Twa Dipopo Nan Wèl Ayiti

Trayizon 2004 Gerizon 2020
March 2, 2020
M ap Kore Jaden Lakou Nadine
April 30, 2020

Nan finisman mwa Avril 2020, Ayisyen toupatou ap viv ak kè sote pou plizyè rezon. Kit se sou zile a, kit se lòt bò dlo, lespri nou an boulatcha akòz pandemi viris Kowona a k ap fè gwo dega toupatou sou latè. Nan vil tankou Paris, New-York, Montreal, Boston, Miami…Kowona gen tan fè dlo kouri nan je anpil fanmi Ayisyen.

Sou tou de bò zile a, lavi nèg ak nègès ekspoze puiske, eksperyans montre n, nou pa dwe mete konfyans nou nan bandi ki deklare yo se leta. 

Parekzanp, 19 mas ki sot pase a, enkilpe Jovenel Moise deklare: akòz 2 ka Kowona yo di yo te detekte nan peyi a, gouvènman defakto a pase faktori yo lòd fèmen pòt. Poutan, semèn 26 avril sa a kote yo di gen 72 ka epi 5 moun ki mouri ann Ayiti, menm enkilpe Jovenel Moise sa a anntan li ak patwon faktori pete fyèl yo, pou yo fòse malerèz ak malere yo retounen vin bourike nan move kondisyon.

Plizyè sitwayen ak òganizasyon dwa moun ap rele anmwey pou jan yo wè gouvènman ilegal Jovenel Moise la ap pwofite mete abse sou klou pèp Ayisyen an. Kowona tounen yon lòt okazyon pou bandi fè gagòt koutay ak lajan yon pèp yo rann pòv. Gang PHTK pwofite swadizan etadijans pou yo fè koutay sou kòmand 10 milyon mask ak lòt materyèl medikal. Enkilpe Jovenel Moise te anonse distribisyon plis pase 1 milyon mask pou jounen Mèkredi 15 avril la. 2 semèn apre dat sa a fin pase, distribisyon imajinè enkilpe a te wè nan «govi» l la fè menm chimen ak jaden bannan nan, kouran 24 sou 24 la ak teleferik Sitadèl la. Sila yo ki pran pòz fè sezisman, an verite, nou ka di se rizèz ki nan kò yo.

Fanmi m yo, kit se ann Ayiti, kit se Etazini, eksperyans n ap viv semenn sa a montre nou aklè: vòlè ki gen titalbè, politisyen mantè k ap pratike sipèstisyon ak inyorans se pwazon vyolan pou tout yon nasyon.

Solisyon pou nou kwape viris Kowona a pap soti ni nan distribisyon bokit, ni nan enjeksyon klowòks nan venn malere.

Premye dipopo k ap toumante lavi pèp Ayisyen an se Viris Kowona a.

Nan moman an, sèl lespwa pou nou kwape dipopo sa a chita nan men moun k ap plante bon semans nan sèvèl, depi dikdantan. Sa vle di: nèg ak nègès lasyans tankou jenn doktè, enfimyè ak enjenyè nou yo nan UNIFA.

Lespwa Ayiti

Si jodi a nou genyen plis pase 348 doktè Kiben k ap ride nou bouche anpil twou nan sistèm sante nou an, se granmesi retablisman relasyon diplomatik ant Ayiti ak Kiba Prezidan Aristide ak Prezidan Fidel Castro te reyalize nan ane 1995. Se kokennchenn desizyon politik vizyonè sa a Prezidan Aristide te pran malgre opozisyon blan malveyan Washington yo ki, jiskaprezan, ap pote yon bon soulajman pou Pèp Ayisyen an. Mèzalò, doktè Kiben yo se pa ak maji yo fonksyone. Menmsi, olye se 348 se ta mil doktè Kiben ki te Ayiti nan moman an, yo pa t ap ka fè kwakseswa pou sove nou si nou tolere gouvènman defakto PHTK sa a jere Sanatoryòm ak lòt lopital yo tankou pak kochon, san ijyèn, san amenajman, san ekipman.

Dezyèm dipopo k ap toumante lavi pèp Ayisyen an se Viris Gang Galil-Makout-PHTK a.

Nou tout wè ki jan bandi PHTK yo mete malere kanpe pil sou pil pou yo vin fè kat magouy Dermalòg nan lespwa sa pral ede yo òganize eleksyon pike kole «again ankò» nan boul figi nou. An verite, depi 2011, bidjè PHTK/CIA/Sola mobilize pou yo gaye pwopagann sou entènèt la ta sifi pou yo bati plizyè bon lopital ann Ayiti.

Nou sonje ki jan, nan koumansman ane a, bandi PHTK yo te tanmen yon karavàn mache vòlè tè sitwayen? Vwalatilpa, lè yo te fè desantdelye sou teren eritye Issa El Saieh, enkilpe Jovenel Moise te deklare se pou timoun ki pa ka ale lekòl yo l ap travay. Podyab! Li deside pran salè Senatè li mete deyò yo pou li bati lekòl! An verite, konbyen lekòl, inivèsite ak lopital ijans Ayiti ta bati si pèp la ta reyisi poze sele sou 4 mwa salè manm gouvènman defakto sa a, ikonpri salè enkilpe Jovenel Moise?

Annatandan, bandi a kravat ki refize idantifye tèt yo lage kòd ki te mare pye Jean Fenel Thanis ki te nan prizon depi 6 mas 2019, apre lapolis ak lajistis te bare mouche sa a nan dil dwòg. Ansyen Depite PHTK a lage tankou kabrit ki pete lantouray puiske mouche Maxime Augustin, Komisè Gouvènman defakto Kwadèboukè a, deklare li pouryen nan koze a tandiske Minis Jistis defakto Lucmane Delille ap fè grimas ak figi l. Sanbletil, jiskaske koze a ta tonbe nan listwa tan lontan, Ranplasan Komisè Gouvènman defakto Wilner Eliassaint ak Sekretè Pakè Sary Romain aksepte fè yon ti kanpe lwen.

Se sou menm boulin nan yon jenn ti gason 16 lane resi jwenn liberasyon l, apre li gen tan pase 10 mwa ap peri nan prizon, akòz yon plat manje li ta desann kay vwazinay san pèmisyon. Kidonk, nan pami diri ti wòch goute sèl! Pandanstan, dividal opozan politik kontinye ap deperi nan prizon rejim Makout PHTK a.

Ou sezi wè Jovenèl libere dilè dwòg pandan l ap toupizi prizonye politik? Kòmsi, se pa moundebyen ki sipoze pran prizon lè vagabon se leta? Ayisyen, gen lè ou ap fè sezisman dèske lanmè gen dlo?

Mwa Avril gen abitid pote lanmò

Pandan mwa Avril sa a gen plizyè zansèt ki okipe yon plas espesyal nan lespri nou, paske yo tonbe anba vyolans bandi. Pami yo, nou site non jounalis patriyòt Jean Léopold Dominique ki peri anba bal kriminèl 3 avril 2000; Pastè Martin Luther King Jr. ki sibi kò sansinay pwòp gouvènman peyi li fè sou li 4 avril 1965, epi Toussaint Louverture, kriminèl peyi Lafrans touye 7 avril 1803.

Ojis, 26 avril 2020 sa a, pandan bandi Jimmy Cherizye ap travay bradsi bradsou ak Minis Jistis defakto Lucmane Delille ak Premye Minis defakto Jouthe Joseph pou yo pote lanmò bay sitwayen Vilajdedye, nou pral ajiste retwovizè listwa a, pou nou wè ki jan sa te pase pandan de 2 lòt dat 26 avril, sou premye vèsyon rejim Tonton Makout yo.  

Anvan Babekyou te gen Barbot

Depi kèk semèn pase, anpil moun kapab wè yon videyo kote bandi Jimmy Chérizier, alyas Babekyou, t ap kowòdone distribisyon sache diri nan baz Dèlma 6. Poutan, lapolis ak lajistis peyi a ki gen rapò ankèt sou Masak Lasalin lan nan men yo, ta gen manda pou yo chèche bandi a, arete li, jije li epi pini li, akòz patisipasyon l nan zak teworis.

Jimmy Chérizier deklare sou yon videyo k ap sikile toupatou sou entènèt la:

«Towo gwonde a pale, yo pè! Mwen poko janm di yon bagay mwen pa ka fè… M ap mete Vilajdedye jan m vle l la… apre sa leta va rekonstwi l».

Gen yon pwovèb lakay ki di : “avèg pwomèt ou kout wòch, si li pa nan men l, li anba pye l”

Lè nou fin suiv seri deklarasyon ak aksyon bandi PHTK yo ap poze nan moman an, sa raple nou mak fabrik makout ki gen yon manyè espesyal yo prepare epi ekzekite masak. Annou gade 2 masak an patikilye: Masak 26 avril 1963 epi Masak 26 avril 1986.

31 me 1961 – sou lòt bò zile a, diktatè dominiken Rafael Leonidas Trujillo mouri sasinen. Henry Dearborn, ansyen anplwaye anbasad Etazini nan Santo Domingo alepòk admèt nan jounal dominiken “El Caribe“, odepa CIA pat vle touye Trujillo, paske misye te yon bon kolaboratè pou gouvènman Meriken an. Epi tou, yo te pè pou lanmò misye pa t louvri pasaj pou yon gouvènman popilè monte sou pouvwa a. Mèzalò, apre 31 lane ap feraye, diktati Trujilllo a te tounen yon michan patat cho k ap boule pla men Tonton Sam ki te deside blayi misye de pye long.

22 Oktòb 1961 – sou bò pa nou an, diktatè François Duvalier deside double manda li kareman, gwo ponyèteman.

30 janvye 1962 – Konferans OEA louvri nan peyi Irigwe. Kèk jou annapre, jounal The Punta del Este ak El Día pibliye rapò depans yon jou pou mouche De Lesseps  Morrison, Anbasadè Meriken nan OEA, alepòk.

Koute byen: “Dejene: $1.50; Taksi maten an: $2; «Lunch»: $2.50; Taksi apremidi a: $3; Soupe ak Minis Afè Etranjè Ayiti: $5,000,000.”

Aktyalite sa a, ou ka jwenn li nan liv ki rele “THE FISH IS RED – The story of the secret war against Castro” ki pibliye anba plim Warren Hinckle ak William Turner. Kidonk, se yon lajan Chango François Duvalier te pran nan men blan Meriken kòm garanti Ayiti ap vote nan OEA pou pimpe Kiba deyò.

Mwen kwè epizòd sa a raple nou konpòtman enkilpe Jovenel Moise anfas Venezyela, lòtrejou la a, ikonpri anndan asanble OEA.

17 fevriye 1963 – sou lòt bò zile a, Juan Bosch monte opouvwa kòm prezidan Repiblik Dominikèn.

26 avril 1963 – sou bò pa nou an, lòbèy pete nan lari Pòtoprens. Ki sa li ye? Bri kouri François Duvalier aprann gen katafal bal ki tire sou limouzin k ap mennen Jean-Claude ak ti Simone ale lekòl nan kolèj Bird. Chofè a ak de gad-dikò mouri frèt! Men, “ti tig” yo sen-e-sof. Sa ou tande a, pa gen lapè pou pitit nèg Duvalier sispèk nan bagay sa a. Sa ki gen tan pran anbasad, se te chans pa yo! Anpil kay boule rapyetè ak plizyè dizyèn moun anndan yo. Gen plizyè lòt ki tonbe anba bal Tonton Makout ki sènen yo nan lari osnon anndan pwòp kay yo. Gen lòt ki disparèt, fanmi yo pa janm jwenn tras yo.

14 Jiyè 1963 – Jacques Gracia, Luc Désir, Elois Maitre ak yon makòn Tonton Makout ki avozòd yo, ale ekzekite yon desantdelye pou Duvalier. 

Se nan yon chan kann yo debake. 

Bal fè mikalaw!

Trapde, dife anvayi chan kann nan!

Orezime, se dyab ki t ap goumen ak papa dyab. Duvalier te voye Tonton Makout yo ale touye papa yo: Clément Barbot, paske Duvalier te reyisi aprann se Barbot, ansyen chèf fondatè kò Tonton Makout la, ki te òganize Atanta Kolèj Bird la (motivasyon masak 26 avril 1963 a).

Alafendèfen, Clément Barbot mouri sasinen nan chan kann nan ansanm ak frè li Harry Barbot.

Sous: Lafimen Listwa Pep Ayisyen Depi Nan Ginen, Jafrikayiti.

Tanpri: souple, lè nou g on ti tan, pataje ti paj listwa sa a ak Izo, Babekyou, Zephirin…

Viktim dirèk masak 26 avril 1963 sa a, se te sitou militè Duvalier te konsidere kòm opozan reyèl osnon potansyèl, tankou François Benoit ak tout fanmi li. Yon ane apre sa, François Duvalier ta pral deklare tèt li «Prezidan avi»!

26 Avril 1986 – 2 mwa sèlman apre depa Jean-Claude Duvalier, sivivan rejim nan òganize premye mach nan memwa viktim masak 1963 yo. Nan okazyon sa a, sitwayen yo mande pou Leta Ayisyen transfòme kacho Fò Dimanch lan, fè li tounen yon mize rezistans kont diktati ann Ayiti. Lè patisipan yo te rive nan dènye kafou ki te nan pakou mach la, Lame ak Lapolis rale zàm sou yo  epi yo sasinen 11 moun, lapoula.

Kidonk, se pa jodi a kolon ak konze ap pote malè pou nou nan mwa Avril. Men, an verite, nou menm nèg ak nègès, otank bandi yo ofri nou lanmò, se lavi nou fenk kare chwazi. 

Ayisyen, kanpe goumen pou nou kwape Makout ak CIA ki kontinye ap bwè san inosan nan peyi nou, jenerasyon apre jenerasyon!

An lagan, nou te di se 3 dipopo ki ap toumante bil pèp Ayisyen an.

Twazyèm dipopo a se Viris Blan Malveyan. Alèkile, agaman sa a rele tèt li: Core Group.

Wa Zenglendo

Se te yon jou 17 avril 1825, yon espedisyon 15 bato zenglendo yon Wa Lafrans ki te rele Charles X parèt nan bòdmè Pòtoprens pou yo ekzije Ayiti yon ranson 150 milyon Fran lò.

Pandan plis pase 300 ane apre debakman yo sou zile Ayiti, nèg ak nègès te kontinye ap goumen kont blan malveyan pou yo ka viv tankou moun. Viktwa 18 novanm 1803 a ki louvri pasaj pou deklarasyon endepandans Ayiti, jou 1 janvye 1804 la, se te “tou pre pa lakay“, puiske se atò nèg ak nègès te oblije fè lagè kont kolon blan malveyan.

Pandan tout peryòd 19 vyèm ak 20 tyèm syèk la, blan Ewopeyen yo te fè kò sou Ayiti. Bato youn pot ko kite zile a, yon lòt debake, li brake kanno li sou palè nasyonal pou li estwopye nou. Yo te batize metòd ekstòsyon sa a “diplomasi bato boulèt kanno“. 

Nan ane 1805, Ayiti pot ko gen 2 zan, lè Minis Afè Etranjè peyi Lafrans, Prince Charles Talleyrand ekri Sekretè Deta Ameriken James Madison pou li di l: “ekzistans yon bann nèg ame ki okipe yon peyi yo sal ak zak kriminèl se yon espektak tèrib pou tout nasyon blan sou latè”. Etazini reponn lapoula! Yo entèdi komès ak Ayiti nan ane 1806. Yo renouvle anbago sa a nan ane 1807 ak 1809.

Nan ka Ayiti, atak kolon yo pa te janm sispann. 

Nan ane 1853 bato Franse retounen. Se Amiral Duquesne ki vin fè presyon sou Anperè Faustin Soulouque pou li kontinye peye Ranson 17 avril 1825 lan. Anperè Soulouque di non, li pap peye anyen! Orezime, lè yo remake Soulouque pa brennen, Duquesne ak blan zenglendo li yo sètoblije plwaye ke yo retounen an Frans de men vid.

Domaj Martine pa Adelina ni Jovenel pa Soulouque

Jiyè 1861, bato blan Panyòl vin ransone Ayiti – Rezon: Blan yo deklare Ayisyen ap ede Jeneral Dominiken Cabral ak Sanchez ki t ap reziste kont blan Panyòl ki te vle foure Repiblik Dominikèn anba zèsèl yo. Amiral Panyòl la ki te rele Rubalcava peze kou Ayiti, li pran $200,000 plis salitasyon 21 kout kanno sou lòd Prezidan Ayisyen alepòk la, Fabre Nicholas Géffrard.

1861-1865: Minorite blan ak “milat” ki nan Repiblik Dominikèn nan rele Lespay vin okipe peyi a. Ayisyen yo te krenn pou lesklavay pa retounen blayi sou tout zile a. Kidonk, nou pote lamenfòt bay patriyòt Dominiken yo, e nou ede yo sove endepandans peyi yo, sou pati lès zile a.

1870: Blan Meriken fè yon atak sou Ayiti ak bato U.S.S. Dictator.

1872: Blan Alman fè yon atak “diplomasi bato boulèt kanno” sou Ayiti. Kaptenn Basch kolekte 3000 Liv Estèlin epi li badijonnen drapo Ayisyen an ak kaka ki soti nan bounda blan Alman. 

1877: Mwa mas – Blan Franse fè yon lòt atak sou Ayiti. Rezon: yo vin fòse Ayiti rekòmanse peye Ranson 1825 lan ki te rete yon balans 20 milyon Fran-Lò. 

Desanm 1877: bato blan Panyòl retounen vin panike Ayiti. Blan yo brake kanno yo sou Palè Nasyonal la paske yo di yo sispèk Ayiti ap sipòte nèg revòlte sou zile Kiba. 

Septanm 1883: Nan mitan revòlt popilè ki anvayi Pòtoprens, reprezantan diplomatik peyi Lafrans, Angletè, Almay, Bèljik, Espay, Oland, Nòvèj ak Lasyèd siyen yon iltimatòm kote yo menase Prezidan Lysius Félicité Salomon pou yo bonbade Palè Nasyonal la.

Lycius Félicité Salomon (Nèg save ki te reziste pèsekisyon blan malveyan yo)

Prezidan Salomon ekri palmantè Ayisyen yo 7 oktòb 1884, li pase lòd pou Leta Ayisyen peye plis pase 1 demi milyon Goud bay komèsan etranje ki di yo te viktim soulèvman popilè mwa septanm 1883 yo.

Nan menm ane 1883 sa a, peyi Angletè te menase poze sele sou zile Latòti toutotan Ayiti pa bay komèsan Angle 628 mil Dola yo deklare nou dwe yo. 

Ojis, se yon veritab masuife Prezidan Salomon t ap monte ak kò zenglendo blan sa yo, pandan li t ap demele li jan li konnen pou li mete Ayiti sou ray devlopman.

Tou pandan l ap peye Ranson 1825 lan ak dividal dèt ekstòsyon sa yo, Prezidan Salomon tabli bon jan sèvis lapòs, bati lekòl, kore agrikilti modèn, epi fè yon kab pase anba lanmè a pou pèmèt kominikasyon pa telegram. Prezidan Salomon mete kanpe yon sistèm bank modèn nan peyi a, ak bon jan kontwòl pou kwape koripsyon, jiskaske, nan ane 1887, 1 Goud vin egal 1 Dola Meriken. 

Men, se nan menm ane 1887 sa a, blan Angle retounen ankò ak menas pou yo poze sele sou zile Latòti.

Ou konprann pou ki sa Ayiti se yon peyi rich ki chaje ak moun nwa, blan malveyan yo ak konze konplis yo rann pòv?

Ou pa ta dwe sezi dèske, nan ane 2003, gouvènman Meriken an te pito estwopye Ayiti, fè konplo ak FMI, Bank Mondyal ak BID  pou fòse gouvènman Lavalas la peye aryere dèt ki te la depi sou Duvalier, dekwa pou Prezidan Aristide pat gen mwayen reyalize pwojè refòm sistèm sante peyi a.

Kontra Prè n°1009/SF-HA te fin siyen ak BID ki te gen obligasyon legal pou li debloke yon premye tranch $22. 5 milyon dola pou «Desantralizasyon ak Reyòganizasyon Sistèm Sante Ayiti». Ak pwojè sa a kantite ti moun ki mouri te dwe soti 74 pou li desann 50 sou chak 1000 ti moun ki fèt. Blan malveyan an di: «Ki te fout mele m!». Kidonk, gouvènman Lavalas la fin peye aryere dèt Duvalier t ap gagote an Frans ak vòlè parèy li yo, epi BID ki fin siyen kontra ak Leta Ayisyen an chita sou kòb prè blan malveyan Washington yo pase li lòd pou li sekestre a. 

Malgre sa, alepòk 2004, se 16% bidjè nasyonal la ki te ale jwenn lasante.

Nan yon chante popilè li batize «I Shot The Sheriff »,  kouzen Bob Marley di:  «Chak fwa nou plante yon bon grenn, ou di se pou yo fout touye l, anvan li pouse!»

Jodi jou, non sèlman dènye bidjè lasante gouvènman defakto PHTK a pat menm rive 5%, sou kouvèti Etadijans, Ayiti tounen yon repiblik aladeriv kote bandi ap “dirije”, san okenn bidjè nasyonal legal.

Non! Nan moman sa a, lè ou tande FMI ak Meriken mobilize $125 milyon pou yo bay bandi PHTK gagote, ou pa menm bezwen dòmi reve se pèp Ayisyen an ki pral benefisye anyen. Kidonk, nou di: “trèv politik” pa solisyon pwoblèm nou. Okontrè, moman kriz sa a, se yon etadijans ki ekzije plis militans makonnen ak vijilans.

Si nan plas chak Galil ki te pase ladwann se te yon ekipman yo te envesti nan Lopital Jeneral ak Sanatoryòm, alèkile mo «dechoukay» la pa ta bay tout bandi kravate ki nan peyi a kakarèl. 

Modòd nou klè kon dlo kòk: “Viris Kowona, viris PHTK, viris Core Group pa ka detounen atansyon patriyòt vijilan k ap pratike lejitim defans. N ap kontinye pran remèd fèy pandan n ap gonfle venn nou pou nou dechouke bandi yo!”. 

#ChavireChodyèA!

1 Comment

  1. Boniface Jean-Francois says:

    Bon travay kanmarad Jafrika kenbé la pa lagué

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *