Temwanyaj Kout Kouto Perejil Oktob 1937 p1

Anndan vant « sektè prive » ki Ayiti a
July 16, 2017
Temwanyaj Kout Kouto Perejil Oktob 1937 p2
October 4, 2017

Temwanyaj Kout Kouto Perejil Oktob 1937 p1

KOUT KOUTO, OKTÒB 1937: Rivyè Masak Wouj ak San Nèg !
(Moso nan seri Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen, © Jafrikayiti)

Lasosyete onè,

Nou te wè nan ki kondisyon sòlda blan Meriken yo te kite Ayiti, nan ane 1934. Lè sa a, se mouche Sténio Vincent blan yo te mete chita sou chèz boure palè nasyonal la, ansakalite de « Prezidan ».

Nou te wè ki jan Stenio Vincent sete yon nèg milat ki pat gen anpil kòb men, ansakalite de Prezidan, li devlope relasyon bon fwotman ak ni Prezidan Etazini, Franklin Delano Roosevelt, ni Prezidan Dominiken, Raphaël Trujillo.

Se konsa, 5 jiyè 1934, mouche Roosevelt te deplase majeste li, li debake nan vil Okap, pou li vin anonse finisman okipasyon nan peyi nou. Vwalatilpa, nan koumansman ane 1936, sete tou pa Prezidan Dominiken an, pou li te fè yon vwayaj istorik tou ann Ayiti. Lè sa a, Sténio Vincent te tèlman kontan vizit la, li te fè rebatize Granri Pòtoprens «Avenue Trujillo».

Men, lasosyete, daprè noumenm, ki kalite benefis “relasyon” sa yo ta pral pote pou pèp Ayisyen an?

Pou nou jwenn repons kesyon sa a, fòk nou fouye pi fon pase sa nou jwenn alapòte n nan liv tankou rapòtay listwa Jean-Claude Dorsainville fè sou lobidyans Frères de l’instruction Chrétienne lan. Nan Abreje Istwa d Ayiti, liv Louis Déroche la, li di nou: «Vincent fè anpil bagay pou peyi a: lekòl, mache, bibliyotèk, elatriye… san konte mize nasyonal e lefèt ke komès fig bannann te fè anpil pwogrè. Epitou, se sou gouvènman prezidan Vincent, minis li, Dumarsais Estimé, pran inisyativ fè tout elèv ale fè parad sou plas piblik jou fèt drapo, le 18 me». Tout sa se bèl piblisite Prezidan Vincent pwobableman merite. Malerezman, ti liv sa yo pase sou tèt peryòd gouvènman Vincent an pi vit pase zèklè kap kouri pou loray pa fè kè l sote.

Nou pa p ka padone listwaryen tradisyonalis, tankou Dorsainville ak Déroche, pou konplisite yo nan blakawout total yo fè sou pi gwo evènman ki pase sou prezidans Sténio Vincent an. Evènman sa a si tèlman enpòtan, yon moun pa fouti konprann relasyon Ayiti ak Repiblik Dominikèn pandan tout peryòd 20tyèm syèk la, si ou pa konnen kisa ki te pase sou fwontyè Ayiti ak Dominikani, nan mwa oktòb 1937.

Dominiken rele evènman sa a: «El Corte». Ayisyen rele li «Kout Kouto».

Anvan nou rakonte ou kouman sa te pase, annou di de mo osijè youn nan pèsonaj santral evènman Kout kouto sa a, sètadi diktatè ki te alatèt peyi Dominikani nan ane 1937 la, mouche Raphël Trujillo.

Trujillo, sete yon ansyen gad sou plantasyon kann ki vin pran grad sou grad nan Gad Nasyonal peyi li, granmesi antrenman li te resevwa nan men Marin Ameriken ki te okipe Repiblik Dominikèn alepòk.

Lè blan Meriken kite Dominikani, nan ane 1924, Trujillo te gentan gwo chèf alatèt lame Dominikèn. Nan ane 1930, li fè yon koudeta, li nonmen tèt li prezidan. E menm jan ak Prezidan Vincent, li bay tèt li tout kalite gwo tit tankou: «Gran Byenfetè Lanasyon ».

Ki kalite moun Trujillo te ye?

Trujillo te vle fè tèt li pase pou blan. Se konsa, misye te toujou ap itilize makiyaj pou li parèt pi pal ke jan li te ye a. Fikilte misye, li te gen repitasyon ti vòlè afè pa bon, lè li te jenn gason. Kipizè, granmè Trujillo te yon nègès peyi d Ayiti – kidonk, se yon kichòy ki te bay misye anpil vye konplèks nan mitan ti klik kolon blan ak ansyen milat grandon ki t ap fè e defè nan peyi l alepòk.

Orezime, sou tou de bò zile a, se milat konplekse ki te opouvwa. Vincent ann Ayiti, Trujillo nan Panyòl.

3 diktatè milat konplekse

Sténio Vincent (agoch, Elie Lescot (nan mitan), Raphael Trujillo (ak chapo l nan men dwat)

Nan yon atik ki pote tit « The River Massacre: The Real and Imagined Borders of Hispaniola» ekriven Michele Wucker pibliye sou WindowsOnHaiti, nou aprann ki jan yon jou 2 oktòb 1937, pandan li te sou tankou pitit Bouki nan yon fèt yo te fè pou li, tou pre Rivyè Masak la, Raphaël Trujillo pase sòlda Dominiken yo lòd pou yo aplike yon solisyon final ki va reyisi rezoud swadizan pwoblèm Ayisyen an nan Repiblik Dominikèn. De ki pwoblèm Trujillo t ap pale konsa a?

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *