Core Group-G9-PHTK kontinye sasinen Dessalines

Di manman Lanperè Dessalines mèsi: dechouke tout bandi
September 21, 2020
Rejim Bandi PHTK ak Rejim Tonton Makout Se Marasa
November 16, 2020

Core Group-G9-PHTK kontinye sasinen Dessalines

Jodi a, dimanch 18 oktòb 2020, Ayiti manman nou kontinye ap deperi anba grif bandi nasyonal ak bandi pèpè ki fè dappiyanp sou leta Ayisyen. Kidonk, nou vin ranmase plis fòs pou nou chavire chodyè a, epi libere Ayiti tout bon vre.

Nan okazyon 214 zyèm anivèsè sansinay Lanperè Jacques Premye, Papa Nasyon an, nou pral founi je gade sikonstans ki makònen ak krim 17 oktòb 1806 la, ki se premye zak derayman tren libète ak byennèt nèg ak nègès sou zile Ayiti. Pandan nou sou chimen listwa ap gade sa ki t ap pase nan ane 1806, detanzantan, nou va konpare eksperyans zansèt nou yo ak reyalite nou menm, desandan yo, n ap viv jodi 18 oktòb 2020 an. 

Nan mwa me 1806, laplipa ofisye ki kantonnen nan depatman Sid yo te gen tan pran desizyon soulve kont Lanperè Dessalines.  Se jou yo t ap konte pou yo pase alaksyon. Epi, bridsoukou, yon michan maladi vomisman pase pran Jeneral Geffrard, jou ki te 31 me 1806 la.  Gen moun ki kouri bri se Dessalines ki okouran pwojè trayizon mesye yo, ki ta fè pwazonnen Géffrard. Men, gen anpil lèzòt nan lavil Okay, kote yo te konnen Geffrard fen-e-byen ki sètifye tout sa se radòt, se yon absè lestomak ki voye Jeneral Geffrard al bwa chat. Sanble kèk tan anvan li trepase ak michan vomisman sa a, Géffrard te fè bèkatè sou chwal li nan yon zòn yo rele «aux Platons», kote li te abitye ale fè lachas.

Jeneral Geffrard te pitit yon milat ki te rele Nicolas Geffrad epi yon fanm Afrikèn peyi Senegal ki te rele Julie Koudwo. Mouche te rantre nan «Légion de l’égalité» Sonthonax te fòme pou favorize mesye milat yo. Konsa, Geffrard te goumen kont Toussaint Louverture. Men, lè li te dekouvri kouman blan Franse te fè plan retounen kare bare ak koze lesklavaj sou zile a, li te aksepte chanje fizi li zepòl, menm jan ak Pétion.  

Apre lanmò Geffrard, mouvman anti-Dessalines nan te febli paske li pèdi yon lidè fawouch. Mèzalò, milat nan Sid yo te kontinye gen anpil vye rankin rasis nan kè yo kont Dessalines. 

Kipizè, sou konsèy kèk nan sekretè li yo, Lanperè Dessalines te deside rapousuiv yon kanpay netwayaj nan administrasyon leta a, sitou konsènan koze move tit pwopriyetè anpil fonksyonè t ap jwi jiskaprezan. Epi, fòk nou di l tou, gaspiyay lajan ki t ap fèt akòz dividal fanm deyò jeneral yo te genyen toupatou nan peyi a. Dessalines sèmante, a konte premye janvye 1807 tout vye gaspiyay sa yo ap kaba atoujamè.

Lanperè chwazi yon nonm ki rele Inginac, li nonmen li «Grand Officier» epi « Kontwolè Jeneral tout operasyon administratif Lanperè». Kidonk, Inginac la pou li mennen ankèt, fouye pòch tout nèg osnon blan k ap fè dwèt long siperyè ak byen leta.

Lapoula, nan mwa septanm 1806, Inginac koumanse ede Dessalines mete kòd nan kou mimi tout koulè tout plimaj. 

Nan zòn Sid la se tout nèg ki pat an règ ki t ap kouri eseye mete lòd nan zafè yo, anvan kòd Lanperè rive sou yo. Depi sou yon blan Meriken ki te rele Makintosh ki te sètoblije remèt Leta Ayisyen plis pase 120 mil goud li te vòlò, rive sou anpil lòt gwo tèt ki t ap fè rakèt.

Apre operasyon anti-koripsyon li te tanmen ak Inginac nan depatman Sid la, Lanperè retounen nan Lwès, li di Jeneral Lamarre, prepare li pou li desann al goumen kont nèg Depatman Sid la paske, daprè sa li konnen li sot fè nan rejyon sa a, si sitwayen pa ta soulve kont li, se pa gason yo ye. 

Kidonk, menm jan, nan ane 1806, Dessalines t ap goumen kont bandi blan, bandi milat, ak bandi nèg ki te fè dappiyanp sou richès peyi a, se konsa, jounen jodi a, Pèp Ayisyen an kanpe dan di pou li goumen kont piyajè ki fè wout kwochi ak bidjè nasyonal la, lajan rekonstriksyon peyi a, ak Kòb Petwo Karibe a.

Nan okazyon 17 oktòb 2020 ki make 214 lane depi asasina Papa nasyon an: Jean-Jacques Dessalines, òganizasyon Noupapdòmi pibliye yon kominike pou bay dizon li nan konjonkti malouk peyi a ap viv la.  Annou li sa jenn Petwotchalennjè yo di nan nòt sa a :

«17 oktòb 2020 an, tout Ayisyen dwe raple yo, depi apre Dessalines fin deklare peyi a endepandan, jou ki te 1er janvye 1804 la, gen yon gwoup pwofitè ki pa t gen okenn pwojè libètè ak byennèt pou majorite a, ki te fè va sou tout sa ki te gen kòm byen ki te rete apre lagè a, tankou tè nan plenn ki ka fè manje yo. 

Dessalines, li menm, ki te jennen ak konpòtman ava sa a, ki pa t kadre ditou ak ideyal ki te pouse zansèt yo riske lavi yo pou goumen kont pi gwo lame nan mond lan alepòk, te oblije reyaji. Sa ki ta pral eklate premye gwo kriz Ayiti pral konnen apre lendanpandans lan.
Divizyon sa ki pral eklate ant Dessalines ak lòt gwoup ki t ap mache vòlè byen Leta yo ta pral agrave jiskaske Dessalines ta pral pran gwo desizyon pou kwape piyaj sa a. Se nan eseye pwoteje byen peyi a pou l ka sèvi peyi a, yon gwo konplo ta pral òganize kont Dessalines jiskaske yo asasinen li.

Tankou nou toujou di l nan Noupapdòmi, zak sasinay sa a se premye zak enpinite nou konnen nan listwa peyi a e se nan batay kont koripsyon pou respè byen kominote a Papa nasyon an tonbe. Se pou sa petwotchalenndjè yo te soti an mas 17 oktòb 2018 la, pou te òganize pi gwo manifestasyon kont koripsyon peyi sa a te janm konnen, kote plis pase yon milyon moun nan tout gwo vil peyi a t ap mande yon sèl bagay : Kot kòb petwo karibe a ? 2 lane apre gwo manifestasyon sa a, tout sosyete a konnen ki kote lajan Petrocaribe a pase, se pou sa se yon pwosè serye y ap mande, pou bandi yo restitye sosyete a sa yo vòlè».

Bò kote pa li, Pati Politik Fanmi Lavalas bay yon Konferans pou Laprès, vandredi 16 oktòb ki sot pase a, kote li wete chapo devan pèp Ayisyen an ki pa janm sispann fè rezistans kont kolon rasis Core Group yo ak rejim PHTK Makout an fanmi e alye sa a ki mete pye yo sou kou Pèp Ayisyen an. Pwofesè Jodson Dirogène deklare: «nan sitiyasyon malouk sa a kote avni jenès la, avni tout pèp la menase, kote chak jou ki pase se plis kadav nan kan mas yo, nan kan majorite a, Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas ki toujou kanpe e ki fè youn ak Pèp la pap janm sispann di se chodyè a ki pou chavire». 

Bò kote pa li, Doktè Gédéon Charles, youn nan Pòt Pawòl Fanmi Lavalas ki te pale nan okazyon sa a ajoute : «Menm jan Pèp Ayisyen an te itilize bon jan estrateji pou te fè rezistans fas ak lame kriminèl la, fas ak FRAPH pou te pèmèt retou 15 oktòb la te rive posib, se konsa tou, nou dwe kontinye itilize bon jan estrateji, bon jan ladrès pou reziste fas ak kriminèl bandi legal, braslè wòz yo, ki vle masakre tout pèp Ayisyen an…

…Mobilizasyon an dwe kontinye sou tout fòm nan kat kwen peyi a, jouk nou rive libere tèt nou nèt anba leta enpòte sa a, leta restavèk, leta sansi sa a, pandan n ap kontinye fè lejitim defans. Si n pa sove diyite n, diyite n ap sove kite n. Pou pita pa kontinye pi tris se pèp la ki dwe chavire chodyè a».

Annou fè yon lòt koudèy nan retwovizè listwa…

Militè ki te trayi Lanperè Dessalines yo te jwenn sipò nan men grandon, sitou milat ki te okipe anpil gwo bitasyon kolonyal yo, sou pretèks se tè kolon blan, papa yo, te kite pou yo. 

Dessalines li menm te deklare pa gen sa pyès! Daprèzavwa, nou tout te goumen pou nou kwape blan ki te vòlò zile a nan men Pèp Tayino a, kounye a, peyi a se peyi tout Ayisyen. Dezòmyè, pa dwe gen kesyon entèl se milat, entèl se grimo, entèl se nèg. Nou tout se pitit zantray Lafrik Ginen. Tout Ayisyen se nèg. Kidonk, li nòmal pou latè separe kòmsadwa. Refòm agrè pral fèt pou nou rekonèt tout bon vre Ayiti se pwopriyete tout nèg, tout nègès. 

Pètèt, se nan menm lespri kraze baryè nèg isit – milat lòtbò a, Dessalines ofri Pétion opòtinite maryaj ak pitit fi li Célimène. Pétion reponn «non, mèsi konpè!». Kit se pou rezon prejije, kit se pou lòt rezon Pétion te derefize òf sa a, se te yon desizyon fatal pou lavni nasyon an. 

Nou sonje kouman, depi mwa septanm 1806, Dessalines te avèti Lamarre pou li mete l anfòm pou yo goumen kont moun nan Sid yo. Paltan nou rive nan mitan oktòb 1806, «Dyab la kase chenn pou kenbe Dessalines!» se te yon ochan popilè ki t ap vale teren sòti Jeremi rive jouk Pòtoprens.

13 oktòb 1806 Dessalines aprann nouvèl leve kanpe Pétion fè kont li nan Sid peyi a. Lapoula, de jou pa pase Dessalines sele chwal lagè li, li pase pran de batayon 4 triyèm demibrigad la, epi li pike nan direksyon Sid pou li twoke kòn ak Pétion.  16 Oktòb : li kanpe lavil Akayè pou li ranmase twazyèm batayon gad enperyal la epi li kòmande Kolonèl Thomas Jean ak Majò Antoine Gédéon pou yo dirije yon fòs alavans ki va kanpe rete tann batayon Lanperè yo nan Pon Wouj, alantre Vil Pòtoprens. 

17 Oktòb 1806, Dessalines kite Akayè. Lè li rive nan vil Senmak, yon ofisye ki rele Delpeche ki te kouri kite lavil Tigwav, vini avèti Dessalines gen yon konplo ki monte sou do li. Lè premye gad Dessalines te voye sou lobedyans kolonèl Jean ak Majò Gédéon yo koumanse pwoche lavil Pòtoprens, rapido presto yo konprann sa ki te gen nan lòj.  Pétion ak Gérin kwaze ak yo nan Pon Wouj epi, lapoula –aleksepsyon kolonèl Jean, yo aksepte trayi Lanperè.

Dessalines ap pwoche pon wouj…li poko konnen sa k ap pare tann li. Gen yon sèten Kolonèl Léger ki remake ekip ki annavan l yo pa sanble sòlda Dessalines men pito, sòlda 15zyèm demibrigad la, nèg depatman Sid. Paltan pou efòmasyon sa a ta kite lespri Kolonèl Léger pou li rive nan zòrèy Dessalines, li te gentan twò ta.  Bayonèt frè lenmi li yo te gentan sènen Lanperè menmsi pèsonn pa pran chans tire sou li. 

Dessalines vekse! Li rale kokomakak li epi, lapoula, yon sòlda ki rele Garat apiye sou gachèt li. 

Chwal Dessalines fè bèkatè ak li. 

Jeneral Yayou fonse, li pike Dessalines. Pandan l ap debat, Jeneral Vaval tire sou li. 

Lè yon ofisye milat ki rele Charlotin Marcadieux wè sa, li plonje pou eseye sove lavi Lanperè, yo eklate tèt li ak yon bal. 

Adye Bondye! Nèg yo touye Dessalines! 

Yo touye papa libète nou, yo wete inifòm Lanperè sou li, yo depatya zepolèt li, yo rache dwèt li pou yo vòlò bag li. 

Yo voye kout manchèt adwat, kout manchèt agòch. 

O graslamizèrikòd! 

Men y ap trennen kadav Papa Nanchon an, tankou yon vye sak ranyon, yo lage li nan mitan lari Pòtoprens pou moun anraje voye wòch sou li, krache sou li, dezonore li.

O mezanmi, gade yon krim san parèy! Men kadav Lanperè blayi, tankou kakas bèt ki mouri mò aksidan machin sou gran chimen. Depi gwo solèy midi, kò li la l ap deperi. Men solèy pral kouche li la toujou, nan mitan lari a.

Anfen! Men yon Ayisyen ki sonje ki kalite san k ap koule nan venn li. Men yon Ayisyen ki nan nòmal li. Men yon fanm, ansasen, dechoukè anraje pral konsidere kòm yon fanm fòl nan listwa. Yon fanm ki gen fyèl parèt, de men de pye devan kadav Lanperè. Li bese, li ranmase sa ki ka ranmase, li benyen kò Papa Dessalines, li beni li, li kriye sou li.  

Wi! mezanmi, jou 17 oktòb 1806 sa a, yon sèl Ayisyen ki pat pèdi bonnanj li, yon fanm vanyan ki rele Marie Sainte Dédé Bazile (Defile) te monte nan tèt Mònatif ale antere Lanperè Jean-Jacques Dessalines, papa libète nou. 

Mèsi Défilé, daprèzavwa, lè majorite nèg te fin pèdi lòlòj yo, ou menm sèl ou te tèm, ou sove lonè Lanperè.

Lasosyete, Dessalines papa nanchon an, mouri paske li te vle nou fòme yon sèl pèp, san diskriminasyon ant nèg nwa, nèg milat, nèg grif, nèg grimo, nèg marabou, nèg kwesedyo, nèg kwètmakwèt. Dessalines mouri paske li te vle fè refòm agrè, paske li t ap konbat koripsyon ak esklizyon.

Lè rejim sanginè Core Group-G9-PHTK an fanmi e alye a sasinen Mèt Monferrier Dorval, se Dessalines yo kontinye sasinen. Lè rejim sanginè Core Group-G9-PHTK an fanmi e alye a sansinen Pè Joseph Simoly, Jounalis Vladimyr Legagneur, Rospide Pétion (Douz), Roberto Badio Thelusma, yon tyovi 14 lane, Vladymir Fédé, Néhémie Joseph, Mamoune Régis, yon tyovi 14 zan, Gerlson Joseph (4 mwa), Merrijuna Fleurimond (8 mwa), etidyan Grégory St-Hilaire ki t ap feraye nan konbit dekolonizasyon mantal la, viktim masak Lasalin yo, masak Kafoufèy, Masak Gran Ravin, Masak Bèlè, Masak Tokyo…yo tout ki tonbe anba bal bandi Core Group-G9-PHTK yo, se san Dessalines ki t ap koule nan venn yo.  Kidonk, se chak jou ki jou, bandi blan ak bandi nwa kontinye ap rachonnen papa nasyon an devan je nou.

Nan kominike li pibliye nan okazyon 17 oktòb 2020 an, òganizasyon Noupapdòmi deklare : «214 lane apre, batay la pa chanje, n ap goumen kont koripsyon, kont enpinite pou n ka jwenn jistis sosyal. Repons ti gwoup eksplwatè yo pa chanje nonplis, se toujou asasina, masak sou pitit peyi a, sou eritye 1804 yo.

Noupapdòmi di : «pèp Ayisyen an batay sa a p ap kanpe, se sèl nan batay n ap rive libere ». 

Yo kontinye pou yo di : «Nou se pitit goumen, san goumen pa t ap janm gen Ayiti, san goumen pa t ap janm gen pèp Ayisyen… Se pou sa malgre masak, asasina, entimidasyon, laperèz tout kalte, nou p ap bay vag, nou p ap fè lach, nou p ap dòmi. Pandan n ap veye anwo, n ap veye anba pou kriminèl pa bon sou nou».

Jedi ki te 15 oktòb 2020 an, yon trantèn Depite nan Kongrè Meriken voye yon lèt tou dekachte bay Sekretèdeta Meriken mouche Mike Pompeo, kote yo deklare kare bare jan yo estomake daprèzavwa gen fonksyonè nan Administrasyon Etazini, kidonk peyi yo, k ap ankouraje enkilpe Jovenel Bandi Apredye Moise mache prese nan yon pwosesis eleksyon malatchong, malgre tout pati politik serye, tout òganizasyon kredib nan sosyete Ayisyen an krache sou Krèy elektoral PHTK ki fèt tou mouri a.   Palmantè Meriken Andy Levin, Barbara Lee, Frederica S. Wilson, Elizabeth Warren, Edward J. Markey ak plizyè lòt ankò ki siyen lèt pinga sa a yo voye bay Mike Pompeo a, deklare:

«Nou an favè pou lòd demokratik retounen tout bon vre ann Ayiti. Se pou rezon sa a menm, politik Etazini pa dwe kore okenn eleksyon bouyi vide, pike kole ki pral frajilize sistèm politik la pi plis toujou». 

Antouka, nou menm nèg ak nègès, nou pran nòt sa blan yo ap di antre yo.  Mèzalò, Papa nou pale ak nou depi dikdantan : Pèp Ayisyen an pa gen zanmi. Nou pa janm mete lespwa nou sou zòt pou yo fè pou nou sa nou menm sèl gen obligasyon fè pou pwòp tèt nou. Kidonk, sa ki pral pase nan peyi Meriken 3 novanm 2020 k ap vini la a, se koze ki regade Meriken. 

Pou pi ta pa kontinye pi tris pou nou; nou menm :  ki te gen Papa nou ann Afrik jou premye janvye 1804 la; nou menm : desandan sila yo ki te gen dlo nan je yo jou 17 oktòb 1806 la; nou menm ki vivan jounen jodi a, sou zile Ayiti, nou menm pitit zile a k ap viv toupatou sou planèt latè, nou pran tout dispozisyon pou nou kontinye gonfle venn nou jouk nou fout chavire chodyè a.Yon sèl nou ka fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm, wè pa wè, n ap dechouke Apredye!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *