Konbit wete pay, geri trip

Le colon guette maman
December 13, 2019
Five truths about Haiti
January 11, 2020

Konbit wete pay, geri trip

Jodi a, dimanch 5 janvye 2020, nou vin rapousuiv refleksyon nou tanmen nan finisman ane 2019 la, kote nou dakò, pa gen wout pa bwa, lè a rive pou pèp Ayisyen an “chavire chodyè a”. 

Alèkile, annou gade ansanm ki kalite engredyan remontan, fòtifyan sòlda vanyan ki anbrigade nan Lame Liberasyon Ayiti koumanse mete, depi 1 janvye 2020, nan Soup Libète nou. An verite, nou pran dispozisyon klè pou nou kontinye pataje Soup Libète sa a, pandan tout ane 2020 an ki, an menm tan, se kòmansman yon nouvo deseni goumen sou chimen Ayiti nou vle a, chimen Ayiti “tout moun se moun” nan.

Nou sonje ki jan, depi nan mwa Septanm 2019, Prezidan Donald Trump te pase Lame Etazini lòd pou yo pete lagè kont peyi Iran? Lè sa a, towo gwonde ki rele tèt yo Loksidan yo te deklare se peyi Iran ki fè bonm eksploze sou estòk petwòl ki nan peyi Arabi Sawoudit. Yon zak, daprè sa espesyalis yo di, ki pral lakòz gwo lòbèy pete nan komès mondyal la, paske pri gaz pral pike monte disèt wotè. 

Ane 2020 apèn rive, lagè avèti sa a fenk pran yon lòt nivo. Pandan plizyè lidè peyi Lewòp ap fè rizèz, mete 2 men nan tèt di yo espantan, yo pat okouran, Donald Trump, li menm, ap bat lestomak li. Mouche a revandike sansinay Jeneral Iranyen Qassem Soleimani ki fèt ayè, vandredi 3 janvye 2020 an. 

Mezanmi, sa fè lontan depi nou anbreye nan kafou koutchouboumbe sa a. Pou kantite kout bidon jòn malere resevwa anba flanm solèy pandan plizyè semèn rate gaz ane pase, an verite, nou menm pèp Ayisyen, nou te deja wè: lagè deklare! 

Zòt pa bouke di, sou patiray Lamerik la, se nou menm Ayisyen ki pi kokobe. Pwovèb granmoun nou yo di : « lagè avèti pa touye kokobe», « pye kout pran devan », epi « se mèt kò ki veye kò ». 

**

Nan koumansman 20tyèm syèk la, gen yon Pitit Lafrik ki te fèt sou zile Jamayik ki te bay yon gwo ekzanp pou tout nèg sou latè. Ekzanp sa a ta dwe enspire Pèp Ayisyen an nan deseni 2020 sa a ki fenk kòmanse a. Ak kouray, entèlijans, disiplin epi ladrès, Marcus Mosiah Garvey te mete kanpe yon òganizasyon djanm ki rele United Negro Improvement Association. Objektif UNIA se te ede  amelyore kalite lavi Nègès ak Nèg toupatou, sou latè. Garvey te pran Jean-Jacques Dessalines kòm modèl li, sous enspirasyon li.  E se pa yon aza, si te genyen plizyè Ayisyen k ap viv Ozetazini ki te manm fondatè UNIA.

Nan lespas yon ti bout tan, ak kotizasyon $5 manm òganizasyon an ki te sitou ti travayè: pòtè ak lesivyèz nan peyi Etazini, UNIA te tounen yon kokennchenn biznis ki pèmèt Nègès ak Nèg amelyore kondisyon lavi yo tout bon vre. 

Sa gen ekzakteman santan pase, nan ane 1920, se plis pase yon milyon nèg ak nègès, toupatou sou latè ki te manm UNIA. Yo te kreye yon biznis ki rele « Black Star Line » ki gen 4 gwo bato komès. Bato sa yo te pote machandiz, e menm genyen ki te pèmèt Nèg ak Nègès vwayaje monte desann ant kontinan Lamerik epi Lafrik.

Garvey te reyalize Ayiti se yon teritwa okipe nan ane 1924. Sa te frape kiryozite nou lè nou remake tout peyi ki te genyen chapit UNIA, sou planèt la epi, pa te gen youn ann Ayiti. 

Nan mwa Out 1924, Marcus Garvey ekri yon lèt voye bay Louis Borno, popetwèl blan Yanki yo te mete pran pòz Prezidan Ayiti, alepòk. Ou ka li lèt sa a kote Garvey denonse okipasyon an epi ofri ede patriyòt ki ap goumen pou liberasyon Ayiti. https://thepublicarchive.com/?p=2106

Nan ane 1920 te genyen plis pase 1,900 biwo UNIA, nan 40 peyi sou latè. Laplipa ladan yo te Etazini, kote baz òganizasyon an te tabli.

Mèzalò, te gen biwo UNIA sou kontinan Lamerik la, nan peyi: Panama, Kostarika, Nikaragwa, Ekwatè ak Venezyela; Sou kontinan Lafrik, li te prezan nan peyi: Gana, Syera Leyòn, Liberya, Nijerya, Namibi, Afrikdisid; epi li te prezan tou jouk nan peyi End ak Ostrali. 

Sa se yon bagay ekstraòdinè! Sitou, lè nou konsidere kondisyon difisil nèg t ap viv sou planèt la, alepòk.

Wi! Marcus Garvey epi òganizasyon panafrikanis UNIA se bon jan ekzanp pou nou suiv nan ane 2020 an, pandan Ayisyen toupatou sou latè ap bouske estrateji ki va ede nou rape Ayiti soti anba grif etranje ki fè dapiyanp sou peyi nou an, epi k ap rann nou pi pòv, pi vilnerab, depi plizyè deseni.

***

Nan pye Dessalines, 4 avril 2010. Tyeke Aide internationale en Haiti: une terre de liberté aux mains de la corruption https://www.mondialisation.ca/aide-internationale-en-ha-ti-une-terre-de-libert-aux-mains-de-la-corruption/18451

Lè Goudougoudou te rive 12 janvye 2010, anpil medya nan peyi etranje t ap fè kòmantè sou ki jan Leta Ayisyen te fèb, enkonpetan, absan. Poutan, yo te okouran ekip sekouris ki te resevwa fòmasyon nan koumansman ane 2000 yo te sibi menm atak tout Azèk, Kazèk, Majistra, Minis, Senatè, Depite… otorite lejitim peyi a te sibi pandan Koudeta sanginè 29 fevriye 2004 la. N ap raple ou, se plis pase 7000 otorite lejitim Koudeta 2004 la te kapote yon sèl kou. Epi, blan malveyan ki fè zak la nan konfyolo ak GNBis yo te ranplase otorite lejitim sa yo ak bandi ki pa genyen ni manda ni kalifikasyon. 

Kidonk, depi 15 ane, se yon veritab operasyon « wete trip, mete pay », blan malveyan yo ak Konze ki konplis yo ap fè kont Ayiti. Mèzalò, sa pa anpeche ipokrit yo pran pòz sezi wè Ayisyen oblije “pran ranyon pou dra” pandan dejouzanjou “tèt mòn nou” ap vin pi “kale”.

Apre Goudougoudou, olye yo ta repanti epi chanje konpòtman, nou remake, se pi rèd, blan malveyan ki nan gang miltinasyonal yo rele Core Group lan ap trennen Ayiti pi fon nan lamizè ak estrateji “wete trip, mete pay” sa a. 

Parekzanp: Pati politik Fanmi Lavalas yon KEP ki nan konfyolo ak Core Group anpeche patisipe nan eleksyon peyi a, se blan malveyan yo ak Konze yo k ap wete trip!

Diktatè sanginè Jean-Claude Duvalier ak Francois Nicolas Duvalier Lafrans ede retounen Ayiti nan ane 2011, se blan malveyan yo ak Konze yo k ap mete pay!

Pou yo deraye rèv Pèp Ayisyen an, pou yo gagote 13 milya dola lajan rekonstriksyon peyi a, pou detounen 4 milya dola Petwo Karibe, pou dechèpiye plizyè milyon fon edikasyon, san konte lòt zak yo fè nan bidjè nasyonal la, Bill ak Hillary Clinton tounen demachè ki pa janm bouke mete pay sou pay: Michel Martelly, Jean Max Bellerive, Laurent Lamothe, Evans Paul, Jovenel Moise…an verite, blan malveyan yo po ko janm bouke mete pay sou pay!

Sanba Beethova Obas chante : “Si tèt mòn mwen kale, si m aprann pou m bliye, se paske ou detripe l, ou pete blad tete l“. Wi, pèp Ayisyen an gen dwa lonji dwèt sou bandi entènasyonal ki nan Core Group la pou nou di yo : Otan, Satan jerenons!

Kidonk, youn nan engredyan enpòtan pou nou mete nan Soup Libète nou, pandan ane 2020 sa a, se fèy lyann panye ki va rafrechi memwa nou. Paske, move kou nou te pran nan men bandi entènasyonal yo, pandan peryòd 2010-2019 la, nou sèmante nou pap pran yo ankò, pandan deseni 2020 sa a.

Nan editoryal dimanch 13 oktòb 2019 nan emisyon Sewòm Patriyotik, sou Radyo Timoun, nou te di: li lè pou Ayisyen sispann fè sanblan ak yon fo prezidan ki alatèt yon leta Popetwèl. Dezòmè, nou deside fè tout bagay san blan malveyan yo.  Sa vle di: nou va pran tou dispozisyon pou nou envesti nan pwodiksyon manje sou tout teritwa nasyonal la – san blan!

N ap bati demokrasi nou, òganize eleksyon, finanse bidjè nasyonal la – san blan!

Mwen konnen gen anpil Ayisyen ki pèdi konfyans nan pwòp tèt yo. Konpatriyòt sa yo pa wè ki jan sa n ap di la kapab tounen reyalite. Pou konvenk yo, mwen te ka pran ekzanp Marcus Gavey ankò. Mwen te ka pran ekzanp Dessalines ki te mete bato de gè pa li veye peyi a, malgre blan Angle te fè li pwomès èd. Ensidan ki rive ak Amiral Duckworth, nan ane 1804, montre nou Dessalines te byen fèt refize apiye li sou pwomès èd blan Angle yo, puiske se bato Ayisyen ki te kwape blan Franse ki te vin atake nou yo.

« Mouche, se avèk respè m’ap di ou, ‘Ekselans’, bato mwen te fè ame yo pou pwoteje kot zile a te resevwa lòd pou trete bato Angle yo tankou zanmi, men pou yo mete zam sou tout bato ènmi ki ta panse vin simen latwoublay sou zile a…

Mwen pa gen okenn souvnans komkwa mwen te gen antant ak ou, ‘Ekselans’, pou mwen pa mete zam sou bato mwen yo.  Enben, rezon m te nan pla men m! Gade ki jan, sa pa fè lontan la a, bato maren Fransè yo te rive parèt tèt yo jouk nan fon kanal la. »

Nou ka li lèt alevouzan sa a Dessalines ekri Jeneral Angle a, nan adrès sa a: https://haitidoi.com/2015/12/02/dessalines-reader-27-february-1804-2/

Mèzalò, ekzanp istorik sa yo tèlman lwen nan tan pase, gen enkredil ki ka di: tan lontan pa tan jodi. Alòs, annou founi je gade yon ekzanp vivan. 

Wi, konpatriyòt, èske ou sonje ki jan, apre yo te fin fè koudeta kidnaping 29 fevriye 2004 la, blan malveyan yo te poze sele sou lokal inivèsite medikal Fondasyon Aristide la, yo pimpe pwofesè ak etidyan deyò epi sòlda bòt feray ki te anvayi espas la? Sa se operasyon « wete trip, mete pay! » ki te tanmen.  

Blan malveyan te pouse frekansite yo lwen nan ane 2011. Salopri yo wè pwofesi katastwòf si Prezidan yo te kapote 29 fevriye 2004 lan ta retounen nan peyi kote kòd lonbit li antere a.

Lè Goudougoudou frape nou, 12 janvye 2010, Prezidan Aristide ki te nan kanpe lwen jouk nan Ginen, nan peyi Afrikdisid, te fè yon deklarasyon, yon pwomès, yon vizyon pou li retounen lakay ak fanmi li epi mete konesans yo, resous yo, eksperyans yo osèvis jenès peyi a ki swaf pen ledikasyon. Lè sa a, èske ou sonje konbyen moun ki te pran lapawòl pou yo di non, pa kite Ayisyen sa a retounen lakay li, ann Ayiti? 

Oumenm ki gen zòrèy pou ou tande, oumenm ki gen je pou ou wè, èske ou ka konte konbyen jèn doktè, enfimyè, enjenyè, avoka, dantis, agwonòm konpetan UNIFA mete osèvis peyi a, depi retou ekstraòdinè sa a, ki te reyalize malgre tantativ blokaj blan malveyan yo, jou 18 mas 2011 lan?

Kidonk, se pa nan tan lontan sèlman Ayisyen ak Pitit Lafrik Ginen bay ekzanp gwo kichòy nèg ak nègès kapab reyalize lè nou òganize nou, lè nou mete disiplin, kouraj, konpetans, lanmou ak pèsistans nan aksyon konbit nou. Inivèsite Fondasyon Aristide pou Demokrasi se yon ekzanp vivan.

1 janvye 1804, sou plas dam Gonayiv, Zansèt nou yo te deklare : « Nou pran responsabilite pou nou vin lib, n ap fè li pou kont nou, n ap fè li pou tèt nou! »

Marcus Garvey te di nou :
“Lè ou mande zòt fè pou ou, sa ou ta dwe fè pou pwòp tèt ou, pito ou rasire ou se pi bon zanmi/fanmi ou te ka genyen sou latè. Paske, si bagay sa a ou mande li fè pou ou a gen valè, ou riske wè se zòt ki ranmase tout valè bagay sa a pou pwòp tèt li. Epi, sèl sa ou menm, ou rekòlte se DESEPSYON!” 

Wi! Nan ane 2020 sa a, se sou fòs ponyèt nou nou dwe konte pou nou chavire chodyè a! Epi tou, otank blan malveyan yo ak konze yo angaje nan operasyon “wete trip, mete pay”, se otank, nou menm Ayisyen konsekan nou angaje ak disiplin, entèlijans, konstans, ak tout nanm nou, nan òganizasyon Konbit “wete pay, geri trip”!

Ekselans, se chwa pa nou, pou tèt nou!
Zòt fè rèv medyokrite pou nou. Men, nou menm, nou chwazi ekselans, pou tout tan gen tan!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *