilpe Jovenel Moïse, li vle fè referandòm an favè yon lòt Konstitisyon. Pèp Ayisyen an voye jete pwojè ilegal sa a. Poudayè, atik 284.3 Konstitisyon an deklare: “Yo pa janm gen dwa fè referandòm, pou yo mande pèp la si li dakò fè chanjman nan konstitisyon an”. Patwon blan Jovenel Moïse yo ki anndan Kò Gwoup la (Etazini, Kanada, Lafrans, Brezil, elatriye), Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) ak Nasyonzini montre aklè yo pa respekte pèp Ayisyen an ak Manmanlwa peyi a. Se sa ki fè yo aksepte resevwa yon makòn fo Anbasadè nan kapital yo osnon nan òganizasyon sa yo.

Zòt ka tante rele “anbasadè” ilegal sa yo “Anbasadè bò Katedral”. Mèzalò, se ta yon enjistis mele ak lenkonduit!  Mwen sonje Bòs Pepe, yon jenn teknisyen chaje ak talan, ki te vann mwen yon chajè ennvètè bò Katedral. Plizyè ane annapre, chajè ennvètè a te kòmanse bay ratman. Kidonk, mwen konpoze nimewo telefòn Bòs Pepe te ekri sou chajè a, depi jou mwen te achte l la. Trapde, Bòs Pepe debake lakay la, li fè reparasyon ki te nesesè yo epi, li remete chajè a kanpe djanm. Kidonk, ekspresyon “bò katedral” la ka parèt komik, men li pa jis anvè jenn gason ak jenn fanm k ap defann lavi yo onètman, granmesi talan yo, kouraj yo, konpetans yo epi opòtinite lavi a ofri yo, nan yon peyi kote anyen pa fasil. San di pètèt, yon jou ki pa twò lwen, granmesi Sali Piblik, Ayiti va genyen yon latriye inivèsite teknik k ap ede jeni tankou Bòs Pepe reyalize tout potansyèl yo. 

Antouka, nou pwofite bese byen ba pou nou salye tout travayè onèt, frè ak sè nou yo k ap travay “bò Katedral” la. Nou merite respè ak admirasyon, kontrèman ak fo enjenyè ki fè wout kwochi ak Kòb Petro Caribe a. Kontrèman ak fo Anbasadè, vrè san wont, sa a ki debake nan vil Ottawa, tandiske li konnen byen pwòp Konstitisyon peyi li ekzije nenpòt Anbasadè oswa Konsil Jeneral pou li resevwa benediksyon Sena Repiblik la anvan yo ta parèt nan teritwa etranje ak tit reprezantan Pèp Ayisyen an. Manmanlwa peyi a di sa klè: “Nan reyinyon konsèy minis yo, apre yo fin jwenn dizon Chanm Senatè yo, Prezidan Repiblik la nonmen kòmandan an chèf lame a, kòmandan an chèf lapolis, Anbasadè ak Konsil Jeneral yo” (Atik 141). 

Wi, se poutèt sa, jou 29 Mas 2021 an, nou menm, pitit gason ak pitit fi Ayiti, k ap viv nan vil Ottawa / Gatineau, nou te di mouche Wein Wiebert Arthus ak mouche Fritz Dorvillier, daprèzavwa yo debake Ottawa ak Montréal, san Chanm Sena a pa ratifye nominasyon yo, se vòlè tit yo ye, menm jan ak ti lidè defakto ki fè magouy pou jouke yo nan pòs yo fè dappiyanp sou yo bò isit la. An verite, mesye sa yo pa reprezante pèp Ayisyen an! Yo ka reprezante chèf gang yo, sèvitè enperyalis yo, tankou Jovenel Moïse ak Jimmy Chérizier (Babekyou). 

Ayè 3 avril 2021 an, sa fè 21 ane depi nou pèdi Jean Dominique, yon gran entèlektyèl, yon jounalis fouyadò ki te kanpe djanm nan defans souverènte Ayiti ak dwa tout sila yo ki pi vilnerab nan sosyete nou an. Enèji li, talan li, kouraj li, Jean Dominique te mobilize tout, ak anpil ladrès. Se te yon advèsè fawouch ki te kanpe djanm ak pwojè Lavalas la, anfas gang blan malveyan yo. 

Patrick Élie, yon lòt sòlda vanyan ki li menm tou ale jwenn zansèt yo, te abitye di :

«Jean Dominique pou kont li se yon lame. Se li menm ki te sistèm iminitè politik mouvman popilè pou demokrasi a».

Kòm ansyen Chèf Sekirite ak Minis Defans Ayiti, Patrick Élie se yon nèg ki te konnen peyi l byen, e li te konnen lènmi Ayiti yo fen-e-byen. Patrick Élie di : «Pou yo te ka reyalize abominasyon 29 fevriye 2004 la, zòt te oblije wete Jean Dominique sou sèn nan, pou tout tan gen tan». Patrick Élie di konviksyon l klè kon dlo kòk osijè sasinay Jean Dominique ak Jean-Claude Louissaint ki fèt yon jou lendi 3 avril 2000 lan. Li di : «Menmsi bandi ki ekzekite zak sasinay sa yo ak planifikatè lokal yo ta Ayisyen, veritab kòmanditè krim lan se menm moun ki te fè koudeta 29 Fevriye 2004 lan epi ki te toujou abitye itilize zak sasinay kòm yon zouti nòmal nan asnal politik etranjè yo».

Èske se vre kriminèl yo reyisi fè dekabès ak kadav Jean Dominique?

Lè ou pran san ou koute osnon li sa Jean Dominique te di nan dènye editoryal li fè jou lendi 27 mas 2000 lan, li klè se li menm, pami tout jounalis ki te Ayiti nan moman an, ki t ap fè tout sa li kapab pou anpeche USAID vòlè eleksyon an nan men Lavalas. Ou ta ka menm tante akize l kòm jounalis ki te patizan, paske li t ap pran defans pati politik Prezidan Aristide t ap dirije a. Alepòk, blan yo (Meriken, Ewopeyen…) te vle anpeche Lavalas genyen majorite pòs nan Chanm ak Chanm Depite yo. 

Editoryal 27 mas 2000 lan se dènye Pawòl Jean Dominique, poutan dokiman sa a pa te janm popilè nan epòk ankèt t ap fèt, swadizan, pou idantifye koupab yo. Sa se yon endis enpòtan ki te toujou atire atansyon mwen. 

Depi alepòk, mwen te sispèk laboratwa a te vle itilize krim sa a pou li fè dekabès: 1) fèmen bouch Jean Do epi 2) taye yon fo bonèt kriminèl pou Lavalas, menm pati politik Jean Dominique t ap defann nan. 

Defen Dòk Patrick Elie ki te alatèt Komite Jistis pou Jean Do te fè menm analiz avè m. Se yon konpatriyòt ki te bon zanmi ni Jean Dominique, ni defen Prezidan Preval, ni ansyen Prezidan Aristide.

Malcom X, yon lòt nèg vanyan blan malveyan CIA yo sasinen Ozetazini, nan ane 1965, te avèti nou ak 2 fraz selèb sa yo :

«Si ou pa pran prekosyon, medya yo pral fè ou rayi oprime yo epi renmen opresè yo». Li di tou : «Medya yo ou wè la a, se bagay ki pi puisan sou latè. Yo gen pouvwa pou yo rann inosan koupab epi rann koupab inosan. Se la pouvwa a ye. Paske yo kontwole lespri mas yo».

Wi, laboratwa a gen anpil resous. Li pisan, men li pa toupisan. Se chak jou, nou menm nèg ak nègès vanyan ki kanpe anfas laboratwa a, nou pwouve nou se ewo k ap bare zewo!

Ayè, samdi 3 avril 2021 an, plizyè santèn fanm te manifeste nan vil Pòtoprens, nan okazyon Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyen an. 

Se yon jou 3 avril 1986, òganizasyon «Fanm d’Ayiti» te deside suiv tras vanyan Ligue Féminine d’Action Sociale yo ki, nan ane 1934, te fè yon premye mouvman konsa. Se apeprè 300 000 fanm ki te patisipe nan gwo leve kanpe ane 1986 lan.

Ayè samdi a, manifestan yo te denonse vyolans gang yo ki fè kadejak sou leta peyi a. Fanm yo te pran beton an pou yo defann demokrasi kont pouvwa ilegal bandi PHTK ki rele Jovenel Moise lan.

Manifestan yo mande fòmasyon yon gouvènman pwovizwa ki ap respekte prensip egalite ant fanm ak gason, ki kapab pwoteje pwogrè demokratik yo epi òganize bon jan eleksyon nan peyi a. Bravo pou nou medam!

Depi dikdantan, Nègès Lafrik Ginen te toujou djanm. Yo te toujou kanpe toupatou pou yo defann jistis ak verite – kòtakòt ak frè yo, papa yo, pitit gason yo, kouzen yo, mari yo…

Winnie Madikizela & Coretta Scott-King

Jodi a, 4 avril 2021, se yon lòt dat anivèsè sasinay yon sòlda vanyan ki te tonbe nan peyi Etazini. Kouzen Martin Luther King te fèt yon jou 15 janvye 1929. Li mouri sasinen 4 avril 1968. Kidonk, Doktè Martin Luther King pa te gen tan viv 40 ane.Jiskaprezan, anpil moun pa okouran, defen fanm vanyan Coretta Scott-King, kidonk madanm Martin Luther King, te trennen gouvènman Meriken lajistis osijè enplikasyon ajans leta yo (CIA, FBI), nan kò sansinay yo te fè sou mari li nan vil Memphis, jou 4 avril 1968 la. Ojis, nan ane 1999 Corretta King te pote laviktwa nan kòz selèb sa a. N ap fè ou remake tou, an jeneral, medya yo fè silans sou dènye diskou Dr. King te fè kote li t ap denonse anpil krim gouvènman Meriken t ap fè toupatou sou latè. Doktè King te pwopoze aksyon rebelyon kare bare kont sistèm peze souse a.

Konpatriyòt, an verite, lè nou remake ONG kolon yo debake nan peyi nou ak yon diskou swadizan “feminis” – se mannigèt kolonizatè-vòlò tè yo ap fè. Yo pran pòz y ap vin montre nègès sa ki rele defann “dwa yo”. Men, se yon teknik neyokolonyal, yon estrateji pou frajilize sosyete nou an. Èske se pa menm fo «feminis» sa yo k ap ede bandi Jovenel Moise vòlè tè fanm kiltivatè nan Savàn Dyann pou gonfle pouvwa yon blan Meriken koudetayis, GNBis: André Apaid?

Nou rejte tout mouvman feminis pèpè. Nou rekonèt, depi nan Ginen, se nègès ki manman nèg e, se nèg ki papa nègès.

Èske tout je pa te wè, tout zòrèy pa t tande bèl amoni ak senfoni Titid ak Mildred ki te kanpe djanm ak ekip pwofesè UNIFA yo, nan gradiyasyon 2021 an? Ki moun ki pa te wè fyète ki te gonfle nan figi chak bèl jenn fanm, chak jenn gason djanm ki t ap resevwa diplòm yo kòm doktè, enfimyè, fizyoterapet, dantis, enjenyè, achitèk, avoka, elatriye…

Ayisyen, pa okipe okenn medizan malpalan ki vle fè ou kwè medyokrite se eritaj ou. Anverite, depi nan Ginen, nèg ak nègès ap mache kòtakòt pou nou fè mèvèy toupatou sou latè! Granmesi Sali Piblik la, se konsa menm nou pral kontinye fè l, toupatou, anndan 10 depatman Ayiti cheri nou an.

Chak fwa zòt fè rèv «ti Sourit» pou nou. Nou menm n ap chwazi «gwo lopital»!

***

Lè, isit, nan peyi Kanada, yo te abitye mande defen Doktè Patrick Élie ki sa Kanadyen ki gen bon volonte ta ka fè pou yo ede Ayiti, gran frè a te toujou reponn: «se pou nou pran responsablite sitwayen nou, nan pwòp peyi ou»!

Kidonk, se sa nou kontinye di chak Kanadyen ki poze nou menm kesyon sa a. 

Alòs, pa etone ou si semèn ki sot pase a, ou te wè Andrés Fontecilla, yon Depite Kebekwa kanpe nan Asanble Nasyonal Pwovens lan epi li deklare solidarite ak Pèp Ayisyen an kare bare. 

Men kisa li te di : «Haïti traverse aujourd’hui une crise. Au nom de Québec solidaire, je vous dis haut et fort que mon parti politique se solidarise avec la population haïtienne…avec ces dizaines de milliers de jeunes qui affrontent, sans arme, la répression chaque jour et qui réclament leur droit à l’autodétermination. Je tiens aussi à condamner fermement la position du gouvernement canadien qui soutient la dictature en Haïti…En tant que membre éminent du CORE Group avec les États-Unis, le Canada perpétue sa politique d’interférer dans le mauvais sens en Haïti. Cette politique est indigne de la diplomatie canadienne. Ces puissances appuient les gangsters au pouvoir de crainte de voir le peuple reprendre ses droits, comme cela était survenu en 1986 avec la chute de la dictature de Duvalier. Résistantes et résistants de Haïti, je vous salue. Nous sommes à vos côtés».

Kit se sou teren pa nou, kit se sou teren pa yo, ewo fenk kare bare zewo. 

22 Mas 2021 ki sot pase a, Depite Blòk Québécois, Mario Beaulieu, te prezante devan Palman Kanada, yon petisyon ki mande gouvènman federal la pou li fè yon chita pale ak Komite ki tabli pou jere dosye afè etranjè ak devlòpman entènasyonal lan, yon fason pou sitwayen yo jwenn tout enfòmasyon klè kon dlo kòk osijè “Initiative d’Ottawa sur Haiti”, ki se zansèt “Kò Gwoup” la, yon reyinyon konplotay ki alorijin koudeta 2004 la ki te kapote 7,000 ofisyèl eli, pami yo: Prezidan lejitim Ayiti alepòk, Ekselans Jean-Bertrand Aristide. Nou bat bravo pou kanmarad Solidarité Québec-Haiti yo, paske sa se yon etap enpòtan lit pèp Ayisyen an reyisi franchi. 

Wi! Nou ekzije laverite. Non! Nou pa vle diktati an Ayiti! Non! Nou pap aksepte okenn referandòm enkonstitisyonèl! Nou rejte tout enjerans enperyalis! Nou pap rekonèt okenn prezidan popetwèl, tchoul Apaid, alevwa Anbasadè ak Konsil Babekyou voye nan Kanada! 

Pou nou fèmen refleksyon Jodi dimanch Pak 2021 an, n ap voye yon mesaj pou frè ak sè Kretyen nou yo. 

Kontrèman ak pwopagann ki vin popilè alèkile, kouzen nou, Pastè Martin Luther King pa te janm preche pou moun nwa aksepte kolabore ak kriminèl, ni tolere yo nan aksyon yo, swadizan pou «achte lapè». Dr. King pa te janm preche sitirans pou malfèktè. Youn nan pawòl selèb jenn lidè sa a mwen pi renmen se sila a kote li te di: “nan jenerasyon sa a, n ap genyen pou nou repanti, non sèlman pou vye pawòl ak zak mechan yo poze. Men tou, pou silans anraje swadizan moundebyen yo”. 

Kidonk, si Doktè King te pale Kreyòl, li ta ka di : «Yon bon Kretyen pa dwe konfonn lapè ak lapèrèz!»

Lè bandi rantre anndan yon legliz pou yo kidnape yon pastè ak tout fidèl, repons patizan Jezi yo ta dwe klè kon dlo kòk, klè tankou ajisman Jezi te adopte nan Jan 2 vèsè 15 a 16:
«Li pran kèk kòd, li mare yo ansanm, li fè yon fwèt ak yo. Epi li mete tout moun yo deyò nan tanp lan ansanm ak tout mouton yo ak tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè. Li di moun ki t ap vann pijon yo: Wete sa la! Pa fè kay Papa m lan tounen yon boutik kote yo fè komès!». 

Ou menm sè m, ou menm frèm, ki Kretyen… si ou te vivan nan tan Jezi, nan ki kan ou t ap kanpe?

Èske ou t ap kanpe nan ekip ofisyèl yo, ekip sitirèz yo, ekip manfouben yo? Osnon, tankou Jezi, ou t ap chavire tab sou raketè yo, de kwa pou ou ede pòv vèv yo rale yon souf anba vòlè yo?

Zewo te mèt dechennen. Zewo te mèt vire tèt anba. Zewo pa ka bare ewo! Se ewo k ap toujou bare zewo. 

Premye ewo a se pa ni Martin Luther King, ni Jean Dominique, ni Malcom X, ni Patrick Élie, ni Minouche, ni Prezidan Titid. 

An verite, frèm, an verite, sèm, premye ewo a, se ou menm menm li ye! 

Ewo, mete devwa ou opwòp: Chavire chodyè a!

3 Comments

  1. Marie Nadine Pierre says:

    RastafarI love. I enjoyed reading this blog post. And, I’ m particularly impressed with how you, Jafrikayiti, linked Ayiti’s struggles to remain sovereign with the fight for Civil Rights in the U.S. And, I am glad that you included a fair and honest inclusion of the feminist movement in Ayiti that supported Fanmi Lavalas while protesting Jovenel Moise and the illegal PHTK. I believe strongly that gender equality has to be at the forefront of Ayiti’s liberation or freedom. I was therefore, very happy to see that there was a strong group of young women who graduated from UNIFA last March. And, I hope and pray that other marginalized people in Haitian Society, e.g; the disabled, older folks, will also be welcomed there as students someday. Finally, the heroes and sheras of Ayiti are folks like you, who keep the flames burning, and who have the fortitude to speak truth to power while blowing that conch! Blessed love.#1804 # Ayiti # fanmvayan # UNIFA # Fanmilavalas

  2. Marie Josée Renard says:

    Konpliman vanyan gason ki pa tete lang ak sanzave, atoufè, patripòch, jenosidè, volè pouvwa, Petro vòle! Rele bouki papa l ap manje w! Fout rele yo dyab yo ye. Si tout gason ak fanm konsekan pa reprann rad batay yo, nou mele anko!

  3. Marie Nadine Pierre says:

    RastafarI love. I wanted to also add that Christianity will never provide a liberating theology to people of Ayiti descent. This religion was founded on the colonization of Indigenous people in Ayiti and other places that were colonized by White Europeans and so. it can never be used as a tool to dismantle the white supremacists doctrine that oppressed us. More importantly, there are a lot of Haitians who love Jesus whose real name was Yehoshuah, but they’ve comes to love a watered down version of his revolutionary message. And, the Churches are teaching a Christian doctrine that leaves out Yehoshuah’s revolutionary acts! These include fighting against the rich and oppressive Jews and Romans. Christianity has encouraged Blacks and Haitians to be meek and docile, and to accept their wretched conditions.Still, I don’t think that Vodou can be used to free Haitians either. From what I’ve observed, this Haitian religion promotes individuality and self enrichment. Most folks seek out Vodou to become powerful or to gain personal wealth and success. And, so we are still searching for a spiritual practice that will encourage us to build community by uplifting each other. Blessed love.#1804 # Ayiti # rastafarIaliberating theocracy

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *