Pou yon bon revolisyon 2021, Ayisyen dwe sonje 1946

Pourquoi les Haïtiens sont-ils encore si menaçants aux yeux de nombreux blancs?
December 19, 2020
Kase ke makak blan an pou nou libere Ayiti !
February 10, 2021

Premye janvye ane 2021 sa a, menm si se te ak kè sere, se yon Soup Endepandans pwès nou te bwè. Paske nou konsyan nou nan batay. Paske nou refize fè sanblan nou pa santi pwa bòt «Kò Gwoup an fanmi e alye» k ap peze kou pèp Ayisyen an, pandan Jovenel Moise chita sou kuis Sherif Abdalah ak Andre Apaid nan yon fo palè. Tankou anpil patriyòt konsekan, nou ranmase kouray nou pou nou chante: “Se pa kado blan te fè nou, se san zansèt nou yo ki te koule!”

Jodi a, se lizay pou nou kontinye site non viktim Masak Lasalin yo, chak jou ki jou, jiskaske lajistis pase kòd nan kou Jimmy Cherizier, Fednel Monchéry ak Pierre Richard Duplan. 

Pami plis pase yon santèn viktim masak Lasalin ki te gen ant 3 epi 73 zan, nou pap janm bliye: Gérard Antoine (27 tan) ak Stanley Aristène (17 tan). Jistis, Respè ak Reparasyon pou yo tout!

Mwa pase a, nou te dyagnostike maladi Jovenel Moise soufri a, lè nou di: «Apredye gen foli Duvalier». Pami sentòm malad la ekzibe, 26 Novanm 2020 ki sot pase a, Jovenel Moise anonse li kreye yon kò gang siveye-rapòte li batize «Agence nationale d’intelligence» (ANI). Kidonk, bandi PHTK yo ap kreye kò Tonton Makout Amelyore

Jodi a, nou pral founi je gade kèk evènman nan ane 1937-1946 ki va ede Pèp Ayisyen an evite pikan kwenna pandan n ap mete an plas yon gouvènman Sali Piblik djanm apre dechoukay rejim sanginè neyo-Duvalieris PHTK a.

Annou rale retwovizè listwa…

Nan mwa oktòb 1937 diktatè Dominiken Raphaël Trujillo, yon milat konplekse, te fè sòlda Dominiken masakre 37 mil Ayisyen ak Dominiken Nwa. Se yon gwo trajedi ki te boulvèse zile a. Li kite anpil maleng nan relasyon Ayiti ak Dominikani. Gouvènman ki te opouvwa Ozetazini alepòk te bat bravo lakontantman, daprèzvwa, prezidan Ayisyen an te aksepte mache tèt bese, ale bobo ak Trujillo sou fwontyè, kote li te resevwa $29 dola pou chak Ayisyen Trujillo admèt sòlda Dominiken touye.

Apre masak sa a, milat konplekse ki te sou bò pa nou an : Sténio Vincent, pase 4 lòt ane ak tit Prezidan Ayiti. 

Nan kòmansman ane 1941, Prezidan Etazini Franklin Delano Roosevelt voye di Sténio Vincent fòk li bay yon lòt bon zanmi li fè yon chita sou chèz boure a – Se apeprè konsa Istoryen Lyonel Paquin eksplike pasasyon pouvwa a ant 2 prezidan popetwèl. 

15 avril 1941, yon lachanm ‘japwouv tout sa blan di” nonmen sitwayen Elie Lescot, prezidan Ayiti pou 5 kan.

Politik Lescot te sanble tèt koupe ak politik Stenio Vincent. Yon politik milat konplekse k ap monte lesyèl pa do pou fè blan Meriken plezi.  Anvan yo te nonmen l Prezidan, Elie Lescot te Anbasadè Ayiti nan Washington. Lescot te aji tankou yon veritab reprezantan enterè Etazini ann Ayiti. Pi bon tè peyi a te nan men konpayi Meriken k ap fè eksperyans komèsyalizasyon Kawoutyou. 

Apre yo te fenk fin viktim kout kouto Trujillo, pèp Ayisyen t a pral sibi kanpay RE-JE-TE anba Lescot.  

Koute yon Sèman Katechis pè Katolik yo te itilize alepòk pou yo teworize peyizan Ayisyen yo.  

«Nou vini nan katechis pou nou debarase nou de tout vye kwayans Lafrik yo epi pou nou aprann kouman bon jan relijyon Bondye a fonksyone. 

Kesyon: Lafrik ou jwenn depi ou fèt la, èske li mache kole ak relijyon Bondye a?

Repons: Non! Lafrik ak relijyon sa pa mache ansanm

Kesyon: Poukisa Lafrik pa mache kole ak relijyon Bondye a?

Repons: Lafrik pa kapab mache kole ak relijyon Bondye a, paske Lafrik se lwa yo epi relijyon Bondye a, se Bondye. Yo pa kuit konkonm ak Berejèn.

Kesyon: Kilès Jezikri ye?

Repons: Jezikri se Bondye epi se sovè a. Se li menm ki te soufri, ki mouri pou nou te kapab kite Lafrik.

Kesyon: èske ou rejete Lafrik?

Repons: Wi mwen REJETE!

Remake ki jan mesye reyaksyonè rasis nan legliz katolik yo te itilize mo Lafrik la kòm tokay tout sa ki dyabolik – tout malsite ki merite REJETE.  

Ojis «Kanpay Rejete», sou gouvènman rasis Elie Lescot t ap dirije a,  se yon zak teworis ki te tanmen nan jiwon ane 1940 lè yon sèten Ti-Jules ki t ap viv nan pawas Granbwa, te koumanse ranmase kwi, tanbou, kannari ki soti nan Ounfò peyizan pou li detwi yo nan flanm dife. Se pa ni de ni twa gwo pye mapou kanpay rejete sa a ratibwaze. Yon lòt fwa nou va fè yon rale espesyal sou kanpay sa a, orijin li, tout aktè ki te patisipe ladan li, epi konsekans sa genyen sou pèp Ayisyen an ak peyi d Ayiti jouk jounen jodi a. Mwen fè ti rale sa a pou mwen souliyen ki jan Ayiti te kontinye ap woule sou yon move pant rasis anti-nèg, anti-peyizan, sou prezidans Elie Lescot.

Natirèlman, evenman trajik ki rive pandan peryòd lawont sa a lakòz anpil fristrasyon akimile nan nanm pèp Ayisyen an. Sa pral gen konsekans enpòtan sou politik ak lavni sosyal-ekonomik peyi a.  Se konsonmen fristrasyon sa yo ki ta pral sèvi pretèks pou François Duvalier bati karyè politik li sou pwopagann demagojik kòmkwa li se yon lidè nwa ki kanpe djanm pou defann lonè «laras».  

Konpatriyòt, kwè m si ou vle, sizoka nou pa aji rapid-vit pou nou dechouke rejim neyo-Duvalyeris ki an dekonponzisyon, nan jenerasyon pa nou an, Ayiti riske kole nan yon veritab laviwonndede.

Viktim masak kout kouto Trujillo yo se zansèt viktim masak Lasalin yo. Jodi a, nan kòmansman ane 2021 an, kidnapin deta ki kontinye ap fèt chak jou pi rèd nan peyi a se siy moman an kritik pou pèp Ayisyen an. Gen ijans pou nou tout leve kanpe, aji ak fòs epi entèlijans pou nou sove peyi nou. 

7 janvye 2021 ki sot pase a, Jovenel Moise kontinye sou menm boulin li te lage pandan tout ane 2020 an, li pibliye yon lòt dekrè ilegal swadizan pou li aktive yon KEP ilegal. Ekip raketè k ap touche pèdiyèm nan KEP Jovenel lan resevwa manda Apredye pou yo fè referandòm! Adye wi dan!

Trujillo & Lescot

7 janvye 1946, jou pou jou, 75 zan anvan dekrè ilegal KEP toupisan Jovenel la, grèv etidyan te pete nan Pòtoprens. Trapde, mouvman grèv etidyan sa a te transfòme an leve kanpe jeneralize kont gouvènman an, jouk Elie Lescot te oblije rache manyòk li, bay tè a blanch.

Kisa ki t ap pase konsa a? 

Ki lès ki te dèyè grèv etidyan sa a? 

Èske se peyizan ki te òganize yon rebelyon, tankou ansyen rebelyon kako yo, epi etidyan yo rantre nan mouvman an tou? 

Èske se politisyen nan opozisyon ki te monte tèt jèn yo? Oudimwens se blan Meriken ak Trujillo ki te deside mare konplo pou yo mete Lescot atè? 

Pandan nou pral founi je gade dewoulman evènman 1946 yo, Jovenel Moise ak majòjon rejim PHTK a ta dwe konprann se pa yo menm ki premye rejim restavèk k ap pran so kabrit, malgre yo aksepte fè tout vye zak trayizon pou Washington.  

Èske nou sonje, ki jan, nan mwa Janvye 1962, se lajan Chango François Duvalier te pran nan men blan Meriken pou li garanti Ayiti ap vote kont peyi Kiba nan OEA? Duvalier t ap jwe yon politik woule m de bò. Yon bò, li t ap fè tchoul CIA. Yon lòt bò, li t ap fè pwopagann kòmkwa li se yon lidè nwa ki kanpe djanm pou defann lonè «laras». Apredye deklare li menm tou, l ap defann nèg ak nègès «du pays en dehors d’où je reviens».

Antouka, pa gen okenn patriyòt Ayisyen konsekan k ap tolere Luis Almagro, alatèt OEA a, ki pèmèt li pase Konstitisyon Ayiti a anba pye, lè li kore foli pwolongasyon fo manda rejim ilegal Michel Martelly- Sherif Abdalah- Jovenel Moise la. Annou klè : rekonpans blan malveyan yo vle bay Jovenel pou trayizon Vénézyela nan OEA a, se pa li menm pèp Ayisyen pare pou trèt la.

Nan sans sa a, konpatriyòt Norluck Dorange gen rezon estomake devan sila yo ki pran abitid voye lèt ekri OEA ak Nasyonzini osijè zak malonèt Apredye ap fè anndan peyi a. Nou pa gen dwa aksepte aji tankou Ayiti se yon KOLONI. Poudayè, Norluck Dorange prevwa «kolon an ap peri. E l ap peri ansanm ak tout Restavèk li yo».

Annou retounen nan retwovizè listwa…

Daprè rapòtè Ayisyen ak etranje, Meriken pa t vle retire Lescot sou pouvwa a, nan ane 1946. Pou dayè, ki lès ki te ka bay blan Meriken pi bon garanti pase Lescot? 

Daprè sa Istoryen Michael Heinl rapòte, nan mwa novanm 1942, devan yon delegasyon blan Meriken, Élie Lescot deklare: «Pandan tout peryòd lagè sa a (Etazini kont Lalmay), gouvènman Etazini a mèt konsidere Ayiti kòm yon senp Eta nan Etazini kote se mwen menm, Elie Lescot, ki Gouvènè eta sa a». Kidonk, pou kisa Etazini ta vle dechouke yon popetwèl fidèl konsa? 

Depi peryòd okipasyon 1915 lan, blan Meriken te asire yo tout pouvwa konsantre nan Pòtoprens. Lè yo kite peyi a, nan ane 1934, pa t gen pèsonn ki te gen grad Jeneral nan «Gardes d’Haïti».  Alòs, p at gen okenn Jeneral Kako ki te ka mobilize peyizan nan Grandans, nan Nò, nan Sid osnon okenn kote nan peyi a.  

Mouvman leve kanpe 7 janvye 1946 la, se Pòtoprens menm li te souche. 

Nan yon liv ki pote tit «1946-1976 trente ans de pouvoir noir en Haiti», René Depestre rakonte ki jan se etidyan nan Pòtoprens ki t ap fè anpil braselide sou zafè politik mondyal, koze kominis kont kapitalis elatriye, ki te deside, pou kont yo, fòk yo pase yon vitès siperyè epi dechouke yon diktatè ki te rele Elie Lescot.  

René Dépestre di nou, menmsi se etidyan ki te tanmen mouvman an, gen plizyè kòz ki esplike leve kanpe 1946 la. Onivo ekonomik, SHADA (Societe haitiano-américaine d’exploitation agricole) te gaspiye plizyè milyon goud ak yon seri pwojè tèt bòbèch tankou pwodiksyon Kawoutchou ak zèb yo rele «Kòn Kabrit» la, pwodiksyon pit, eksplwatasyon forèdèpen elatriye… 

Leta te pran abitid vòlè tè peyizan bay SHADA ak lòt konpayi Meriken. Kidonk, pwodiksyon nasyonal la fè bèk atè, komèsan Pòtoprens fè tout pri  monte bwa. Rezilta:  grangou te koumanse vale teren. 

Kipizè, Elie Lescot te pran abitid fè dappiyanp sou magazen ak byen boujwa Pòtoprens ki nan konpetisyon ak fanmi osnon zanmi li. Kanta pou blan Alman ki te gen gwo komès nan Pòtoprens yo, sou pretèks li t ap fè lagè kont Nazi Hitler yo, Lescot poze sele sou zafè nenpòt fanmi Alman epi li distribye sa bay manm gouvènman l lan. 

Nan epòk Elie Lescot, pa t gen videyo tankou videyo ki fenk pibliye sou rezo entènèt yo, madi 5 janvye 2021 an, kote nou wè klè kon dlo kòk Direktè Service national de gestion des résidus solides (SNGRS), Eudes Lajoie, se yon gwo vòlè ki sèvi ak pouvwa l ap jwi nan rejim PHTK a pou li vòlè kay Ayisyen ki nan dyaspora a. Nou abitye tande moun ap site non plizyè lòt manm enfliyan nan PHTK kòm eskamòtè kay ak tè Ayisyen, sitou sila yo k ap viv nan dyaspora a. Kidonk, Eudes Lajoie se yon malfèktè pami tandòt, anndan rejim PHTK a, ki espesyalize nan vòlè tè.

Ki pinisyon Eudes Lajoie pral sibi, fwa sa a?

E konplis li yo ki gen voum kay ak tè yo vòlè, depi 2011, ki pinisyon yo va sibi?

Repons kesyon sa yo nan men Pèp Ayisyen an!

Annou fè yon lòt koudèy nan retwovizè listwa :

Anplis pwoblèm politik rejim Lescot a te kreye pou pwòp tèt li, onivo sosyal te gen lide anti-enperyalis, filozofi kominis ki te kòmanse ap sikile nan lespri jenn etidyan Pòtoprens yo. René Dépestre di nou, yon maten ane 1942, yon jenn entèlektyèl ki sòti nan kè boujwazi milat Pòtoprens lan debake nan Lise Petyon ak yon ekriven Kiben ki rele Nicolas Guillen, sete Jacques Roumain. Se menm Jacques Roumain sa a ki ta pral aksepte pòs Anbasadè gouvènman Lescot a nan Meksiko. Poutan, se li menm menm ki te alatèt mouvman Kominis nan peyi d Ayiti.  

Daprè tout sa nou li osijè mouvman 1946 la, travay Jacques Roumain te jwe yon wòl enpòtan nan fòmasyon entèlektyèl jenn etidyan ki t ap pral tanmen mouvman an. 

Depi epòk Kanpay Rejete a, jenès Pòtoprens t ap suiv nan jounal La Nation ki jan Jacques Roumain t ap depatcha tout agiman teyolojik rasis yon pè blan franse, ki te rele pè Foisset itilize pou jistifye zak kriminèl legliz t ap komèt kont peyizan Voudouyizan nan peyi d Ayiti. 

Jacques Roumain pwofite peryòd Lescot mete l kanpe nan Meksik la, pou li ekri «Gouverneurs de la rosée». 18 out 1944, menm ane li fin ekri selèb woman sa a, Jacques Roumain mouri nan Pòtoprens. 

Nan ane 1946, opozisyon anti-Lescot a te pote plizyè bonèt. Te gen lòt entèlektyèl Ayisyen ki te pran yon pozisyon «nwaris». Se konsa René Dépestre kategorize Daniel Fignolé ki te kreye yon jounal ki te rele «Chantiers». 

Kidonk, ni entèlektyèl politisyen milat pwogresis, ni entèlektyèl politisyen nwaris te fonn nan dengonn Elie Lescot.  Poutan, lè leve kanpe a pran chè se yon ekip jenn etidyan san okenn eksperyans politik ki te fòme yon ti jounal ki rele La Ruche ki te avangad mouvman grèv la. 

Atravè listwa peyi nou, se toujou menm fòs kote k ap pèsiste nan sosyete a ki motive rèl tout oprime k ap mande pou yo chavire chodyè a. Poutan, se depi an lagan, Papa Nasyon an, Jean Jacques Dessalines, te pale klè ak nou : «Atansyon! nèg, milat, se nou tout ki te konbat blan yo. San nou koule pou nou pran anpil byen. Sonje, se pou nou tout yo ye! Mwen vle nou pataje byen sa yo san fòs kote». 

Nan ane 2021 sa a, yon vrè gouvènman Sali Piblik pa gen lòt objektif ke remete Ayiti sou ray kote, nan yon tan ki pa twò long, nou va rejwenn diyite nou ak vrè Prezidan, vrè Minis, vrè Chèf Polis…ki se chwa Pèp Ayisyen an – pa ti jwèt ak chenn ki nan men Anbasad blan malveyan yo, Apaid, Abdalah, Bigio ak lòt mafyozo pèpè ki rete Mòn Kalvè.

Premye janvye 1946 jounal La Ruche te deklare : «ane sa a se ane viktwa kont fòs reyaksyonè yo…aba tout Franko, vive la Démocratie,  vive la Justice Sociale, Vive le Prolétariat!». Se te dènye kou ki pou te touye koukou a.  Lescot voye arete René Dépestre ak Théodore Baker.  Rès kanmarad ki nan ekip Jounal La Ruche yo pase modòd epi, rapido presto, grèv deklare nan Lise Pétion, collège Odeide, Simon Bolivar, St-Louis de Gonzague, Seminè St. Martial, École des Jeunes Filles, san konte Inivèsite d Eta d Ayiti.  

Nan nuit 5 janvye Lescot fè yo lage Baker ak Dépestre.  De zèd tan apre liberasyon yo, reyinyon tanmen kay Théodore Baker pou fòme yon Komite pou Grèv Nasyonal. De jou apre sa, 7 janvye 1946, jèn yo pran lari y ap rele: «A bas Lescot! Vive les 4 libertés! Vive le communisme! Vive la Révolution!».  Pandan 4 jou, se sòti nan grèv Pòtoprens, vire sou grèv nasyonal jouk nou tonbe nan leve kanpe total kapital. Lescot bay lame lòd tire san gade dèyè. Men, te gen anpil jèn ofisye ki te gen tan senpatize ak movman leve kanpe a.  

Podyab Apredye! Li mete nan tèt li se tout Polis Nasyonal la nèt li reyisi kòwonpi pou yo aksepte fè masak sou pèp Ayisyen an, bradsi bradsou, ak ANI, Gang G9 Babekyou, elatriye…   

Annou retounen sou Lescot… 

Trapde, Louis Déjoie ki te alatèt MOP (Mouvement ouvrier et paysan) foure bouch nan koze a, Komite pou Grèv Nasyonal la transfòme an Comité de salut publique ki gen politisyen plizyè tandans ki vin antoure jèn etidyan yo.  11 janvye 1946 Comité de Salut Publique voye Georges Rigaud, Jacques Stephen Alexis ak René Depestre ale pale ak Prezidan Lescot. Inèdtan apre mesye yo retounen nan baz yo san yo p at rive jwenn okenn antant ak Lescot, yo aprann 3 ofisye nan Eta Majò Lame a pran pouvwa a nan men Lescot. Se yon Komite Ekzekitif Militè ki opouvwa.  Kidonk, politisyen tradisyonèl yo bay etidyan kominis yo panzou, yo rekipere mouvman an, epi, lapoula, Gardes D’Haïti mete devwa li opwòp, li pase men l ranmase yon pouvwa san mèt ki t ap gaspiye nan Pòtoprens. 

Rene Dépestre di, daprè li menm, mouvman popilè ane 46 la te gen potansyèl pou li tounen yon veritab revolisyon si te genyen pati politik sou teren an ki te kapab rasanble preyokipasyon peyizan yo ansanm ak revandikasyon jenn etidyan kominis yo, preyokipasyon entèlektyèl nwa ak milat nasyonalis yo. Men, se pa sa ki te pase, anvan mouvman popilè a te jwenn chans kaselezo se yon Komite Egzekitif Militè ki te ranmase pouvwa a. 

Se pandan tout listwa peyi nou woulibè parese tante rekipere mouvman demokratik yo. Mwen sonje ki jan, sa gen 30 lane, 6 janvye 1991, apre tout sakrifis pèp Ayisyen an fè pou li reyalize eleksyon 16 desanm 90 yo, yon Tonton Makout ki rele Roger Lafontant te tante yon koudeta kont Prezidan eli peyi a, Jean-Bertrand Aristide.

Lè nou wè, jou pou jou, 6 janvye 2021, lòbèy pete nan Wachintonn, pa okipe zòt k ap pran pòz se premye fwa yo wè sa!

U.S. Capitol Police with guns drawn watch as protesters try to break into the House Chamber at the U.S. Capitol on Wednesday, Jan. 6, 2021, in Washington. (AP Photo/J. Scott Applewhite)

Nan ane 2021 sa a, ki pi gran defi Ayisyen bezwen rezoud prese prese?

Nou tout dakò priyorite yo, se:

1) Sekirite Piblik. Sa vle di: kontwòl zàm, demantibile gang, refòme (netwaye) Fòs Polis la. 

2) Retabli enstitisyon demokratik yo. Sa vle di: mete kanpe yon vrè KEP pou reyalize vrè eleksyon ki va debouche sou pouvwa ekzekitif & lejislatif lejitim.

3) Mete baz pou Ayiti bon pou tout pitit Ayiti (kidonk jistis, manje, elatriye…). 

Pèsonèlman, mwen t ap kanpe lis lan la, paske yon gouvènman tranzisyon se yon antant ki pap ka dire twò lontan. Eleksyon ekzije enstitisyon, lojistik, mobilizasyon popilè ak yon anviwonman ki pa ekziste ankò – paske PHTK mete peyi a atè plat.

Tranzisyon se yon tan reparasyon ki nesesè, e ki va ede nasyon an fè vrè eleksyon pou eli yon vrè gouvènman ki vrèman AYISYEN. 

Kidonk, fòk tranzisyon an long ase men fòk li pa pran twòp chay; Sitou chay ki dwe tonbe sou responsablite yon gouvènman eli.

Atansyon! 3 defi mwen site yo deja anpil. Parekzanp: nan «mete baz pou Ayiti bon pou tout pitit Ayiti» a, gen aksyon imedya tankou: libere prizonye politik yo, elimine tout pèdiyèm kòripsyon makiye yo… epi gen aksyon ki pi konplike, k ap pran plis tan tankou preparasyon pou yon bon Pwosè Petro Caribe.

Pandan peryòd Tranzisyon an, li inevitab pou nou kòmanse «demoli monopòl» yo. Men, travay sa a ap kontinye menm apre tranzisyon an, puiske pichon sa yo genyen gwo bwa dèyè bannann yo. Konsa tou, objektif rekonkeri endepandans peyi a, repran kontwòl resous min nou yo…se yon vizyon Granmounite nou oblije rapousuiv tout tan, san pran souf. 

Annatandan, nou bezwen yon Gouvènman Sali Piblik.

Anverite, pou nou mete Ayiti sou bon ray, tout bon vre, nou pa bezwen plis pase 3 vrè pati politik ki pa depann de blan Washington pou yo pote laviktwa nan vrè eleksyon. Fanmi Lavalas fè 1. Sizoka, yon moun pa rekonèt tèt li nan vizyon Fanmi Lavalas la, li ka toujou twouse manch chemiz li, travay, epi ede 2 lòt pati politik djanm kanpe. Epi, ansanm, nou va kontinye travay, nan respè youn pou lòt, pou nou rekonkeri endepandans peyi nou an.

Konpatriyòt, jodi 10 janvye a, se lavèy komemorasyon tranblemanntè 12 janvye 2010 la, annou sonje, jiskaprezan, se tout pèp Ayisyen an ki fware nan nanm nou. Palè Nasyonal la ki pa janm rebati apre 11 zan pouvwa bandi legal yo, se yon sentòm pami tandòt. Nou voye kouraj, fòs ak respè pou atis Frantz Toussaint (Matyas Dandor) ki te gen lizay, pote yon jèb flè diyite pou viktim Goudougoudou yo, ane pase. Si Matyas resevwa ekzil politik kòm rekonpans, se yon siy ki raple n, lè a rive pou nou dechouke bandi pou moundebyen kapab viv byen.

Annatandan, dechoukay total kapital la, n ap kontinye dokimante tout konplis rejim gang kidnapè PHTK a, n ap kotinye kolekte prèv, n ap kontinye pataje yo toupatou pou tribinal popilè a kapab pran sanksyon apwopriye kont tout konplis, kit se mizisyen, fo jounalis, asosiyasyon kominotè…ann Ayiti tankou nan 11zyèm nan.

Pou nou fini kozman jodi a, annou di sa klè. Yon Ayiti ki granmoun tèt li gen tout dwa li, pou li ta chwazi Prezidan Aristide ki pèdi 5 ane nan 2 manda legal li yo akòz koudeta CIA. 

Veritab rezon ki fè yon pati moun ta kont yon desizyon konsa, se lapèrèz blan malveyan yo mete nan lespri yo. 

Annou gade sa ki rive lòtrejou la a nan peyi Bolivi. Pèp Bolivi a se yon konpwomi li te chwazi fè pou rezon stratejik. Menmsi, Evo Morales nan peyi a epi li chwazi chita sou ban, pèp la kwape diktati kolon enperyalis yo te enpoze a, epi li remete pati Evo Morales la opouvwa pou li rapousuiv pwojè chanjman sosyal ki te tanmen yo. 

Kidonk, moralman, tout patriyòt konsekan an favè pou Titid ta rann nasyon an sèvis sa a pandan tranzisyon an, ki t ap koresponn apeprè a kantite tan CIA vòlè nan manda pèp la. Mèzalò, si stratejikman, Prezidan Aristide ta chwazi kontinye itil peyi li otreman, nou rekonèt sa se dwa sitwayen an. 

An verite, Papa Dessalines pa p janm sispann klewonnen nan zòrèy tout Ayisyen : “Nou pran responsabilite pou nou vin lib, n ap fè li pou kont nou, n ap fè li pou tèt nou!”

Nan moman n ap finalize editoryal la, nou aprann Minis Defakto Lasante a fenk anonse, sou pretèks Kowona, Ayiti ap nan konfinman apati 17 janvye. Kidonk, Pèp Ayisyen annou reponn radòtè yo: 

Kowona la toujou – wi! N ap lave men nou! 
Men, okenn blofè pa ka fè n sispann anpile galèt, file manchèt – toutotan Jovenel toujou la!

#PouAyitiNanNonZansètYo 

#OperasyonDechoukeToutPichon

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *