Apredye gen foli Duvalier!

M ap Kore Jaden Lakou Nadine
April 30, 2020
Pourquoi les Haïtiens sont-ils encore si menaçants aux yeux de nombreux blancs?
December 19, 2020

Jodi dimanch 13 desanm 2020 an se lizay pou nou kontinye site non viktim Masak Lasalin yo, chak jou ki jou, jiskaske lajistis pase kòd nan kou Jimmy Cherizier, Fednel Monchéry ak Pierre Richard Duplan. 

Pami plis pase yon santèn viktim masak Lasalin ki swaf jistis ak reparasyon, nou pa p janm bliye: Wadson MICHEL (28 tan) ak Adeline MILTY (73 zan). Jistis, Respè ak Reparasyon pou yo tout!

N ap mande jistis ak reparasyon tou pou tout fanm ak gason ki tonbe anba men kidnapè G9 yo, pandan ane difisil sa a. Lè nou konsidere konpòtman sinik aktè ki jwe nan sinema fo kidnapin yo, lè nou byen koute temwanyaj sè nou Magdala Louis (Dadou) ki esplike, ak anpil kouraj, sitiyasyon latèrè li menm ak konpatriyòt Mayestwo Dickens Princivil sibi dènyèman anba men bandi G9 ki te kidnape yo, nan menm moman teyat fo kidnapin t ap fè aktyalite nan peyi a… li klè kidnapè yo gen misyon pou yo teworize popilasyon Ayisyen an. Se pa jis yon kesyon “bandi ki dèyè lajan”. 

Pou Ansyen batonye, pwofesè lekòl epi politisyen Gérard Gourgue ki fenk travèse lòt bò lantouraj lavi a, a laj 95 zan, nou di mèsi pou bon tras li kite nan batay pou demokrasi jèmen ann Ayiti. Move tras yo la tou, devan jijman listwa. Sa a, se yon reyalite pwennfèpa ki valab pou tout moun.

Mwa pase a, lè nou te konpare evènman trajik ane 1960 yo ak sa k ap pase alèkile, nou te di : «Rejim Bandi PHTK ak Rejim Tonton Makout se Marasa». Jodi a, nou pral kontinye founi je gade kèk evènman istorik ki sèvi enspirasyon pou rejim sanginè neyo-Duvalieris Jovenel Moise lan k ap miltipliye krim sou krim, pandan li alagoni, l ap bay dènye rapò.

Nou sonje, ki jan :

14 Jen 1964 – François Duvalier te òganize yon referandòm kote li konsakre tèt li: Prezidan Avi. Kidonk, diktatè a deklare ofisyèlman se lanmò sèlman ki kapab kanpe l sou kous li.

28 Avril 1965 – lòt bò zile a tonbe anba bòt okipasyon blan Meriken. Kidonk, Duvalier nan bòl grès li. Dezòmè, puiske se blan Meriken ki okipe lòt bò fwontè a, toutotan li aksepte kolabore ak blan yo, pa gen pyès envazyon ki ka fè Duvalier panike. 

1 Janvye 1966 – Prezidan avi François Duvalier deklare revolisyon Duvalieris la rantre nan yon faz tou nèf.  Dezòmè se yon sèl modòd ki alamòd: rekonsilyasyon onivo nasyonal, kolaborasyon onivo entènasyonal.

Liv sa a parèt nan mwa Jiyè 1964

Depi nan mwa Jiyè 1964, Duvalier te tèlman santi pouvwa li pwès, li pibliye yon liv ki rele «Le Catéchisme de la Révolution».

Pi douvan, nou va feyte kèk paj nan dokiman espesyal sa a. 

Kounye a, annou suiv aksyon lapèsonn ki rele tèt li Apredye a k ap pibliye yo dikdal dekrè ilegal chak semèn bondye mete.

Anndan zile a kou nan dyaspora a, Pèp Ayisyen an leve kanpe l ap mande kòd pou mare vòlè, espesyalman vòlè ki fè wout kwochi ak $4.2 milya, Kòb Petro Caribe a. Mouche Apredye pran pòz li pa konprann mesaj pèp la. Olye li ede chèche kòd pou mare vòlè, li deside pibliye yon dekrè ilegal ki anonse yon «Kòd Penal Bandi Legal». Sa se te nan mwa jen 2020.  

Anwetan kèk pedofil ki abitye fè kadejak sou timoun 15 zan, pèsonn pa rekonèt, alewè pou yo ta aplodi «Kòd Penal Bandi Legal» Jovenel pibliye ane sa a. Men, sa pa sifi pou dekouraje «lapèsonn»!

Li sonje se yon entitisyon ki rele Cour Supérieure des comptes et du contentieux administratif ki te pibliye 3 rapò ki montre nwa sou blan, ki jan li se yon gwo vòlè ki foure men nan kès leta Ayisyen an pou li regle zafè pèsonèl li. Kidonk, Apredye pa fè ni 2, ni 3, jou ki te 6 Novanm 2020 an, li pibliye yon lòt dekrè gwo ponyèt kote li tante retire tout dan nan bouch enstitisyon Lakou Règleman an.

Ojis, se yon latriye dekrè ilegal Jovenel pibliye depi kòmansman ane 2020 sa a. Osito Ayiti va genyen yon gouvènman lejitim, fòk nou annile tout dekrè tèt bòbèch Jovenel yo! Mèzalò, gen youn ki parèt nan mwa Novanm 2020 an ki motive nou ale fè yon lòt koudèy nan retwovizè listwa pou nou kapab analize enpirasyon osnon malfonksyonman sèvèl Apredye.

Nan ane 1964, François Duvalier te tèlman santi pouvwa li pwès, li te pibliye «Le Catéchisme de la Révolution».

Katechis sa a gen kesyon, li gen repons. Natirèlman, li ekri an franse:

« Question:  Qui sont Dessalines, Toussaint, Christophe, Pétion et Estimé?

Réponse:  Dessalines, Toussaint, Christophe, Pétion et Estimé sont 5 fondateurs de la nation. Ils sont incarnés dans la personne de François Duvalier.

Question: Dessalines est-il à vie?

Réponse: Oui Dessalines est à vie dans la personne de François Duvalier.

(Yo repete menm ranstay sa a pou 4 lòt pèsonaj istorik yo. Apresa, katechis la rapousuiv…)

Question: Faut-il en conclure alors qu’il y a 6 présidents à vie?

Réponse: Non, Dessalines, Toussaint, Christophe, Pétion et Estimé sont 5 chefs d’etat distincts, mais ils ne sont qu’un seul et même président en la personne de François Duvalier.  

Tankou sa abitye fèt nan katechis legliz katolik yo, liv katechis Duvalier a te gen yon lapriyè ladan l tou: 

«Notre Doc qui êtes au palais à vie, beni soit votre nom par les générations présentes et futures. Que votre volonté soit faite à Port-au-Prince comme en province. Donnez-nous en ce jour un pays neuf et ne pardonnez jamais les offenses des ennemis de la patrie qui crachent chaque jour à la face de notre pays. Laissez-les succomber à la tentation et, sous le poids de leur venin, ne les délivrez pas du mal…».

Liv sa a pibliye anba siyati Jean Fourcand. Se 62 paj chaje ak ranstay : lapriyè, litani, «oraison dominicale»… Li menm genyen yon «salutation angélique» ki di : « Je vous salue, Simone, Première Marie-Jeanne à vie, pleine de courage et de bonté. Vous êtes bénie entre toutes les Marie-Jeanne… »  elatriye…

Nan paj 11 ou va wè yon lis fanm ak gason ki t ap kolabore ak diktatè a, nan zèv kriminèl li yo. Ou kapab jwenn yon kopi liv sikopat (moun fou) sa a gratis sou entènèt

Ann eseye kite Duvalier nan tonm li epi replonje nan reyalite ane 2020…

Vwalatilpa, se nan Jounal Le Moniteur, 26 Novanm ki sot pase a, Jovenel Moise anonse li kreye yon kò gang siveye-rapòte li batize «Agence nationale d’intelligence» (ANI). Trapde desen pentad ak senti revòlvè kòmanse sikile sou tout rezo entènèt yo, paske anpil Ayisyen gen tan rekonèt rapid-vit ki kalite ANI-MAL Apredye gen foli vin remete nan figi moun la a. 

Se kòmkidire, Jovenel Moise refize kite zosman François Duvalier pouri nan tonm li. An plis yon kò gang Tonton Makout li te batize depi ane 1957 Volontaires de la sécurité nationale (VSN), François Duvalier te kreye SD, yon ekip bandi ki espesyalize nan siveye-rapòte. 

SD = Service détectif.

Amnistie International, 2011

Baz polis politik sa a te tabli nan Kazèn Dessalines, sou kote Palè Prezidansyèl la. Nan finisman ane 1970 se yon sèten Kolonèl Jean Valmé, chèf Lapolis nan Pòtoprens, ki te alatèt SD. Kidonk, Pèp Ayisyen, lè ou tande Agence nationale d’intelligence» (ANI), se SD Jovenel gen foli resisite!

Te gen plis pase 200 espyon SD ki t ap arete epi tòtire keseswa moun yo ta sispèk kòm opozan politik rejim Duvalier a. Toupisan devan lalwa, bandi SD yo te aji an tout enpinite.

Nou pa remake, jiskaprezan, pa gen okenn arestasyon gwo bandi ki fèt, kit se pou masak, kit se pou kidnapin ki enplike G9? Kidonk, se yon rezo bandi ki byen branche, byen pwoteje, k ap opere. Parekzanp: epizòd kote kidnapè yo pran telefòn Mayestwo Princivil, yo rele Radio-Tele Caraibes, yo pran pòz se viktim nan ki t ap pale, epi yo di “mesye yo te byen trete m” … tout sa se kanpay kominikasyon bandi G9 ak alye ki vle kreye konfizyon nan mitan popilasyon an. 

Ojis, gen 2 manti y ap pwopaje: Manti #1: kidnapin afekte tout moun epi Manti #2: kidnapè yo pa mechan vre. Evantyèlman, yo kapab transfòme an sitwayen onèt…

Jovenel, Martelly, ak tout gwo bandi ki alatèt rezo kidnapin nan gen gwo enterè nan alimante 2 manti sa yo. Si se ta pou mesye sa yo, Pèp Ayisyen riske reveye yon jou li jwenn yon dekrè Apredye ki anonse Babekyou se manm ANI (Agence nationale d’intelligence).

Mèzalò, konpatriyòt, verite a kri devan je nou:

  1. Se PA tout sektè ki viktim kidnapin vre! Sektè boujwa ak lòt kriminèl ki asosye ak PHTK yo pa viktim kidnapin. Se yo menm ki enpòte zam, se yo menm ki distribye zam, se yo menm ki pwoteje bandi yo, tout jan. Non sèlman yo pa janm viktim kidnapè yo, pandan rès popilasyon an ap viv latèrè, konntenè machandiz esponsò kidnapè yo kontinye sikile lib e libè!
  2. Kidnapè yo matirize vrè viktim yo. Se sèl Manzè Maritza ki te ale an vakans nan Vilaj la, paske se te yon fo kidnapin, yon montaj ki fware paske aktè yo minab.
26 avril1966

Atansyon konpatriyòt! Mwen remake gen plizyè pami nou k ap bat bravo lakontantman pou swadizan sanksyon ekonomik zòt anonse kont alye li yo ki enplike nan Masak Lasalin nan. Sonje byen, alepòk Duvalier, blan Wachingtonn yo te toujou abitye fè grimas ak figi yo pou fè kwè yo pa dakò ak zak sanginè Tonton Makout yo. E poutan, se ipokrit sa yo menm ki te bwa k ap kore bannann kriminèl la. 

«Good Morning»  moun sa yo pa laverite!

Wi! Se nan yon atmosfè trajikomik Pèp Ayisyen te sètoblije viv pandan anpil ane anba Duvalier epi alye li yo nan CIA. Duvalier t ap jwe yon politik woule m de bò. Yon bò, li t ap mete pèp la anba bòt etranje pou Ayisyen bourike tankou esklav. Yon lòt bò, li t ap simaye pwopagann kòmkwa li se yon lidè nwa ki kanpe djanm pou li defann lonè «laras». Mouche a di l ap defann nèg ak nègès «du pays en dehors»!

Men kèk ekzanp ki montre aklè ki jan Duvalier te aplike yon politik woule m de bò pou li kore pouvwa l.

24 avril 1966: Anperè Haile Selassie, debake Pòtoprens. Duvalier te fè tout sa li kapab pou li detire vizit Anperè Etyopi a, nan bay parad kòmkwa li menm tou, li se yon gran lidè panafrikanis. Men, malerezman pou Duvalier, apre li te fin fè de twa vire won nan kapital la, Anperè Haile Selassie deside li pap rete pase nuit ak Duvalier! Lanperè chape poul li menm jou li te debake a.

Yon ane pot ko pase, menm Duvalier sa a siyen yon kontra esklavajis ak diktatè Dominiken Joachim Balaguer. Chak ane, leta voye 20 mil Ayisyen al bourike pou konpayi blan Meriken ki gen plantasyon kann kay vwazen Dominiken. Duvalier, swadizan lidè nwaris nasyonalis la, te resevwa $59 dola sou chak tèt Ayisyen li vann blan yo.

Edmond Bocchit, Anbasadè Apredye nan OEA ap pran elan pou li kouri

Jedi 10 Desanm 2020 ki sot pase a, anpil obsèvatè te sezi wè ak ki vitès Edmond Bocchit, Reprezantan Apredye nan OEA, te pete kouri kite yon rankont ofisyèl Commission Interaméricaine des droits de l’homme. Videyo rankont sa a disponib sou entènèt la. Fè yon rive apeprè 47 minit konsa, ou va remake osito Mèt Flavia Piovesan, yon avoka Brezilyèn fin mande Bocchit pou li bay esplikasyon klè osijè masak Lasalin ak masak Bèlè yo, mouche a di «pye: sa m manje m pa ba ou?», li kouri kite reyinyon an. Wi, se yon jès lèd! Men, li pa etonan ditou, puiske plizyè rapò ki pibliye sou dosye Masak Lasalin nan lonji dwèt dirèkteman sou rejim Jovenel Moise lan kòm otè entèlektyèl e materyèl masak sa a, kote, kriminèl Bocchit reprezante nan OEA yo te disparèt plis pase yon santèn moun ki te genyen ant 3 zan epi 73 zan.

Nan yon rapò 2 fouyadò Meriken, Seth Donnelly ak Judith Mirkinson, pibliye nan lang Angle, an Jiyè 2019, konklizyon otè yo klè tankou dlo kòk; yo di : 

«Daprè rezilta ankèt nou, se gouvènman PHTK Moïse lan ki dirije epi fasilite Masak Lasalin nan. Yo sible Lasalin ekspre pou yo fè masak sa a, akòz enpòtans Lasalin kòm baz rezistans kote yo abitye lanse manifestasyon kont gouvènman an. San di pètèt, sa a se yon rezon ki lakòz, nan mwa Oktòb 2018, Premye Dam Martine Moïse te rantre nan Lasalin pou li eseye konvenk lidè ki nan kominote a pou yo sispann fè manifestasyon kont PHTK».

Si jiskaprezan gen diskisyon osijè kantite moun ki pèdi lavi yo nan Masak Lasalin nan se paske gen yon volonte politik pou yo kreye konfizyon. Gen bon jan prèv se plis pase yon santèn moun kriminèl yo te sasinen. 

Ou ka jwenn atik nan jounal ki di se 26 moun ki mouri. Rapò RNDDH la site non, laj epi anpil detay sou sikonstans lanmò 73 viktim, pou pi piti. Ojis, daprè anketè Ameriken yo, okòmansman, jounalis Amélie Baron, ki travay pou Agence France-Presse ann Ayiti, te fè konnen se 283 moun kriminèl yo te touye nan Lasalin. Men, pou yon rezon ki pa klè, atik sa a disparèt, ou pa fouti jwenn li ankò sou entènèt.

Anketè Ameriken yo raple n:  “Jimmy Cherizier, alyas Babekyou- boule kèk kadav, yo pati ak kèk lòt, se sa ki fè li difisil pou detèmine kantite viktim yo”. 

Konfizyon osijè kantite viktim Masak Lasalin nan ak tout magouy kamouflaj ki makonnen ak konfizyon sa a, se kichòy ki toumante lòlòj nou. 

Kòmkidire, se ta yon pwoblèm chif ki te plis agase «gwo chèf» bandi yo. Sanbletil, yo te pase «ti bandi» yo lòd pou yo touye moun Lasalin vre, men, se pa tout kantite moun sa yo! Kidonk, li enpòtan pou nou kontinye chèche enfòmasyon, verifye yo epi site non viktim yo chak jou, jiskaske yo mare kriminèl yo, jije yo epi pini yo, kòmsadwa! 

Daprè temwanyaj plizyè sivivan, se Delege Depatman Lwès la, alepòk, Pierre Richard Duplan ki te dirije masak la. Sivivan yo di Duplan te parèt pandan yo fenk fin fè masak lan, epi li rele sou ekzekitan yo: «Nou touye twòp moun, se pa misyon sa a yo te bannou!». Alòs, li pa etonan si òganizasyon dwa moun tankou RNDDH, Fondasyon Je Klere, e menm MINUSTAH, admèt se Pierre Richard Duplan ki te kowòdonatè masak la. 

Bò kote pa yo, Anketè Ameriken yo swete Pèp Ayisyen an pap kite okenn wout pa bwa pou lòt gwo chèf kriminèl ki patisipe nan Masak Lasalin nan. 

«Gouvènman an di l ap sipòte pouswit jidisyè yo pandan l ap seye twonpe vijilans moun ak yon fo enpresyon kòmkwa masak la se zèv kèk grenn “vakabon” ki te enfiltre administrasyon an, kèk grenn polisye “vakabon” – kidonk: ka izole –  ki ta nan konfyolo ak “gang”. Mèzalò, li klè responsablite masak Lasalin nan rive jouk nan nivo ki pi wo anndan Pati Opouvwa a ansanm ak Gouvènman an».

Otè yo rapousuiv : «Se Martine Moïse menm, madanm Prezidan Jovenel Moïse, ki te eseye kòwonp “Bout Janjan” pou li dekouraje moun Lasalin jouk yo ta sispann pwoteste kont gouvènman an. Bout Janjan pa t dakò. Kidonk, yo fè arete li. Se pandan yo arete Bout Janjan, sa vin kreye opòtinite pou Gang Chabon atake kominote a.  Gang Chabon resevwa gwo zàm fann fwa nan men gouvènman an».

Jijman kriminèl ki tranpe nan Masak Lasalin nan dwe fèt, e fòk li fèt an Kreyòl, devan mikwo ak kamera pou pèp Ayisyen an kapab konprann ekzakteman ki kantite asasen ki avayi li, anndan palè a, nan PNH la, nan BINUH, nan ladwàn e, petèt, menm anndan Anbasad Core Group yo.

Note byen, nan rapò sa a, Anketè Ameriken yo di : «Reginald Boulos te admèt piblikman li abitye finanse lidè paramilitè ki patisipe nan Masak Lasalin nan»

Nan konklizyon rapò a, otè yo di kare bare: «Li nesesè tou pou yo envestige wòl Anbasad ak Gouvènman Ameriken jwe ni nan eleksyon Jovenel Moïse lan, ni nan koripsyon, ni nan maspinay dwa moun ki vin rive apre sa»

Si ou byen li nòt rizèz BINUH pibliye samdi 12 desanm 2020 an, kote li kritike dekrè sou kreyasyon ANI, ki se kò Tonton Makout Amelyore bandi PHTK yo anonse a, ou ka wè se yon fo mouvman Pons Pilat, je chèch, BINUH ap fè. Yon mannèv pou blofe egare ki po ko konprann…

…se blan malveyan yo menm ki papa ni Apredye ni Babekyou.

Sonje byen, nan mwa Janvye 1962, se lajan Chango François Duvalier te pran nan men blan Meriken pou li garati Ayiti ap vote nan OEA kont peyi Kiba. Pa gen rezon fè sezisman lè nou wè bandi Apredye, ki trayi Venezyela plizyè fwa deja nan OEA, fenk fè menm ti bagay la, yon lòt fwa ankò. Jovenel Moise, odasye ke l ye, pèmèt li di li pa rekonèt eleksyon lejislativ Venezyela reyalize jou ki te 6 Desanm 2020 an. Ala ti nonm gen je chèch mesye! Se la raj!

Pandan pèp Ayisyen an ap prepare depa Jovenel, «Ansyen Nèg Bannann nan, dezòmè: Apredye ainsi connu», li menm, se cha kanaval li l ap prepare pou festival gouyad sou pil fatra, nan vil Pòdpe. Vil manman m wi mesye!

Jovenel, èske ou okouran ki jan, nan ane 1970, pandan Duvalier t ap chante kantamwa li, te gen yon lòt konbatan ki t ap chofe sou ban touch la. Konbatan sa te sèmante li pa p rate Duvalier. Lè yo te rakonte l konbyen lòt konbatan ki te fè bèk atè nan eseye dechouke Duvalier, li di li menm se tande li tande gen diktatè ki pa dechoukab : «Depi ou se diktatè, se pa vini w ki pou sove w»! Lè yo mande konbatan sa a ki lè, ki bò, ki jan l ap frape…li te reponn: «mwen pap bay detay. Men, mwa Novanm ane sa a pap pase pou nou pa koumanse tande soukous mwen».  Konpatriyòt, nan yon lòt editoryal, nou va founi je gade ki konbatan temerè sa a ki t ap menase Duvalier konsa a, epi, ki jan sa te fini. Annatandan, n ap di Jovenel selebrasyon depa Apredye pa ta ka fèt nan vil Pòdpe sèlman. 

Sou yon ti kay wòch ak beton, nou va ekri : «Ici git ansyen nèg bannann nan – Apredye ainsi connu»

Pèp Ayisyen kòd nou pare! Se mouche Apredye li menm menm ki fin trese kòd li. Alèkile, devwa tout bon sitwayen se fè ti rès la. Sa vle di: vare sou vòlè yo, jije yo epi pini asasen yo!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *