Konplo Vatikan pi anraje pase wanga

Ayisyen refize fè sanblan. Okontrè, nou deside fè san blan
January 1, 2020
Ayisyen nan Kanada: Atansyon!
February 17, 2020

Lafanmi onè! 

Jodi a, nou vin rapousuiv refleksyon k ap ede pèp Ayisyen an “chavire chodyè a” nan kalfou liberasyon li ak yon kozman ki batize: “Konplo Vatikan pi anraje pase wanga. Malgre sa, se Nèg ak Nègès vanyan k ap pote laviktwa!”.

Mwa pase a, nan “Konbit geri trip, wete pay“, nou te wè ki jan, sa gen 100 tan de sa, ak disiplin epi ladrès, yon nèg ki te rele Marcus Garvey te tabli yon òganizasyon djanm ki rele Universal Negro Improvement Association (UNIA). Nou sonje Garvey te pran Jean-Jacques Dessalines kòm sous enspirasyon li. UNIA, òganizasyon l lan, te genyen yon biznis ki rele « Black Star Line » ki gen 4 gwo bato komès. Garvey ak UNIA te amelyore kalite lavi anpil Nègès ak Nèg toupatou, sou latè.

Te genyen biwo UNIA nan anpil peyi, li te prezan jouk ann End ak Ostrali. Sa te frape kiryozite nou lè nou remake tout peyi ki te genyen chapit UNIA sou planèt la epi, pa te genyen youn ann Ayiti. Nou vin konprann rezon an nan yon lèt Marcus Garvey ekri Louis Borno, popetwèl blan Yanki ki anvayi peyi a te mete pran pòz Prezidan Ayiti, alepòk. 

Annou li:

New York, 3 Out 1924: “An verite, lespri nou anboulatcha pou Pèp Ayisyen an, lè nou wè ki jan yon ras pichon etranje debake Ayiti epi yo fè kadejak sou peyi a. Nou va kanpe kòtakòt ak tout patriyòt Ayisyen ki ap goumen pou yo libere peyi yo anba chenn eksplwatasyon.Viv Ayiti lib e endepandan, fyète ras nwa a nan loksidan. Nan okazyon Katriyèm Konvansyon Anyèl Pèp Nwa Toutapou sou Latè, nou voye salitasyon pou ou epi pou pèp Ayisyen an.  MARCUS GARVEY, Prezidan”

Kidonk, malgre li ekri lèt sa a bay prezidan popetwèl Louis Borno, Marcus Garvey te reyalize, nan ane 1924 la, Ayiti pa te yon peyi endepandan, se te yon teritwa okipe blan malveyan yo t ap toupizi. 

Menmman parèyman, nan koumansman ane 2020 sa a, nou espere Prezidan Venezuelyen an, Nicolas Maduro, reyalize se pa Repiblik d Ayiti vre ki deside rantre nan gang konplotè yo rele Groupe de Lima a. Kokennchenn zak trayizon sa a se mouvman yon maryonèt ki rele Jovenel Moise, blan malveyan enperyalis yo jouke ann Ayiti, yon teritwa yo okipe ilegalman ak fòs magouy epi anpil vyolans, depi koudeta 29 fevriye 2004 la.

Alepòk Marcus Garvey te vivan, Louis Borno se te dezyèm nèg po pal blan Washington yo te mete pran pòz prezidan Ayiti.

Annou founi je gade nan ki sikonstans Yanki rasis yo te chwazi yon premye popetwèl, kèk tan apre dappiyanp yo fè sou peyi a 28 jiyè 1915.  Alepòk, se Amiral Caperton ki te kontwole Pòtoprens. Blan Washington yo te mande Caperton pou li anpeche Ayiti fè eleksyon toutotan yo pa rive jwenn yon kandida ki aksepte siyen – san li – kidonk, 2 je fèmen,  yon akò restavèk Etazini prepare pou Ayiti depi ane 1914. Pami kandida Etazini te apwoche yo, te genyen yon nèg ki te rele Jacques Nicolas Léger. Misye te di ajan yo te voye koutize l la : «Di Amiral Caperton pou mwen : mwen pa p ka kandida toutotan mwen pa okouran ki kalite ekzijans peyi Etazini ap fè yo. Fòk mwen anmezi pou mwen defann enterè peyi mwen. Se pou Ayiti mwen ye. Mwen pa pou Etazini». 

Tandiske, ofisyèlman, Etazini t ap klewonnen se paske pa te gen yon Prezidan nan Palè Nasyonal la ki fè blan yo te “sètoblije” debake Pòtoprens pou mete lòd nan dezòd, men ki detay zòt rive detere nan achiv Depatman Deta osijè sa ki t ap pase tout bon vre…

8 Out 1915, Amiral Caperton voye yon telegram bay Depatman Lamarin, kote li ekri : 

«Senatè, depite ak sitwayen yo ap mande pou eleksyon (Pwen!). 

Eleksyon te pwograme pou jodi a, men yo ajoune paske mwen te mande sa (Pwen!). 

Mwen mande pou Depatman an di mwen prese prese ki dat, pou pi bonè, li dakò pou eleksyon yo fèt demannyè pou evite plis eksitasyon (Pwen!). 

Mwen pral fè tout sa m konnen pou mwen retade eleksyon yo men mwen pa ka garanti m ap ka fè sa pi lontan pase Jedi k ap vini an, amwenske mwen itilize lafòs (Pwen!)».

Nan demen, 9 Out 1915, Depatman Lamarin voye yon repons kode bay Amiral Caperton:

«Depi Ayisyen yo vle ou mèt kite yo fè eleksyon yo jan yo vle. 

Etazini prefere se ta Dartiguenave ki eli prezidan. Men di Ayisyen yo : sèl motivasyon nou, nou menm Ameriken, se pou pèp Ayisyen an reyisi tabli yon gouvènman solid epi dirab. Okontrè, nou vle ede yo kounye a epi, pou tout tan gen tan, pou yo kenbe endepandans politik yo, epi pou yo pa riske pèdi yon pwèlyèm sou teritwa peyi yo».

Èske ou byen tande ipokrit yo!? 

Kidonk, se tout salmannaza sa yo ki te pase anvan blan malveyan yo te reyisi deniche yon popetwèl po pal ki rele Sudre Dartiguenave yo mete chita kòm prezidan Ayiti. Dartiguenave te touskilfo paske li deklare, daprè li menm, “tout sa Etazini ta ekzije nan akò 1914 la, li pare pou li siyen li, san li pa wè sa ki ladan l. Li deja aksepte, tou natirèlman, fòk yo bon pou peyi d Ayiti”.

Sous: Hearing the Truth About Haiti, Helena Hill Weed, The Nation (Nov. 1921)

Se konsa sa te pase nan peyi nou nan ane 1915. Alèkile, nou nan ane 2020. Ki resanblans ak ki diferans ki genyen ant epòk sa a epi jounen jodi a?

Nan mitan ekip politisyen kolabo PHTK yo ki te ale chita nan fant janm Nons Apostolik la, semèn sa a, tankou : Joseph Lambert, Edmonde Suplice Bauzile, Paul Denis, Clarens Renois, ki lès ki te pwomèt yo pare pou yo ale nan eleksyon pike kole? Ki lès ki pwomèt, depi gen blakawout pou pèp pa wè yo, y ap aksepte siyen akò 2 je bande ak bandi Core Group yo ? 

Antouka, blakawout 24 sou 24 Jovenel la pa ka anpeche nou wè, nan moman an, se pa Ayisyen ki gen kontwòl zafè eleksyon ann Ayiti. Jiskaprezan, se radòt sistèm kòwonpi Dermalog, Martine Moise ak rès bandi PHTK yo ap di ki alamòd. Ayiti pa ko janm genyen yon vrè Konsèy Elektoral ak moun serye alatèt li. Okontrè, Léopold Berlanger, Pierre-Louis Opont ak lòt konplis ki te òganize koudeta elektoral ak blan malveyan yo kontinye ap pase nasyon an anba rizib tandiske se yo menm menm ki lage Ayiti nan katchouboumbe sa a. Bandi yo po ko janm parèt devan lajistis pou trayizon. Okontrè, pandan yo kontinye ap souse manmèl Leta Ayisyen an, byen alèz, yo deklare pwòp tèt yo enkonpetan nan koze mezire longè manda yon Senatè.

Ki otorite ki mete limyè wouj depi 10 zan, pandan prezidans Michel Martelly ak Jovenel Moise yo, ki lakòz plizyè kanaval fèt sou pil fatra ak blakawout, men eleksyon pa janm rive fèt pou renouvle chanm Lejislatif lan?

Ayiti pase twa ka ekzistans li ap goumen kont blan malveyan ki ta vle kontinye eksplwate nèg ak nègès ansanm ak resous zile a, nan move kondisyon. Blan malveyan sa yo enfiltre pwosesis elektoral peyi a pou yo jouke yon seri bouwo Washington konsidere touskilfo kòm chèf bitasyon.

Gen yon dokiman ki batize Romanus Pontifex ki pibliye 8 janvye 1454. Se yon blan ki te rele Tomaso Parentucelli ki ekri tèks saa. Alepòk, misye te pran tit Pap Nikola 5. Blan malveyan sa a te deklare Wa peyi Pòtigal la gen dwa fè tout nèg ak lòt pèp ki pa Kretyen tounen esklav. Se ak deklarasyon lagè sa a Legliz Katolik foure kò li byen fon nan plan jenosid kont Pèp Nèg ak Nègès la sou latè. Ou ka wè dokiman sa a jiskaprezan nan Institut des Archives nationales de Torre do Tombo nan vil Lisbòn, kapital peyi Pòtigal.  Ou ka jwenn li tou, nan paj 10-21 “le Péché du pape contre l’Afrique“, yon liv Assani Fassassi ekri nan ane 2002.

Pou wòl Vatikan jwe nan listwa Ayiti, depi sou Pap esklavajis yo ak Pè kadejakè yo, rive sou Monseyè Tonton Makout-PHTKis yo, nou pa dwe espantan dèske, nan koumansman ane 2020 sa a, enkilpe Jovenel Moise kenbe ke jip Nons Apostolik la ki, natirèlman, mare sosis li ak anvayisè ki rele tèt yo Core Group la. Vatikan ak Core Group se gadyen natirèl sistèm neyokolonyal sa a ki anplas depi apre sansinay Lanperè Dessalines. Se sistèm neyokolonyal sa a menm n ap goumen pou nou chavire bèk atè a.

Depi dikdantan, Pèp Ayisyen an konsyan konplo Vatikan pi anraje pase wanga. Mèzalò, nou di solidarite Nèg ak Nègès pi fò pase konplo blan malveyan.

Annou retounen sou zile Jamayik, kote Marcus Garvey te fèt la, pou nou koute pawòl sajès yon sanba : « chak fwa mwen plante yon bon semans, ou di dechouke li, anvan li pouse ». Frè Bob Marley ki chante kouplè revolisyonè sa a te okouran ki jan yon blan malveyan Direktè FBI ki te rele J. Edgard Hoover te fè manti sou do Marcus Garvey, lakòz konpayi Black Star Line tonbe nan fayit, epi yo arete Garvey, mete li nan prizon nan ane 1925. Menmsi li te jwenn liberasyon li apre 3 zan, retounen Jamayik, kontinye vwayaje pou defann kòz Nèg ak Nègès toupatou sou latè, lè nan ane 1940, Garvey mouri a laj 52 zan nan peyi Angletè, òganizasyon UNIA te gen tan pèdi anpil fòs. 

Jan nou wè blan malveyan yo elimine Marcus Garvey a, se konsa yo toujou fè kò sou keseswa lidè Nèg ak Nègès ki menase dominasyon yo sou latè. Ozetazini, yo sasinen Martin Luther King a laj 39 van. Nan menm peryòd malfèktè yo sasinen Martin Luther King nan, yo blayi plizyè lòt jenn fanm ak jenn gason ki t ap goumen pou byennèt limanite. Malcom X te reyisi viv 39 ane sou tè sa a. Fred Hampton pa te gen tan fete 22zyèm anivèsè li, lè blan malveyan yo te sasinen li. Sou zile Lagrenad, yo sasinen Maurice Bishop a laj 39 van, sou kontinan Lafrik yo sasinen Thomas Sankara a laj 37 tan, Patrice Lumumba a laj 35 kan. 

Kidonk, nou konnen nou annafè ak yon lenmi ki mechan anpil. Mèzalò, nou menm Ayisyen, nou dwe sonje se desandan Makandal nou ye. Yon nèg bout bra ki te pete kòd kolon esklavajis yo, ki kontinye limen flanm revolisyon, lontan apre li te retounen nan zantray latè.  

Annou fèmen koze a ak vwa yon zansèt vanyan k ap pale:

« Apre lènmi m yo va satisfè tèt yo, vivan osnon mò, mwen va retounen pou mwen sèvi ou, menm jan mwen te toujou abitye fè l la. Tank mwen vivan mwen pap janm chanje. Lè mwen va mouri, m ap kontinye mete lapèrèz nan lespri tout lènmi libète Nèg ak Nègès. Sizoka ta gen pouvwa nan lanmò, alòs, ou mèt konte sou mwen, se nan lanmò menm mwen va transfòme an veritab Marcus Garvey mwen ta vle ye a. Ou mèt fè m konfyans, kit se sou fòm tranblemanntè, siklòn osnon lapès pou m vini, m ap vini e mwen pap janm abandone ou, ni kite lènmi ou yo pote laviktwa sou ou ».  

Pawòl Marcus Mosiah Garvey, pandan li te fèmen nan Prizon Ozetazini.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *