FAdH: Lame ak ki moun, pou ki moun?

Gwo danje nan Sinema Ayisyen an
July 3, 2017
Anndan vant « sektè prive » ki Ayiti a
July 16, 2017

FAdH: Lame ak ki moun, pou ki moun?

Patrick James se non anmaskay yon biznismann Ameriken ki te travay epi rete Ayiti tout bon vre. Chita pale sa a te fèt anvan negosiyasyon ki te ede degèpi gouvènman militè defakto a epi retounen Prezidan Aristide sou pouvwa a (1995). Mèzalò, se yon dokiman aktyalite ki kenbe tout enpòtans li, lè nou konsidere gwo limyè li ede nou klere sou divizyon klas, sistèm pouvwa ak eksplwatasyon peze souse dwa moun ki kontinye ap boloze ann Ayiti jouk alèkile.

Multinational Monitor: Daprè oumenm, kisa ki makfabrik gwoup moun ki fòme « sektè prive » Ayisyen an?

Patrick James: Konèksyon sere-sere ki ekziste nan mitan biznismann Ayisyen yo, se yon bagay enkwayab. Mwen t ap travay pou yon konpayi epi jis lòt bò baryè ki devan m nan, youn nan patnè yo se te frè Jeneral Cédras; lòt la se te yon bizismann Ewopeyen. Konpayi pa m nan te genyen yon patnè, sè li te marye ak biznisman Ewopeyen an ki, limenm, te nan biznis ak yon frè Cédras. Kidonk, yon fason ou yon lòt, elit la konekte oswa simante atravè relasyon fanmi. Fondamantalman, yo oblije travay ansanm pou yo ka kenbe pouvwa yo.

Ou ka imajine ou ki kalite presyon sa dwe ye lè ou konnen gen 6 milyon peyizan ki, pratikman, ka fè yon sèl leve-kanpe yon lannwit epi yo kraze kay ou pak-an-pak. Mwen viv bagay sa a deja! Mwen te temwen sa yo rele “dechoukaj” la, lè yo pran tire, piye, ratibwaze yon kay. Sa, se yon bagay efreyan! 

Manm “elit” la ann Ayiti toujou gen imaj sa a nan tèt yo. Yo kondwi machin blende. Yo gen gwo zàm Uzi yo lakay yo. Se pa yon bagay ki ra pou ou tande bri bal lè ou Pòtoprens, jis paske yon vòlè ap eseye antre nan yon kay. Kwè m si ou vle, moun rich sa yo chaje gwo zàm otomatik. Ayisyen ki pi pòv yo pa ka fè pyès leve-kanpe. Sa mwen vle di: pa pwal gen okenn revolisyon ann Ayiti paske, avèk ti baton, wòch ak manchèt, yo pa ka goumen kont gwo zàm otomatik.

MM: E biznisman Ameriken yo, yomenm, ki kote ou klase yo nan peyizaj ekonomik ak politik sa a? Èske yomenm tou, yo fè pati elit la?

James: Fanmi rich ann Ayiti yo, pratikman ap dirije pwòp anpi pa yo. Ou ka wè patnèchip ki bayo anpil benefis avèk biznismann Ameriken ak Ewopeyen yo paske se nan yon sitiyasyon monopòl ou ye ann Ayiti. Gen yon kantite jwè ki trè limite, epi si ou ka ofri yon bagay kote pa gen yon lòt moun ki ka bay li, ou tou bon. Si, parekzanp, ou ta genyen yon bèlsè ou ki nan peyi Vyetnàm oswa Tayland ki genyen koneksyon epi ki fè ou jwenn diri pou ou enpòte agogo, kidonk, alèkile, se oumenm ki posede mache diri a an Ayiti.

 MM :Ki lès ki fòme pi gwo anpi yo?

James: Pwobableman, genyen yon gwoup 30 fanmi konsa – gwo fanmi yo. Ka genyen yon santèn oswa 200 ki nan yon nivo annapre. Moun k ap mennen jwèt la pa anpil konpare ak popilasyon an toutantye. Kite m di ou : se yon bagay enkwayab, se pa ti richès non! Mwen konnen kèk nan moun sa yo ki voye pitit yo nan lekòl prive nan Florid ak peyi Laswis, lekòl primè kote yo peye $ 18 000 pou frè lekòl chak timoun. Yo milti-milti milyonè. Yo gen yon monopòl sou sitiyasyon an. Yo gen dwa ap enpòte diri, ap ekspòte kafe, zoranj ou nenpòt lòt bagay. San di pètèt, yo fè lajan yo nan souse swe  ak san Ayisyen ki pi pòv yo k ap touche $20 konsa, chak mwa, Sa ki “gen chans” yo! 

MM: Èske sa fè lontan depi salè yo ba konsa?

James : Depi tout tan! E moun rich yo planifye pou yo kenbe l konsa a, se nan sa menm yo fè lajan yo. Lesklavaj ap penpennen règ chèch an Ayiti. Se sa menm li ye: lesklavaj! Ojis, li pi mal pase lesklavaj, paske omwens ak sistèm lesklavlaj la, ou te ka benefisye kèk bagay tankou yon kote pou ou dòmi leswa. Nan sitiyasyon sa a, yo ofri ou travay di, epi se tout. Si ou gen ase lajan pou ou achte yon manchèt, koupe kèk pye bwa pou ou trese yon tikounouk, rasanble pil tè ak labou mete sou kote l, se chans pa ou. Si ou pa ka fè sa, se pwoblèm pa ou. Yo pa bay kay, yo pa bay manje pou moun sa yo, yo jis itilize fòs kouray yo.

Premye jou travay, mwen te nan biwo m, lè youn nan biznisman Ayisyen yo vin rantre, mwen di l: “M pa ka kwè pou moun sa yo pòv nan eta sa a!”. Se te youn nan moun yo rele « elit » yo, ak po klè, je ble. Li di m: « O, se sa li ye wi! Nou oblije kenbe moun sa yo fatige epi grangou tout tan, otreman yo riske leve kanpe, lage chalbari dèyè nou ».

MM: Èske ou panse moun yo t ap soulve si yo te genyen plis mwayen nan men yo ?

James: San di pètèt, pa gen dout pyès sou sa! Se sa menm ki fè elit Ayisyen yo gen lapèrèz konsa a. Lè yon kote gen yon mantalite foul anraje, tout bagay kapab rive la. M ap sonje nannwit jou koudeta a. Mwen t ap dòmi nan kabann mwen. Apeprè inèdimaten, mwen tande eksplozyon, gwo bri zàm k ap chante, rèl anmwey ak kriye. Mwen reveye, m al gade nan fenèt chanm nan. Mwen te arebò yon tèt mòn kote mwen te kapab domine sa ki t ap pase atravè vil la. Mwen te wè diferan kote ki te anba flanm dife, li klè gen kichòy ki pat nòmal. Kidonk, mwen te soti al mande gad kap travay lannwit lan ki sa k ap pase konsa a? Li t ap koute radyo, li di m gen yon bagay ki rive Aristide. M tap mande tèt mwen: “Èske m nan bon bò a, osnon move bò a?” Mwen pa t konnen kote m kanpe vre. Mwen pa t konnen si Ayisyen òdinè a t ap konsidere m tankou “blan”, yon lènmi, oswa si mwen pa t vrèman enplike nan sitiyasyon an, kòmkwa yo ka pa menm remake prezans mwen, ni okipe m. Mwen pat konnen ki sa pou m te fè. Mwen vin tande moun k ap chante epi k ap degringole desann mòn nan. Mwen te kapab wè diferan kote, alantou mòn nan, ki te gen tan ap boule anba flanm dife. Kidonk, mwen kase tèt retounen lakay. Mwen ale nan chanm mwen, mwen fè malèt mwen, mwen pran manchèt ki te anba kabann mwen an epi mwen tounen soti kote gad la. Mwen mande li kisa nou dwe fè, li reponn li pa konnen. Alòs, nou kache.

Se te yon nuit gwo lalin plèn, nou te al kache nan garaj la. Alèkile, mwen te kapab wè yon foul moun ki ransanble devan kay la. Apeprè 200 moun ki gen bwa chandèl ak manchèt nan men yo, m pa bezwen di ou, mwen te kòmanse panike. Yo te kòmanse kraze baryè a lè gad la di: “Se pou nou kouri fè yon jan nou soti, sinon yo pral rantre la a.” Alòs, mwen pran yon gwo souf respirasyon epi nou toulede soti anba limyè lalin nan ak manchèt nou yo. Apre sa, mwen jis sonje m leve tèt mwen epi mwen tande yo k ap rele: “Blan, blan se blan ki rete isit la”. Youn apre lòt yo kouri met deyò.

Mwen te pase de osnon twa pwochen nwit yo ap rale atè sou men m ak jenou m, pandan m ap koute son bal ak zàm otomatik.

Youn nan jou sa yo, mwen te ale nan yon otèl kote anpil nan zanmi m yo te rete. Mwen te chita sou balkon an ak mèt otèl la, n ap bwè kafe epi diskite sou sitiyasyon an. Toudenkou, mwen tande rèl anmwey, epi nou vin wè yon kamyon ki t ap grenpe monte mòn nan. Lapoula, yo louvri bounda kamyon an epi yon bann sòlda desann epi yo pran kouri, tire bal, dèyè moun yo, tout arebò otèl la.

MM: Dèyè ki moun yo t ap kouri konsa a?

James : A, Ayisyen òdinè! Ni mèt otèl la ni mwenmenm, nou t ap mande tèt nou sa k ap pase la a!? Nou toulede pa fè ni de ni twa, nou mache rive deyò a sou gwo galeri a, nou kanpe ak de men sou hanch nou, n ap gade. Epi, mesye sa yo, yomenm, yo ap monte desann ap tire moun. Yo monte mòn lan, yo boule vye kay malere yo, yo teworize yo.

MM: Pou kisa?

James : Jis pou fè yo pè, pou panike yo. Pou yo konnen sòlda yo la, alèkile, se noumenm ki gen kontwòl bagay yo ankò. Mouvman Aristide la kaba. Pinga menm panse soulve osnon reve genyen okenn pouvwa.

Ki sa mwen te kapab fè? Yo aji kòmsi mèt otèl la ak mwenmenm, nou pa te la ditou. Mwen te yon senp espektatè. 

MM: Èske oumenm, ou te an sekirite? Ou pa te pè pou yo pa atake ou?

James: Non! Se atò, m te kòmanse reyalize gen yon bagay ki t ap pase la a ki depase antandman mwen.

MM: Kisa li te ye?

James: Oke, se nan moman sa a mwen te vin reyalize lame sa a se avèk moun rich yo li kanpe. Mwenmenm, kòm yon Ameriken, mwen pat gen anyen pou mwen pè. Epi, se te konsa sa te toujou ye ann Ayiti.

…gen diplis nan kouti, pou pi douvan

***

Sous: AN INSIDE LOOK AT HAITI’S BUSINESS ELITE,  Interview with Patrick James, Multinational Monitor http://multinationalmonitor.org/hyper/issues/1995/01/mm0195_10.html

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *