Dechoukay 2020: sèl remèd Ayiti bezwen

M ap Kore Jaden Lakou Nadine
April 30, 2020
Dessalines fin pale
July 3, 2020

Dechoukay 2020: sèl remèd Ayiti bezwen

Aktyèlman, Pèp Ayisyen an ap goumen kont 3 dipopo : Viris Kowona se 1, Viris Gang Galil-Makout-PHTK fè 2, Viris Blan Malveyan Core Group yo fè 3!

Nou fin fè konsiltasyon ak dyagnostik, alèkile preyokipasyon nou se kwape 3 viris sa yo, yon fwa. 

Kouman n ap kwape premye dipopo a : Viris Kowona a?

Alapapòt, nou te deklare kle gerizon nou chita nan moun k ap plante bon semans nan sèvèl. Sa vle di : nèg ak nègès lasyans tankou doktè, enfimyè, enjenyè…Men, fòk nou presize : pami doktè yo, nou pa neglije ditou travay doktè fèy yo ki genyen bon jan konesans nan domèn medsin natirèl. Depi sou gran wayom Afriken tankou Kemèt, zansèt nou yo te montre n «Lasyans pa mistè», e «nan pwen maladi ki pa genyen remèd»

Lasyans se kinan nèg ak nègès depi nan Ginen!

Youn nan karakteristik dipopo yo rele COVID-19 la se yon konpòtman ti landeng li genyen lè li debake nan kò yon moun. Lè se anndan yon kominote li fofile rantre, trapde, li gen tan gaye an veritab pichon e, li sèmante li pa p òltègèt. Anfas yon giyon konsa, toujou gen tanta panike. Men, an verite: solisyon pou kwape viris Kowona a pap soti ni nan panik ni nan sipèstisyon tankou distribisyon bokit ak piki klowòks nan venn malere. Resèt majik sa yo se zèv doktè machòkèt k ap preskri nèg ki soufri maltèt pou li «koupe pwòp tèt li». 

N ap repete l pou enkilpe a ak tout lòt vakabon ki di yo se leta yo kapab byen tande : «Lasyans pa mistè»! Otank Kowona ti landeng, se otank Pèp Vanyan an, li menm tou, li kapab ti landeng!

Nou tande mesyedam yo tabli yon Swadizan Komisyon Syantifik ki la pou ede Pèp Ayisyen an konbat Kowonaviris. Vwalatilpa, depi an lagan, mouche William Pape ke Enkilpe a mete alatèt komisyon sa a se joure li pran joure nou.

Nan yon Konferans pou Laprès mouche Pape bay tou cho tou bouke, li deklare o wi… «fòk Ayisyen manyè sispann kritike!». Li rapousuiv pou li di : «si Ministè Lasante ap fonksyone ak yon bidjè pwatrinè, se NOU TOUT ki koupab »! 

Rete! Ala traka Jera! Mouche sa a gen lè pa tèm!?

Nan yon atik jounal Le Nouvelliste pibliye jou 23 avril ki sot pase a, yo site menm doktè Pape demeplè sa a ki kontinye ap derespekte Pèp Ayisyen an ak yon modèl predikasyon reyaksyonè…o wi…

«La maladie ne porte pas le nom du président de la République»

Gen koze pou moun tande wi!

Vwalatilpa, koze sa yo tou fè Dessalines monte nan tèt yon bon sitwayen ki rele Stephen Williams Phelps, li pibliye yon bèl lèt tou louvri pou reponn mouche Pape.

Nan lèt sa a, Konpatriyòt Phelps raple doktè demagòg la : «Se pa sitwayen yo ki responsab si bidjè lasante ki te reprezante 16.6% bidjè nasyonal la nan ane 2004, vin fè bèk atè, jouk li rive ap trennen 3.9% nan ane 2018»!

Phelps di mouche Pape konsa…

 «Trapde, ou chanje po sou nou la a! Ou tounen yon vye pwopagandis politik k ap defann yon lòbèy ki endefandab. Ou pran defo yon pouvwa anti-pèp ou gaye li sou tèt viktim yo, yon pèp ki chaje ak sitwayen onèt ki gen dikdantan depi y ap goumen anba menm pouvwa sanginè sa a»!

Boutanfen, konpatriyòt Phelps pike doktè a tankou Manzè Sandrin ki rantre nan 5 mèt senkant Mèt Zabèlbòk. Konpatriyòt la itilize klavye òdinatè l lan pou li dechalbore diskou doktè Pape la pak an pak.

N ap redi li ankò, nan malè nou ye la a, se pa machann vaksen, ni dòktè machòkèt k ap wete n la. Toupatou, nan peyi a, nou sètoblije kontinye pran prekosyon pou nou pa trape Kowona. E sizoka, nou ta trape li, n ap kontinye pran remèd fèy pandan n ap gonfle venn nou pou nou dechouke pichon an. 

****

Kouman n ap kwape dezyèm dipopo a : Viris PHTK a?

Nan jounal Le Moniteur ki pibliye Jedi 21 me 2020 ki sot pase a, nou aprann vakabon ki di yo se leta yo dekrete yon dividal desizyon gwo ponyèt, swadizan pou pwoteje pèp Ayisyen an nan move sezon epidemi.

Nan dokiman ilegal sa a ki pa pibliye nan sèl lang ki simante pèp Ayisyen an (lang Kreyòl), jan atik 40 Konstitisyon 1987 la ekzije pou sa toujou fèt la, bandi PHTK yo bay tèt yo pouvwa menm wa pa ka jui nan yon rejim monachik.

Depi nan kòmansman jouk nan bout dekrè a, se menas 3000 Goud bandi yo ap fè yon pèp ki deja viktim yo plizyè fwa. Orezime, se 3000 Goud enkilpe a te pwomèt la li sòti pou li fè chak sitwayen pezib rann fyèl pou yo bay gang PHTK a gagote.

Kipizè, koute ki sa enkilpe Jovenel Moise ak konplis li yo deklare nan atik 27 dekrè ilegal yo an: «Le présent Décret abroge toutes Lois ou dispositions de Lois, tous Décrets-Lois ou dispositions de Décrets-Lois, tous Décrets ou dispositions de Décrets qui lui sont contraires»

Nou oblije li koze a nan lang Franse paske yo pa pibliye dekrè ilegal yo an, an Kreyòl, sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm nan (Atik 5 Konstitisyon 1987).

Moun ki save nan domèn legal toujou di nou «se sèl yon lwa ki ka rantre yon lòt lwa nan tiwa». Se prensip sa a nou abitye tande yo rele : «Yerachi lwa yo», kote : anwo nèt nou jwenn Konstitisyon an ki se «Manman Lwa peyi a». E se anba Manman Lwa sa a menm nou vin jwenn tout lòt règ legal ki la pou ede n jere tèt nou nan sosyete a (soti sou konvansyon entènasyonal ki ratifye kòmsadwa, lwa, dekrè-lwa, dekrè, arete elatriye…). An prensip, se règ ki anba a ki dwe konfòme l, anfas règ ki anwo l yo. Mesyedam PHTK yo pa konn bagay konsa yo menm. Ansakalite de bandi legal, yo bay tèt yo dwa fè lalwa tèt anba, jan yo pi pito, lè yo pi pito!

Se sa ki fè li pa pridan ditou pou Pèp Ayisyen an ta konte inikman sou zouti legal nan batay n ap mennen pou nou kwape viris PHTK a. Bandi pa janm bay lalwa regle anyen pou yo! 

Bon, kite priyè pran kantik, konpatriyòt, èske nou te tande ki jan Misyonè Rony Desroches pote yon mesaj ki klè kon dlo kòk, semèn pase a? 

Sous Enspirasyon Martelly ak Jovenel Moise

Vyèj timen yo, enkilpe Jovenel Moise ak gang PHTK a fè menm plan ak François Duvalier ki te refize mache pòs li lè manda li ta pral bout nan ane 1963! 

Okontrè, 22 Oktòb 1961 – Duvalier te double manda li kareman, gwo ponyèteman.

30 janvye 1962 – nan Konferans OEA ki te louvri nan peyi Irigwe, trèt yo te fè Ayiti vote pou pimpe Kiba deyò nan OEA. 

26 avril 1963 François Duvalier masakre yon dividal opozan politik – reyèl tankou imajinè. 

Epi, yon ane apre sa, 14 jen 1964, Duvalier deklare tèt li «Prezidan avi»! 

Estrateji PHTK a pa konplike ditou. Yo deside mete tout kondisyon an plas pou yo pa janm fè eleksyon atan. Yo samiz yo gonfle Konsèy Elektoral la ak bandi pyès moun byen nan tèt pa t ap janm aksepte, fè gagòt nan kès leta, dekrete 3 kanaval chak ane, vann dwòg, dirije pa dekrè… pandan y ap kalewès epi mobilize move lawon tankou Rony Desroches nan misyon ralonje manda, “operasyon apre yo se yo”, jiskaske yo va deklare tèt yo «avi» nan boul figi nou!

Koze kòmkwa Konstitisyon peyi a tabli manda Prezidansyèl 5 kan pou : (2011-2016); (2016-2021); (2021-2026)… se detay pou bandi sa yo ki deklare tèt yo legal.

Mèzalò, nenpòt sitwayen onèt, moundebyen ki verifye tèks legal yo, kit se nan Konstitisyon 1987 la, kit se amandman ki fèt sou prezidans Martelly a, li va di ou atik ki sibi pase men yo pa chanje anyen nan manda Prezidansyèl la, ann Ayiti.

1) Eleksyon 16 desanm 90
Manda: (7 fevriye 1991 – 7 fevriye 1996)

2) Eleksyon 1995
Manda (7 fevriye 1996 – 7 fevriye 2001)

3) Eleksyon 2000
Manda (7 fevriye 2001 – 7 fevriye 2006)

4) Eleksyon 2005
Manda (7 fevriye 2006 – 7 fevriye 2011)

5) Eleksyon 2010
Manda (7 fevriye 2011 – 7 fevriye 2016)

6) Eleksyon 2015
Manda (7 fevriye 2016 – 7 fevriye 2021)

Lè nou suiv atitid chak Prezidan yo lè fen manda yo rive, nou remake:

1) Prezidan Aristide sibi koudeta ki manje 3 zan nan manda 1991-1996 la. Malgre li te gen plis agiman pase tout lòt yo pou li ekzije ajisteman, li òganize eleksyon nan ane 1995.

2) yon Prezidan lejitim pran echap la 7 fevriye 1996. 

3) Sa pa anpeche, lè Prezidan Aristide rive pou 2zyèm manda li, CIA ba li koudeta ankò, anvan manda li bout nòmalman nan ane 2006.

4) Preval pran yon woulib 3 mwa anplis. Mèzalò, manda li kòmanse nan ane 2006 lan fini kòmsadwa nan ane 2011 (mwa me olyede fevriye).

5) 2010-2016: Martelly eseye fè koken men, pèp la pa kite l vòlè anyen anplis sou manda 5 kan Clinton yo te ba li a.

6) 2016-2021: Jovenel rive an reta paske konpè vòlè parèy li an pat janm fè eleksyon pandan li t ap gouye kanaval epi dechèpiye kòb Petro Caribe a. 

Tout etidyan listwa k ap suiv aktyalite Ayiti kapab wè ekzakteman ki jan rejim neyodivalyeris Martelly-Apaid-Jovenel Moise-Abadalah ki la a ap suiv tras François Duvalier, zansèt yo, pye pou pye.

N ap redi li ankò, nan malè n ye la a, se pa trèv politik k ap wete n la. Toupatou, nan peyi a, se pou nou kontinye gonfle venn nou pou nou dechouke viris PHTKa.

Konstitisyon an klè kon dlo kòk!

Lalwa di: «Sizoka eleksyon an pa rive fèt anvan 7 fevriye» ki se dat Prezidan eli a sipoze prete sèman epi tanmen manda l la (7 fevriye 2016-7 fevriye 2021), l ap rantre an fonksyon «immédiatement après la validation du scrutin». Seleksyon Jovenel la fèt nan mwa novanm 2016. Tèks Konstitisyon an kontinye: «et son mandat est sensé avoir commencé le 7 février de l’année du scrutin». Ki lè eleksyon an fèt? Novanm 2016 = «année du scrutin» se 2016.

Kidonk Manda Jovenel kòmanse 7 fevriye 2016 epi l ap bout 7 fevriye 2021 – se sa lalwa di!

Kounye a, kòm se bandi blan, bandi arab ak bandi nèg ki mete mouche a kote l ye a, yo ka deklare li «avi» si yo vle. Men, lalwa klè kon dlo kòk! Menm jan manti pa ka fè Jovenel enjenyè vre, manti pa ka fè chan bannann Alman yo ekziste vre, ni non plis, blakawout pa kouran paske se sa Jojo di! Sanba Kébert Bastien, yon jenn sitwayen ki merite onè ak respè tout Ayisyen moundebyen, ede nou chante “Kowona pa ka fè nou rele vòlò leta”

Fòk tout jenerasyon k ap vini konnen ki malfèktè san desen, kriminèl, malpwòp ki vòlè kòb devlopman Ayiti yo, Kòb CIRH la, Kòb Petro Caribe a, Kòb $1.50 dyaspora a, Kòb Bidjè Nasyonal la, Kòb Agritrans lan, Kòb Dermalog la, Kòb Kowona yo…

****

Kouman n ap kwape twazyèm dipopo a : Viris Blan Malveyan an?

 Nou te wè ki jan, pandan tout peryòd 19 vyèm ak 20 tyèm syèk la, blan Ewopeyen yo te fè kò sou Ayiti. Bato youn pot ko kite zile a, yon lòt debake, li brake kanno li sou palè nasyonal pou li estwopye nou. Yo te batize metòd ekstòsyon sa a “diplomasi bato boulèt kanno“. 

Nou sonje ki jan, nan ane 1853 bato Franse yo te retounen. Fwa sa a, se Amiral Duquesne ki te vin fè presyon sou Anperè Faustin Soulouque pou li kontinye peye Ranson 17 avril 1825 lan. Anperè Soulouque te di non, li pap peye anyen! Orezime, lè blan malveyan yo te remake Soulouque pa brennen, Duquesne ak blan zenglendo li yo te sètoblije plwaye ke yo retounen an Frans de men vid.

Pou nou jwenn repo ak blan malveyan yo, annou pran ekzanp Anperè Faustin Soulouque.

Faustin Soulouque – se yon ansyen lyetnan sou Boyer ki pa t gen pyès foli prezidan. Men, enbesil rasis yo te vle sèvi ak li kòm popetwèl. Istoryen Dantès Bellegarde rakonte nou kijan, lè mesye milat rasis yo voye chèche li lakay li gwo midi, yo te jwenn Lyetnan Faustin Soulouque lonji tou long sou hanmak li ap fè lasyès.

Yon delegasyon Senatè Larepiblik vin reveye pèsonaj la epi yo adrese li lapawòl antan k «Monsieur le président»!

Prezidan Faustin Soulouque (Anperè Faustin 1e)

Ou pa bezwen mande kouman kè nonm nan te kase, lè li remake malgre tout fwote li te fwote je li, delegasyon Senatè a te kanpe tennfas devan li ap eksplike dekiprevyen, sanzatann, san poze kandidadi l, nimewo l asiste tiraj – li dòmi senp sitwayen epi, vwalatilpa, li reveye: Prezidan Repiblik d Ayiti, Sonekselans Faustin Soulouque.

O ! se pa nèg defen Prezidan Boyer te konn ap pase anba rizib la?

Men wi! Pozitif!

Ata Maten, ti bourik listwa n nan, konnen lodyans sa a. Yo di:

Yon jou, lè sa a Faustin Soulouque te Lyetnan k ap travay nan palè, epi dan radòt Prezidan Boyer t ap grate li, mouche deklare kareman : 

«Nan peyi d Ayiti sa a nou wè la a, nenpòt moun ka prezidan». Epi li lonji dwèt sou Soulouque, li di «ata vye nèg sòt sa a nou wè la a ka vin prezidan Ayiti»

Istoryen yo raple n kouman, nan moman an, Lyetnan Soulouque te di: «O mon Prezidan, pa pase m anba rizib konsa non!».

Wi, gen voum dokiman referans ki kore n lè nou di, orezime, Anperè Faustin 1e te yon gran lidè ki te pi itil Ayiti LONTAN pase Jean-Pierre Boyer, trèt ki te bay Lafrans ak lòt blan malveyan yo opòtinite retounen kolonize ekonomi ak politik peyi a. 

Non sèlman, nan ane 1853 Soulouque te kenbe tèt ak zenglendo Lafrans te voye vin estwopye n ak ranson 150 milyon Fran an, li te fè anpil efò pou li rekipere pati lès zile a. Kèk ane apre sa, yo resi ekzile li sou zile Jamayik. Men, boutanfen, Gran Nèg Ti Gwav sa a ak Bèl Nègès Enperatris Adelina se moundebyen ki kite bèl tras pou nou. Sa fè m plezi dèske Faustin Soulouque se youn nan ra patriyòt ki te alatèt peyi a ki gen chans mouri, a yon laj respektab, nan vil natal li. 

Atansyon, Prezidan Faustin Soulouque, Anperè Faustin 1e pa t pafè. Li pa te gen rezon nan tout aksyon li te poze. Chaje koze «yo di» sou li. Sitou, anpil karikati rasis nan medya blan malveyan yo.

Ale louvri liv listwa, ou va dekouvri ki jan menm blan rasis ki envante manti “ti bebe nan pilon” an sou Prezidan Aristide, te akize Toussaint Louverture, Anperè Dessalines, Anperè Soulouque, Prezidan Antoine Simon…Wi! Yo tout te sibi akizasyon kanibal. 

Pandanstan, vrè ansasen blan malveyan yo ki te drese chen kat pat pou manje vyann nèg ak nègès ansanm ak ti bebe nan vant yo, se ewo ki gen gwo estati nan vil yo. Podyab yo fè anpil nèg ap joure pwòp tèt yo, san yo pa reyalize sa!.
Caricature de l’empereur Soulouque” parue dans Le Charivari en 1850, par Honoré Daumier. Sous: https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Faustin_Soulouque

Mwen ankouraje tout konpatriyòt Ayisyen pou nou pran abitid fouye pou nou ka mete sa “yo di” osijè zansèt nou yo nan kontèks epòks yo t ap viv la.  

Pèsonèlman, mwen rete ak lespri louvri pou mwen aprann plis osijè Faustin Soulouque, menm jan ak tout lòt pèsonaj istorik nou yo. Mèzalò, pozisyon grandèt la te pran nan dosye ranson $150 milyon Fran an, ak tantativ li fè pou nou rekipere pati lès zile a se de (2) aksyon pozitif wodpòte!

An verite, lè mwen konpare aksyon Soulouque poze ak zak moun ki t ap akize l yo poze, nan je pa m, grandèt la te miyò lontan pase akizatè li yo.

Olye yo te irite l, pito yo te imite l.

Fanmi m yo, modòd nou toujou klè kon dlo kòk: Pou kwape viris Kowona, viris PHTK ak viris Core Group, se yon sèl medikaman nou genyen : Dechoukay 2020!

Comments are closed.