Ki Valè Lavi Yon Nèg?

Responsablite atis Ayisyen yo
September 2, 2019

Nan premye semèn mwa oktòb 2019, plizyè evènman ankouraje nou poze limanite yon kesyon demeplè: Alèkile, ki valè lavi yon nèg genyen sou latè?

Li nòmal pou tristès anvayi lespri nou, chak anivèsè trajedi Kout Kouto Perejil ki te rive sou zile nou an (zòn fwontyè Dominikani ak Ayiti) nan premye semèn mwa oktòb 1937, lè diktatè Dominiken an, Raphael Trujillo, te fè sasinen apeprè 30 mil nèg ak nègès ki gen rasin yo sou tou de bò zile a. Vwalatilpa, apèn nou t ap pataje kèk dokiman referans osijè Masak zenofòb ki rive nan mwa oktòb 1937 lan ak zanmi ki sou rezo entènèt yo, se konsa, gen yon aktyalite ki pase nan peyi Etazini ki vin ajoute plis latwoublay toujou nan lespri nou.

Nan vil Dalas, nan eta Tekzas, Ozetazini, 2 oktòb 2019 ki sot pase la a, leta kondane Amber Guyger, yon fanm Polisye blan, pou li fè 10 zan prizon daprèzavwa li touye yon jenn gason nwa inosan ki te rele Botham Jean, anndan pwòp chanm kay nèg la. Jou ki te 6 septanm 2018 la, se te sanzatann yon polisye an sivil te louvri pòt kay Jean, li rale zàm li, li tire. Botham Jean blayi mò rèd. Amber Guyger, fanm polisye ki fè zak la deklare se erè ki lakòz li te rantre lakay Jean. Li te panse se te nan pwòp kay pa li, ki yon etaj pi ba nan menm bilding nan, li t ap rantre. Kòmkwa, li te vin espantan sou Jean tankou se vòlè ki te anvayi li. Pandan pwosè a, avoka pwosekitè yo deklare manmzèl te bay manti pou tante inosante tèt li, anplis mannèv konpayèl li yo nan Depatman Polis vil Dalas t ap fè pou yo simen vèni sou repitasyon viktim nan, Botham Jean.

Se yon dosye ki atire kamera jouda medya entènasyonal yo, daprèzavwa krim sa a rive pandan Etazini ap viv yon sezon gwo tansyon kote Polis nan plizyè vil ap plede touye yon dividal moun nwa nan sikonstans dwòl. Se krim sa yo ki alorijin yon gwo mouvman ki batize: “Black Lives Matter” (Lavi moun Nwa gen valè). Ojis, mouvman BLM sa a vin gaye onivo mondyal, paske se chak semèn militan pou jistis ak dwa moun toupatou sou latè kontinye lonji dwèt sou vilnerabilite moun nwa ki viktim anba vyolans fòs polis yo nan peyi tankou Kanada, Brezil, Lafrans, Angletè, elatriye…

An reyalite, tankou mwen te soulve sa nan yon tèks ki pibliye nan lang Angle, Roots of Black Lives Matter in Bwa Kay Iman, Haiti, depi premye nèg ak nègès yo t ap debake sou kontinan Lamerik lan, nan ane 1500 yo, se nan kouri, reziste, lese frape san pran souf, nou te toujou ye anfas fòs represyon yon seri leta kraze zo ki sou lobidyans kouzen blan nou yo.

Nan sezon Black Lives Matter sa a, anpil moun te espantan lè yo wè foto ak videyo yon Jij ki pase men nan kou kriminèl ki rele Amber Guyger a. Kèk minit anvan sa, se Brandt, ti frè viktim nan, ki te mande jij la pèmisyon, onon Jezi, pou li vin bay fanm ki touye frè l la yon gwo akolad, manch long. Ojis, Brandt Jean di li pa ta vle Amber Guyger ale nan prizon ditou. Sèl sa li ta vle se pou manmzèl ta “aksepte Jezi” kòm sovè pèsonèl li. Ata yon polis ki te nan tribinal la, jou sa a, te vin karese cheve kriminèl la.

Se ak anpil bravo lakontantman yon kategori moun te akeyi imaj sa yo. Yo di sa se bèl ekzibisyon santiman konpasyon, padon, grandèdàm fanmi viktim nan, jij la, polisye ki nan tribinal la (yo tout se moun nwa) t ap temwanye anfavè kondane a, Amber Guyger, ki se yon fanm blanch ak cheve long lage sou do l.

Natirèlman, se pa tout moun ki wè koze a menm jan an. Akote sila yo k ap bat bravo lakontantman pou akolad yo, genyen kèk otè nwa tankou Stacey Patton ki ekri nan medya ak nan rezo sosyal yo pou yo lonji dwèt sou fòs kote ki genyen nan zafè padon ak konpasyon kretyen sa a. Yo fè remake pyès moun pa ka idantifye ekzanp egalego kote se viktim blan ki adopte yon konpòtman konparab anfavè yon kriminèl nwa. Sa pa janm fèt nan listwa Etazini, pou yon jij vin bay yon kriminèl nwa akolad nan tribinal la. Pami otè sa yo, gen kèk ki fè nou sonje reyaksyon emosyonèl vyolan anpil blan te genyen apre pwosè foutbolè Afwo-Ameriken OJ Simpson, malgre Lajistis Etazini te di li pa jwenn prèv se Simpson ki te fè krim sou 2 blan ki te mouri sasinen yo, madanm li ak ti zanmi madanm nan.

Botham Jean fèt sou zile Sentlisi

Kidonk, malgre lajistis kondane Amber Guyger, se gwo bo ak akolad li t ap resevwa nan tribinal la.

Apre sa, nan mitan latriye diskisyon filozofik ki vin tanmen osijè konpasyon ak padon tout swadizan bon Kretyen ta dwe genyen nan kè yo – ata pou kriminèl yo, se raman nou tande filozòf yo di kichòy osijè viktim nan ki te gen 26 rekòlt kafe sèlman. Wi, kriminèl la etenn souf Botham Jean, yon jenn gason nwa byen pòtan ki te etidye nan Harding University e ki te kontab pwofesyonèl ak PricewaterhouseCoopers.

Kòmsi istwa sa a pa te trajik ase, nou fenk aprann nouvèl sazinay Joshua Brown, yon jenn gason nwa, vwazen Jean, ki te bay temwanyaj kont kriminèl la pandan pwosè a.

Joshua Brown, yon lòt jenn gason nwa, vwazen Botham Jean, mouri sasinen 4 oktòb 2019

Anverite, gen anpil rezon pou moun lisid enkyete akòz tansyon rasyal ki kontinye ap ogmante toupatou sou planèt la.

Nèg ak nègès ap mouri tankou lavi yo pa vo anyen nan je limanite. Lè se pa polis nan peyi kote y ap viv lan ki tire sou yo, se lanmò ki sènen yo nan kafou grangou, lagè ak tribilasyon.

Ann Ayiti, lavi chè ak koripsyon lakòz jenn fanm ak jenn gason leve kanpe kont bandi PetwoVòlè. Lapolis PHTK blayi bal sou yo, san remò. Mòg lopital pa gen plas pou kenbe kadav nan plizyè vil peyi a. Sila yo ki jwenn mwayen janbe lantouray rive Dominikani, monte bato rive Bahamas, monte avyon rive Etazini, se ak kè sote yo kontinye ap viv pou lanmò pa fè va sou yo sanzatann.

Pandan Ayisyen ak Dominiken nwa kontinye peri anba dan reken sou lanmè Karayib ak Atlantik la, se plizyè milye Afriken (grandèt tankou timoun, fanm kou gason) ki fè fon chak mwa, nan lanmè Mediterane.

Nan tout sikonstans sa yo kote lavi nèg ak nègès ap gaspiye malman sou planèt la, gen yon men kriminèl ki toujou prezan: se sa nou rele fòs rasis Sipremasi Blan an – yon rezo enfliyans ki mobilize anndan enstitisyon plizyè peyi ak òganizasyon entènasyonal yo. Parekzanp, Leta peyi Itali pito pini yon jenn fanm Alman Carola Rackete, kaptenn bato sovtaj anviwonmantalis/imanis Sea-Watch, daprèzavwa manmzèl te fè tout sa li kapab pou li sove lavi kèk malere ki t ap neye nan lanmè Mediterane a.

Se fòs rasis Sipremasi Blan an tou ki prezan nan mitan Core Group ki kore bannann pouvwa kraze zo, trafikan dwòg neyo-Duvalieris Jovenel-Boulos-Martelly a, ki rann Ayiti envivab pou pèp Ayisyen an ki lage nan kouri depi plizyè ane. Se menm fòs rasis Sipremasi Blan sa a ki fè blakawout nan gwo chèn medya yo osijè mouvman rezistans pèp Ayisyen an, mouvman liberasyon peyi Afriken yo, mouvman militan pan-Afrikanis djanm tankou Kemi Seba ki kanpe an kwa pou li konbat Fran CFA a.

Anverite, se yon gwo siy panik lè nou wè rejim Donald Trump lan lage koukouwouj dèyè sa y ap anmize yo rele: Black Identity Extremism, Ozetazini, kòmkidire: nèg ak nègès ki, daprè CIA ak FBI ta swadizan twò radikal sou kesyon idantite yo.

Semèn sa a, li pat difisil pou nou wè modèl defans fòs rasis yo ap mobilize sou rezo sosyal yo. Nou wè plizyè ekzanp kote Facebook itilize sèvis siveye-rapòte l lan pou li sansire militan k ap kritike Sipremasi Blan an nan gou Papa Dessalines.

Vwalatilpa, apre m te fin wè foto ak videyo akolad jij lan te bay kriminèl ki touye Botham Jean an, mwen te pibliye yon mesaj nan lang Angle sou Facebook, kote mwen di:

Mwen se yon ansyen KRETYEN nwa ki geri. Li te pran plis pase 500 ane vyolans sikolojik ak fizik pou yo fè Afriken an tounen yon zonbi fonksyonèl (Kretyen Nwa). L ap pran anpil tan ak efò san pran souf pou nou geri tèt nou epi vin antye ankò. Mwen se yon ansyen kretyen nwa ki repran kontwòl sèvo mwen, sa gen kèk ane de sa, gras a lanmou epi travay grandèt tankou Dr. Cheik Anta Diop, Kwame Ture, Frantz Fanon, Dr. Aristide…

Kèk minit apre m poste mesaj la, gen yon defansè zele sistèm nan ki ekri sa nou wè anba foto sa a, sou paj mwen an.

Kòm se pa premye fwa eleman sa a te fè kalte atak dezespere sa yo pou li tante “fèmen dyòl” mwen, m te reponn misye ak yon mesaj tou kout, jan ou ka wè sa nan foto pi wo a, epi mwen pran prekosyon bloke l nan lis zanmi mwen pou li pa kontinye vye atak li yo. Kèk minit apre, mwen resevwa yon mesaj Facebook ki deklare mesaj mwen an ale alankont règleman yo. Kidonk, yo mete restriksyon sou kont mwen an, m pap ka poste anyen pou 24 trè.

Kèlke èd tan pi ta, osito restriksyon yo te fini, menm senaryo a ta pral repwodui lè m vin poste yon lòt mesaj ki kritike wòl blan rasis yo ap jwe anndan Core Group la, ann Ayiti.

Anverite, nou annafè ak bandi tout koulè, tout plimay, ki panike jouk yo vin manyako-parano-loko.

Lè nou konsidere konpòtman yon seri nèg/nègès ki aji tankou se yon devwa sakre yo genyen pou yo padone kriminèl blan ki atake pèp nou an, jouk yo rive ap fè eksèdzèl nan atake tout nèg/nègès ki refize rantre nan menm lojik evanjelizazonbifikasyon yo anbake ladan l lan, sa se sentòm yon maladi mantal grav.

Se menm maladi mantal sa a ki lakòz bandi tankou André Apaid ak Réginald Boulos fin fè plizyè deseni ap fè krim sou nèg ak nègès Ayisyen (eksperyans sispèk sou malerèz Site Solèy, Masak Sen Jan Bosko, siwo pwazon, Koudeta sanginè, vòlè eleksyon mete Martelly ak Jovenel ki ede dechalbore kès ONA…).

Toudenkou, Boulos deklare li chanje direksyon, li fè kèk diskou vid anfavè ogmantasyon salè minimòm, li di fòk Jovenel li te jouke sou pouvwa a ale…pandan li kontinye ap fè voum lajan kontra ti zanmi ak pouvwa Tèt Kale l la, li pran pòz ap kritike a…

Epi, ou jwenn nèg/nègès ki gen tan ap rele: “Viv Boulos”!

Se menm maladi mantal sa a ki esplike reyaksyon emosyonèl anòmal anpil nèg/nègès genyen osijè Jacques Chirac, ki fenk mouri mwa pase a. Chirac fè tout karyè politik li ap pran desizyon rasis ki pouri lavi Afriken, ikonpri Ayisyen. Parekzanp, nan koudeta 2004 la, se zanmi Michele Bennett la, Jacques Chirac, ki t ap ede Judy C. Roy ak ekip Tonton Makout yo voye zàm fann fwa bay ajan CIA Guy Philippe pou li kraze selebrasyon 2004 yo, fè koudeta, masakre pèp Ayisyen an ki t ap reklame restitisyon reparasyon an…Chirac fè yon voum deklarasyon rasis kote li di “imigran Afriken anvayi Lafrans, yo santi fò, yo pale fò, li pa ka tolere yo…“.

Michèle “Latchamimi” Duvalier & Jacques Chirac

Tout epòk li te opouvwa a, se aksyon rasis anti-nèg Chirac t ap poze. Toudenkou, lè li pa opouvwa ankò, Chirac fè yon videyo kote li deklare: “Lafrans fè anpil tan ap dechèpiye Lafrik”. 

Sa te gen tan touskilfo pou yon ekip nèg ak nègès rele: “Viv Chirac”!

Pou Bill Clinton, se menm ochan yo! Tout lidè blan sa yo gen yon istwa konvèsyon ridikil tankou Pòl “sur la route de Damas”. Lè yo pa sou pouvwa ankò, yo tout tounen Tarzan ki an misyon toudenkou pou yo “sove Lafrik”!

Motivasyon lidè blan sa yo klè epi li lojik. Mèzalò, èske, se pa yon maladi mantal ki fè anpil nèg ak nègès viv ak yon antiz pèmanan pou yo jwenn yon “bon blan” pou yo aplodi, nan tout sikonstans?

Stephen nan fim Django Unchained enkonsolab devan kadav “Massa”

Maladi sa a rann yon seri nèg/nègès kannannan. Yo krebete, yo bezwen apwobasyon yon seri moun ki toujou ap meprize yo.

Ou mande, ki jan pou maladi sa a geri?

Pa pito nou fokis sou jenerasyon ki po ko kontamine a?

Epi, annou espere malad ki pi grav yo pa gen tan fè twòp dega, anvan yo chavire ale remize anba latè!

#ChavireChodyèA
#FoutJovenelAkBoulosNanMenmPrizon

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *