Bwa Kayiman pa te fèt pou Ayisyen sèvi etranje

Lame Rezistans Kako 2020
July 27, 2020
Di manman Lanperè Dessalines mèsi: dechouke tout bandi
September 21, 2020

Sa gen 229 ane pase, 22 out 1791, Ayiti te cho ak dife ki anvayi bitasyon esklavajis nan nò zile a. Bitasyon Noë, Clement, Flaville, Galliffet, Turpin tout te boule rapye tè! Nèg ki kase chenn lesklavaj anvayi Lenbe ak Lakildinò…yo pase tout kolon blan alenfinitif epi yo boule bitasyon yo.  Dife dechoukay sa a anvayi tout laplèndinò rive jouk nan papòt vil Okap. Bitasyon kolon blan ki nan Tit Ans, Katye Moren, Limonad, Grann Rivyè, Sent Sizàn, Dondon, Mamlad, Plezans, Pò Mago… tout te ratibwaze.

Ojis, depi 16 out – lè Bitasyon Chabaud, nan Lenbe, pran dife gen kèk blan ki te koumanse sispèk. Mèzalò, chans pou nou, laplipa nan yo te kwè se te yon ka izole. Se ak anpil remò yon ofisye Fransè ki rele Garran-Coulon rapòte ki jan nan kad plizyè arestasyon yo fè apre dife 16 out la, jou ki te 20 out 1791 lan yo te arete yon nèg ki rele François, esklav yon kolon ki rele Chapotin. Lè yo fòse François pale, non sèlman li admèt li te pami moun ki boule bitasyon Chabaud, li di se depi nan nuit 14 out plis pase 200 nèg te reyini nan Mòn Wouj, sou Bitasyon Lenormand, yo deside pou yo fè yon michan dechoukay total kapital sou tout koloni an. Mèzalò, chans pou nou menm nèg, majorite blan malveyan ki te sou zile a te pran rèl anmwey kolon Lenbe yo pou pawòl tafya.

Rapò Garran-Coulon an pibliye nan ane 1798. Alèkile, li disponib gratis sou entènèt lan nan fòma PDF sou tit: «Rapport sur les troubles de Saint-Domingue, Tome II».

Orezime, blan Franse ki sou zile a te mande sekou blan Angle.   Gouvènè Jamayik lan voye yon bato de gè ki debake Okap 22 septanm. Apre anpil goumen, 7 Novanm 1791, yon ofisye Franse ki rele Michel tire Boukmann. Blan yo koupe tèt Boukmann epi yo ekspoze li sou plas piblik ak yon pankat ki make: “Tête de Boukman, chef des révoltés”.

Boukmann mouri vre. Men, se atò revòlt lan t ap pran chè: Laplenn, Pòtoprens, nan Sid, nan Nò – toupatou nèg t ap goumen pou kase chenn. Afriken yo sèmante yo pap negosye ak pè pap, sèl kòmandman yo se: «koupe tèt boule kay, jiskaske tout blan fin pase alenfinitif!».

Lagè revolisyonè sa a ta pral dire 12 lane ankò, jouk li ponn viktwa Vètyè 18 novanm 1803 ak bèl selebrasyon endepandans Ayiti, 1 janvye 1804. Mèzalò, li enpòtan pou nou raple gwo leve kanpe mwa out 1791 lan se pa t yon kout loray ki fèt toudenkou.  Depi premye debakman nèg sou zile a, nan ane 1503, amezi kolon blan t ap envante metòd sovajri pou yo touye Afriken, se otank te gen fanm ak gason vanyan ki t ap reziste. Devan kouraj yo, blan Franse te souvan rete bouch louvri. Se pat dezoutwa nèg temerè ki t ap brave danje. Se yon veritab mouvman liberasyon ki tanmen depi sou bato negriye yo ki t ap rapousuiv sou zile a… Alatèt mouvman sa yo nou vi n jwenn yon seri lidè yo rele “nèg mawon”. Sa vle di nèg ki kase chenn, kite bitasyon kolon yo ale nan bwa ki nan mòn yo pou òganize revolisyon kont blan malveyan yo. Men yon lis kèk chèf nèg mawon:

1679 Padrejean nan Nòdwès

1691 Janot Marin, Georges Dollot yo bay ti non Pierrot nan Pòdpe

1719 Michel nan Bahoruco

1724 Colas Jambe Coupée

1730 Plymouth

1734 Polydor

1747 Pompée

1757 Médor

1758 Makandal

1775 Noël, Télémaque Canga, Isaac ak Pyrrhus Candide

1785 Santiague, Phillipe, Kebinnda

1787 Yaya.

Ki sa ki te veritab objektif nèg ak nègès sa yo ki te sèmante: «se ra se ta, n ap fout boule koloni esklavajis sa a rapyetè jiskaske nou jwenn libète n»?

Ojis, ki kalite libète yo t ap goumen pou li a?

Èske se libète pou yo kontinye travay, san rekòlte? Èske se libète pou yo kontinye viv san byennèt lanati ofri, san kapasite pou yo transfòme anviwonman yo, selon bezwen kolektif yo?

Fè efò imajine ou fanm ak gason ki te reyini nan Bwa Kayiman nannuit 14-15 Out 1791 yo ta voye je gade nou jodi 23 out 2020 sa a, èske yo ta satisfè wè espetak sa a kote majorite pitit pitit pitit yo kontinye ap viv nan blakawout, nan represyon ak lamizè pandan bouwo yo ap boloze nan gwo kay nan Pèleren ak Mòn Kalvè? Èske yo tap aksepte viv nan «pito nou lèd nou la» menm jan kolon yo te ofri kèk nèg koloni, alepòk Saint Domingue lan?

Non! Se pa pou libète ti Sentaniz zansèt nou yo te reyini nan Bwa Kayiman!

Samdi 8 out 2020, gen yon konbit moundebyen toupatou ki fèt sou lobidyans Haiti Emergency Relief Fund, yon òganizasyon ki tabli nan Eta Kalifòni, Ozetazini. Pami envite espesyal ki te pran lapawòl nan okazyon sila a, Ansyen Premyè Dam Ayiti, Mildred Trouillot Aristide te esplike ak fòs epi ladrès ki jan zansèt nou yo te goumen pou tout Ayisyen kapab viv nan libète ak diyite

Konbit Diyite pou Ayiti (HERF), 8 out 2020

Menm jan doktè Henri Ford, Congresswoman Maxine Waters, aktè Danny Glover ak avoka Ira Kuzban te anonse kontribisyon yo t ap kontinye bay nan konbit pou bati kokennchenn Lopital Inivèsitè UNIFA a, se konsa moundebyen toupatou te pote kontribisyon pa yo nan konbit diyite sa a. Ou kapab klike sou adrès sa a pou ou ka wè Video evènman HERF nan: https://www.facebook.com/haitiemergencyrelieffund/videos/597411131148002

Menm jan an tou, nan diskou li te fè 1 janvye 1804 la, nan sa ki ekri anndan Konstitisyon 1805 lan ak nan aksyon li poze jouk li trepase… Papa Dessalines te bay voum detay sou fòm libète zansèt nou yo te goumen pou li a. Se pa t yon libète endividyèl, se pat yon libète egoyis, se pa t yon libète manfouben. Se yon libète ak diyite!

Pandan n ap ekri dokiman sa a jodi a, nou okouran:

  • Koudèkont pibliye 3zyèm pati rapò sou zak dwèt long siperyè rejim PHTK a fè nan kòb Petwo Karibe a;
  • Nou okouran : enkilpe Jovenel Apredye fè deklarasyon teyatral osijè foli Konstitisyon tou nèf bandi Core Group yo mete nan lespri li, pandan l ap kontinye fè nominasyon ti zanmi kòwonpi pa si pa la. Parekzanp, nou aprann Lòlò, atis GNBis ki t ap mache nan ke jip André Apaid ak Reginald Boulos, bradsi bradsou ak Michel Martelly jwenn ti rekonpans pa l
  • Konsa tou, nou okouran gen plizyè lòt gwoup nan sosyete a, ikonpri kèk ansyen GNBis literè, ki fenk pete rèl anmwey kont rejim sanginè PHTK a;
  • Nou okouran, ayè vandredi 21 out la, blan Meriken arete Dimitri Vorbe, responsab Sogener, konpetitè konpayi General Electric, ak tout madanm li nan Miami, epi yo lage yo menm jou a. Èske tout sa se zak entimidasyon gwo mafyozo yo?
  • Antouka, nou okouran gen gwo esklann ki pete pami yon ekip mafyozo nasyonal ak entènasyonal ki vle monopolize mache ekonomik «yon ti kal elektrisite nan anpil blakawout la».

Kidonk, se pa ni 2 ni 3 evènman ki genyen nan aktyalite a pou nou ta kòmante. Mèzalò, nou chwazi retounen nan retwovizè listwa pou nou kapab pote yon mesaj klè kon dlo kòk : «chavire chodyè 2020 an nesesè paske, an verite, nèg ak nègès pa t fè Bwa Kayiman pou Ayisyen sèvi etranje!».

Nan yon liv blan Franse Antoine Métral pibliye nan ane 1818 sou tit «Histoire de l’insurrection des esclaves dans le nord de Saint-Domingue», men ki sa nou li:

«Kanmarad, se pwemye fwa, lespri libète rasanble nou konsa, depi jou bèt sovaj yo bay pou kolon blan yo te fè dapiyanp sou nou, depeyize nou, mennen n byen lwen tanp nou yo ak tonm zansèt nou yo. Yo vin krabinen nou anba mati lesklavaj jouk lòt bò lanmè. 
Ane apre ane, dlo nan je ak san nou pa janm sispann wouze ni lanmè ni latè. Nou pase lajounen ak lannuit ap bourike pou yo, san nou menm nou pa janm goute dousè repo. N ap chawaye pou byennèt mèt bitasyon parese k ap viv alèz san leve ni lou ni lejè. Tandiske, nou menm, nou manke tout bagay ki nesesè pou lavi. 
Pa gen youn nan nou ki chape. Tout janm, tout bra nou kòche. Kò nou pote mak zak maspinay nou sibi anba zago yo. Nou vyeyi anvan lè, nou mouri jèn. Wòch yo, kav yo, touf bwa pa ka fouti ofri nou libète tout bon vre. Wi, nou ta wete kò nou nan mitan yo, nou ta pito ale viv ak bèt nan bwa. Pou jan, tanzantan, fanm nou yo blije fè dilatasyon, tete yo sèch, sa ki gen lèt se pou dyòl pitit bouwo nou yo. Pitit fi nou tou piti, apèn ap pouse tete, blan vare sou yo. Yo derespekte maryaj pa nou ak zak adiltè degoutan. Lè yo mele san yo ak pa nou, atò pitit pa yo, blan malveyan yo meprize, dezerite. 
Se desten mizerab sa a zòt vle pou nou, pou lavi nèg ak nègès pase nan chenn, nan toumant, represyon ak malsite. 

Nan sitirasyon sa a, ki kote pou nou vire je n?
Lè nou voye je gade dèyè, sa nou wè se krim san parèy k ap fèt kont nou menm ak ras nou an. Nan tan k ap vini an se ta pral pi mal, jenerasyon tyovi nou yo t ap fèt inikman pou sèvi zòt. 
Noumenm Pitit Solèy la, ki sa nou genyen an komen ak blan malveyan yo? Lanmè separe nou, koulè po nou pa menm ak pa yo. Men, lanati fè nou egal youn ak lòt puiske se nan direksyon syèl la figi nou tout ap gade. 

Èske nou te janm rache yo nan peyi yo, fòse yo janbe lanmè pou bourike nan lesklavaj?
Ojis, se yon ti kal diferans ki ekziste ant yo menm ak nou. Ala ou wè, si se te yo menm ki te mwatye toutouni, abiye ak vye retay rad menm jan ak nou, ki t ap pase nuit nan vye joupa nou yo, tandiske nou menm, nou ta abiye ak bèl rad pa yo, pou jenn ti esklav ta va ap lave pye nou, sèvi nou nan gwo koudyay fèt, pandan n ap boloze nan gwo palè san leve ni lou ni lejè, menm gwo chalè solèy nou pa ta janm wè puiske n ap pwelase anba moustikè sou kabann bon resò ak matla koton… An verite, se yo menm ki ta esklav nou, epi nou menm mèt yo!
Non fout! Nou gen twòp tan depi n ap pran brimad! Li lè pou se yo menm ki ta va ap sèvi nou epi, pou nou menm nou ta Wa sou tèt yo! Mèzalò, se pa sa ki motivasyon nou: fè ansyen mèt malonèt tounen esklav nou. Non! Pou nou sispann sèvi, nou pap fè zòt tounen esklav. N ap limen yon dife revanj ki nòb! 
Nou pa ni lach ni kapon tankou yo ki toujou ap mare konplo! Se pou nou aji ak fòs epi aklè. 
Sou zile a, konpare ak lenmi yo, se nou menm ki pi plis. Fanm nou yo, timoun nou yo, grandèt nou yo, tout se vanyan sòlda. Ak klima zile sa a k ap pote lanmò pou lenmi nou yo, vye jèm maladi pral frape batayon yo pandan nou menm nou va kenbe fèray nou byen djanm nan men nou. 
Mwen pa konn kisa n ap tann pou bwa chandèl nou simen dife toupatou nan bèl peyi sa a ki awoze ak swè epi san nou!
Se pou bitasyon sa yo, ki reprezante chenn etènèl pou nou menm nèg ak nègès, tounen sann dife! 
Se pou mèt nou yo, madanm yo ak tout pitit yo ki tap reklame nou kòm esklav si yo ta va siviv, tonbe ansanm anba kou lanmò, tankou viktim ki sakrifye akòz pwòp mechanste yo.
Dife a, an verite, dife tèrib sa a pap kapab pirifye tè kontamine sa a, ni ase, ni twò vit! 
Fòk pa rete anyen menm ki raple nou malsite yo rele lesklavaj la : okenn moniman, okenn moun, okenn jenerasyon! Se sèlman lè sa a, kamarad mwen yo, nou pral jwi libète tout bon vre. 
Kidonk, si ta gen kèk nan nou la a ki anvayi ak lapèrèz ak toumant akòz melanj dife ak san sa a, akoz bitasyon sa yo ki pral ratibwaze la a, anpil richès ak anpil moun ki pral tonbe la a; mwen ankouraje yo fouye nan memwa yo pou yo repase imaj kalamite nou sot pase yo, epi gade douvan pou ou imajine tan kap vini an. 
Destriksyon dechoukay se yon pasaj oblije, yon chimen inevitab ki va ede nou soti nan lesklavaj, rantre nan libète. Pou nou sispann sèvi, nou dwe touye. N oblije detwi tout vye bagay pou nou bati tout bon bagay. Gen de lè zak sa yo vin nesesè pou moun ki anbrase lavni. 

Ala bèl li va bèl lè nou pral jwenn rekonpans nou nan menm peyi sila a ke nou pral kouvri ak flanm dife, fatra epi kadav la. Pral genyen lòt moniman, vil tou nèf, yon nouvo pèp, yon pèp lib ki pral flote drapo li sou lanmè yo, ki pral siyen kontra, fè alyans, resevwa anbasadè, fè lapè oswa lagè». 

Sous: Histoire de l’insurrection des esclaves dans le nord de Saint-Domingue, par Antoine Métral, Paris, 1818. Pages 16 à 20. (Tradiksyon Kreyòl: Jafrikayiti, out 2020).

Alèkile Nasyonzini ekri byen banda sou paj entènèt li :

“Le soulèvement général des esclaves en Haïti dans la nuit du 22 au 23 août 1791 a eu un impact si fort sur la pensée des peuples que l’Organisation des Nations Unies (ONU) a décrété officiellement le 23 août jour international contre la traite des esclaves dans le cadre du projet Route de l’esclave. Date qui sera célébrée pour la première fois en 1998.”

An verite, tout sa se Franse nan dyòl ipokrit karesan!

Nou menm nou di : Bwa Kayiman pa zèv ni Nasyonzini, ni Jezi, ni dyab, ni okenn lòt blan imajinè. Se nèg ak nègès an chè e an zo ki te kanpe byen vivan yo deklare: «Tout Moun Se Moun»!

Wi, nèg ak nègès mawon se manman ak papa libète toupatou sou kontinan Lamerik yo.

Nan yon pwochen dokiman, mwen va pataje ak nou kisa fèy papye listwa rapòte osijè Marco Sanchez Diaz, yon Nèg Mawon ki te soti sou zile Ayiti ak yon latriye Afriken ki vin peple zòn Amerik Santral ak Amerikdisid yo. Mwen te gen privilèj chita pale ak desandan yo, nan vilaj Livingston, nan peyi Gwatemala. Jiskaprezan pèp Garinago sa a gen anpil lanmou nan kè li pou noumenm Ayisyen, ki se bon jan fanmi yo. Wi, nou genyen anpil bèl paj listwa nou deja ekri ansanm, paske fanmi pa janm pèdi, paske lanmou pi fò pase lanmò!

Mèzalò, annou klè! Zansèt nou yo pa te fè tout sakrifis sa yo pou plizyè jenerasyon nèg ak nègès engra ap mache bat lestomak yo, fè dyòlè, site non ewo lagè lendepandans, tandiske nan mitan gwo ane 2020 sa a, pitit pitit pitit yo kontinye ap viv nan blakawout, nan grangou, ak malsite akòz pitit pitit Rochambeau, Napolean ak Thomas Jefferson ki kontinye ap pwelase sou matla koton, anwo tèt Pèleren ak Mòn Kalvè, nan konplisite ak trèt ki soti nan zantray Ayiti Manman Libète.

An verite, chavire chodyè 2020 an, ijan e nesesè paske nèg ak nègès pa t fè Bwa Kayiman pou Ayisyen sèvi etranje.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *