Masak École Polytechnique 6 desanm 1989

Rejim Bandi PHTK ak Rejim Tonton Makout Se Marasa
November 16, 2020
Pou yon bon revolisyon 2021, Ayisyen dwe sonje 1946
January 11, 2021

Masak École Polytechnique 6 desanm 1989

RESPÈ POU SOSYETE KEBEKWA A!

Mwen sonje jou masak sa a, mwen te nan Inivèsite Waterloo, yon 640 kilomèt konsa, nan yon lòt pwovens. Poutan, Marc Lepine, jenn kriminèl sa a ki te etenn souf 14 inosan nan École Polytechnique de Montréal, te lakòz tout san nan venn mwen bouyi ak kòlè, ak raj melanje ak tristès.

Menm jan ak laplipa moun ki aprann nouvèl masak la jou sa a, mwen pa t ka jwenn okenn lojik nan zak jenn gason blan sa a ki te wè tèt li kòm “viktim” yon mouvman feminis ki ta swadizan anpeche li jwenn plas li nan Lekòl Enjenyè sa a. Alepòk, e jiskaprezan, fanm te reprezante yon minorite nan Fakilte Jeni inivèsite peyi Kanada. Poutan, nan nivo primè ak segondè medam yo osi fò ke gason yo nan domèn tankou Lasyans ak Matematik.

Gen plizyè faktè ki dekouraje medam yo pou yo pèse nan domèn Lasyans ak Teknoloji. Se pa yon kesyon biyolojik osnon natirèl men yon kondisyonman anviwonmantal ki chita sou prejije ak fòs kote ki ekziste nan sosyete a. Nan peyi Ewòpdelès yo ki te anba Inyon Sovyetik gen gwo pousantaj fanm ki madre nan Fizik, Chimi, Jeni, Teknoloji… paske yo te envesti nan sa. Men, nan sosyete oksidantal yo, se gran mesi mouvman feminis yo te kòmanse gen yon amelyorasyon nan kantite fanm ki pousuiv etid avanse nan domèn sa yo.

Se nan anbyans ti chanjman timid sa a nou te ye nan ane 1989 lè Marc Lépine rantre nan Polytechnique lan ak gwo zàm fann fwa l nan men l epi li masakre plizyè jenn fi li konsidere ki te “pran plas li” sou ban inivèsite sa a.

Ane 2020 an fè 31 ane depi dram sa a te rive. Lè mwen gade ki jan anpil efò kontinye fèt nan Kanada pou ankouraje jenn fi rapousuiv rèv yo – nan keseswa domèn ki enterese yo – sa ban mwen kè kontan.

Mwen gen yon pitit fi ki prèske rive nan laj pou li ale nan inivèsite. Mwen konnen li entèlijan e mwen konnen, li pran karaktè manman li kòm yon fanm pa pè chay ki fonse pou reyalize vizyon li. Jodi a, kit se Kanada osnon nan lòt peyi li ta ka chwazi etidye, malerezman chaje Marc Lépine toujou ki pwojte chay medyokrite yo, fristrasyon yo akimile nan lavi a kont “fanm” – kòmsi se medam yo k ap goumen pou yo reyalize tout kapasite yo nan grenn lavi yo genyen an ki ta lakòz yo menm yo jwenn barikad sou chimen yo.

Mwen swete pitit gason m nan grandi a yon vizyon diferan pou, menm jan li rapousuiv rèv pa li epi li vle ti sè li reyalize tout potansyèl li. Konsa tou, fanm li va rankontre nan lavi li, li sèvi yon bon patnè, yon sipò solid pou yo nan tradisyon zansèt nou yo, nan Wayom KMT kote, ni fanm ni gason, te ka okipe tout gwo pozisyon, ikonpri Farawon.

Mwen di bravo pou sosyete Kanadyen an an jeneral epi sosyete Kebekwa a, an patikilye, pa paske yo pa gen Marc Lepine ankò, pa paske yo reyisi gen egalite nan kantite fanm ki enjenyè enfòmatik, elektwonik osnon fizik nikleyè … men paske yo mete estrikti an plas pou dram 6 desanm 1989 la rete make nan memwa tout moun kòm yon revèy, yon sonèt alàm, epi yo kontinye travay san pran souf pou amelyore sitiyasyon an.

31 ane apre toujou gen fòs kote…men gen gwo amelyorasyon. Nan Inivèsite McGill, parekzanp, ou ka rankontre plizyè gran lidè nan rechèch sou Entèlijans Atifisyèl ki se fanm. Nan lòt inivèsite yo, yo prezan tou. Malerezman, jiskaprezan, fanm yo an minorite nan domèn Jeni yo. Kidonk, se po ko sa paske potansyèl reyèl la kontinye jwenn blokaj.

Lè yon jenn fanm rive nan mitan ventèn li, vle pa vle, li oblije ap reflechi sou chwa ant pousuiv etid li epi pote bebe nan vant li. Gen mezi akonpayman ki kreye pou ede yo. Men, sa po ko bay rezilta nou espere a.

Annatandan, nou gen yon panse espesyal pou 14 jenn moun inosan sa yo ki pèdi lavi yo 6 desanm 1989 e nou di tout fanm tout gason ki gen bon konprann annou kontinye travay pou TOUT moun jwenn chans reyalize potansyèl yo sou tè sa a, keseswa yo fanm osnon gason.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *