Kase ke makak blan an pou nou libere Ayiti !

Pou yon bon revolisyon 2021, Ayisyen dwe sonje 1946
January 11, 2021
Jovenel Moise San Manman
February 12, 2021

Kase ke makak blan an pou nou libere Ayiti !

Sa gen plizyè semèn depi nou te deklare «2021 se yon ane goumen pou nou reprann endepandans Ayiti tout bon vre!». Jodi a, dimanch 7 fevriye 2021, se atò nou nan batay pandan Pèp Ayisyen an kontinye ekzije : Jistis ak Reparasyon pou tout viktim, tout masak rejim PHTK a ap fè nan peyi nou an, depi 10 zan!

Nou pral rale retwovizè listwa pou nou gade ki jan, sa gen 35 ane pase, fanm ak gason, sou zile a tankou nan dyaspora a, te leve kanpe, pou ede dechouke rejim Tonton Makout la, zansèt bandi PHTK yo.

Annou kòmanse koudèy la nan ane 1983 kote Jean-Claude Duvalier te gen tan pase 12 zan ak tit Prezidan avi sa a, li te erite nan men papa li François Duvalier. N ap raple ou, diktatè sanginè a te janbe kay Lisifè, yon jou 21 avril 1971.

Apre maryaj estravagan yo te fè 27 me 1980, Madanm Jean-Claude Duvalier, Michèle Bennett, alyas Latchamimi, t ap fè aktyalite kòm yon michan piyajèz k ap defilfare kès leta a. Latchamimi te trèzokipe ap fè defile ak tout kalite manto po bèt ki konsève nan chanm èkondisyone. Dwòg, òji, tout kalite voksal te anvayi Palè Nasyonal. Pandanstan, lepèp nan lamizè, lame Makoutize, epi opozisyon politik sou lagraba. Poutan, pandan tout estera sa yo t ap pase, yon ti sektè anndan Legliz Katolik la t ap pran fòs ak yon bagay yo rele levanjil liberasyon. Anvan lontan, Radyo Solèy ak Jounal Bòn Nouvèl vin kanpe djanm kòm pi gwo kritik diktati Duvalier-Bennett la.  

Nan mwa mas 1983, pi gwo chabrak ki alatèt Legliz Katolik la debake Ayewopò Pòtoprens. Vwalatilpa, nan mitan diskou diplomatiko-ipokrit dizaj la, Pap Jean-Paul II deklare «il faut que les chose changent ici, l’église doit s’engager à fond pour le bien des frères et soeurs et spécialement des plus pauvres».  

Fopaplis! Se ekzakteman van sa a “ti kap anbonbe” sektè pwogresis anndan Legliz Katolik la t ap tann pou li transfòme an gwo “grandou” k ap gwonde pandan l ap pike monte pi wo. Toudenkou, se yon sèl koze Mouvman Ti-Legliz ki kòmanse ap pale toupatou. Yon òganizasyon ki rele Conférence haitienne des religieux en faveur des pauvres tanmen voye deklarasyon pasi pala. Paltan nou rive nan ane 1985, yon dividal manifestasyon te tanmen nan peyi a sou lobidyans yon ekip pè Katolik ki t ap ede mas pèp la rele Aba lamizè! Viv demokrasi!

Anvan nou rapousuiv koudèy istorik la, m ap raple nou Evèk Legliz Katolik yo pibliye yon nòt vandredi 5 fevrier 2021 an kote Konferans Episkopal la raple mouche Jovenel Moise, an reyalite, li pa odesi lalwa. Monseyè Pierre André Dumas di Legliz la klè sou pozisyon l, si Prezidan Repiblik la respekte tèt li, li oblije respekte Konstitisyon peyi a tou. Gwo palto Legliz yo deklare «Lè yon moun pran yon desizyon fòk ou rete koyeran ak tèt ou epi kenbe dinamik desisyon sa a, dekwa pou ou fè tout zafè ou kòrèkteman. Kidonk, menm dezisyon ou aplike pou zòt yo, ou dwe aplike li pou pwòp tèt pa ou». Adye Monseyè ki lè n ap sispann pale fransè? Nou pa remake mouche Jovenel pa tande li pa wè, li pèsiste, isiba, se li menm ki Apredye? Kidonk, li alèz pou li vyole Konstitisyon li te sèmante pou li respekte a, kraze Palman epi kanpe rèd k on ke makak.

An palan de makak…

Novanm 1985 : lame fè plon gaye sou yon gwoup jenn ki t ap manifeste nan vil Gonayiv. Pami viktim yo, 3 elèv lekòl: Robert Cius, Makendson Michel ak Daniel Israël. La pou la, tanperati peyi a monte disèt wotè. Manifestasyon pasifik dedouble an deblozay jeneralize. Drapo ble e wouj koumanse parèt toupatou.

Detanzantan, biwo leta kankannen nan flanm dife, grèv jeneral, lekòl ak fakilte fèmen pòt. Pandanstan, lamizè kontinye ap pete fyèl malere.

Peyizan, kiltivatè latè, te sentre tribò babò. Jaden pa pouse, pa gen lavi lavil. Kipizè, sou lanmè Karayib la, blan Meriken ak Jean-Claude Duvalier mare sosis yo ansanm pou yo bloke chimen «paradi Miami». Rezilta: Ayiti cho k on vè lanp.

Tout moun te sou pinga yo. Ti sòlda pa t konnen kote yo gad. Yon bò : otorite Pòtoprens yo t ap voye yo kraze zo malere parèy yo k ap manifeste an favè yon alemye. Yon lòt bò : menm pèp k ap rele «aba diktati» a se li menm ki t ap rele «viv Lame».

Pèp souvren pran lari pou li. Men, kòm li pa byen òganize, l ap karese lespwa sa li tande a se vre, “gen eleman nan Lame a ki pral fè koudeta pou retire li nan malè li ye“.

Vandredi 5 fevriye 2021 ki sot pase a, Chèf Polis defakto Leon Charles parèt nan Televizyon Nasyonal pou li plenyen sò PNH ki ta pèdi kèk bouwo anba kout zàm konpayèl rebèl yo ki rele tèt yo Fantom 509. Defakto Leon Charles deklare : «Lapolis an dèy. Patrick Amozart, yon ajan SWAT pèdi lavi li devan soukomisarya Kanapevè. 3 machin boule sou wout Dèlma». Li rapousuiv pou li di : «PNH blayi atè 4 manm Fantom 509 ki rele : Wilbert Fleurant, Walta Bichotte, Marcéus Junior, Joseph Adam». Li fè konnen plizyè lòt blese, PNH lage koukouwouj dèyè yo. Yo arete lidè mouvman an ki ta yon polisye an fonksyon ki rele Raynald Courtois. Gen plizyè obsèvatè k ap grate tèt mande pou kisa mesyedam Fantom 509 yo refize kanpe ak pèp la. Epi, pou kisa se machin y ap plede boule chak fwa yo pran beton an? Ki biznisman paspatou pakapala ki kontinye siyen kontra kòmand machin ak bandi PHTK yo? Pandan n ap kontinye reflechi sou kesyon sa a, annou retounen fè yon koudèy nan retwovizè listwa…

Nan ane 1985, plizyè gwo zouzoun, nan boujwazi tradisyonèl la te gen chirepit pa yo ak diktati Duvalier a, akòz apeti voras fanmi Michèle Bennett ki te aloufa depase mezi. Yo te fè dappiyanp sou tout komès enpò-ekspò peyi a. Bò kote pa yo, politisyen tradisyonèl yo te rete sou ban touch la. Laplipa te kanpe an mòd lepandyè k ap fwote men yo pandan y ap rete tann mango mi sot tonbe pou yo tòtòt.

5 desanm 1985 : Jean-Marie Chanoine, Minis Enteryè rejim Tonton Makout la, deside klete bouch Radyo Solèy. Chanoine deklare radyo sa a an kontravansyon ak atik 51 yon lwa sou radyodifizyon nan peyi d Ayiti ki la pou anpeche move enfòmasyon vin «twouble lòlòj ti-pèp la».

20 jou pa t ko pase, Chanoine te sètoblije retire baboukèt la nan bouch Radyo Solèy paske rejim nan remake se agrave bagay yo t ap agrave si yo pa t bay pèp la ti satisfaksyon sa a. Blan Wachintonn yo te ajinse, yo t ap chèche kisa ki kapab fèt pou abse sa a pa kreve nan men yo anvan lè. Se konsa, nan mitan mwa desanm 1985, Jean-Robert Estimé, Minis Afè Etranjè rejim nan, fè yon vizit konsètasyon nan vil Wachintonn. 

Aaaaa, Wachintonndisi! Men yon lòt pakapala!

Menm jan ak lavèy 7 fevriye 1986, jodi a, anpil zòrèy an twonpèt y ap bouske son sa k ap soti Wachintonn.

Kòm nou gen bagay serye pou nou pale, nou pa pral pèdi anpil tan sou kesyon sa a. Men annou fè yon koudèy rapid pou nou wè ki sa blan an di?

Ayè vandredi 5 fevriye a, se yon sèten Ned Price, yo idantifye kòm Pòtpawòl Depatmandeta ki deklare: «sou baz pozisyon OEA a, se yon prezidan eli ki dwe ranplase Jovenel Moïse», swadizan «lè manda li bout 7 février 2022». Sa ou tande a, raketè enkilpe a ap peye gwo lajan pou simaye pwopagann sou entènèt la pran chante «alelouya glwa, blan an di Jovenel pa mouri!».

Pandan koral konze yo t ap chante refren sa a, samdi 6 fevriye, yon lòt seri blan vin lage son depaman nan kò mizik la.

Nan yon lèt Prezidan Komisyon Afè Etranjè Gregory Meeks ak 5 lòt manm Kongrè voye bay Sekretèdeta Anthony Blinken, yo mande pou Etazini voye jete, san di pètèt, mannigèt Jovenel Moïse ap fè pou li kwoke sou pouvwa a epi kore yon tranzisyon k ap pran gouvènay peyi a, apre 7 fevriye, pou retabli demokrasi kòmsadwa. Blan sa yo deklare enkilpe a k ap dirije pa dekrè depi janvye 2020 pèdi tout kredibilite, li pa ka dirije kwakseswa. Sou menm boulin sa a Senatè Demokrat Patrick Leahy deklare kare bare : «se 7 fevriye 2021 manda Jovenel Moïse ap bout».

Ou tande koze “woule m de bò” blan yo? Poutan, zòt kontinye ap di se zafè nèg ki mistè!

Daprè istoryen James Ferguson, otè «Papa Doc, Baby Doc, Haiti and the Duvaliers», nan finisman ane 1985, estrateji “mouye yo pou vale yo” Wachintonn te bay pouvwa popetwèl la pou li kalme pèp Ayisyen an, se li menm rejim nan te aplike alalèt. Sa vle di: fè dikdal chanjman nan kabinè ministeryèl la (pou bay enpresyon gen chanjman serye k ap opere) epi retire pouvwa nan men dezoutwa Tonton Makout notab. Kidonk, 30 desanm 1985, anwetan Alix Cinéas, tout ekip yo te konn rele «Super Ministres Duvalieristes» yo te pran so kabrit.  Chanoine chwe nan Anbasad Ayiti nan Kanada (Ottawa). Frantz Merceron vòltije ann Ewòp kòm diplomat Nasyonzini. Théodore Achille fè ladesant nan peyi Lafrans. Pami gwo Tonton Makout ki pèdi pye yo, Albert Pierre, alyas «Ti Boule», te pèdi dyòb Chèf Polis Pòtoprens lan.

Duvalier ak Bennett te kwè chanjman sa yo ta pral kalme pèp la epi pèmèt yo kenbe pouvwa a règ chèch. Se te mal konte, mal kalkile. Se atò bri dechoukay t ap kontinye kouri toupatou. Plizyè gwo chabrak nan Lame te koumanse santi pouvwa yo menase.

Sòti 7 rive 9 janvye 1986, mouvman manifestasyon kontinye pi rèd nan TiGwav, Miragwàn, Jeremi ak Okay. Sa ki te dwòl la, pa te gen okenn lidè politik ki te alatèt manifestasyon sa yo. Se te yon mouvman leve kanpe ki sòti natirèlman nan zantray mas pèp la ki te bouke pase mati anba yon diktati bout di. Mas pèp revòlte sa a te ale chèche sipò bò kote Legliz paske se la sèlman li te jwenn yon espas pou òganize revandikasyon popilè yo.

Mwa janvye 1986 te prèske fini, talè konsa ta pral gen kanaval. Pèsonn pa t konnen kisa ki pral pase. Mèzalò, li klè peyi a cho k on vè lanp.

Plizyè atis patatis tankou Boukmann Eksperyans mare sosis yo ak enkilpe a k ap prepare kanaval gouyad sou pil fatra nan Pòdpè. Yon lòt bò, vandredi 5 fevriye 2021 ki sot pase a, Emeline Michel, Beethova Obas ak plizyè lòt atis patisipe nan yon konsè pou respè Konstitisyon an. Atis sa yo mande pou Jovenel evite yon masak, fè kò li fè “S”, mete kle a anba pòt palè nasyonal la, apati dimanch 7 fevriye 2021.

Annou retounen nan retwovizè listwa…

25 janvye 1986 : plizyè milye manifestan pete lòbèy ak lapolis Okap. Jean-Claude Duvalier kòmanse panike seryezman. Li anonse gwo chanjman nan Lapolis, Kò Leyopa ak Lame. Kipizè, li deside fèmen kò Tonton Makout la ofisyèlman.

Nad marinad! Mango a gen tan mi! Dife anvayi vil Gonayiv. Kawotchou koumanse boule Okap. Klòch Katedral sonnen pou anonse soulèvman popilè. Sa ou tande a, se te sovkipe, Lame debake. Se sa yo bliye yo pa fè, lajounen kou lannuit, yo ratibwaze, yo masakre.  Sòti Okap, pase Leyogàn, monte Okay se te menm penpenp lan.

Boutanfen, 9 vè di maten, yon vandredi 31 janvye, pèp Ayisyen tande vwa Jean-Claude Duvalier k ap demanti sa li rele «yon vye manti» li di «kèk vakabon» fè sou do l, kòmkwa li ta gen tan kite peyi d Ayiti. Duvalier sèmante se manti.  Keseswa jamè, paske pou jan l konnen l konnen l, pouvwa li kanpe «rèd k on ke makak».

Samdi swa 6 fevriye 2021, pèp Facebook anonse kriminèl PHTK, Jimmy Cherizier, alyas Babekyou, sou wout pou jete l an Dominikani. Se sou menm lantouray sa a, yo di madan yon gwo vòlè PHTK ki rele Renald Luberice kwoke nan fildefè ak 8 milyon dola vèt.

Nan vil Laval, tou pre Montréal, Kanada, yon lòt grantoryan PHTK, Senatè defakto Rony Celestin ta achte yon chato kay ak lajan kach ki depase $4.2 milyon dola…Animatè radyo Morvan John Colem pibliye voum detay, ikonpri foto dokiman tranzaksyon sispèk sa a.

Pou sa pa fè zen, pito nou retounen nan retwovizè listwa. Annou gade aktyalite 31 janvye 1986…

Sanbletil, orijin «vye manti» Duvalier t ap demanti a, se yon kominike ki te sòti, depi 7 tè edmi nan maten, nan biwo pòtpawòl prezidan Meriken Ronald Reagan. Pou kisa «vakabon» Duvalier pa idantifye yo te fè kominike sa a pran lari, ojis? Nou pa konnen! Mèzalò, Duvalier te tou pwofite pase lòd klete bouch radyo ki pa sou lobidyans leta yo. Li dekrete «état de siège», li anile dwa sitwayen yo epi li bay Lapolis tout pouvwa krazezo pou pwoteje pouvwa l.

Nan dènye bilten nouvèl li, Radio Lumière anonse vil Jeremi aktyèlman wouj e nwa anba chalè dife. Dechoukaj ap vale teren nan Sen-Michel de Latalay, Ti Gwav, Gonayiv… Pandanstan, kit se te sou zile Gwadloup, kit se nan vil Miami, Ayisyen lòt bò dlo ki te tande swadizan manti vakabon yo, gen tan pran lari pou yo fete depa Duvalier.

Anba lakay menm, pèp souvren demele l jan l konnen li menm tou li anvayi lari. Lapolis fè desantdelye nan legliz Sen Jan Bosko pou yo poze men sou yon Pè ki rele Jean Bertrand Aristide. Malerezman pou yo, erezman pou li, Pè a gen tan chape poul li, li fonn kon bè l al geri bosko l anba pay.

Annatandan, bri kouri se pa pil pa pakèt kadav Tonton Makout ap antere nan Titanyen.

Jovenel Moise, ranje zòrèy ou pou ou koute…

Gwo 2 zè di maten, vandredi 7 fevriye 1986, yon avyon Meriken C-141 ki sòti nan baz Wanntànamo debake ayewopò Pòtoprens. Apre 2 zè d tan ap rete tann pasaje espesyal li yo, zwezo etwale a vòltije kite Ayiti ak Jean-Claude Duvalier, Michèle Bennett epi 22 lòt gwo eskamòtè nan rejim Tonton Makout sa a ki t ap souse san pèp Ayisyen an, depi ane 1957.

Martine Moise, ranje zòrèy ou pou ou koute…

Nan liv li, Written in Blood, ekriven blan Meriken Michael Heinl fè konnen mouchwa ki te mare tèt Michèle Bennett la te maske yon gwo mak kalòt palavire Kolonèl Prosper Avril te plake nan figi Manzè Latchamimi. Sanbletil, lavèy, Michèle Bennett te pete yon sèl esklann nan Palè a, lè yo te vin esplike Jean-Claude se Lame D Ayiti ki pral pran pouvwa a nan men yo. Michael Heinl di, lè Michèle Bennett reprann konesans, li pa fè ni de, ni twa, li envite yon dikdal zanmi vini jwenn li nan Palè. Yo bwè kont chanpay yo, rale kont kokayin yo, jouk lè a te rive pou yo pran wout Ayewopò.

Pwotestan yo di “l’Éternel a donné, l’Éternel a ôté. Pèp Ayisyen di blan Meriken: konpè se ou ki te bay, se ou ki vin ranmase, ou va demele ou depoze sa ki nan men ou lan kote ou kapab. Sa ki anlè se pou ou. Men, kanta pou sa ki rete atè a, se pou nou.

Ti sòlda gang G9 yo ranje zòrèy nou pou nou koute…

Van toubiyon dechoukay la te tanmen nan Pòtoprens tankou nan vil pwovens. Li t ap ratibwaze tout move chòche. Li debake nan simityè, li pa jwenn Duvalier, li pran Jacques Gracia.  

Kay Luc Désir, pèp la jwenn kasèt ak vwa plizyè viktim kriminèl la te konn tòtire epi touye pou Duvalier.

Kay Madan Max Adolphe, kay Edner Day ak kay yon dividal lòt Tonton Makout dechouke, ratibwaze rapyetè.  

Fòk nou di tou, malerezman, plizyè inosan pèdi lavi yo nan move kondisyon. Parekzanp, kèk Pastè woulibè te pwofite itilize Radio Lumière pou monte tèt pèp la ak yon michan pwopagann kòmkwa tout Houngan se te Makout ki t ap travay pou kenbe Ayiti anba grif Satan. Tandiske, an reyalite, otank te gen Makout sanginè ki te vodouyizan, menm jan ak Edner Day, se otank te genyen ki te kretyen tankou Luc Desir.

Ansyen Majistra Kwadèboukè, Rony Colin deklare sou Twitter:

«Jodi dimanch 7 fevriye 2021 an manda Jovenel Moise fini nan tèt peyi a. Menm jan l te fè l pou Palman an nan dat 13 janvye 2020 an, jodi a peyi a konstate kadisite pouvwa egzekitif la.Tout tantativ pou l ta rete sou pouvwa a ap konsidere kòm yon putsch

Nan ane 1986, lè konsa se te dechoukay nètalkole. 

Apremidi a, pandan nap ekri konklizyon editoryal la, nan vil Montreal, Ayisyen sot kanpe kòtakòt pou yo di gouvènman Peyi Kanada ansanm ak konparèl rasis ki ak yo nan Core Group la, PÈP AYISYEN GEN DWA CHWAZI PWÒP PREZIDAN YO. Ayiti se yon vrè peyi ki ekzije e merite genyen vrè prezidan.

Yo di lè a rive pou tout bandi k ap anmize yo sele Popetwèl alatèt peyi a pran chimen prizon, kit li rele Sherif Abdalah, Apaid osnon Martelly. Pèp Souvren deklare diplomat demeplè tankou Madan Sison persona non grata – fòk yo bat zèl yo pandan ti popetwèl yo a ap pran wout penitansye nasyonal. Viv yon tranzisyon san bandi pou Ayiti ka reviv!

Nou aprann ni enkilpe a, ni prezidan ti rès Sena madigra a kase randevou 3 zè, pou yo vin fè diskou radòtay. An verite sa pa regade pèp Ayisyen an. Nan moman an, se Pèp la sèl ki lejitim, se li sèl ki souvren, se li ki Prezidan.

Leson 7 fevriye 2021 an klè kon dlo kòk:

LIBÈTE NÈG SE SOU KONT NÈG LI YE – KONSA LI TE YE, KONSA LI YE, KONSA L AP TOUJOU YE!

Pandan n ap di Pèp Souvren an kenbe fèm jiskaske Gouvènman Sali Piblik la kanpe pou mennen peyi a sou chimen libète, jistis, demokrasi ak bon jan lavi nan diyite pou tout Ayisyen, annou sonje pawòl Grandèt Marcus Garvey ki te di:

Lè ou mande zòt fè pou ou, sa ou ta dwe fè pou pwòp tèt ou, pito ou rasire ou se pi bon zanmi/fanmi ou te ka genyen sou latè. Paske, si bagay sa a ou mande li fè pou ou a gen valè, ou riske wè se zòt ki ranmase tout valè bagay sa a pou pwòp tèt li. Epi, sèl sa ou rekòlte se DESEPSYON!” 

Papa Dessalines pa p janm sispann klewonnen nan zòrèy tout Ayisyen :

Nou pran responsabilite pou nou vin lib, n ap fè li pou kont nou, n ap fè li pou tèt nou!

2 Comments

  1. Marie Nadine Pierre says:

    RastafarI love Jafrikayiti. Thank you for a very well written article about a tragic period in Ayiti’s legacy. As I read your piece, I remembered the years between 1971 and 198o when I lived in Ayiti. Those were very hard times and the fear that Duvalier and the Tonton Makouts and their henchmen, spies and collaborators evoked in the people of Ayiti led to a paralysis that was hard to heal. I’m grateful that I was able to return home to the U.S. but, because of my father’death in September 1985, we returned. There as some noise and activities in Potoprins and Leyogann. But, things were quiet until. February 1986. We had to go back again for my step grandmother’s funeral. And, I am thankful that things went well. These uprisings or dechoukaj, have helped to topple oppressive regimes and administrations in Ayiti. But, I don’t know if the people of Ayiti can organize to force Jovenel Moise to leave. I don’t understand why he wants to stay in power. He will be held accountable for all of the crimes committed during his tenure. So, why would he want to prolong his time in a position that force him to enable criminal acts? I ‘m not sure about his motivations. But, he doesn’t seem very intelligent. Thank you again for a wonderful read. Blessed love. #1804 #Ayiti #revolutionaries #Ayitirevolte

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *