Responsablite atis Ayisyen yo

Pou ki sa blan yo toujou an demon kont Pèp Ayisyen an?
May 21, 2019

Responsablite atis Ayisyen yo

Te genyen yon vi kiltirèl trè aktif sou zile a, nan epòk esklavajis lan, kote Kretyen Ewopeyen yo t ap fè zile Ayiti pwodui anpil richès pou blan parèy yo, ak san epi swè nèg ak nègès yo te kidnape, mare, depòte, tòtire sou bitasyon sik, kafe, kakawo, endigo…yo.

Vil Okap te resevwa anpil atis ki te vin pote plezi bay kolon esklavajis yo. Kit se te chantè, vyolonis, pyanis, aktè teyat… yo te abitye soti byen lwen sou patiray Lewòp pou yo vin bay payèt sou zile defen Tayino yo. Se pa blan sèlman ki te okipe espas kiltirèl sa a. Tankou sineyas Steven McQueen montre sa nan yon fim ki batize “12 years a slave”, anpil nèg ak nègès te oblije jwe mizik pou bouwo ki t ap matirize pwòp manman yo, papa yo, pitit yo. Menm sou kal bato negriye yo, blan yo te abitye fòse nèg bat tanbou, danse, chante, tou pandan blan yo t ap fè yo sibi yon tribilasyon san parèy.

sèn nan fim 12 years a slave

Konsa tou, nou aprann ki jan nègès larèn chantrès Euphemie Daguilh te akonpanye mizisyen nèg ki envante dans Karabanye sou chan batay, anndan lame revolisyonè Jeneral Jean-Jacques Dessalines nan. Se ta yon bèl sijè rechèch pou nou fouye pi fon epi dokimante dividal fwa nèg ak nègès te itilize talan atistik yo nan mouvman revolisyonè sa yo ki te pete toupatou sou kontinan Lamerik la.

Tan fè tan kite tan. Annou janbe nan tan prezan.

Jounen 31 out 2019 ki sot pase a, gen yon seri evenman ki pase nan vil New-York, ki ankouraje nou aktyalize refleksyon sa a osijè wòl atis yo jwe ak wòl yo ta dwe jwe nan sosyete nou an.

Vwalatilpa, yon pwomotè nan New-York ki rele Richard Urbain tanmen yon inisyativ pou yo onore gran atis ki make mizik Ayisyen an. Bri kouri, nan lo “gran atis” yo, gen moun ki remake non Michel “Sweet Micky” Martelly. Natirèlman, sa fè plizyè moun nan sosyete a vekse paske, aktyèlman, anpil moundebyen konsidere Martelly kòm yon pèsonaj endezirab ki ta sipoze nan prizon depi lontan pou katafal krim rejim li an ap komèt ann Ayiti, depi prèske 10 zan.

Pwosè Petwo Karibe konplis li, Jovenel Moise, ap bloke depi plizyè ane a, po ko janm ka fèt. Men, tout moun ka obsève Michel Martelly ki te gen gwo pwoblèm lajan nan ane 2010-11, jouk li te rive pèdi kay li nan “foreclosure” Ozetazini, alèkile, li genyen voum pwopriyete Dominikani ak lòt peyi. Plizyè jounal tankou Ayibopost, Global Research ak Miami Herald pibliye detay adibitòm osijè patisipasyon Martelly nan gang dilè dwòg, pandan menm peryòd Hillary Clinton ak Réginald Boulos te fware pwosesis elektoral Ayisyen an pou yo te mete Martelly jwe wòl “prezidan” popetwèl Ayiti a (2011-2016).

Nan mwa septanm 2018, yon ekip Ayisyen k ap viv New-York, te rele chalbari dèyè Martelly, sou Eastern Parkway. Kèk mwa annapre, se Valarie Plante, premye fanm ki Majistra vil Montreal la, nan Kanada, ki deklare mouche a persona non grata.

KOMOKODA rele chalbari dèyè Petwo Vòlè Michel Martelly

Jou samdi 31 out 2019 la, nan yon sal ki pa te gen anpil moun, Richard Urbain te òganize espektak li te prevwa pou onore “gran atis Ayisyen” yo. Pami moun ki te defile vin resevwa plak nan seremoni sa a, nou te remake: Dadou Pasquet, Theodore (Lòlò) Beaubrun Jr., Dieudonné Larose, epi Michel Martelly. Nan moman Martelly te vin resevwa plak onorifik pa l la epi fè foto ak Caleb Desrameau (ansyen jounalis Radyo Caraibes, Depite Taba, nan 50èm lejislati a), gen yon fanm ki leve ak pankat li byen vizib “Kote Kòb Petwo Karibe a?”. Sarah Poisson, ki te abiye ak yon wòb woz, t ap monte desann nan sal la, pandan l ap pale ak kouraj epi asirans pou li denonse Michel Martelly kòm gwo vòlè. Lè bouwo Roro Nelson, ki jwe wòl Ti Boule pou Martelly, te fè yon atak vèbal sou konpatriyòt Poisson, manmzèl te kanpe byen banda li raple Roro Nelson “bandi pa legal”, kidonk, lajistis ann Ayiti ap chèche li kòm kriminèl (ki enplike nan enpòtasyon zàm ilegal pou gang Jovenèl-Martelly ki te fè masak Lasalin nan, pami tandòt).

Mwen pa te sezi wè Lòlò nan seremoni sa a, ni non plis nan foto kote misye poze pla men li sou vant Martelly a. Depi epòk mesye sa yo t ap mache bradsi bradsou nan ke jip André Apaid ak Réginald Boulos pou yo te ede CIA fè koudeta 2004 la, mwen te gen tan aksepte gwo desepsyon sa a ki pa p janm sispann boulvèse lespri m, men sa pa ka etone m ankò. Men, an verite, lè mwen wè Dadou Pasquet patisipe nan maskarad sa a, se pa ti sezi m te sezi. Larose ak Isnar Douby tou te dwe gen ase bon sans pou yo te eskive yon lòbèy konsa. Dotanplis, chaje rezon valab pou yon moun sispèk se lajan Petwo Karibe Martelly fin vòlè a menm, mesyedam yo t ap blanchi nan espektak ridikil sa a.

Pa bliye, pwòp kouzen Martelly, Richard Morse (RAM), te temwanye piblikman rezon ki lakòz li separe ak gouvènman PHTK li te ede vòlè pouvwa a ak konkou blan Meriken yo, nan ane 2011 lan. Ojis, Morse di li tèlman fè kòlè epi desi, li pa rekonèt Martelly kòm fanmi li ankò. Li te menm refize ale nan antèman matant li, defen manman Michel Martelly.

https://youtu.be/tfFQVt-fWLc

Wi, genyen plizyè gran atis Ayisyen ki merite nou onore yo. Mèzalò, tankou youn nan chelèn pitit Lafrik yo ki fèt Etazini, Nina Simone, te raple nou sa: yon atis se pa privilèj sèlman li dwe genyen nan yon sosyete, li gen devwa tou. Li gen yon wòl enpòtan pou li jwe ki dwe depase kad “bay plezi” a. Se sa Myriam Makeba te konprann. Se sa Bob Marley te demontre n. Se sa Tiken Jah Fakoly, Angélique Kidjo ak anpil lòt kontinye ap montre n, chak jou ki jou.

Lè Mohammad Ali te prefere pèdi moso nan dwa sitwayen li pou li denonse krim gouvènman Meriken an t ap komèt nan Vyetnam, se pa egare Ali te egare. Se prensip ki t ap gide li.

Jodi a, tout atis, tout swadizan “entèlektyèl” ki chwazi kolabore aktivman osnon pasivman ak Michel Martelly epi gang gwayil li an, dwe rann yo kont Martelly ap trennen yo tout desann ak li nan menm ma labou a.

Pou jan mwen te fanatik Magnum Band, apre espektak samdi swa a, si mwen ta rankontre ak Dadou Pasquet, malerezman, premye kesyon mwen ta genyen pou mwen poze li se: èske ou te nan sal la lè Roro Nelson te atake Sarah Poisson an? Kisa ou te fè kont sa Dadou?

Fòk tout bandi yo pran kòd! Bandi ki vòlè lajan vyadik Kafou a, lajan mache Fontamara a, lajan lekòl nasyonal nan komin yo, lajan elektrifikasyon tout vil yo, lajan kanalizasyon sou wout yo, lajan 25 stad yo, lajan pèp nou rann pòv la…

Fòk Martelly ak tout konplis li yo pran kòd la epi remèt kòb la!

Èske majorite atis Ayisyen yo ap kontinye suiv modèl “Jim Crow” ki la pou bay sistèm eksplwatasyon an jarèt la, tankou Bossa Combo ak Tropicana ki te fè mizik lwanj pou sanginè François ak Jean-Claude Duvalier?
Oudimwens, èske, nan ane difisil sa yo pèp Ayisyen an ap viv la a, nou ka espere jwenn dezoutwa Euphemie Darguil, Antoine Rossiny Jean-Baptiste (Ti Manno), dezoutwa brav Karabanye pami atis nou yo?

Vle pa vle, ou tande m, Lòlò? Avèk yo, ou san yo: “Fòk Pwosè Petwo Karibe a Fèt”!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *