Men vrè gouvènman Madan Lalime vle ofisyalize a

Ayiti gen dosye Restitisyon-Reparasyon pou: Lafrans, Lespay, Angletè, Almay, Etazini, Kanada…
June 4, 2022
Kouraj ak sajès Pèp Ayisyen an pi fò pase ni konplo ni wanga
June 13, 2022

Men vrè gouvènman Madan Lalime vle ofisyalize a

Lè ou wè malfèktè sa yo fente agoch, se adwat y ap franchi ak tout boulin. Osito yon vrè gouvènman Ayisyen tabli, premye aksyon konsekan li dwe poze se nasyonalize tout pò ak waf peyi a. Kesyon pou kriminèl kapab rantre ak gwo kagezon zàm “made in USA” nan peyi a dwe kaba isiba.

Nou pa remake ki jan depi kèk mwa mesye ki nan gang “Haiti Chérie” yo disparèt menm jan ak Joseph Felix Badio? Ou panse se fonn yo fonn tankou bè? Al kwè sa!

Pèp ki jwi libète se pèp ki refize kwè nan ni Tonton Nwèl, ni Tonton Sam. Nou menm pitit Lafrik Ginen, nou pa gen zanmi isiba. Tout sa nou posede se batay nou batay pou nou genyen li epi konsève li puiske malfèktè toujou anvayi nou. Kidonk, pa okipe sila yo k ap pwopoze nou solisyon mirak ki gen yon sèl objektif, lage tout souf kout nan reve epi demobilize pèp vanyan an.

Ayisyen se sèl sovè Ayiti.

2 Comments

  1. Marie Nadine Pierre says:

    Jah & Jahes love Jafrikayiti.

    Mesi anpil pou blog sa a. Mwen byen renmen jan ou ekri pou ede nou ove zye nou e pou nou leve kont dominasyon blan malveyan yo! E gen de twa lign nan sa a ou ekri a ki banm anpil kouraj “Pèp ki jwi libète se pèp ki refize kwè nan ni Tonton Nwèl, ni Tonton Sam. … Tout sa nou posede se batay nou batay pou nou genyen li epi konsève li puiske malfèktè toujou anvayi nou. Kidonk, pa okipe sila yo k ap pwopoze nou solisyon mirak ki gen yon sèl objektif, lage tout souf kout nan reve epi demobilize pèp vanyan an.” Blessed love. #1804 #Ayiti #ToutMounSeMoun #LibeteEgaliteMounite

    Ayisyen se sèl sovè Ayiti.

    Jean Saint-Vil

  2. Marie Nadine Pierre says:

    Jah & Jahes love Jafrikayiti. Mesi anpil pou blog sa a. Mwen byen renmen jan ou ekri pou ede nou ove zye nou e pou nou leve kont dominasyon blan malveyan yo! E gen de twa lign nan sa a ou ekri a ki banm anpil kouraj “Pèp ki jwi libète se pèp ki refize kwè nan ni Tonton Nwèl, ni Tonton Sam. … Tout sa nou posede se batay nou batay pou nou genyen li epi konsève li puiske malfèktè toujou anvayi nou. Kidonk, pa okipe sila yo k ap pwopoze nou solisyon mirak ki gen yon sèl objektif, lage tout souf kout nan reve epi demobilize pèp vanyan an.”
    Ayisyen se sèl sovè Ayiti.
    Jean Saint-Vil” Blessed love. #1804 #Ayiti #ToutMounSeMoun #LibeteEgaliteMounite