Devan Lotèl Papa Dessalines: Yon Sèl Konfesyon Pou Chak Ayisyen

Ki Valè Lavi Yon Nèg?
October 6, 2019
What ought to be Canada’s policy towards Haiti?
October 20, 2019

Devan Lotèl Papa Dessalines: Yon Sèl Konfesyon Pou Chak Ayisyen

Nan ansyen Wayom KEMET, zansèt Afriken nou yo te tabli Gran Prensip Moral ki la pou gide lavi moun sou latè. Yo te batize prensip sa yo “Konfesyon MAAT”. Ojis, mo MAAT la reprezante plizyè bon bagay alafwa: verite, jistis, sajès, elatriye…

Menmsi gen plizyè vèsyon Konfesyon MAAT yo ki ekziste, laplipa moun save/fouyadò rekonèt ekzistans yon lis “42 konfesyon negatif” ki sèvi baz kwayans ak espirityalite Ansyen Nèg ak Nègès peyi Lejip yo. Se sou baz sajès Wayom KEMET, ikonpri “42 konfesyon negatif MAAT yo”, Juif yo ak Kretyen yo te kopye anpil koze pou yo bati eskanp ak prensip pwòp relijyon pa yo.

Gade foto sa a byen. Li montre nou yon mò ki ap mache, jou dènye jijman li, nan direksyon Gran Nèg la: “Osiris”. Lè defen an kanpe devan Gran Nèg la, pi gwo rèv li se pou jij yo ta mete kè li sou yon balans verite epi konfime kè sila a tèlman pafè, li pi lejè pase yon plim zwazo. Kidonk, kè sa a pa gen twòp mechanste ki ta jistifye pou OSIRIS ta kondane mò an. Konsa, se kè kal defen an va resite 42 Konfesyon MAAT yo:  “Mwen pa peche, Mwen pa fè zak zenglendo vyolan, Mwen pa vòlè, Mwen pa touye ni gason, ni fanm…

Alèkile, annou kite tan ansyen sou kontinan Lafrik, pou nou rive atè isit sou zile Ayiti. Jou ki te premye janvye 1804 la, Jeneral Jean Jacques Dessalines, gran lidè revolisyonè ki te ede fanm ak gason Afriken yo kale lame Lespay, Angletè ak Lafrans pou yo rape libète yo epi kreye yon Nasyon Nèg Abolisyonis ki rele nasyon tou nèf lan Ayiti, te deklare:

nan kokenn chenn jounen sila a, mwen rasanble militè vanyan sa yo ki pa te ezite bay san yo pou nou te genyen batay pou libète a lè rezilta batay la pa te klè ditou; jeneral sa yo ki te alatèt batay nou pou nou te konbat malfèktè yo panko fè ase pou nou rive viv nan kè kontan … non franse a la toujou toupatou kote nou pase, li ap menase nou. Tras bèt sovaj sa yo la tout kote nou pase: lwa nou yo, jan n ap viv, vil nou yo, yo tout gen mak dwèt franse; ki jan m ta ka di sa? Gen blan Franse la a toujou pami nou nan zile a, epi nou konprann nou lib endepandan!?”

AP Photo/Dieu Nalio Chery

Pi ta, nan menm ane 1804 la, daprèzavwa Dessalines te remake ki jan Milat ak Ansyen Nèg Lib yo te kite egoyis anvayi nanm yo, epi, yo t ap maniganse pou yo kenbe anba zèsèl yo, tou sèl, tout bitasyon blan esklavajis malveyan yo te kouri kite sou zile a, Dessalines deklare: 

Kouman nou fè panse se pitit gason kolon blan yo ki pou ta erite bitasyon yo? E sila yo ki gen papa yo ann Afrik yo, yo menm, yo pap jwenn anyen!?”.

Fraz selèb sa a ki te soti nan bouch fondatè nasyon nou an, se kle ki louvri pòt konprann michan chirepit san pran souf ki kontinye ap fè san koule jiskaprezan sou zile a. 

Anverite, misyon jenn nasyon nèg lib nou an, sou kontinan Lamerik lan, se kichòy ki te klè kon dlo kòk pou Papa Dessalines: “Jistis pou tout moun alawonnbadè”! Se responsablite chak pitit fi, chak pitit gason Ayiti pou yo ranmase misyon sakre sa a epi ede li vanse, pou tout tan gen tan.

Lè trèt Ayisyen yo te tenyen souf Papa Dessalines, jou 17 oktòb 1806 la, pwomès Revolisyon Ayisyen an pot ko janm reyalize. Depi jou madichon sa a, trèt yo kontinye mare sosis yo ak lènmi blan malveyan pou pwojè “jistis pou tout moun alawonnbadè” a ka rete antere epi bandone menm kote ak kòd lonbrit nasyon an.

Kòm nèg lib ki pa sou dominasyon okenn sipèstisyon pèpè ankò, mwen pa kwè nan okenn mit “jijman dènye” kote yon lepè blan gwo pans ak bab blanch pral voye yon pati moun ale boule nan “lanfè” pou lerèsdesèjou. Tandiske, menm lepè sa a pral voye yon lòt pati moun ale boloze nan yon “paradi” kote y ap koute mizik Beethoven, maten midi swa. Mèzalò, kòm imanis, mwen konprann sa sa vle di lè yon moun chwazi adopte yon misyon ki ede li bay lavi li yon sans ki pi valab, ki pi nòb.

Nan mwa oktòb 2010, sòlda Nasyonzini ki te debake ilegalman sou zile a, depi 6 ane avan sa, pou yo vin kore yon koudeta blan Meriken te fin fè kont Pèp Ayisyen an, rive kontamine rivyè Latibonit lan ak kaka epi pipi ki te gen jèm maladi Kolera a. Pou pi piti, zak neglijans kriminèl sa a (gen moun ki pretann se ekspre yo te fè), se yon kokenn chenn vyolasyon dwa moun. Jiskaprezan, Nasyonzini refize dedomaje viktim osnon fanmi viktim yo. 

Èske ou te konnen zak sa a MINUSTAH komèt nan peyi a, se youn nan vyolasyon grav zansèt Afriken nou yo te toujou kondane depi nan tan Wayom KEMET?  “Mwen pa t salopete dlo a” – se 34 triyèm Konfesyon MAAT.

Paske yo salopete dlo a, Nasyonzini lakòz 1 milyon Ayisyen trape maladi Kolera. Pami yo, gen plis pase 30 mil inosan ki mouri apre anpil soufrans tèrib. Kipizè, tout viktim sa yo te pami Ayisyen ki pi pòv yo, ki gen po nwa pi fonse yo. Sa vle di: yo soti nan mitan gwo majorite ki te gen papa yo ann Afrik jou 1e janvye 1804 lan! Wi, se sèlman sou kategori moun ki pi pòv yo kolera gen fòs, paske se sila yo ki pa ka jwenn dlo pwòp pou yo bwè.

Depi lè li te fin fè krim sa a ann Ayiti, anpil Ayisyen ak etranje ap rele chalbari dèyè Nasyonzini. Jiskaprezan, responsab òganizasyon an fè je yo byen chèch yo pa janm dedomaje viktim yo.

Jounen jodi a, kit se fòs kote ki kontinye ekziste nan jan richès pataje sou zile a, kit se reparasyon Nasyonzini refize bay viktim li yo, li klè kon dlo kòk: “Pitit fi ak pitit gason Papa Dessalines yo pa ko janm jwenn jistis yo sou tè sa a”

Kidonk, keseswa Ayisyen an, jou dènye jijman an, se yon sèl Konfesyon MAAT li genyen pou li fè.

Frè m, sè m, èske ou pare pou ou gade Papa Dessalines nan je, epi deklare san tranble:  “Papa, mwen te fè tout sa mwen te kapab fè pou resous Ayiti pataje egalego ant tout pitit gason ak tout pitit fi peyi a, san fòs kote. Mwen te fè tout sa mwen kapab fè pou sila yo ki te gen papa yo ann Afrik 1 janvye 1804 yo kapab jwenn jistis yo merite a”

***

Ayibobo!

***

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *