Trayizon 2004 Gerizon 2020

Ayisyen nan Kanada: Atansyon!
February 17, 2020
Twa Dipopo Nan Wèl Ayiti
April 29, 2020

Konpatriyòt onè! 

Mwa pase a, nou te wè ki jan, menm lè konplo Vatikan ka pi fò pase wanga, nèg ak nègès vanyan nan peyi Papa Dessalines nan sèmante, wè pa wè, se yo menm ki va pote laviktwa kont blan malveyan.

Jodi a, nou vin rapousuiv refleksyon k ap ede nou “chavire chodyè a” nan kalfou liberasyon pèp Ayisyen an. 

Nan kouplè Dessalinienne nan, Im Nasyonal nou an, nou di «Nou fèt pou nou sèl mèt tèt nou». Tousuit anvan sa, nou di: «Nan mitan n pa fèt pou gen trèt»

Sèz (16) an apre koudeta 29 fevriye 2004 la, nou menm, pitit Ayiti ki ap viv toupatou sou latè, lè nou reflechi sou reyalite lavi nou alèkile, se san di pètèt, nou rekonèt kokenn chenn verite ki makonnen nan 2 fraz sa yo : «Nan mitan n pa fèt pou gen trèt», «Nou fèt pou nou sèl mèt tèt nou».

 Ojis, ki objektif otè Koudeta 29 fevriye 2004 la t ap rapousuiv?

Pou reponn kesyon sa a, fòk nou founi je gade yon lòt dat ki makonnen ak Koudeta trayizon bisantnè sa a. Yon lane davans, soti 31 janvye rive 1 fevriye 2003, se peyi Kanada ki te ofri ladesant pou kichòy yo te batize  Inisyativ Ottawa sou Ayiti. Reyinyon tèt chaje sa a te fèt nan chalè Gouvènman Kanadyen an ki tabli nan “Lak Meech”, toupre kapital Kanada, nan vil Ottawa/Gatineau. Sete yon reyinyon kote konplotè yo te prepare ki jan yo ta pral fè Koudeta a, epi kore li byen kore annapre.

Kidonk, yon kolòn fanm ak gason blan pa pè yo pa krent yo deside: 1) fòk yo dechouke prezidan Aristide 2) Fòk yo mete Ayiti anba titèl Nasyonzini, anvan 1 janvye 2004, epi 3) fòk yo resisite defen lame d Ayiti (FAdH).

Nan Haiti mise en tutelle par l’Onu, atik defen jounalis Michel Vastel pibliye nan jounal L’Actualité, nan finisman mwa fevriye 2003, li eskplike aklè pou ki rezon blan malveyan yo te vle tout bagay sa yo fèt prese-prese. 

“Et le temps presse, car on estime que le nombre d’habitants en Haïti pourrait atteindre 20 millions en 2019. Vingt millions de francophones, dans un état de misère abjecte, aux portes des Amériques. «C’est une bombe à retardement, qu’il faut désamorcer tout de suite».

Sa, se pawòl selèb Denis Paradis, Minis Frankofoni peyi Kanada, alepòk.

Kidonk, nan lespri moun malad sa yo, popilasyon nèg ak nègès ki abite zile Ayiti a, se yon menas, yon “bonm ki san lè eklate“. 

Kit se te sou koloni esklavajis Saint-Domingue, lè yo te abitye monte sou tèt mòn yo, ale òganize rebelyon, nèg ak nègès te reprezante – yon menas – pou kolon esklavajis yo. 

Kit se te alepòk okipasyon 1915 lan, lè blan “Yankee” te espantan devan sòlda peyizan, abiye an ranyon, ki t ap fè rezistans òganize anba drapo kako – nèg ak nègès te reprezante – yon menas – pou blan malveyan. 

Kidonk, se yon eleman konstan nan listwa Ayiti. Gen de (2) vizyon depaman ki ap twoke kòn yo sou zile a. «Tout moun se moun» kanpe anfas «Veye epi toupizi moun anba yo, pou yo pa dechouke moun anwo yo». Depi dikdantan, relasyon sikofrenik sa ap fè dega sou zile a.

Lè nou etidye paj listwa ak pi gwo loup, nou remake gen yon seri reyalite pozitif tou, ki pa janm chanje nan lavi nèg ak nègès.

Parekzanp, lòtrejou, yon gran espesyalis, nèg save nan domèn lasyans, doktè Henry Ford, Dwayen nan Inivèsite Miami (Miller School of Medicine) retounen vin pataje konesans syantifik ak eksperyans li avèk jèn etidyan Ayisyen nan UNIFA.

Èske jès solidarite sa a a se yon fenomèn izole ki depaman ak rès listwa Pèp Ayisyen an? – Ditou pa!

sous: https://unifa-edu.info/

Èske ou rekonèt yon Afriken ki te rele Félix Darfour

Nan“Coin de l’histoire”, Tome 1, liv Charles Dupuy, otè a ekri:
«Félix Darfour accusait Boyer de vendre le pays aux Blancs, qu’il se faisait le défenseur inimitable des gens d’affaires, des petits commerçants, en un mot, de la bourgeoisie haïtienne naissante, les officiels en conclurent que Darfour voulait susciter des divisions de couleur dans le pays, fomenter la guerre civile et renverser le gouvernement».

Ale wè: Du “Code Noir” au “Code Rural” (N.B.: sitasyon Dupuy ki pi wo a soti nan kontribisyon patisipan Doub-Sossis mwen te konfonn pou yon lòt otè nan premye vèsyon tèks sa a. Tyeke entèvansyon Charles Dupuy fè nan seksyon kòmantè paj Facebook Jafrikayiti – madi 7 septanm 2021).

Nan yon lòt editoryal nou va rakonte plis osijè nèg ekstraòdinè sa a ki te kite kontinan Lafrik, nan ane 1818, pou li vin ede nou konbat blan malveyan ak konze ki t ap menase endepandans Ayiti. 

Nou va sezi wè ki jan, sou koloni Saint-Domingue, nan epòk sa a, te gen yon ekip blan Franse ki t ap fè konplo menm jan ak konplo Core Group ap fè jiskaprezan kont Pèp Ayisyen an. 

Nan “Études sur l’histoire d’Haiti”, Vol 9 (1930), Beaubrun Ardouin ekri :

« Il s’était formé à la capitale une société dont le but était de se livrer aux divertissements décents, tels que bals, musique, etc. Dirigée par le général Bonnet, avant la réunion du Nord, elle était composée de la plupart des commerçants nationaux et autres citoyens, et des Français que nous venons de nommer, Conpil, MARTELLY, etc. . »

Kidonk, Michael Joseph Martelly nou wè la a, se yon mouche ki te gen zansèt blan malveyan ki t ap jwe menm patisyon ak li depi sou tan koloni esklavajis lan.  

Annou kontinye li tèks Beaubrun Ardouin an:

« …les commerçants étrangers, consignataires, se voyant menacés de la perte de leurs patentes et de leur position dans le pays où ils faisaient des affaires fructueuses, durent être émus par toutes les paroles prononcées contre eux…Ils adressèrent aussi leurs doléances à ce pouvoir qui devenait en quelque sorte l’arbitre de la solution désirée. Parmi ces étrangers, figuraient en première ligne les sieurs Goupil, MARTELLY, Duroure et autres Français…

Modèl kolonyal la se marasa li ye ak reyalite neyo-kolonyal n ap viv jounen jodi a.

Fòse nèg ak nègès bourike nan enterè blan malveyan, anba anestezi bib, baton, bweson ak banbòch, se sa ki baz sistèm nan!

Martelly ak lòt blan franse ki te sou zile a, sa gen 2 syèk pase, te jwenn satisfaksyon yo t ap chèche nan men Jean-Pierre Boyer a. Trèt la te fè arete Félix Darfour. Epi, lapoula, gouvènman popetwèl la te kondane frè Afriken nou an, yo ekzekite li 2 Septanm 1822.

Anverite, rezistans Pèp Ayisyen an kont modèl kolonyal sanginè sa a soti depi nan Ginen.  Rezistans sa a fenk kare gaye toupatou sou latè, jouk nou pote laviktwa sou blan malveyan yo.

Nan Okap, nan New-York tankou nan Montréal, Ayisyen fenk kare kanpe pou nou defann diyite nou! Nou rejte espektak «Vivi Dan Griyen» yo vle ofri nou an. Ayisyen se moun. Nou pa mouchavè, nou pap gouye sou fatra. Nou chwazi viv ak diyite.

Reyinifikasyon Mildred, Marie Christine, Michaelle, Jean-Bertrand

Lè nan ane 2004, lavi Prezidan Ariside te an danje paske bandi kidnapè entènasyonal yo te mennen li kont volonte li nan République Centrafricaine, se entèvansyon fanm vanyan tankou Congresswoman Maxine Waters ak aktè Danny Glover ki te pèmèt Prezidan Titid ak madanm li, Mildred, retounen nan rejyon Karayib la epi rejwenn tyovi yo, Michaelle ak Marie Christine sou zile Jamayik.  Tout sa yo se ekzanp ki pèmèt nou di : «depi nan Ginen, bon Nèg ap ede Nèg!».  

Annou fèmen koze jodi a ak yon lòt ekzanp ki montre Ayiti pa pitimi san gadò. Fwa sa a, se pitit Ayiti nan Kanada ki kontinye ap mete devwa yo opwòp :


Petisyon Pou Chanm Palman Peyi Kanada

Lè nou konsidere:

9 janvye 2020, pwogram televizyon “Enquête” ki pase sou Radio-Kanada te fè yon repòtaj osijè “Initiative d’Ottawa sur Haiti” reyinyon ki te fèt nan lokal gouvènman an ki nan zòn lak Meech 31 janvye ak 1 fevriye 2003;

Aparamman, pa te gen okenn ofisyèl Ayisyen ki te envite nan reyinyon prive sa a. Daprè sa nou aprann otorite peyi Etazini, Lafrans, Kanada ak Òganizasyon Eta Ameriken ki te reponn prezan nan reyinyon sa a te diskite ki jan yo va manniganse pou kapote epi ranplase gouvènman Ayisyen an ki, li menm, te monte opouvwa atravè eleksyon, fè Nasyonzini debake epi rekanpe lame d Ayiti – yon seri aksyon ki koresponn ekzakteman ak evènman ki ta pral rive 13 mwa pita;

Emisyon “Enquête” sikjere se “Initiative d’Ottawa sur Haiti” ki kaselezo pou li akouche “Core Group” la, yon regwoupman Anbasadè peyi etranje nan vil Pòtoprens anpil Ayisyen konsidere kòm pouvwa reyèl ki kore Prezidans Jovenel Moïse lan; 

Dis (10) lane apre tranbleman tè a, fòk responsablite yo fikse aklè konsènan akizasyon wout kwochi zòt ta fè ak lajan ki te la pou pote sekou bay viktim yo, e sa se  pandan peryòd yo di Ayiti ap foksyone anba direksyon “Core Group” la ki ta mennen opouvwa gouvènman Martelly ak Moïse yo ki, yo menm, daprè plizyè akizasyon, ta va ap benyen nan koripsyon ak represyon.

Nou menm, moun ki siyen dokiman sa a, Sitwayen ak moun ki abite nan Kebèk ak Kanada, nou mande Chanm Depite Kanadyen yo pou li:

  1. Pibliye tout dokiman ki gen rapò ak “Initiative d’Ottawa sur Haiti”;
  2. Tanmen yon seyans Komite Pèmanan K ap Travay sou Afè Etranjè ak Devlopman Entènasyonal lan, kote nou va chèche konnen tout bagay ki posib pou nou konnen osijè “Initiative d’Ottawa sur Haiti” epi ki relasyon li genyen ak sa yo rele “Core Group la”

Petisyon sa a se inisyativ Solidarité Québec-Haiti. Li poste sou sit entènèt Chanm Palman peyi Kanada, jou vandredi 28 fevriye 2020 an. Apre vennkatrè, li te gen tan resevwa plis pase yon santèn siyati.  

Kit li ap viv ann Ayiti osnon lòt bò dlo, chak Ayisyen dwe sonje se pa pou gran mesi, nan Dessalinienne nan, nou aprann chante :

«Se pa kado blan te fè nou, se san zansèt nou yo ki te koule»

«Nan mitan n pa fèt pou gen trèt»,

«Nou fèt pou nou sèl mèt tèt nou».

Comments are closed.