Ayisyen nan Kanada: Atansyon!

Konplo Vatikan pi anraje pase wanga
February 3, 2020
Trayizon 2004 Gerizon 2020
March 2, 2020

Ayisyen nan Kanada: Atansyon!

7 fevriye 2020, te dwe yon jou bèl selebrasyon kote Ayisyen toupatou sou planèt la ta va ap fete bon lavi ki boujonnen, granmesi semans demokrasi ki ap pran fòs depi 7 fevriye 1986 nan peyi nou an. Kidonk, se yon bon moman pou nou reflechi sou tout kòz ki fè, malerezman, jodi a, anwetan kèk manfouben, ni ann Ayiti, ni nan lòt patiraj kote n ap viv yo, lespri laplipa Ayisyen pa sou fèt ditou ditou.

Menmsi gen lontan plizyè nan nou santi nesesite pete rèl anmwe sa a, gen yon evènman ki pase nan vil Montréal dènyèman ki konvenk nou, li ijan anpil pou nou di frè ak sè nou yo ki ap viv nan peyi Kanada, lè a rive pou nou mete devwa nou opwòp, prese prese.

Nan yon nòt pou laprès, premye minis Justin Trudeau anonse yon chita pale k ap fèt vandredi 31 janvier 2020 nan Maison d’Haiti, ak biznis epi lidè kominotè. Nan foto li pibliye menm jounen an, paj Facebook premye minis lan prezante evenman an kòm yon rankont ak kominite nwa a. Sou ki baz chwa « lidè » pou chita pale sa te fèt epi sou ki baz sijè diskisyon yo te idantifye? Pou ki rezon, pandan Ayiti ap viv yon peryòd katastwofik san parèy ki gen lyen dirèk ak envazyon enperyalis yo te batize « Initiative d’Ottawa sur Haiti » a, òganizatè rankont lan eskive sijè sa a?

Sila yo ki t ap viv Montréal osnon Ottawa nan kòmansman ane 2000 yo kapab sonje yon seri reyinyon ki te fèt ant plizyè responsab politik Kanadyen epi « lidè » nan Kominote Ayisyen an, kote anpil pwomès te abitye fèt kòmkwa resous ta pral mobilize pou yo amelyore lavi Ayisyen nan kominote nou yo. Anplis dirijan yo te fè kwè Kanada, Pwovens Kebèk, menm vil Montréal, ta swadizan gen entansyon patisipe nan tout kalite konbit ka pral amelyore lavi frè ak sè nou yo ann Ayiti. Si ou pa te okouran rankont sa yo, swa paske ou pot ko fèt, swa ou te twò jèn alepòk, odimwens paske ou pa te nan jiwon ti gwoup « lidè » zòt seleksyone pou reyinyon an chat pent sa yo, nou envite ou konsilte achiv Chambre des communes yo, ak pa òganizasyon kominotè yo.

Sonje byen, tan pase, men tout aksyon ou poze kite tras, lontan apre zòt ka voye ou jete nan poubèl, osnon nan prizon. Luck Mervil, malerezman pou li, se yon ekzanp Ayisyen, pami tandòt, ki te patisipe nan mannigans ACDI ak finansman ONG koudetayis yo tankou CECI. « À la veille du coup d’État, le porte-parole honoraire du CECI a pris la tête d’une manifestation à Montréal réclamant le renversement d’Aristide. Ce groupe a aussi publiquement endossé l’occupation de l’ONU ».

Annatandan, nan fim Haiti Betrayed (Trayizon Ayiti) sineyas Elaine Brière reyalize dènyèman an, ou kapab konstate ki jan enperyalis yo te rekrite yon Ayisyen ki te pwofesè inivèsite nan Montréal, Paul Arcelin, kòm mèsenè (Konze) ki patisipe ak anpil vyolans nan koudeta rasis ki salopete bisantnè endepandans peyi nou an, lakòz plizyè milye kadav, epi mennen nou nan katchouboumbe n ap viv jiskaprezan an, anba rejim neyo-Duvalieris sanginè Core Group\PHTK yo.

Nou di tout konpatriyòt nou yo: Atansyon! Zansèt nou yo pap padone nou, tyovi yo non plis, si jamè, nan jenerasyon sa a, nou ta repete menm erè ki te fèt nan kòmansman ane 2000 yo.

”Ce matin, j’ai rencontré des dirigeants de la communauté noire de Montréal. Nous avons eu une bonne conversation au sujet de l’économie, de l’entrepreneuriat et de la création d’emplois.” ~ Justin Trudeau

Reyalite kominote nou yo ap viv nan moman an grav anpil, se vre. Tandiske moun Nwa reprezante sèlman 3% nan popilasyon Kanada a, dèyè pòt prizon federal yo se prèske 10% popilasyon an ki Nèg. Se nou menm menm, Nèg ak Nègès, epi popilasyon Premye Nasyon yo ki ap viv sitiyasyon tèrib sa a. E, pami moun Nwa ki Kanada yo, Ayisyen nan pwovens Kebèk fè pati popilasyon ki ap viv pi plis malsite. Kit se onivo kantite jenn fanm ak jenn gason (diplome ou pa) ki pa ka jwenn travay nan nivo konpetans yo, kit se onivo timoun sistèm Aide à l’enfance ak Protection de la jeunesse (DPJ) separe ak paran yo, kit se onivo popilasyon ki ap deperi nan prizon yo.

Kidonk, nou dakò, li ijan epi nesesè pou Gouvènman Kanadyen an, Gouvènman Kebèk ak tout Minisipalite yo chita pale ak kominote nou yo pou, ansanm, nou devlope pwogram efikas ki va atake pwoblèm yo seryezman alasous: move lavi ki makonnen ak enjistis sosyal tankou rasis ki kontinye boloze nan sosyete Kanadyen an. Mèzalò, chita pale sa yo se pa espas machandaj yo ta dwe ye.

An verite, fòk nou tout konprann sa klè kon dlo kòk. Nan gwo ane 2020 nou ap viv la a, nou menm Kanado-Ayisyen nou pa gen pou nou likide ni diyite nou, ni moso nan teritwa Dessalines epi tout lòt zansèt nou yo mouri kite pou nou an, pou okenn rezon, pou okenn bagay an retou, ni non plis nou pa gen pou nou machande okenn dwa natirèl nou genyen nan sosyete Kanadyen an. Annou klè : lò ak lòt resous minyè Ayiti yo, dwa granmoun Pèp Ayisyen an pou li chwazi pwòp dirijan pa li pa dwe janm sou tab negosiyasyon ki monte ni Montréal, ni Ottawa, ni okenn twou sekrè aletranje.

Tankou nou te di sa, depi ane pase, nan deklarasyon Solidarite ak Pèp Ayisyen an : « Menm jan Manman ak Papa nasyon nou an te bay ekzanp lan, sa gen 2 syèk pase, nou menm pitit Ayiti ki ap viv aletranje, nou apiye tout lit anti-enperyalis frè ak sè nou yo ap mennen nan moman an, ann Ayiti tankou lòt bò dlo ».

Se pa pou dan griyen, nan Dessalinniene nan, nou te aprann chante : « Se pa kado blan te fè nou, se san zansèt nou yo ki te koule! ».

Respè!

Konpatriyòt nou,

Jude Descadres
Yves Engler
Jafrikayiti Jean Elissaint Saint-Vil
Tilarenn Solèy (Turenne Joseph)

Jistis! Diyite! Reparasyon!

version française: Haïtiennes et Haïtiens vivant au Canada: Attention!

Voyez aussi: Consultation communautaire pour Haiti, mars 2005, Ottawa

Comments are closed.