Anndan vant « sektè prive » ki Ayiti a

FAdH: Lame ak ki moun, pou ki moun?
July 15, 2017
Temwanyaj Kout Kouto Perejil Oktob 1937 p1
October 4, 2017

Anndan vant « sektè prive » ki Ayiti a

Tyeke premye pati chita pale sa a, ki pibliye sou tit: FAdH: Lame ak ki moun, pou ki moun?

MM: Èske biznismann Ameriken yo pè yon leve kanpe popilè?

James: Mwen pa kwè biznismann Ameriken yo genyen pyès rezon pou yo enkyete paske yo gen mwens pou yo ta pèdi epi yo gen yon kote pou yo ta kouri ale. Se biznismann Ayisyen yo ki esansyèlman kenbe sistèm nan tennfas. Natirèlman, si ou se yon biznismann Ameriken epi yo ofri ou antre nan sistèm sa a kote risk yo pi ba lontan pou ou pase pa yon biznismann Ayisyen, tandiske wotè pwofi ou rete egal-ego, ou tou konnen ou ap vle rantre nan sistèm nan. Paske se yon bon dil, yon avantaj bab-e-moustach.

Ann Ayiti, mwen te touche ant $800,000 ak $ 900,000 chak ane. Mwen te viv “alèz pase Blèz”, nan yon chato-kay ki gen jaden, jadinye, sèvant, kwizinye, bòn pou lave rad mwen… Anfen, yon mòdvi ki ta oblije m travay pi di, pi lontan anpil pou m ta rive kenbe pwotokòl sa a nan peyi Etazini.  

MM: Ki fòs pwofi konpayi asanblaj Ameriken sa yo fè?

James : konpayi sa yo pwofite Inisyativ Basen Karayib la ki ofri yo gwo ankourajman tankou konpayi ki enpòte materyo Ameriken pou vin kolepyese yo ann Ayiti epi retounen ak yo Etazini, pa peye taks (ekzanpsyon taks). San konte yo pwofite fòs kouray bon mache travayè Ayisyen an ki se yon piyay san parèy. Pou kesyon ki wotè pousantaj benefis yo fè, se devine sèlman pou n ta devine bagay konsa.

Pwoblèm nan pou konpayi sa yo se sitiyasyon politik la ak enstabilite a. Konpayi yo pa vle envesti nan faktori asanblaj ann Ayiti yo akòz evènman ki te pase, sa gen de ane pase nan peyi a. Ou gen yon koudeta epi, toudenkou, ou pa konnen si pral gen yon anbago oswa kisa k pral genyen. Nan ka ou gen kòmand ki te gen tan plase, moun yo pa ta renmen tande se ann Ayiti ou ye, paske lè yo fè yon kontra, yo vle konnen ke ou ka onore li. Kidonk, sa a se yon gwo pwoblèm pou Ayiti, alalong, sa reprezante yon gwo obstak pou envestisman nan endistri sa a.

MM: Se pou sa, majorite envèstisman etranje ki fèt nan peyi a, se ti djòb kole-pyese, ki vini ki ale lè yo vle?

James : Yo te fè anpil ti envestisman paske yo gen machin pòtab yo ka pakte epi jete yo ak sa trapde, nenpòt ki lè sitiyasyon an ta vin cho.

MM: USAID te soti yon rapò kèk ane de sa kote li te souliyen avantaj pou konpayi Ameriken yo ki ka pwofite peye Ayisyen yo ti salè ki ba. Ki jan nou fè bat yon piyay $5 pou chak jou travay? Èske ou panse konpayi Ameriken yo enplike nan kenbe sistèm (eksplwatasyon) sa a tennfas? 

James: Mwen ka imajine anpil rezon ki fè Ameriken yo vle kenbe sistèm sa a. Youn nan yo se avantaj yo jwenn onivo pri pwodui yo. Lòt la sè ke yo ka bay fwi ak lòt pwodwi nan pri ki ba anpil. Si salè travayè monte, pri pwodwi yo ap ogmante sibitman epi, kòm rezilta: mango pral pi chè nan eta Florid.

MM: Èske ou panse gouvènman Ameriken an pè posiblite yon revòlt popilè?

James: Yon revòlt nan mitan majorite peyizan yo? Pa gen okenn posibilite pou peyizan Ayisyen an ta revòlte! Ou genyen yon pati nan popilasyon nwa a ki, alèkile, mare sosis yo ak fòs lajan, ak moun rich yo.  Yo pap fè anpil lajan, non! Men, yo fè plis pase sa yo ta  va fè kòm kiltivatè mango. Alèkile, yo gen yon vye zam nan men yo, y ap mennen. Yo fè yon ti lajan. Moun rich yo di yo: “ale nan bouk la, tire moun nou jwenn, demachwele yo, kite kadav yo nan lari a”, epi yo pral fè sa vre.

MM: Ki jan Entèvansyon Gouvènman Etazini ka ede kontwole sitiyasyon sa a pou li pa eksploze?

James: Kit Etazini ta vle oswa pa vle Ayisyen yo revòlte, mwen panse yo ta dwe aliyen tèt yo ak militè yo, omwens travay avèk yo. Eseye separe kò polis la, retire li anndan lame a pou li sèvi Pwoteksyon pou sivil yo. Yo (Meriken) ta dwe fè efò pou yo pa debake kòm gwo bòt, agresè, ki vin ratibwaze lame a. Okontrè, yo va deklare: “nou vin isit la pou nou ede antrene lame a, pou nou travay avèk lame a”.

MM: Èske ou gen yon lide ki jan Anbasad Ameriken ak biznisman Ameriken yo te wè Aristide ki rive sou pouvwa a, epi mouvman popilè, an jeneral?

James: Mwen panse yo te enkyè, yo pat konnen jouk ki bò Aristide t ap rive, patikilyèman ak dosye salè minimòm-nan ak lòt bagay tankou pwojè sistèm sekirite sosyal li a. Aristide fè sa li rive sou pouvwa a epi li deklare “li pral fè tout moun adopte yon salè minimum $5 dola pa jou, sanzeksepsyon”. Li te tèlman pouse lwen konpare ak reyalite moman an, pèsonn pa te pran l oserye. Imajine ou, an  mwayèn, yon Ayisyen te touche $20 pa mwa epi, yon sèl jou, Aristide pwopoze pou patwon ki tap depanse $5 dola pou chak semèn vin depanse $5 dola pa jou!

MM: Ki enpak sa tap genyen sou jan ekonomi Ayisyen an fonksyone a?

James: Pou yon travayè òdinè, salè li tap ogmante, kidonk, li t ap benefisye. Men, efè a sou ekonomi an se enflasyon ki tap boloze, paske biznisman yo la pou yo fè lajan, yomenm. Tout pri pwodui yo t ap ogmante selon todechanj lan. Pi douvan, bagay yo tap fini pa rebalanse , men premye chòk la tap mete bon jan presyon sou biznismann yo.

MM: Ki kalite benefis biznismann lokal yo  fè, dabitid?

James: Mwen ta ka di revandè òdinè yo fè 60% pwofi konsa. Pou sila yo ki enpòtatè ak distribitè yo, tout koze a depann sou todechanj lajan sou mache a, nan moman an. Kounye a (pandan anbago a) pwofi kapab monte wo, jouk 400% – puiske, se lwa òf ak demand lan k ap feraye. Lè ou gen sanksyon ki limite apwovizwonman,  tout pri pwodui monte bwa, sa klè kon dlo kòk. Epitou, mwen ta ka di Aristide, daprè mwenmenm, te genyen yon ideyal li te vle reyalize, men li te avanse twò vit. Li pa t byen konsidere estrikti ki anplas depi 200 zan an. Akòz tout fristrasyon li te santi, misye te kòmanse fè gwo diskou radikal ak anpil pasyon pou li kraze sistèm ekonomik li te vin jwenn nan. Malerezman, li te pouse twò lwen.

MM: Ki sa, ojis, ki te pi gwo objeksyon klas biznis la te genyen kont pwogram sekirite sosyal Aristide la?

James: Pou tèt pa m, mwenmenm,  enkyetid mwen sè ke mwen pat konnen konbyen tan gouvènman sa a ta ka kenbe. Mwen pa t vle mete lajan m nan yon fon ki te kapab disparèt nenpòt ki lè pandan wen oblije ap  mande ki moun ki ta pral fonn ak tout lajan saa, lè pwochen koudeta a va rive. Mwen te di otorite gouvènman an ki te vin mande m kontribisyon pou  pwogram sekirite sosyal la: “mwen pap peye anyen. Mwen ta pito bay anplwaye m yo enpe lajan kach anplis, chak semèn”.

MM: Èske se anpil biznis ki te reyaji konsa?

James: Mwen panse gen kèk nan yo ki te sibi plis presyon pase m. Espesyalman, sa ki Ayisyen yo. Daprèzavwa  mwen se Ameriken, se blan mwen ye – m konnen sa sonnen on jan frekan, men, alaverite, mwen te kapab fè sa mwen te vle granmesi koulè po m ak je m. Mwen te kapab pèmèt mwen di kareman: “Non, mwen pap fè l !

MM: Menm lè se taks ou te genyen pou ou peye?
James: Wi, se sa li ye wi! Epi, tout bon vre, mwen pat fè l, non!

SOUS: http://multinationalmonitor.org/hyper/issues/1995/01/mm0195_10.html

Comments are closed.