Le colon guette maman

What ought to be Canada’s policy towards Haiti?
October 20, 2019
Ayisyen refize fè sanblan. Okontrè, nou deside fè san blan
January 1, 2020

Le colon guette maman

Yon Sistèm San Manman Ki Gen Plizyè Papa Pèpè!

Lasoyete onè,

Jodi a, nou rale loup listwa pou nou founi je gade kòd lonbrit “sistèm nan”, yon ekspresyon ki fofile rantre byen fon nan langaj popilè a, depi kèk tan. 

Nou tout dakò, menm jan ak mo “bagay” nou itilize nan lang kreyòl la, “sistèm nan” se 2 mo ki, an reyalite, gen yon sans vag. Se pa mo ki idantifye yon sijè ki klè kon dlo kòk. Se sa ki lakòz, ou riske wè 2 Ayisyen deklare yo ap konbat “sistèm nan” epi ou remake pawòl yo osnon aksyon yo depaman. Kidonk, jodi a, nou kwè li nesesè pou nou founi je gade kisa ojis ki fòme “sistèm sa a” ki ap fè nèg ak nègès pase mati sou zile Ayiti depi plis pase 5 syèk, alèkile. 

Wi, gen yon sistèm ki ekziste! E se yon sistèm san manman li ye!

Annou rale retwovizè listwa pou nou ka wè pi klè…

Lè zansèt nou yo t ap bati gran sivilizasyon sou kontinan Lafrik, yo te konsidere fanm, espesyalman fanm ki pote pitit nan zantray yo, kòm trezò san parèy. Parekzanp, kit se sou miray piramid ki nan peyi Soudan ak Lejip osnon sou fèy papiris listwa, nou kapab wè pòtre ak gwo estati zansèt nou yo te mete kanpe pou yo onore nègès tankou Rèn Tiye ak mari li Farawon Amenotèp ki te gen yon pitit gason: Prens Akenaton.

Tou pre vil Luxor, nan yon gwo platon kote zansèt Afriken nou yo te abitye antere Wa ak Rèn yo, jiskaprezan, touris ap admire kokennchenn Palè Wayal zansèt nou yo te bati pou yo onore Rèn Atchepsout, yon fanm ki te pote tit Farawon, kidonk, pi gwo chèf nan tout Wayom Kemèt, ansyen non Lejip.

Ojis, se sou tout kontinan Lafrik lan nèt, soti Kemèt, pase Kongo, rive Azanya (Afrikdisid), fanm, espesyalman fanm ki manman, te resevwa anpil onè ak respè.

Se Manzè Atchepsout, yon fanm, yon Nègès wi, ki te Farawon lè sa a!

Pandan peryòd gwo tribilasyon an, lè blan Ewopeyen atake zansèt nou yo sou kontinan Lafrik, kidnape yo, depòte yo epi mare yo nan chenn trennen vin travay kòm esklav pou yo sou kontinan Lamerik lan, nègès yo te vin pèdi onè ak respè yo te abitye resevwa, lè yo te granmoun tèt yo, lakay yo, sou kontinan Lafrik. Modèl plantasyon esklavajis lan te dekonstonbre amoni familyal ki te ekziste oparavan nan mitan Afriken yo, espesyalman sila yo blan malveyan yo te kidnape epi depeyize jouk sou kontinan Lamerik yo.

Kolon esklavajis yo te abitye separe madanm ak mouche, papa ak pitit, manman ak pitit – fizikman – lè yo vann yo separeman bay lòt kolon ki byen lwen nan lòt patiray. Orezime, sovajri kolon Ewopeyen an te tèlman san limit, pandan plizyè syèk, laplipa Afriken grandi san yo pa janm kapab konnen ki moun ki manman yo, alevwa pou yo ta konnen ki lès ki papa yo. Parekzanp, pa gen pyès istoryen ki ka di ou avèk asirans, ki moun ki te manman ak papa ni Dessalines, ni Toussaint Louverture, ni Henri Christophe.

Nan yon sikonstans parèy, èske ou ka imajine si ou ta yon nèg osnon yon nègès ki te gen “chans” grandi sou menm bitasyon esklavajis ak manman ou epi, yon jou, bridsoukou, ou ta tande yon chwichichwichi kòmkwa «kolon an sanble gen je sou manman ou» osnon, jan yo ta di sa nan langaj franse alepòk : «le colon guette ta maman». Èske ou konprann ki kalite touman ak latwoublay ki te toujou ap boloze nan lespri chak nèg, chak nègès anndan yon sistèm sovaj konsa?

Wi, sistèm esklavajis la, se te yon sistèm «san manman»! 

Epi tou, konpatriyòt, sonje byen : se pandan menm epòk sistèm esklavajis sa a t ap taye banda sou zile a, zòt te anmize yo rele Saint-Domingue (kidonk Ayiti) «la perle des antilles» ! 

Listwa rapòte, ki jan te genyen yon vi kiltirèl trè aktif sou koloni esklavajis la. Parekzanp, Vil Okap te resevwa anpil atis ki te abitye vin pote plezi bay kolon esklavajis yo. Kit se te chantè, vyolonis, pyanis, aktè teyat… yo te konn sòti byen lwen sou patiray Lewòp pou yo vin bay payèt sou zile defen Tayino yo. Mèzalò, se pa blan sèlman ki te okipe espas kiltirèl sa a. Tankou sineyas Steven McQueen montre sa nan yon fim ki batize «Esklav pandan 12 lane» (12 years a slave), anpil nèg ak nègès te oblije jwe mizik pou bouwo ki t ap matirize pwòp manman yo, papa yo, pitit yo. Ata sou kal bato negriye yo, blan malveyan yo te konn fòse nèg bat tanbou, danse, chante, tou pandan yo t ap fè nèg ak nègès sibi yon tribilasyon san parèy.

Alòs, nou ka di, depi nan epòk sa a, pandan majorite popilasyon an t ap kokobe anba yon sistèm sovajri, vye slogan tankou «Saint-Domingue pa m nan diferan», «kite peyi m mache», «egri k ap megri» se yon kalte pawòl degrenndwat  ki t ap rablabla nan bouch yon ekip kolon esklavajis ak afranchi mechan, egoyis epi sinik.

Aklè, leson listwa montre nou ekzistans yon “sistèm san manman” ki t ap taye banda sou zile Ayiti pandan plizyè syèk, jiskaske, yon jou 18 novanm 1803, Papa Dessalines te reyisi fann fwa Napoléon epi li mete lòd nan dezòd.

Photo credit: Dieu Nalio Chery

Pou li ede remanbre fanmi nèg ak nègès Ayisyen an, depi nan premye Konstitisyon peyi a, ki pibliye 20 Me 1805, Papa Nasyon an te deklare:

Atik 1: Pèp k ap viv sou zile sila a yo te konn rele Saint-Domingue nan deside pou li fòme yon peyi lib ki granmoun nan tout kò li, ki pa bese tèt li devan pyès lòt puisans linivè. Peyi sila a ap pote non Anpi Ayiti.

Atik 2: Koze yo bay pou lesklavaj la kaba. Jamè, ogranjamè li pa p janm tounen sou moun ankò.

Atik 3: Tout sitwayen Anpi Ayiti se frè ki egal ego devan lalwa; Sèl lòt tit, avantaj, oswa privilèj ki ka janm egziste se rekonesans ak rekonpans nan sèvis libète ak endepandans peyi a.

Vizyon Papa Dessalines pou Ayiti te klè kon dlo kòk. Se yon nasyon tou nèf ki pral ranplase sistèm san manman blan malveyan yo te tabli, depi  yo te vin chwe sou zile Ayiti, jou 5 desanm 1492 lan. Kidonk, Anpi Ayiti tabli yon sistèm san fòs kote, yon sosyete ki kanpe djanm sou prensip : «tout moun se moun». 

Daprèzavwa li te gen tan konnen chanjman sistèm sa a pa t ap janm fasil, anndan Konstitisyon 1805 lan, Dessalines deklare :

Atik 9: Yon bon Ayisyen se yon bon papa, li yon bon pitit, li yon bon mari, epi sa k pi enpòtan pase tout lòt bagay fòk li yon bon sòlda.

Dessalines te prevwa t ap pral genyen gwo rezistans kont pwojè remanbray fanmi nèg ak nègès yo. Se pou tèt sa menm li te ensiste pou li di, fòk Sitwayen Ayisyen an «bon sòlda». Sa vle di: fòk Ayisyen an toujou pare pou li goumen pou li pwoteje fanmi li kont lènmi.

Atik 10: Papa ak manman pa gen dwa dezerite pitit yo sou okenn pretèks.

Atik 14: Chèf leta a se papa fanmi Ayisyen an. Pa dwe gen okenn distenksyon koulè nan mitan fanmi an. Apati jodi a, nou konsidere tout Ayisyen se moun nwa nou ye.

Konpatriyòt, anverite, Papa Dessalines te klè sou pozisyon li! Nou menm nèg ak nègès zile Ayiti, sistèm «tout moun se moun» nou chwazi pou nou viv la, se yon sistèm ki depaman nètalkole, ki dyametralman opoze ak sistèm «san manman» blan malveyan yo vle fòse nou viv anba l la. 

Tan fè tan kite tan. Lè nou janbe nan tan prezan, ki sa nou remake k ap pase sou zile Ayiti, depi apre koudeta-kidnaping 29 fevriye 2004 la? Nan ki kondisyon fanmi nèg ak nègès yo ap viv? 

Sou ki sistèm nou remake enkilpe Jovenel Moise ki deklare tèt li «Prezidan» an, ap fonksyone?

Jovenel Moise: fo prezidan, yon vrè enkilpe. Fo antreprenè, vrè vòlè

Lè nou konstate ki jan, semèn pase a, yon blan ki rele David Hale, soti Washington, li chita bay kont lodyans ak Jovenel Moise nan fo palè nasyonal la epi, apre sa, li deklare: «Ayiti se yon peyi ki lage nan debandad, pa gen okenn moun k ap dirije sa li wè la a»! Èske se pa yon gwo derespektan sa ye? Ak ki figi, nèg ak nègès ki pran pòz chèf ann Ayiti yo, alèkile, ka repete pawòl ki ekri nan Atik 1, Konstisyon 1805 lan? 

«Pèp k ap viv sou zile sila a…fòme yon peyi lib ki granmoun nan tout kò l, ki pa bese tèt li devan pyès lòt puisans linivè».

Men, atansyon, pinga nou tonbe nan latwonpans akòz pawòl derespektan David Hale yo. Se vre, Ayiti pèdi ray. Se vre sistèm ki anplas nan moman an se yon sistèm ki ta vle fè Ayisyen viv tankou yon bann san manman. Mèzalò, David Hale pa inosan. Gouvènman li reprezante a se youn nan papa «Sistèm san manman» sa a ki jouke enkilpe Jovenel Moise nan “palè nasyonal imajinè” a.

Nan sezon sa a kote pèp Ayisyen an gonfle ponyèt li pou li chavire chodyè enjistis sosyal la tèt anba, yon fwa pou tout, pa gen rezon pou nèg ak nègès pèdi tan ak enèji nan goumen ak lonbray nou.

Sistèm n ap goumen pou nou chavire a pa anonim. Li batize legliz, li gen non. 

Nan ane 1685, yon blan franse ki te rele Colbert ekri «Le Code Noir». Se yon latriye lwa tèt anba ki te swadizan bay blan malveyan dwa legal pou yo fè nèg ak nègès pase mati sou latè, espesyalman sou teritwa kote Wa Zenglendo Lafrans lan te poze sele. Lè sa a, se papa sistèm nan ki t ap fè zouti pou asire pouvwa malveyans li.

Konsa tou, lè, depi nan ane 2012, plizyè peyi ki anndan Core Group la ap mete presyon sou Palman Ayisyen an pou Senatè yo adopte yon vye pwojè lwa sou eksplwatasyon min lò anndan peyi d Ayiti, kote konpayi miltinasyonal yo ta va jwenn baryè lib nan fouye tè Papa Dessalines nan, jan yo pi pito san okenn kontwòl, san yon palman responsab ki va kanpe an bon defansè enterè pèp Ayisyen an k ap anpeche kontaminasyon anviwonman an, espesyalman rezèv dlo nou yo. Lè sa a, peyi Core Group yo te aji kòm papa sistèm peze souse a k ap sèvi ak zouti yo pou asire pouvwa malveyans yo.

Pèp Ayisyen an te konprann aklè pou ki rezon yon konze tankou Michel Martelly sete pi bon alye ki tap ede Core Group la kenbe sistèm peze souse a tennfas ann Ayiti.

Nou remake zàm fann fwa ap pase san kontwòl ayewopò Miami pou yo vin chwe nan katye popilè, nan latibonit, nan tout fon kè peyi d Ayiti, pou bandi ki rele Anèl, Ti Lapli, Ti Je, Ti Jozèf, Ti Vlad, Babekyou, mache rachonnen nèg ak nègès san defans. Li klè, zàm fann fwa sa yo ki koute byen chè, k ap debake ak tout rechaj minisyon nan peyi a, se kado “papa sistèm” nan voye bay “pitit sistèm” nan.

Li klè, se papa sistèm nan ki te debake ak plizyè milye sòlda MINUSTAH ki kontamine yon milyon Ayisyen ak kolera.

Li klè, se papa sistèm nan ki te rantre nan sant tabilasyon Konsèy Elektoral Ayisyen an, ak bandi ki fè 0 tounen 9 pou reyalize koudeta elektoral ki mete yon enkilpe chita nan palè imajinè a.

Li klè, se papa sistèm nan ki te pase prezidan popetwèl la lòd trayi Venezyela, plizyè fwa deja, nan OEA.

Anverite, li klè sistèm Pèp Ayisyen an ap gonfle venn li pou li chavire a, se yon sistèm san manman ki gen plizyè papa pèpè. 

Yo tout fè rèv ki depaman ak rèv Pèp Ayisyen an. Men, jodi a, pèp Ayisyen an leve kanpe menm jan li te kanpe nan Vètyè nan ane 1803. Se pa yon popetwèl nou pral ranplase ak yon lòt popetwèl. Se Ayiti nou pral remete sou ray rèv Papa Dessalines nan, kote «tout moun se moun» va tounen reyalite pou tout Ayisyen. 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *