Ayisyen refize fè sanblan. Okontrè, nou deside fè san blan

Le colon guette maman
December 13, 2019
Konplo Vatikan pi anraje pase wanga
February 3, 2020

Ayisyen refize fè sanblan. Okontrè, nou deside fè san blan

Lasoyete onè, jodi a, nou pral founi je gade direksyon Papa Dessalines te bay Pèp Ayisyen an depi jou 1 janvye 1804 la, lè li te avèti nou, pou nou pran anpil prekosyon ak viris yo bay pou blan malveyan an. Dessalines te deklare : « nenpòt ti fenèt nou ta ba yo pou yo fofile nan mitan nou y ap vin simen chagren, malè ak divizyon… »

WI, PAPA NOU TE PALE NOU OSIJÈ CORE GROUP LA, depi 1 janvye 1804.

Daprè travay rechèy Duke University pibliye dènyèman, nan jou 1 janvye 1804 la, te genyen sèlman 2 enpresyon orijinal Deklarasyon Endepandans Ayiti a. Dokiman sa a gen 2 pati ladan li : Deklarasyon endepandans lan epi diskou Papa Dessalines fè anvan Boisrond Tonnerre te vin li deklarasyon an. 

Thomas Madiou di nou, dabitid Dessalines te dikte sa li panse bay Sekretè li Boisrond Tonnerre, nan lang Kreyòl. Epi, Boisrond osnon lòt Sekretè tradui koze a nan lang li bezwen kominike mesaj lan, selon destinatè a.  Kanta pou jou 1 janvye 1804 la, Dessalines te klè, li te gen yon pawòl Ayisyen ak Ayisyen li te vle pale ak nou, e li te fè sa ak anpil ladrès!


Gade byen ki jan Istoryen Thomas Madiou rapòte koze a, nan lang Franse:

«après avoir fait, en language créole, l’historique des cruautés que les français avaient exercées sur les indigènes, il (Dessalines) s’écria : « jurons de combattre jusqu’au dernier soupir pour l’indépendance de notre pays ».

Daprè sa Madiou ekri la a, jou 1 janvye 1804 la, se an Kreyòl Dessalines te pale. Gen yon pati konsa nan diskou ofisyèl Boisrond vin li, nan lang franse, tousuit apre Dessalines te fin pale a. Men, se 2 moman diferan. Kidonk, nou pa genyen okenn tras mo ekzak Dessalines te di jou sa a. Obsèvasyon sa a soulve kesyonman enteresan. Menmsi nou pap devlope kesyon sa yo la a, nou ta ka mande: pou ki rezon Dessalines te pale an Kreyòl? Pou ki rezon Boisrond te li diskou sa a an Franse? E mas moun ki te ransanble yo, ki lang yo te konprann nan moman an? Èske se vre 75% popilasyon sivivan ki te la jou 1 janvye 1804 sa a, se moun ki te fèt sou kontinan Lafrik, oudimwens èske se moun ki te fèt sou zile Ayiti?

N ap remake, se jis nan ane 2008, granmesi travay kèk konpatriyòt ki anime emisyon Lakou New York, nou vin genyen yon premye vèsyon Kreyòl tout diskou sa a. Se yon tèks ki ekri apati “Mémoires pour servir à l’histoire d’Haiti”, yon liv Boisrond Tonnerre pibliye nan lang Franse.  

Tankou nou te souliyen sa, nan yon seri liv sou CD ki rele « Lafimen Listwa Pèp Ayisyen Depi nan Ginen », se yon neglijans grav ki fè nou pa ka jwenn pawòl ekzak Papa Nasyon an te di Pèp Ayisyen an jou 1 janvye 1804 la. Se yon erè ki kontinye fèt nan peyi nou, kote jounalis ak istoryen pran abitid tradui sa yon moun di an Kreyòl olye yo rapòte ekzakteman sa ki te di a, nan lang li te di a. 

Bò kote pa mwen, depi nan ane 2006, mwen te re-tradui an Kreyòl, yon pati nan diskou Papa Nasyon an, kote li te di : « pwomennen je nou toupatou sou zile a, chèche manman nou, papa nou, sè nou, ti bebe ki nan tete…yo tout disparèt anba grif kriminèl yo bay pou kolon blan an! »… 

Anverite, tout bon vre, se nan lang Kreyòl, lang orijinal kokennchenn diskou sa a, yon moun ta kapab santi tout fòs santiman Jeneral Jean-Jacques Dessalines tap pataje ak Pèp Ayisyen an, jou sakre 1 janvye 1804 sa a. 

Annou koute Papa Dessalines… 

Sitwayen,

Li pa ase ke nou te flanke kriminèl yo ki te benyen peyi a nan san depi 200 lannen deyò nan peyi a; li pa ase ke nou te fini ak zafè ti klik ti klik k ap pase nou nan betiz ak jimay libète Lafrans ap plede fwote nan je nou; fòk nou poze yon dènye zak ak tout fòs nasyon an pou nou asire libète ap djayi pou tout tan nan peyi sila a kote nou te fèt la; fòk nou retire nan men gouvènman sanfwa ni lwa a ki te kenbe lespri nou nan boutèy depi tout tan sa yo, tout lespwa ke l ap janm kapab remete nou nan lesklavaj ankò; fòk nou klè seswa nou viv lib oswa nou mouri.

Endepandans oswa lanmò! Pawòl sakre sa yo dwe rasanble nou epi se yo ki pou modòd batay nou ak reyinyon nou.

Sitwayen, konpatriyòt mwen yo, nan kokennchenn jounen sila a, mwen rasanble militè vanyan sa yo ki pa t ezite bay san yo pou nou te genyen batay pou libète a, lè rezilta batay la pa t klè ditou; jeneral sa yo ki te alatèt batay nou pou nou te konbat malfèktè yo panko fè ase pou nou rive viv nan kè kontan… non franse a la toujou toupatou kote nou pase, l ap menase nou.

Pandan 14 lannen yo fè dekabès sou nou paske nou penyen lage, epi, nou pran nan tout kalite blòf; se pa menm lame peyi Lafrans ki t ap kale nou, se pawòl anlè, pawòl van nan pwoklamasyon ajan peyi Lafrans yo; ki lè n ap sispann respire men lè ak bèt sovaj yo? Gade jan yo atoufè ak jan noumenm nou gen bon kè; gade koulè yo ak koulè pa nou; gade gwo distans lanmè ki separe nou ak yo. Tout bagay sa yo di nou klè yo pa frè nou, yo pa p janm frè nou. Epi, nenpòt ti fenèt nou ta ba yo pou fofile nan mitan nou y ap simen chagren, malè ak divizyon.

Tras bèt sovaj sa yo la tout kote nou pase: lwa nou yo, jan n ap viv, vil nou yo, yo tout gen mak dwèt Franse; ki jan m ta ka di sa? Gen blan Franse la toujou pami nou nan zile a, epi nou konprann nou lib endepandan!? Yo konbat tout nasyon, se vre. Men, yo pa janm gen laviktwa sou pèp ki te gen volonte pou yo viv lib.

Fanmi m yo, gason, fanm, jèn ti fi kou ti lezanj, pwonmennen je nou nan tout rakwen zile a; chèche mari nou, chèche madanm nou, chèche frè nou, sè nou; pwonmennen je nou chèche pitit nou, ti bebe ki nan tete! Kote yo? Koze sa a fè tout san m tresayi … Yo tout disparèt anba grif bèt sovaj yo bay pou kolon blan an. Lè nou founi je n gade toupatou nan zile a olye nou jwenn fanmi nou yo, se asasen sanginè yo nou jwenn; se atò san fanmi nou yo ap degoute nan arebò djòl yo, epi je nou nan je yo. 

Ki sa ou ap tann pou nou tire revanj? Ki sa ou ap tann pou pèmèt lespri fanmi nou yo repoze nan lapè? 

Sonje, lè nou t ap konbat blan yo, nou te vle pou lè nou mouri pou nou te ka repoze akote papa nou; Pou di n ap desann anba tè a, san nou pa vanje yo? 

NON, seswa jamè! Zòsman yo t ap pouse pa ou sot deyò.

E oumenm, gason kanson, jeneral vanyan, gen lè ou pa wè malè ki pandye sou pwòp tèt pa ou?

Oumenm, san koule pou rebay libète souf pou li respire, ou panko fè anyen toutotan ou pa trase yon ekzanp vanjans tèrib, men, ki se sa lajistis mande pou tout peyi sou latè wè klè sa sa vle di lè yon pèp pran libète li epi li sèmante li pa p pèdi li; 

Annou mete yon tèrè nan kè tout sa ki konprann yo ka vin pran libète nou nan men nou. N ap koumanse ak blan Franse!

Se pou san yo tresayi lè yo pèdi wout yo ap pase arebò peyi nou an. Si malfezans yo te konn fè sou tè sa a pa fè yo pantan, fòk sa rive fèt ak rezolisyon n ap pran la a pou nou fann fwa nenpòt blan Franse ki ta vin sal peyi libète a ak pye madichon li.

Nou pran responsabilite pou nou vin lib, n ap fè li pou kont nou, n ap fè li pou tèt nou!

Annou fè tankou ti bebe k ap grandi a. Afòs l ap vin gran, pou kont li, li kraze lizyè ki te la pou anpeche li travèse a. 

Ki pèp ki te batay pou nou? Ki pèp ki ta vle jwi fwi travay nou an? Ala lawont pou nou ta fin genyen laviktwa pou nou ta rete esklav. Esklav! Se blan Franse ki pou pote tit: moun ki te genyen laviktwa pou yo ka sispann lib.

Annou fè yon lòt chimen. Annou fè tankou pèp k ap mache dwat devan yo, sa yo ki kite lachte dèyè, sa yo ki pito sispann ekziste olye pou yo ta kite yo sispann konte yo pami pèp ki lib sou latè.

An menm tan, nou pa p kite lespri pou n ap mache preche levanjil pa nou an kraze travay nou fin reyalize a; nou pa anmède vwazen nou yo, se dwa yo pou yo viv nan lapè selon lwa yo menm yo deside pou tèt yo. Nou pa p drese nou tankou gwo revolisyonè pou n al mache fè lalwa bay tout zile vwazen nou yo, pou sa nou fin reyalize a anpeche vwazen nou yo dòmi byen lannuit; Yo pa t sibi menm mati ak nou, tè lakay yo pa wouze ak san inosan menm jan ak nou; yo pa gen menm vanjans lan pou yo tire sou fòs ki ap gouvène yo a.

Kòm etan yo pa t janm sibi menm ravaj ak nou, se bèl ak bon bagay pou yo ta swete nou pou jou ki devan nou yo. Nou swete lapè pou tout vwazen nou! Men, madichon pou Lafrans! Modòd nou se rayisman pou Lafrans, pou tout tan gen tan!

Pèp peyi d Ayiti, se te chans pa mwen pou se mwen menm ki te kanpe tankou yon santinèl, zàm alamen, ap voye je sou kokenn trezò sila a nou tout nou sakrifye nou pou li a. Mwen te fè travay la ak lafwa. Mwen veye. Mwen lite, gen de lè, pou kont mwen. Epi, si jodi a, se chans mwen pou mwen renmèt nou li nan men, pa janm bliye : kounye a, se responsabilite pa nou, pou nou pwote je l, konsève l. Pandan tout tan mwen t ap batay pou libète nou an, se pou bonè pa m, mwen t ap travay. Anvan nou rive soude libète sa a ak yon seri lwa pou asire libète chak grenn nan nou, mwenmenm ak chèf nou yo ke mwen rasanble la a, jodi a, nou dwe nou tout yon dènye prèv ki pou demontre klèman devouman nou.

Jeneral yo ak chèf yo ki la a, isit lan, ki kanpe ansanm pou byenèt peyi nou an, jou a rive, jou sa a ki pral enskri laglwa nou ak endepandans nou, pou tout tan.

Si ta gen youn nan nou la a, ki pa ta fin klè sou kesyon an, oswa, ki ta manke kran, ke li bay talon li imedyatman, olye li ta bat dyòl li ap mamote sèman sila a ki pral simante nou tout ansanm nan.

Nou sèmante bay lemonn antye, bay tout sa k ap vini apre yo, bay tèt nou, pou nou renonse pou tout tan a Lafrans, pou nou mouri olye nou aksepte viv anba lobedyans li. Nou sèmante pou nou lite jouk dènye souf nou pou endepandans peyi nou!

Ou menm pèp sila a ki si tèlman sibi, ki la jodi a ap sèvi temwen sèman sila a, pinga ou janm bliye ke se sou fòs ak kouraj ou mwen te toujou mize lè mwen te anbake nan batay pou libète a pou nou te fini ak abi ak mechanste. Pa bliye : mwen te sakrifye tout sa mwen te posede pou mwen te pran defans ou: manman m ak papa m, pitit mwen, tout byen m. Jodi a, sèl richès mwen se libète ou.

Non mwen sèlman teworize tout pèp ki patizan lesklavaj. Esklavajis ak tiran pa pran chans repete non sa a san yo pa madichonnen jou manman mwen te fè m nan. Si jamè ou ta refize oswa manke respekte lwa sa yo ki ap voye je sou lavni ou epi ki la pou asire byenèt ou, ou ta merite sò ki rezève pou pèp ki engra.

Mwen konnen sa pa p janm pase konsa. Mwen konnen ou ap toujou lite pou kenbe libète sa a ki nan men ou jodi a. Epi, ou ap kore chèf ki ap dirije ou la.

Sèmante pou ou viv lib endepandan, pou ou toujou pare pou koupe souf nenpòt sa ki ta konprann pou yo retounen nou nan restavèk.

Finalman, sèmante pou boule san pitye ak trèt senkyèm kolòn ak tout lennmi endepandans ou.

Siyati: Dessalines, Jeneral alatèt

Kidonk, lè nou founi je gade sityisyon Pèp Ayisyen an ap vin nan ane 2019-2020, nou wè aklè Ayiti pa kanpe ditou sou ray Papa Dessalines te mete nasyon an. Zansèt yo te deklare : « Nou pran responsabilite pou nou vin lib, n ap fè li pou kont nou, n ap fè li pou tèt nou! »

Alèkile, konbyen nan nou ki ka di gwo koze sa a, san je chèch?

Okontrè, youn nan pi gwo defo anpil Ayisyen ki vivan jodi a se kapasite yo genyen pou yo bay tèt yo manti, nan fè sanblan pou kenbe “aparans”. Defo sa a se kichòy ki itil kolon enperyalis yo anpil.

Anpil Ayisyen chwazi fè sanblan peyi a endepandan tandiske n ap sibi yon okipasyon anba bòt yon gang bandi entènasyonal ki rele tèt yo Core Group. 

Anpil Ayisyen – je chèch fè sanblan nou genyen yon palè nasyonal tandiske bagay sa a kraze depi 12 janvye 2010. Yo fè sanblan nou genyen prezidan tandiske Jovenel se yon popetwèl enkilpe ki nan kache depi kèk tan.

Anpil Ayisyen fè sanblan peyi a gen Senatè, Depite, Majistra, Leta….tandiske twa ka gwo desizyon k ap pran nan peyi a, se Washington yo pran, an pasan pa kèk salon imigran engra salòp ki jouke anwo tèt mon Petion-ville.

Toutotan, nou pa trete maladi fè sanblan sa a, detanzantan, nouvo kolon malveyan yo ap abiye yon ti enbesil, yon esklav mantal, pase echap prezidansyèl nan kou li epi rele li: “Président de la République d’Haiti“, pandan, an prive, y ap griyan dan sou Pèp Ayisyen an.

Blan malveyan ki nan Core Group yo gen lontan y ap gade fent nou. Yo wè ki jan gen nèg nan peyi sa a ki abitye pran yon vye kay prèt pou tonbe epi yo plake yon gwo pankat devan li ki ekri “École de hautes études classiques et professionnelles“. 

Yo abitye wè nèg ki pran yon makòn kriminèl, mete inifòm sou yo, ba yo zàm epi rele yo “Forces Armées d’Haiti“, menm si malandren yo pa janm tire yon peta sou yon grenn lenmi etranje.

Yo abitye wè kriminèl ap resevwa ochan nan men flatè, kidonk yo pa krent, yo pa ezite foure men nan Sant Tabilasyon Konsèy Elektoral la pou yo nonmen dilè Senatè Ralph Féthière, dilè Plezidan Michel Martelly…

Non! Nou di fòk sa kaba! Lè a rive pou nou genyen vrè Prezidan, vrè Senatè, vrè Depite, vrè Azèk, vrè Kazèk, nan peyi Papa Dessalines nan.

Nou deside Ayisyen ap sispann fè sanblan yon bout twal kapab transfòme dilè an Senatè osnon Prezidan.

Chavire Chodyè a!  

Nan ane 1791, kisa ki te pwoblèm nan?  Se twòp san nèg ki t ap koule sou zile a!

Solisyon 1804 la se san blan ki te fout koule tou, sou zile!

Nan ane 2020, kisa ki pwoblèm nan? Se twòp nèg ki aksepte fè sanblan!

Solisyon an = se pou nèg ak nègès sispann “fè sanblan”, epi aprann fè san blan

Wi, li lè li tan pou nou fè…

Manje – san blan

Kay, vil, peyi – san blan

Revolisyon – san blan

Demokrasi – san blan

Eleksyon – san blan

Bidjè nasyonal – san blan

Zansèt yo te deklare : « Nou pran responsabilite pou nou vin lib, n ap fè li pou kont nou, n ap fè li pou tèt nou! »

Èske sa vle di se blan malveyan ki “sèl” responsab malsite pèp Ayisyen an? Non! Nou pa janm di bagay konsa! Chak endividi, chak gwoup moun genyen responsablite espesifik, pou aksyon yo poze, pou pozisyon yo adopte…san voye monte, san gaye fatra a nan chanm nan, ni sere li, anba kabann. Parekzanp: Blan ki te reyini nan Ottawa pou planifye koudeta 2004 la responsab desizyon frekan, ilegal epi rasis sa a yo te pran an. Nèg ki te kolabore ak yo nan ekzekisyon Koudeta Bisantnè a responsab aksyon konze yo te poze yo, deklarasyon yo te fè yo, silans konplis yo te adopte yo.

Fè san blan pa egal « rayi blan » ni « pèsekite blan ». Li vle di : se pou nou pran leson nan eksperyans listwa pèp nou an epi devlope relasyon ak konpòtman nòmal ki baze sou respè epi lojik.

Tankou defen gran frè Patrick Elie te abitye reponn alye Kanadyen k ap mande ki pi bon fason yo ka “ede” Ayiti, militan konsekan nan 11zyèm depatman an dwe toujou di zanmi ki pa Ayisyen yo, pi bon fason pou yo “ede” Ayiti, se pou yo aji an Sitwayen konsekan nan pwòp peyi pa yo. Sa vle di: pran pozisyon pou enfliyanse politik peyi yo nan sans sa ki byen.

Kidonk, blan ki ap aji nan pwòp teritwa peyi li yon mannyè ki favorab pou Ayiti, se pa menm bagay ak blan ki ap aji anndan teritwa Ayiti – kèk fwa ak plis enfliyans pase Ayisyen natif natal. Ekzanp John Brown, yon blan ki te kanpe anndan teritwa Etazini pou li konbat gouvènman esklavajis blan Meriken an, se yon modèl pozitif ki toutafè depaman ak wòl ti kolon enperyalis Bill Clinton ak Hillary Clinton adopte nan peyi nou an. Kote se yo menm ki mare sosis yo ak Réginald Boulos, André Apaid ak Léopold Berlanger pou yo fè magouy nan sistèm elektoral la, epi jouke bandi tankou Martelly ak Jovenel Moise kòm PetwoVòlè, Prezidan Popetwèl, ki mare nan pye tab Washington. 

Militan konsekan, kit se anndan peyi d Ayiti, kit se nan dyaspora a, fòk nou toujou sonje di kanmarad etranje ki vin kore goumen n ap mennen anfavè pèp nou an, se alye yo ye. Si nou aksepte yo vin nan mitan nou, se dèye do nou ki plas yo. Nou pa aksepte yo mache kòtakòt ak nou, alevwa pou yo ta devan nou – nan dosye ki se dosye pa nou. Nan lòt dosye nou ka adopte lòt pozisyon. Men, Papa Dessalines te pase nou lòd fòmèl ki klè kon dlo kòk : 

« Nou pran responsabilite pou nou vin lib, n ap fè li pou kont nou, n ap fè li pou tèt nou! »

Chavire chodyè a! sispann fè sanblan!

WI PAPA! NOU TANDE VWA OU, NOU REPONN AYIBOBO! VIV AYITI! ABA CORE GROUP!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *