AKASAN se yon konbit ki ap mobilize resous Ayisyen toupatou pou ede Ayisyen kanpe djanm toupatou.
AKASAN bay anpil Ayisyen enèji, espesyalman sila yo ki grandi nan mitan klas ki pi defavorize yo ki genyen yon ti plas espesyal nan kè yo pou AKASAN. Ayisyen Ki Ap Soutni Ayisyen Nètalkole se sa AKASAN ye jounen jodi a.
Kote pou m bay don ki ka vrèman ede pèp Ayisyen an?
Zanmi ak fanmi pa janm sispan mande nou kesyon sa a. Repons kout la: sipòte òganizasyon Ayisyen ki gen bon repitasyon nan bati kapasite lokal.
Konbit
Misyon nou se ede Ayisyen kèlkeswa kote yo ye envesti enèji ak resous nan aktivite Konbit ki ka pòte yon pi bon kalite lavi pou Ayisyen toupatou. «Konbit» se yon mo Kreyòl ki gen rasin nan yon tradisyon Afriken travay latè an gwoup, ki toujou vivan nan kominote riral Ayisyen yo.
Nou konnen travay yo epi nou kapab ateste entegrite komite yo.