Rejim Bandi PHTK ak Rejim Tonton Makout Se Marasa

Core Group-G9-PHTK kontinye sasinen Dessalines
October 18, 2020
Masak École Polytechnique 6 desanm 1989
December 5, 2020

Jodi a, dimanch 15 Novanm 2020, lavèy 217 tyèm anivèsè Konba Vètyè, nou vin ranmase plis fòs pou nou kapab deraye karavàn sasinay Jovenel Apredye ak rès bandi PHTK yo ap dirije a, epi remete Ayiti sou bon jan ray pwogrè ak diyite Lanperè Dessalines te konsevwa pou nasyon nou an!

Alapapòt, nou koube byen ba pou nou salye sivivan Masak Lasalin yo, fanm ak gason vanyan k ap reziste e ki kontinye ekzije jistis pou frè ak sè nou rejim PHTK a sasinen nan mwa novanm 2018, sa gen ekzakteman 2 zan pase.

Pami plis pase yon santèn viktim ki mouri nan Masak Lasalin nan, jodi a n ap site non: Gérard Antoine (27 tan) Stanley ARISTHENE (17tan),  Tiga ARISTHENE (18tan), Géralson BELANCE (10zan), Abigaëlle CHARLOT (3zan), Jude CHARLOT (39van), Ruben CERISMA (26zan), Jordan EDMOND (25kan), Tidé ELIPHETE (19van) Emmanuel ESTIME (28tan) Jameson ETIENNE (24tran), Emmanuel ETIENNE (30tan), James LOUIS (22zan), Jamesin ELOGE (3 zan).

Respè pou yo! Jistis pou yo! Annatandan lajistis pase kòd nan kou Babekyou, Fednel Monchéry ak Pierre Richard Duplan, n ap kontinye site non viktim yo, chak jou ki jou.

Mwa pase a, nan okazyon 214 zyèm anivèsè sansinay Lanperè Jacques Premye, nou te founi je gade sikonstans ki makònen ak krim 17 oktòb 1806 la, premye derayman tren libète ak byennèt nèg ak nègès sou zile Ayiti. Mwa sa a, pandan nou pral feyte paj listwa ankò, nou envite ou suiv yon seri evènman tèrib ki te rive nan peyi nou an, sa gen 60 ane pase sou rejim François Duvalier a. Kòmalòdinè, n ap gade ki leson peryòd sa a kite pou tout fanm ak gason vanyan ki kontinye ap vanse kòtakòt sou chimen liberasyon pèp Ayisyen an.

Depi 10 ane n ap reziste anba yon rejim neyo-Duvalieris sanginè k ap feraye sou lobidyans yon makòn blan malveyan ki batize gang pa yo a : Core Group.

Trujillo ak foto idòl li Hitler

Sa gen 60 ane pase, yon jou 31 me 1961, sou lòt bò zile a, diktatè Dominiken Rafael Leonidas Trujillo te mouri sasinen.

Yo di, odepa, CIA pat vle touye Trujillo, paske misye te yon bon kolaboratè pou gouvènman Meriken an. Epi tou, yo te pè pou lanmò Trujillo pa t louvri pasaj pou yon gouvènman popilè monte sou pouvwa a. Mèzalò, apre 31 ane ap fè krim sou krim, diktati Trujilllo a te tounen yon michan patat cho k ap boule pla men Tonton Sam ki te deside blayi misye atè de pye long.

Sou trak sa a, nou fè yon jès babay voye bay Apredye ki sou Channmas la. Puiske, nan moman an, Sedye ki Washinntonndisi an ak Apredye ki sou Channmas la se 2 lapèsonn ki refize rekonèt yo se 2 pwodui gate ki depase dat ekspirasyon yo! 

Anverite, lòbèy k ap pase nan peyi Etazini semèn sa a dwe louvri je n pou nou wè se yon dwa sakre chak pèp genyen pou li defann enterè li, sou baz reyalite li epi pwòp vizyon pa li. 

Èske nou sonje ki jan, pandan eleksyon malatchong 2015-2016 yo, blan Meriken ak alye yo nan Core Group la te fè anpil magouy pou yo jouke Jovenel Moise kòm Prezidan popetwèl? Lè pèp souvren te pran lari pou ekzije KEP mouche Opont an rekonte vòt yo, Core Group te di non, sa yo fè a, yo fè l nèt! Kidonk, se pou pèp Ayisyen an reziyen l, manje bannann pouri y ap foure nan gagann li a! 

Tan fè tan kite tan. Vwalatilpa, alèkile se nan Eta Georgia y ap rekonte vòt, grenn pa grenn. Se pa pou gran mesi pwovèb granmoun nou yo di : «Malè ou swete bèlmè w, se manman w li rive!».

Wi! Nan ane 2016 ak 2017, Pèp Ayisyen an te gen rezon kanpe djanm ak Fanmi Lavalas ki t ap ensiste pou laverite blayi osijè magouy Apaid, Martelly, Boulos ak Antonio Sola te fè nan pwosesis elektoral la.

Alèkile, tout je ka remake ki jan Core Group, OEA, Anbasadè Kanada, Anbasadè Lafrans… tout bèbè devan espektak sa a k ap pase Washingtonn nan finisman ane 2020 an. Puiske zafè kabrit pa zafè mouton, chak moun gad nan pa w!

Annou fè yon lòt koudèy nan retwovizè listwa… 

22 Oktòb 1961 – sou bò zile pa nou an, diktatè François Duvalier double manda li kareman, gwo ponyètman.

14 Jiyè 1963 – yon makòn Tonton Makout fè desantdelye nan yon chan kann Leyogàn. Se dyab ki t ap goumen ak papa dyab. Duvalier voye Tonton Makout yo touye Clément Barbot, paske Duvalier te reyisi aprann se Barbot, ansyen chèf fondatè kò Tonton Makout la, ki te òganize Atanta Kolèj Bird la kont pitit li yo. Clément Barbot mouri sasinen nan chan kann nan ansanm ak frè li Harry Barbot. 

Kopatriyòt, pandan n ap feyte paj listwa sa a, lide ou pa frape sou bandi Dunès Vilpique, bandi Izo, bandi Jimmy Cherizier (Babekyou), bandi Dimitri Hérard ak bandi Ardoin Zephirin?

Annou rapousuiv…

Nan menm moman Makout yo t ap sasinen frè Barbot yo nan chan kann nan, 14 jiyè 1963, yon lòt aksyon te an mouvman nan yon kav anwo tèt mòn Kenskòf, sou lobidyans yon jenn gason ki te rele Hector Riobé. 

Apre plizyè jounen batay, pou pi piti, Riobé blayi 40 makout de pye long. Duvalier fè mete manman l sou do yon bourik, monte tèt mòn nan al eseye konvenk pitit li pou li bat ba. Hector Riobé di setinitil, li pa p bay legen. Boutanfen, Riobé ki pa t janm bliye kouman Duvalier te touye papa l pa kite Makout yo arete l, misye te prefere pete sèvèl li ak yon bal. 

Ou tande sa Babekyou!?

Nan menm ane 1963 sa a, chirepit te pete ant Juan Bosch epi Duvalier paske Lyetnan François Benoit, youn nan nèg Duvalier te sispèk nan atak Kolèj Bird la, te pran anbasad Dominikani pou li. Bagay sa a te bay gwo kè sote. OEA te mete bouch paske se koze lagè ant Ayiti ak Dominikani ki te koumanse ap pale. Prezidan Meriken, John Kennedy voye bato de gè tou pre zile a sizoka pa ka. Vwalatilpa, nan mwa Out 1963, se yon lòt tantativ koudeta kont Duvalier k ap klewonnen ankò. Ansyen Kolonèl Léon Cantave eseye yon premye fwa, sete 2 Out, sa pa mache. Li kouri kase tèt tounen an Dominikani.  De semèn annapre, 18 Out, li atake yon dezyèm fwa – sa pa mache. Ak sipò lame Dominiken, li eseye yon twazyèm epi yon katriyèm fwa. Nad marinad! Duvalier kanpe rèd!  Okontrè, 2 jou apre katriyèm atak la, lame Dominiken ak CIA deside se prezidan Dominiken an, mouche Juan Bosch ki,  daprè yo menm, gen twòp tan deja opouvwa.  25 Septanm 1963, radyo anonse koudeta nan Repiblik Dominikèn. Juan Bosch fè bèk atè apre 7 mwa opouvwa. Duvalier limenm kanpe la pi rèd!

Nou tande ou wi, Apredye! Ou di palemwadsa, Papa, n’est-ce pas!?

Annou rapousuiv…

22 Novanm 1963 – lemonn antye tranble lè nouvèl la pran lari: Prezidan Meriken John. F. Kennedy mouri sasinen nan lari Dallas. Se atò pouvwa Duvalier vin dedouble.

14 Jen 1964 – François Duvalier òganize yon referandòm, li nonmen tèt li Prezidan Avi, sa vle di: François Duvalier deklare ofisyèlman se lanmò sèl ki ka kanpe l sou kous pouvwa li.

Konpatriyòt, siman paj listwa sa a fè ou sonje lapèsonn nou an ak gouvènman ilegal li an k ap pibliye dekrè sou dekrè, tankou sila a li fenk pibliye jou 6 novanm 2020 an kote li tante retire tout dan nan bouch enstitisyon ki rele Lakou Règleman an –  nan lang Franse yo di : Cour Supérieure des comptes et du contentieux administratif.

29 jen 1964 – yon gwoup 29 nèg enkredil ki rele tèt yo Kamoken debake Saltrou. Daprè Istoryen Bernard Diederich, se yon pè Katolik ki te rele Jean-Baptiste Georges ak yon sèten Fred Baptiste ki te alorijin Kamoken yo. Mo Kamoken an li menm, se yon medikaman kont malarya ki te rele konsa alepòk. Kidonk, mesye yo t ap chèche medikaman pou ede Ayiti chape anba yon michan lafyèv – Kidonk, Rejim Duvalier a! 

5 Out yon lòt gwoup 13 jenn ki fè pati yon mouvman ki te rele Jeune Haïti debake tou pre lavil Dàmmari. Peyi a cho k on vè lanp! 

Duvalier aprann laplipa jenn gason ki te nan mouvman Jeune Haïti a se moun Jeremi. Kidonk, li pa fè ni de, ni twa, li tanmen yon kanpay latèrè san parèy kont vil Jeremi. 

Konpatriyòt, pa di m, jiskaprezan, nou po konprann pou ki rezon, detanzantan, Jovenel Moise voye Babekyou fè masak kont moun Bèlè!?

Daprè rapòtay Amnisti Entènasyonal, se plizyè santèn moun Duvalier fè masakre nan kad kanpay ratibwazay sa a. Daprèzavwa yo te idantifye Daniel Sansaricq, yon jenn ki t ap etidye aletranje, kòm lidè mouvman rebèl la, makout ranmase papa misye, Pierre Sansaricq, ansanm ak 12 manm fanmi Sansaricq la (pami yo – yon ti bebe 2 zan ak yon granmoun paralize), yo masakre yo tout gwo lajounen nan lari Jeremi.

Èske ou te konnen, soti Janvye rive Out 2020 ki sot pase a, se 944 moun ki mouri sasinen ann Ayiti?  Soti 2018 rive jodi a, pou pi piti se 9 masak kriminèl PHTK, G9 an fanmi e alye yo fè nan katye popilè yo.

12 Novanm 1964 – Duvalier envite tout moun Pòtoprens vin gade ekzekisyon de manm mouvman Jeune Haïti a makout yo te arete: sete Marcel Numa, ki te gen 22 zan, epi Louis Drouin Junior, 28 tan. Yo mouri sasinen anba bal ploton ekzekisyon Tonton Makout yo, nan do mi Simityè Pòtoprens.

Nan dat 12 novanm 2020 ki sot pase a, militan Stephen William Phelps pibliye yon nòt rafrechi memwa kote li raple n se: «Depi lontan LETA lanmò sa a , dirèkteman oswa endirèkteman ap fè san lajenès koule sou tè Ayiti ».  Phelps raple nou ki jan, jou pou jou, 56 zan apre sasinay Duvalier te fè bò Simityè Pòtoprens lan, rejim neyo-Duvalieris aktyèl la trennen kadav Evelyne Sincère (yon jenn fi 22 zan) ale jouk nan Plezansdisid pou yo antere li. Se vre 2020 pa 1964. Men, pitit tig fenk kare file dan yo nan chè inosan – jiskaske nou tout va kanpe pou nou di: otan!

Dezòmè, se tout nasyon an ki dwe revòlte devan vag sansinay k ap fèt nan peyi a.

Youn nan chelèn Ayiti pwodui nan jenerasyon sa a, se ekriven Edwidge Danticat.  Semèn sa a Danticat pibliye yon tèks ki disponib nan lang Angle ak nan lang Kreyòl kote li di : «Evelyne Sincère se nou, Evelyne Sincère se Ayiti ».

 « Moun ki touye Evelyne Sincère yo te konsyan ke yo te ka touye li nan tout enpinite san okenn konsekans ». Sa a se yon verite ki klè kon dlo kòk! 

Dividal lakilbit, move sinema Lapolis monte ak Babekyou, apre sasinay lan, se prèv nou annafè ak yon konplo ki gaye byen fon anndan sistèm bandi ki deklare tèt yo legal nan peyi a.

Ak anpil ladrès, Edwidge Danticat fè nou remake lè jounalis yo mande Enette Sincère ki jan li santi li lè li wè kò sè li, li te reponn : «Se paske li ap viv Ayiti. Se paske li ap viv Ayiti. Si l pa t ap viv Ayiti mezanmi, èske li t ap sou yon pil fatra?»

An verite, repons sa a ta dwe fè swadizan otorite yo wont si yo te gen nen nan figi yo vre! Kit se Jovenel Moise, Joseph Jouthe, Rockefeller Vincent osnon Normil Rameau, yo tout fè je yo byen chèch, y ap fè “deklarasyon apre kominike pou laprès, san yo pa janm pran okenn responsabilite pou vyòl aprè vyòl, lanmò aprè lanmò, kidnapin aprè kidnapin, asasina aprè asasina, masak aprè masak!”

Edwidge Danticat raple nou: «Gen yon pakèt Evelyne Sincère ki ap viv nan lapèrèz ann Ayiti».

Pitit fi Bèlè a rapousuiv pou li di: “Nou bouke ak lidè medyòk, san nanm ki kreye epi tolere sikonstans ki mennen lanmò sa yo. Nou ap tann ak enpasyans yon jou kote Ayiti ap gen dirijan fanm feminis ki ap konprann tout reyalite ki lakòz yon jèn tifi ateri bò lari a sou yon pil fatra”.

Semèn sa a, bri t ap kouri kòmkwa bandi PHTK yo pral  jouke yon nouvo Direktè Jeneral Tonton Makout alatèt PNH la. Kòmsi sa ki la a nan moman an po ko fè ase san inosan koule!  

Jovenel Kriminèl Apredye rakonte devan kamera Tele Métrople, nan emisyon Le Point, jou 9 novanm 2020 an, se ekzakteman 2 minit apre zak la, ki fèt a 10 zè 13 nan aswè, madanm li, Martine Moise, montre li videyo kò Mèt Dorval k ap benyen nan san l. Kidonk, a 10 zè 15, nan espas 2 minit, kote menm Lapolis swadizan pot ko okouran, madanm Apredye t ap gade videyo kadav Mèt Dorval. Kòman li te fè jwenn videyo sa a, ojis?

Alèkile, Apredye ap mache klewonnen o wi, men li pwòp! Annatandan, depi 5 janvye 2014 ansyen zanmi Jovenel ak Martelly, Evinx Daniel bèbè. Sa fè youn ki pa p ka temwanye jou jijman an.

Sitwayen yo mande esplikasyon osijè teyat Pòtpawòl annapre PNH la, Garry Desrosiers, reyalize ak 3 jenn gason ki admèt yo te patisipe nan sasinay Evelyne Sincère lan. Olye yo jwenn repons, se plis move komedi ki kontinye ap paweze.  

«En matière de crime, tout citoyen est policier» – eskize wi lasosyete!  Betiz sa a se pawòl selèb yon bandi ki rele Rockfeller Vincent. 

Se ak fraz ridikil sa a Minis Jistis rejim PHTK a kanpe gwo vandredi 13 novanm 2020 an pou li defann bandi parèy li, Jimmy Cherizier, ki te ale chèche jenn gason ki rele Obed Kiki Joseph la, epi toulede bandi sa yo ke Lapolis swadizan ap chèche, ateri byen chèlbè nan komisarya Pòtay Saint-Joseph (baz yo). 

“Piti a” rete, “gwo a” kase tèt tounen kè kal, li ale fè yon lòt videyo Facebook Live.  

An verite, se ekspè yo ye nan fè divèsyon. Kidonk, bandi PHTK yo fè bri kouri pou kouvri lòt bri kouri. Se konsa, kèk jou apre premye sèn teyat Babekyou ak Obed la, papa Obed ta swadizan pale nan «kèk radyo de l’équipe» nan kapital la. Apre sa, bri kouri mouche a mouri. Malgre sa, li pale nan radyo ankò. Menm jou a, li remouri, li releve. Pou ki tout teyat sa yo? Èske se pou yo ka bay fanmi Evinx Daniel lespwa yon jou, li menm tou, li va leve?

Annatandan, jiskaprezan manifestan ap mande ki jan yo rele polisye USGPN ki touye Gregory Saint-Hilaire la? Ki lòd li te resevwa nan men alatèt USGPN nan, mouche Dimitri Hérard?

Non, konpatriyòt! Nou pap kontinye ap gade bandi PHTK yo k ap rachonnen kadav Lanperè devan je nou.

Fanmi Lavalas soti yon kominike samdi 14 novanm 2020 an, kote li di :

«Nou sot reyini avek delegasyon militan ki sòti nan 10 depatman peyi a, pou nou reflechi ansanm sou sitiyasyon peyi a e deside ansanm ki jan nou pral kontinye louvri wout tranzisyon an.

Nan 4 jou, nou pral komemore yon dat ki enpòtan pou tout Ayisyen, kèlkeswa kote yo ye a. Se pral 18 Novanm, dat batay Vètyè a, kote zansèt nou yo te genyen yon kokenn chenn viktwa ki chanje istwa mond la. Sa fè 217 lane nan dat sa a, pèp Ayisyen an te kraze lame kolonyal Napoleon an, pou nou reprann Libète nou ak Diyite nou. Ochan pou zansèt nou yo, ki te montre lemond antye, kijan nou se yon gran pèp, ki louvri wout pou abolisyon esklavaj tout kote! Pou tout moun ka viv tankou moun tout kote! »

Nòt lan rapousuiv… 

«Sitiyasyon popilasyon an ap viv jodia nan peyi a, anba rejim sanginè PHTK a, pa sanble ditou ak sa zansèt nou yo te vle pou nou. Nan peyi d Ayiti, bandi pa gen dwa ap masakre pèp la pou satisfè pouvwa atoufè sa a ki lage yo pou touye, piye, teworize moun nan katye popilè yo. Pitit pèp la pa te dwe nan grangou ni nan chomaj, paske resous peyi a te dwe jere yon jan pou nou tout ka jwenn… 

Oganizasyon Politik Fanmi Lavalas di soufrans Pèp la depase limit. San Zansèt nou yo pat koule nan Vètyè pou n te kontinye ap viv nan sistèm esklavaj sa a ki makònen ak sistèm esklizyon an.

…Oganizasyon Politik Fanmi Lavalas mande tout militan tout kote nan peyi a, ansanm ak tout Ayisyen konsekan isit tankou nan diaspora a, pou mache ansanm jis nou rive chavire chodyè a e pran wout Tranzisyon an pou Refondasyon Nasyon an. Lè sa a, va gen lavi, sekirite, la pè nan tèt ak lapè nan vant pou tout moun san distenksyon ».

Pou 18 novanm k ap vini an, plizyè militan ak pati politik anonse yo pral fè manifestasyon. Genyen ki di yo kase randevou devan Anbasad Meriken. Genyen ki kase randevou devan palè. 

Anverite, mwen di tout sa se detay! 

Kòmsi Palè ak Anbasad la se nan 2 vil diferan yo ye? 

Kòmsi se nan mouvman monte desann nan lari nou te ye toujou?

Kòmsi Pèleren 5, bò kay defen an, nan vwazinay kriminèl yo, pa gen pakou ki ka rive la? 

Kòmsi masak Lasalin pa sifi? masak Bèlè pa sifi? sasinay Mèt Dorval, Gregory St-Hilaire ak Evelyne Sincère pa ko janm sifi pou nou konprann, kit li le kit li la, dechoukay se sèl remèd pou kwape Makout? 

Eksperyans bati òganizasyon djanm se pa yon pratik ni lekòl, ni invèsite te prepare nou pou li. Kidonk, se efò nou tout dwe fè pou nou refize aji an grenn 5.

Konpatriyòt, fòk ou aprann di blan malveyan yo non chak fwa yo ofri ou “mete ti pati pa ou kanpe” – sou lòd anbasad yo. Fòk nou aprann di non! Nou pap obeyi!

Okontrè, annou mobilize anpil kouraj, anpil entèlijans, anpil disiplin ak pèseverans…pou nou evite divèzyon, annou fokis sou sa ki esansyèl. 

Wi, nou di se ra, se ta! Anvan mwa janvye fòk Pèp Ayisyen an dechouke asasen yo! 

Lè a rive pou Pèp Ayisyen an reprann kontwòl peyi li. Lè a rive pou nou jije Martine Moise, jije Martelly, jije Babekyou, jije Anèl, jije Gracia Delva, jije Kedlaire Augustin, Dimitri Hérard, Zéphirin, Apaid, Abdalah…ak tout lòt manm gang galil ak G9 yo. 

Pèp Ayisyen: annou gonfle venn nou, menm jan ak Pèp Bolivi a, pou nou mete kanpe yon gouvènman pwogresis ki chaje ak moun onèt – moun entèg, moun sèvo byen fèt! 

Depi nan vant papa l, PHTK te toujou yon rejim kriminèl, neyo-kolonyal, neyo-Duvalieris.

Bandi PHTK ak Tonton Makout Se Marasa. Yo Gen Menm Mak Fabrik Paske Yo Gen Menm Papa. Pa Etone Si Yo Fini Menm Jan!

Yon sèl randevou: #Dechoukay2020 !

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *