Di manman Lanperè Dessalines mèsi: dechouke tout bandi

Bwa Kayiman pa te fèt pou Ayisyen sèvi etranje
August 23, 2020
Core Group-G9-PHTK kontinye sasinen Dessalines
October 18, 2020

 Nan editoryal 8 desanm 2019, pou emisyon Sewòm Patriyotik (Radyo Timoun), nou te di Ayisyen ap goumen kont «yon Sistèm San Manman Ki Gen Plizyè Papa Pèpè!». Se sistèm san manman sa a ki lakòz nèg ak nègès ap pase mati sou zile Ayiti depi plis pase 5 syèk.  

Pandan n ap ekri editoryal jodi 20 septanm 2020 an, lespri nou an boulatcha, paske nou aprann gang asasen enkilpe Jovenel Moise mete sou lobidyans Bandi Jimmy Chérizier, alyas Babekyou, retounen fè masak sou moun bèlè ayè samdi 19 septanm nan. Pandanstan, yon gwoup sitwayen moundebyen te kanpe devan estidyo Radio-Canada nan Montreal, pou yo rele chalbari dèyè gouvènman Kanadyen an ki pran lajan taks yo, voye $12 milyon dola bay polis kriminèl Jovenel Moise lan pou yo achte zàm fann fwa ki pral pete fyèl nèg ak nègès, mete dlo nan je manman ak papa pitit, pi plis toujou.  

Ayisyen toupatou sèmante, fòk malere ki ap viv Bèlè, Site Solèy, Kafoufèy, Lasalin, nan Latibonit, toutpatou sou zile Ayiti jwenn fen kriminèl yo.

Pou mouvman rezistans lan pote laviktwa, fòk nou byen pran san nou, chèche konprann fonksyonman alyans ki ekziste ant blan malveyan yo epi Konze san manman k ap fè san nèg ak nègès koule sou zile a, depi dikdantan.  

Semèn pase a, reprezantan Core Group yo fè pèp Ayisyen an gwo menas «konsekans» si nou pa vle aksepte bann dekrè ilegal Enkilpe Jovenel Moise yo.  

Ojis, zansèt Mike Pompeo ak Helen Lalime yo t ap fè menm kalite krim ak yo nan epòk koloni esklavajis lan. Annou fè yon koudèy nan retwovizè listwa…  

Nan koloni Saint-Domingue, se gwo toumant ak latwoublay ki te toujou ap boloze nan lespri chak nèg, chak nègès ki riske aprann «kolon blan an gen je sou manman l», kidonk: «le colon guette ta maman»! 

Nou te founi je gade ki jan kolon esklavajis yo te abitye separe manman ak pitit, madanm ak mouche, papa ak pitit – fizikman – lè yo vann yo separeman bay lòt kolon ki byen lwen. Sovajri kolon Kretyen Ewopeyen yo te tèlman san limit, pandan plizyè syèk, laplipa Afriken grandi san yo pa janm kapab konnen ki moun ki manman yo, alevwa pou yo ta konnen ki lès ki papa yo.  

Parekzanp, jiskaprezan, istoryen yo pa ka di avèk asirans, ki moun ki te manman ak papa ni Dessalines, ni Toussaint Louverture, ni Henri Christophe. 

Depi yon douzèn ane, konpatriyòt fouyadò Bayyinah Bello tanmen selebrasyon lavi Papa Dessalines, chak 20 septanm, nan Fondasyon Felicité. Nan liv li ki rele «Jean Jacques Dessalines, 21 Pwenkonnen sou lavi li», otè Bayyinah Bello di sou baz tradisyon oral li ranmase nan plizyè depatman peyi a: daprè temwanyaj nègès grandèt Agbaraya Toya, ki ta prezan nan moman manman l t ap kaselezo pou akouche l, Dessalines fèt sou zile Ayiti, 20 septanm 1758.   

Mèzalò, gen lòt fouyadò ki prezante teyori ki diferan osijè sikonstans nesans Papa Nasyon an. Parekzanp, fouyadò Jerry Gilles, alyas Tidiri Mede, raple nou “dat 20 septanm nan, se yon kreyasyon resan… pa gen okenn dokiman lan epòk Dessalines ki di dat sa a. Ni pa gen okenn istoryen lan epòk li nonplis ki bay dat fèt li… Kanta prezan, istoryen pa fin konnen si l te fèt ann Ayiti oubyen si l te fèt lan Ginen, alewè pou yo ta konn dat fèt li”.  

Bò kote pa li, fouyadò Norluck Dorange di… «Dessalines te fèt ann Afrik». Li site Louis Dubroca, yon ekriven Napoleon te mandate pou salopete non Dessalines nan yon liv li te pibliye nan mwa desanm 1804 sou tit «La vie de Dessalines», kote Dubroca ekri: “ce féroce africain transporté récemment à Saint Domingue des côtes de la Guinée, lorsque l’insurrection éclata, il portait le nom de Jean Jacques… ». 

Sou kesyon peyi kote Dessalines fèt la, lè mwen te konsilte konpatriyòt Bayyinah Bello, li te reponn: “Pawòl Dessalines sifi pou mwen. Ale reli diskou li te fè 1 janvye 1804 la”. Jisteman, nan diskou sa a, nou kapab li yon kote Dessalines deklare: “fòk nou poze yon dènye zak ak tout fòs nasyon an pou nou asire libète ap djayi pou tout tan nan peyi sila a KOTE NOU TE FÈT LA”. 

Daprè rezilta travay rechèch ki pibliye sou sit entènèt Genealogie d’Haiti et de Saint-Domingue, otè yo idantifye manman Dessalines kòm yon fanm ki te rele Marie Elizabeth.

Kidonk, jiskaprezan, gen diferan ipotèz osijè dat, sikonstans ak kote Dessalines te fèt. Gen ipotèz osijè non manman li, gen endis sou jou li te konn fete nan vivan li. Men fòk nou pa bliye gen anpil chans Dessalines pou tèt pa li pa te konnen ni manman l, ni papa l, ni kote li te fèt, alevwa dat la.  

Mwen kwè nan moman an, sa ki pi enpòtan se pou rechèch kontinye fèt pou, detanzantan, nou kapab dekouvri, korije, verifye, konfime enfòmasyon sou fè istorik enpòtan sa yo.  

Mèzalò, sa ki klè kon dlo kòk : gen yon jou, yon nègès vant beni te kaselezo pou li pouse yon potorik gason limanite vin konnen sou non DESSALINES. Nou te riske pèdi tout tras nègès vanyan sa a. Paske zòt te mete chenn nan pye li, zòt te fè dappiyanp sou tout sa li te posede kit se lèt ki te nan tete li, kit se non manman li, non papa li, osnon non pa li.  

Men, an verite, Dessalines pa t yon san manman! 

Jodi a, se lizay pou nou fete lavi Dessalines epi pou nou di manman Lanperè mèsi! 

Pou nou di fanm vant beni sa a yon mèsi ki valab, jodi a, fòk nou ede fanm ki gen dlo k ap koule nan je yo, nan Bèlè, jwenn jistis. Fòk nou ede fanmi Mèt Monferrier Dorval jwenn jistis.  

Sa vle di, kit li kontan, kit li pa kontan, gen kesyon enpòtan pou nou poze Madanm Helen Lalime, Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini, ki alatèt BINUH.  

Nan yon chita pale li fè ak jounalis Robenson Geffrard, jou ki te 10 septanm ki sot pase a, nan emisyon «Haiti sa k ap kwit – Tele20», Me Samuel Madistin rapòte dènye konvèsasyon li fè ak defen Me Monferrier Dorval, ki ta di l, tousuit apre eleksyon l kòm Batonye, kidonk 15 jou anvan sasinay la, BINUH te rele l epi pwopoze l djòb prezidan yon komite ki ta pral ekri yon nouvo konstitisyon pou Ayiti. Me Dorval refize, li di blan yo non!   

Kèk jou apre, blan yo retounen kote l ankò, yo di l, apre yo fin konsilte plizyè lòt moun, ikonpri Mèt Madistin, se limenm, Mèt Dorval, tout moun di ki touskilfo pou prezide komite sa a.  

Ou wè jan blan malveyan yo pèsistan, yo bezwen kwoke yon Konstitisyon pèpè nan gagann pèp Ayisyen an, ak tout fòs, pandan peyi a anba okipasyon Core Group an fanmi e alye!  

Mèt Dorval reziste, li di li pa vle patisipe nan ni magouy, ni konflidenterè.  

Mèt Madistin di li se premye moun Mèt Dorval te rele pou mande opinyon li sou kesyon an.  

Mèt Madistin di li te reponn Mèt Dorval : selon analiz pa l, se pa otan wòl Batonye a ki mete l an konflidenterè, se kontèks politik la ki pa favorab. Daprèzavwa yon tèks Konstitisyon tou nèf pou yon peyi, se kichòy ki dwe benefisye bon jan konsansis politik. Vwalatilpa, Enkilpe Jovenel Moise pa ka pote okenn pwojè refòm konstitisyonèl puiske se yon eleman ki pa gen pyès lejitimite popilè, li se yon enkilpe, kidonk yon eleman lajistis sispèk kòm malfèktè.  

Ou ka jwenn Videyo Antrevi Mèt Madistin bay Robenson Geffrard la sou Youtube – an patikilye, temwanyaj osijè BINUH an, kòmanse apati 23 minit rive sou 30 minit 45)

Mèt Dorval te di li pral rankontre lòt moun anvan li bay BINUH yon repons final, e li pwomèt pou li pale ankò ak Mèt Madistin anvan li rele BINUH… Madistin di, malerezman, Mèt Dorval mouri sasinen san yo pat janm gen chans pale sou koze sa a ankò. 

Anvan nou fèmen parantèz sa a, m ap fè ou remake, Jacqueline Charles, jounalis Miami Hérald lage yon ti mesaj kout, yon Twit, jou ki te 14 septanm nan, kote li rapòte pwopozisyon BINUH te fè Mèt Dorval la, selon temwanyaj Mèt Madistin an. Mèzalò, Miami Herald pa janm di krik sou koze sa a, ikonpri nan atik Jacqueline Charles pibliye sou evènman Ayiti yo, jou 16 septanm ki sot pase a.  

Konpatriyòt, siman, ou te tande Komisè Gouvènman Ducarmel Gabriel ki te anonse ki jan yon sèten Alex alyas “Black”, swadizan kriminèl ki touye Mèt Monferrier Dorval la, ta mouri sasinen tou, menm jou li menm ak konplis li yo ta fin ekzekite Mèt Dorval la. Gen yon bon zanmi Enkilpe a ak madanm li, Martine Moise, ki rele Dunès Vilpique ki ta nan prizon. Mèzalò, fòk nou rete vijilan anpil pèp Ayisyen! Fòk nou suiv dosye sa a ak loup pou nou kapab jwenn ekzakteman ki kriminèl ki patisipe nan kò sasinay sa a. Fòk lajistis mare tout kriminèl yo, kit se nèg, kit se blan, ki gen men yo tranpe nan zak san manman sa a. 

Èske te gen konvèsasyon ant Mèt Dorval epi BINUH tout bon vre, dènyèman?  Si wi, ki dat, a ki lè, sou ki sijè? Epi, ki kote pwosè vèbal rankont sa a ye? 

An verite, se depi 17 oktòb 1806 Ayiti pèdi ray. Se vre sistèm ki anplas nan moman an se yon sistèm ki ta vle fè Ayisyen viv tankou yon bann san manman. Mèzalò, pinga nou kite se papa sistèm nan k ap pouse odas pou yo vin fè pèp Ayisyen an la leson, sou tèt krim yo menm ankò yo kontinye ap fè sou yon pèp inosan.  

Parekzanp : Nan sistèm san manman nou genyen la a, fanm kontinye sibi mechanste anba men gason gwayil tankou bandi PHTK Yves Léonard ki te maspinen ansyen majistra Nice Simon (nou di ansyen Majistra paske kounye a manmzèl se yon grenn defakto menm jan ak rès bandi yo!).  

Wi, gen anpil refòm ki merite fèt pou nou retire fòs kote anndan sosyete a. Fòk nou goumen, san pran souf, pou fanm ak gason kapab viv ak diyite, lapè ak mounite. Nou deja genyen anpil bon modèl nèg ak nègès ki adopte bon vivasyon, k ap travay nan amoni ak respè youn pou lòt. Papa Nasyon an, Anperè Jacques 1, ak Enperatris Claire Heureuse Félicité Bonheur trase bèl ekzanp pou nou, ni atravè vivasyon yo, ni anndan tèks Konstitisyon 1805 lan. Si ou pa avèg, si ou pa gen movèz fwa, ou kapab wè ekzanp vivan devan je nou la a nan Taba, epi nan tout fon kè peyi a.   

Kidonk, lè blan malveyan ki chita sou dodin yo nan Anbasad Kanada, Lafrans ak Etazini rele Bandi Jovenel Apredye, yo pase li lòd, nan dekrè ilegal li a, pou li mete 4 Abolotcho epi 5 Abolotcha kòm manm KEP, nenpòt timoun nan Larepiblik ka rale zòrèy Apredye pou yo di l : «Enkilpe, nou wè tout kò w, e nou wè men papa w!» 

Alèkilè, blan malveyan an gen pretansyon vin preche egalite ant fanm ak gason nan peyi nou – poutan, depi dikdantan, se yo menm menm k ap plede masakre ni nèg, ni nègès.

Non! Yon Krèy Elektoral PHTK ki gen 50% vòlè, 50% vòlèz, se pwogrè nan je bandi sinik Core Group an fanmi e alye. Men, sa pa ka detounen Ayisyen moundebyen! 

Depi lè zansèt nou yo t ap bati gran sivilizasyon sou kontinan Lafrik, yo te konsidere fanm, espesyalman fanm ki pote pitit nan zantray yo, kòm trezò san parèy.

Parekzanp, kit se sou miray piramid ki nan peyi Soudan ak Lejip osnon sou fèy papiris listwa, nou kapab wè pòtre ak gwo estati zansèt nou yo te mete kanpe pou yo onore nègès tankou Rèn Tiye.  

Jiskaprezan, touris ap admire kokennchenn Palè Wayal zansèt nou yo te bati pou yo onore Rèn Atchepsout, yon fanm ki te pote tit Farawon, kidonk, pi gwo chèf nan tout Wayom Kemèt, ansyen non Lejip. 

Tandiske, jiskaprezan po ko gen yon fanm ki rive Prezidan Ozetazini! 

Gouvènman Michèle Sison ak Helen Lalime reprezante a, se youn nan plizyè papa pèpè ki anjandre «Sistèm san manman» sa a ki jouke enkilpe Jovenel Moise nan “kalòj” ki sou channmas la. 

Le zàm fann fwa ap pase san kontwòl ayewopò Miami pou yo vin chwe nan katye popilè, nan latibonit, nan tout fon kè peyi d Ayiti, pou bandi G9, sou lobidyans Babekyou, mache rachonnen nèg ak nègès san defans… se kado “papa sistèm san manman an” voye bay “pitit sistèm” nan, kidonk: PHTK an fanmi e alye 

Jovenel Bandi Apredye pibliye yon dividal arete. Pèp Ayisyen an di tout se radòt! Se Jovenel n ap arete! 

Lè nou voye je gade kanè sitwayen Jovenel Moise, ki bay tèt li plizyè fo tit, pami yo: Prezidan, Enjenyè, Antreprenè… apre 3 ane, pèp Ayisyen an deklare Jovenel «Remis à ses papas», «admis au Pénitancier national».  Epi si pitit plizyè papa sa a ensiste, li riske «admis dans un autre établissement sis au pays sans chapeau» – avec ou sans Martine! 

Wi! Listwa montre nou gen yon “sistèm san manman” ki t ap taye banda sou zile Ayiti pandan plizyè syèk, jiskaske, yon jou 18 novanm 1803, yon nèg ki rele Dessalines ak yon lame nègès ak nèg vanyan te reyisi fann fwa Napoléon ak lòt blan malveyan yo epi mete lòd nan dezòd. 

Jodi a, fanm ak gason vanyan k ap lite pou nou di manman ak papa Dessalines mèsi, objektif nou se bati yon Ayiti kote tout moun va viv tankou moun.

Mèzalò, nou dwe mache ak je n byen kale. Veye pou nou pa pran kou nan men agaman. Gen plizyè move ganeman pami papa sistèm nan, k ap mache di alèkile, yo pa rekonèt pitit sa a akòz vwazinaj di li lèd, li pa itil yo ankò, li kriminèl, li vòlè, li pa bay papa l yo sa yo te antann odepa…

Kidonk, nou pa dwe bliye Jovenel Bandi Apredye Moise «SAN MANMAN». Men, se pa yon loray ki kale bandi sa a. Jovenel gen plizyè papa malveyan, laplipa se blan.   

Pou nou di manman Lanperè Dessalines mèsi, fòk nou dechouke tout bandi. Ni bandi nwa, ni bandi blan! 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *